Liv 1 Wa / 1 Rois / 1Kings

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Wa 1

1 David te fin vye granmoun, li te gen gwo laj sou tèt li. Menm lè yo te kouvri l’ byen kouvri ak anpil rad sou li, li te santi frèt toujou.
Lè sa a, moun pa l’ yo di l’: -Monwa, nou pral chache yon jenn fi ki tifi toujou pou rete avè ou, pou pran swen ou. L’a kouche kole avè ou pou chofe ou.
Yo mete chache yon bèl jenn fi nan tout peyi Izrayèl la. Yo jwenn yon jenn fi nan ti bouk Chounam lan. Li te rele Abichag. Yo mennen l’ bay wa a.
Se te yon bèl bèl fi. Li pran swen wa a, li sèvi l’. Men, wa a pa janm kouche avè l’.
 Lè sa a, Adonija, pitit gason David te fè ak Agit la, pran pòz otorite li. Li t’ap di: -Se mwen menm ki pou wa. Li chache cha lagè, chwal ak yon eskòt senkant moun ki t’ap kouri devan l’ lè li sou cha pa l’.
Men, depi li piti, papa a te gate l’, li toujou kite l’ fè sa li vle. Adonija te fèt apre Absalon. Li te yon bèl gason tou.
Adonija pale avèk Joab, pitit gason Sewouya a, ansanm ak Abyata, prèt la. De mesye sa yo dakò pou mete tèt ansanm avè l’.
Men Zadòk, prèt la, Benaja, pitit gason Jeojada a, pwofèt Natan, Chimeyi, Reyi ak vanyan sòlda David yo pa te patizan Adonija.
Yon jou, Adonija fè yon gwo sèvis pou Bondye bò Wòch Zoelèt la toupre sous Anwogèl. Li touye mouton, bèf ak ti towo bèf chatre sou lotèl la. Li envite tout lòt frè l’ yo, pitit gason David yo, ansanm ak tout gwo chèf nan peyi Jida ki t’ap travay ak papa l’.
10 Men, li pa t’ envite ni Natan, ni Benaja, ni vanyan sòlda David yo, ni Salomon, frè menm papa avè l’ la.
11  Lè sa a, Natan al jwenn Batcheba, manman Salomon, li di l’ konsa: -Ou pa tande jan Adonija, pitit gason Agit la, gen tan pran pòz wa li? Men, wa David pa konn anyen.
12 Koulye a, mwen pral ba ou yon konsèy si ou vle sove lavi ou ansanm ak lavi Salomon, pitit gason ou lan.
13 Ou prale jwenn wa a, w’ap di l’ konsa: Monwa, se pa ou menm ki te fè m’ sèman se Salomon, pitit gason m’ lan, ki t’ap wa apre ou, se li menm ki tapral chita sou fotèy la nan plas ou? Kijan fè se Adonija ki wa koulye a?
14 Pandan w’ap pale ak wa a konsa, mwen menm m’ap antre dèyè ou, m’ap di wa a menm bagay la tou.
15 Se konsa, Batcheba al jwenn wa a nan chanm li. Wa a te fin granmoun. Se Abichag, moun lavil Chounam lan, ki t’ap pran swen li.
16 Batcheba tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè. Wa a mande l’: -Kisa ou vle?
17 Li reponn, li di konsa: -Monwa, ou te fè m’ sèman devan Seyè a, Bondye ou la, se Salomon, pitit gason m’ lan, ki t’ap wa apre ou, se li menm ki t’ap chita sou fotèy la nan plas ou.
18 Men koulye a, Adonija gen tan wa sou nou la a. Ou menm, monwa, ou pa konn sa.
19 Li fè sèvis pou Bondye, li touye yon pakèt mouton, bèf, ti towo chatre. Li envite tout lòt pitit gason ou yo, Abyata, prèt la, Joab, kòmandan lame a. Men, li pa envite Salomon, pitit gason ou lan.
20 Koulye a, monwa, je tout pèp Izrayèl la sou ou, y’ap tann ou di yo ki moun ki pral chita sou fotèy la apre ou.
21 Si ou pa fè sa, monwa, lè w’a mouri, yo pral pran ni mwen, ni Salomon, pitit mwen an, y’ap touye nou pou move je.
22 Batcheba pa t’ ankò fin pale ak wa a lè pwofèt Natan rive nan palè a.
23 Yo vin di wa a men pwofèt Natan la. Natan antre, li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan wa a.
24 Lèfini, li di konsa: -Monwa, mèt mwen, èske se ou menm ki di se Adonija ki pou wa apre ou, se li ki pou chita sou fotèy la nan plas ou?
25 Paske jòdi a l’ ale, li fè sèvis pou Bondye, li touye yon pakèt bèf, ti towo chatre ak mouton. Li envite tout lòt pitit gason ou yo, tout gwo chèf lame a ansanm ak Abyata, prèt la. Koulye a y’ap manje, y’ap bwè avè l’, y’ap di: Viv wa Adonija!
26 Men, monwa, li pa envite ni mwen, ni Zadòk, prèt la, ni Benaja, pitit Jeojada a, ni Salomon, pitit gason ou lan.
27 Eske se monwa ki bay lòd fè sa san ou pa fè moun k’ap sèvi ou yo konnen ki moun ki pral chita sou fotèy la nan plas ou?
28 Wa David reponn, li di: -Rele Batcheba pou mwen, tanpri! Batcheba antre ankò, li kanpe devan wa a.
29 Lè sa a, wa a fè sèman, li di konsa: -Mwen fè sèman nan non Seyè ki vivan an, li menm ki te delivre m’ anba tout tray mwen yo.
30 Sa m’ te pwomèt ou pou m’ fè nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, m’ap fè l’ jòdi a. Se Salomon, pitit gason ou lan, k’ap chita sou fotèy la nan plas mwen, se li menm k’ap gouvènen apre mwen.
31 Batcheba tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li byen ba jouk atè, li di: -Se pou yo toujou fè lwanj wa David, mèt mwen!
32  Lè sa a, wa David voye chache Zadòk, prèt la, Natan pwofèt la, ak Benaja, pitit gason Jeojada a. Lè yo parèt devan wa a,
33 wa a di yo konsa: -Pran tout chèf gouvènman m’ yo. Fè Salomon, pitit gason m’ lan, moute sou milèt pa m’ lan. Nou tout va desann avè l’ bò sous Giyon an.
34 Lè n’a rive la, Zadòk, prèt la, ak Natan, pwofèt la, va vide lwil sou tèt li, y’a mete l’ apa pou l’ sèvi wa pèp Izrayèl la. Apre sa, n’a fè kònen twonpèt, epi n’a rele: Viv wa Salomon!
35 Lèfini, n’a pran mache dèyè l’, n’a tounen isit la. Salomon va vin chita sou fotèy mwen an. L’a pran plas mwen, paske se li menm mwen chwazi pou gouvènen pèp Izrayèl la ansanm ak pèp Jida a.
36 Benaja, pitit gason Jeojada a, reponn wa a: -Se sa menm! Se Seyè a, Bondye monwa a menm, ki pale nan bouch ou!
37 Menm jan Seyè a te toujou kanpe la avè monwa, se pou li toujou kanpe la avèk Salomon tou. Se pou gouvènman li an pi byen chita toujou pase gouvènman wa David, mèt mwen.
38 Zadòk, prèt la, Natan, pwofèt la, ak Benaja, pitit Jeojada a, ansanm ak keretyen yo ak peletyen yo ale, yo fè Salomon moute sou milèt wa David la, yo mennen l’ bò sous Giyon an.
39 Zadòk, prèt la, pran kòn lwil ki te nan Tant Randevou a, li vide ti gout sou tèt Salomon. Yo kònen twonpèt, tout pèp la pran rele: Viv wa Salomon!
40 Apre sa, yo tout t’ap mache dèyè li, yo tounen lavil Jerizalèm. Yo t’ap jwe fif, yo t’ap danse. Sitèlman yo t’ap fè bri ou ta di tè a t’ap tranble anba pye yo.
41  Adonija te fin manje ansanm ak tout envite l’ yo lè yo tande bri a. Lè Joab tande twonpèt la, li mande: -Pouki tout bri sa a nan lavil la?
42 Li pa t’ ankò fèmen bouch li, Jonatan, pitit Abyata prèt la, rive. Adonija di l’ konsa: -Antre non, monchè! Ou se moun debyen, se bon nouvèl ase pou ou pote!
43 Jonatan reponn, li di Adonija konsa: -Nouvèl yo pa bon menm. Wa David, chèf nou an, fè Salomon wa.
44 Li voye chache Zadòk, prèt la, Natan, pwofèt la, Benaja, pitit Jeojada a, ansanm ak keretyen yo ak peletyen yo, li fè yo ale ak Salomon. Yo menm, yo fè Salomon moute sou milèt wa a.
45 Zadòk, prèt la, ak Natan, pwofèt la, vide lwil sou tèt li bò sous Giyon an, yo mete l’ apa pou l’ sèvi wa. Lèfini, yo tounen lavil la, y’ap rele tèlman yo kontan. Tout lavil la tèt anba. Se bri sa a nou tande a.
46 Lèfini, Salomon moute chita sou fotèy wa a.
47 Tout moun k’ap travay nan gouvènman wa David yo vin fè wa David, chèf nou an, konpliman. Yo di: Se pou Bondye ou la fè Salomon yon pi gwo wa pase ou. Se pou gouvènman li an pi chita toujou pase pa ou la! Lèfini, wa David bese byen ba sou kabann li pou li adore Bondye.
48 Li di: Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki penmèt pou jòdi a se yonn nan pitit mwen yo ki chita sou fotèy la nan plas mwen. Lèfini, li kite m’ wè sa anvan m’ mouri.
49 Lè sa a, tout envite Adonija yo pran tranble. Yo tout leve, y’ al fè wout yo, chak moun bò pa yo.
50 Adonija menm bò pa l’ te sitèlman pè pou Salomon pa touye l’, li leve, li kouri ale nan Tant Randevou a, li kenbe kòn lotèl la.
51 Y’ al di wa Salomon: -Adonija sitèlman pè pou monwa pa touye l’, l’ al kache bò lotèl la. Li di li vle pou wa Salomon fè l’ sèman jòdi a menm li p’ap fè yo touye l’.
52 Salomon reponn: -Si msye aji tankou moun debyen, yon grenn cheve nan tèt li p’ap tonbe. Men, si li fè sa li pa t’ dwe fè, l’ap mouri.
53 Salomon voye chache Adonija soti bò lotèl la. Yo fè l’ desann lotèl la. Li vin bese byen ba devan wa Salomon. Wa a di l’ konsa: -Ou mèt al lakay ou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

1 Rois 1 

1 Le roi David était vieux, avancé en âge; on le couvrait de vêtements, et il ne pouvait se réchauffer.
Ses serviteurs lui dirent: Que l’on cherche pour mon seigneur le roi une jeune fille vierge; qu’elle se tienne devant le roi, qu’elle le soigne, et qu’elle couche dans son sein; et mon seigneur le roi se réchauffera.
On chercha dans tout le territoire d’Israël une fille jeune et belle, et on trouva Abischag, la Sunamite, que l’on conduisit auprès du roi.
Cette jeune fille était fort belle. Elle soigna le roi, et le servit; mais le roi ne la connut point.
Adonija, fils de Haggith, se laissa emporter par l’orgueil jusqu’à dire: C’est moi qui serai roi! Et il se procura un char et des cavaliers, et cinquante hommes qui couraient devant lui.
Son père ne lui avait de sa vie fait un reproche, en lui disant: Pourquoi agis-tu ainsi? Adonija était, en outre, très beau de figure, et il était né après Absalom.
Il eut un entretien avec Joab, fils de Tseruja, et avec le sacrificateur Abiathar; et ils embrassèrent son parti.
Mais le sacrificateur Tsadok, Benaja, fils de Jehojada, Nathan le prophète, Schimeï, Réï, et les vaillants hommes de David, ne furent point avec Adonija.
Adonija tua des brebis, des boeufs et des veaux gras, près de la pierre de Zohéleth, qui est à côté d’En Roguel; et il invita tous ses frères, fils du roi, et tous les hommes de Juda au service du roi.
10 Mais il n’invita point Nathan le prophète, ni Benaja, ni les vaillants hommes, ni Salomon, son frère.
11 Alors Nathan dit à Bath Schéba, mère de Salomon: N’as-tu pas appris qu’Adonija, fils de Haggith, est devenu roi, sans que notre seigneur David le sache?
12 Viens donc maintenant, je te donnerai un conseil, afin que tu sauves ta vie et la vie de ton fils Salomon.
13 Va, entre chez le roi David, et dis-lui: O roi mon seigneur, n’as-tu pas juré à ta servante, en disant: Salomon, ton fils, régnera après moi, et il s’assiéra sur mon trône? Pourquoi donc Adonija règne-t-il?
14 Et voici, pendant que tu parleras là avec le roi, j’entrerai moi-même après toi, et je compléterai tes paroles.
15 Bath Schéba se rendit dans la chambre du roi. Il était très vieux; et Abischag, la Sunamite, le servait.
16 Bath Schéba s’inclina et se prosterna devant le roi. Et le roi dit: Qu’as-tu?
17 Elle lui répondit: Mon seigneur, tu as juré à ta servante par l’Éternel, ton Dieu, en disant: Salomon, ton fils, régnera après moi, et il s’assiéra sur mon trône.
18 Et maintenant voici, Adonija règne! Et tu ne le sais pas, ô roi mon seigneur!
19 Il a tué des boeufs, des veaux gras et des brebis en quantité; et il a invité tous les fils du roi, le sacrificateur Abiathar, et Joab, chef de l’armée, mais il n’a point invité Salomon, ton serviteur.
20 O roi mon seigneur, tout Israël a les yeux sur toi, pour que tu lui fasses connaître qui s’assiéra sur le trône du roi mon seigneur après lui.
21 Et lorsque le roi mon seigneur sera couché avec ses pères, il arrivera que moi et mon fils Salomon nous serons traités comme des coupables.
22 Tandis qu’elle parlait encore avec le roi, voici, Nathan le prophète arriva.
23 On l’annonça au roi, en disant: Voici Nathan le prophète! Il entra en présence du roi, et se prosterna devant le roi, le visage contre terre.
24 Et Nathan dit: O roi mon seigneur, c’est donc toi qui as dit: Adonija régnera après moi, et il s’assiéra sur mon trône!
25 Car il est descendu aujourd’hui, il a tué des boeufs, des veaux gras et des brebis en quantité; et il a invité tous les fils du roi, les chefs de l’armée, et le sacrificateur Abiathar. Et voici, ils mangent et boivent devant lui, et ils disent: Vive le roi Adonija!
26 Mais il n’a invité ni moi qui suis ton serviteur, ni le sacrificateur Tsadok, ni Benaja, fils de Jehojada, ni Salomon, ton serviteur.
27 Est-ce bien par ordre de mon seigneur le roi que cette chose a lieu, et sans que tu aies fait connaître à ton serviteur qui doit s’asseoir sur le trône du roi mon seigneur après lui?
28 Le roi David répondit: Appelez-moi Bath Schéba. Elle entra, et se présenta devant le roi.
29 Et le roi jura, et dit: L’Éternel qui m’a délivré de toutes les détresses est vivant!
30 Ainsi que je te l’ai juré par l’Éternel, le Dieu d’Israël, en disant: Salomon, ton fils, régnera après moi, et il s’assiéra sur mon trône à ma place, -ainsi ferai-je aujourd’hui.
31 Bath Schéba s’inclina le visage contre terre, et se prosterna devant le roi. Et elle dit: Vive à jamais mon seigneur le roi David!
32 Le roi David dit: Appelez-moi le sacrificateur Tsadok, Nathan le prophète, et Benaja, fils de Jehojada. Ils entrèrent en présence du roi.
33 Et le roi leur dit: Prenez avec vous les serviteurs de votre maître, faites monter Salomon, mon fils, sur ma mule, et faites-le descendre à Guihon.
34 Là, le sacrificateur Tsadok et Nathan le prophète l’oindront pour roi sur Israël. Vous sonnerez de la trompette, et vous direz: Vive le roi Salomon!
35 Vous monterez après lui; il viendra s’asseoir sur mon trône, et il régnera à ma place. C’est lui qui, par mon ordre, sera chef d’Israël et de Juda.
36 Benaja, fils de Jehojada, répondit au roi: Amen! Ainsi dise l’Éternel, le Dieu de mon seigneur le roi!
37 Que l’Éternel soit avec Salomon comme il a été avec mon seigneur le roi, et qu’il élève son trône au-dessus du trône de mon seigneur le roi David!
38 Alors le sacrificateur Tsadok descendit avec Nathan le prophète, Benaja, fils de Jehojada, les Kéréthiens et les Péléthiens; ils firent monter Salomon sur la mule du roi David, et ils le menèrent à Guihon.
39 Le sacrificateur Tsadok prit la corne d’huile dans la tente, et il oignit Salomon. On sonna de la trompette, et tout le peuple dit: Vive le roi Salomon!
40 Tout le peuple monta après lui, et le peuple jouait de la flûte et se livrait à une grande joie; la terre s’ébranlait par leurs cris.
41 Ce bruit fut entendu d’Adonija et de tous les conviés qui étaient avec lui, au moment où ils finissaient de manger. Joab, entendant le son de la trompette, dit: Pourquoi ce bruit de la ville en tumulte?
42 Il parlait encore lorsque Jonathan, fils du sacrificateur Abiathar, arriva. Et Adonija dit: Approche, car tu es un vaillant homme, et tu apportes de bonnes nouvelles.
43 Oui! répondit Jonathan à Adonija, notre seigneur le roi David a fait Salomon roi.
44 Il a envoyé avec lui le sacrificateur Tsadok, Nathan le prophète, Benaja, fils de Jehojada, les Kéréthiens et les Péléthiens, et ils l’ont fait monter sur la mule du roi.
45 Le sacrificateur Tsadok et Nathan le prophète l’ont oint pour roi à Guihon. De là ils sont remontés en se livrant à la joie, et la ville a été émue: c’est là le bruit que vous avez entendu.
46 Salomon s’est même assis sur le trône royal.
47 Et les serviteurs du roi sont venus pour bénir notre seigneur le roi David, en disant: Que ton Dieu rende le nom de Salomon plus célèbre que ton nom, et qu’il élève son trône au-dessus de ton trône! Et le roi s’est prosterné sur son lit.
48 Voici encore ce qu’a dit le roi: Béni soit l’Éternel, le Dieu d’Israël, qui m’a donné aujourd’hui un successeur sur mon trône, et qui m’a permis de le voir!
49 Tous les conviés d’Adonija furent saisis d’épouvante; ils se levèrent et s’en allèrent chacun de son côté.
50 Adonija eut peur de Salomon; il se leva aussi, s’en alla, et saisit les cornes de l’autel.
51 On vint dire à Salomon: Voici, Adonija a peur du roi Salomon, et il a saisi les cornes de l’autel, en disant: Que le roi Salomon me jure aujourd’hui qu’il ne fera point mourir son serviteur par l’épée!
52 Salomon dit: S’il se montre un honnête homme, il ne tombera pas à terre un de ses cheveux; mais s’il se trouve en lui de la méchanceté, il mourra.
53 Et le roi Salomon envoya des gens, qui le firent descendre de l’autel. Il vint se prosterner devant le roi Salomon, et Salomon lui dit: Va dans ta maison.
Louis Segond {LSG}

1 Kings 1

1 Now king David was old and stricken in years; and they covered him with clothes, but he gat no heat.
Wherefore his servants said unto him, Let there be sought for my lord the king a young virgin: and let her stand before the king, and let her cherish him, and let her lie in thy bosom, that my lord the king may get heat.
So they sought for a fair damsel throughout all the coasts of Israel, and found Abishag a Shunammite, and brought her to the king.
And the damsel was very fair, and cherished the king, and ministered to him: but the king knew her not.
Then Adonijah the son of Haggith exalted himself, saying, I will be king: and he prepared him chariots and horsemen, and fifty men to run before him.
And his father had not displeased him at any time in saying, Why hast thou done so? and he also was a very goodly man; and his mother bare him after Absalom.
And he conferred with Joab the son of Zeruiah, and with Abiathar the priest: and they following Adonijah helped him.
But Zadok the priest, and Benaiah the son of Jehoiada, and Nathan the prophet, and Shimei, and Rei, and the mighty men which belonged to David, were not with Adonijah.
And Adonijah slew sheep and oxen and fat cattle by the stone of Zoheleth, which is by Enrogel, and called all his brethren the king’s sons, and all the men of Judah the king’s servants:
10 But Nathan the prophet, and Benaiah, and the mighty men, and Solomon his brother, he called not.
11 Wherefore Nathan spake unto Bathsheba the mother of Solomon, saying, Hast thou not heard that Adonijah the son of Haggith doth reign, and David our lord knoweth it not?
12 Now therefore come, let me, I pray thee, give thee counsel, that thou mayest save thine own life, and the life of thy son Solomon.
13 Go and get thee in unto king David, and say unto him, Didst not thou, my lord, O king, swear unto thine handmaid, saying, Assuredly Solomon thy son shall reign after me, and he shall sit upon my throne? why then doth Adonijah reign?
14 Behold, while thou yet talkest there with the king, I also will come in after thee, and confirm thy words.
15 And Bathsheba went in unto the king into the chamber: and the king was very old; and Abishag the Shunammite ministered unto the king.
16 And Bathsheba bowed, and did obeisance unto the king. And the king said, What wouldest thou?
17 And she said unto him, My lord, thou swarest by the Lord thy God unto thine handmaid, saying, Assuredly Solomon thy son shall reign after me, and he shall sit upon my throne.
18 And now, behold, Adonijah reigneth; and now, my lord the king, thou knowest it not:
19 And he hath slain oxen and fat cattle and sheep in abundance, and hath called all the sons of the king, and Abiathar the priest, and Joab the captain of the host: but Solomon thy servant hath he not called.
20 And thou, my lord, O king, the eyes of all Israel are upon thee, that thou shouldest tell them who shall sit on the throne of my lord the king after him.
21 Otherwise it shall come to pass, when my lord the king shall sleep with his fathers, that I and my son Solomon shall be counted offenders.
22 And, lo, while she yet talked with the king, Nathan the prophet also came in.
23 And they told the king, saying, Behold Nathan the prophet. And when he was come in before the king, he bowed himself before the king with his face to the ground.
24 And Nathan said, My lord, O king, hast thou said, Adonijah shall reign after me, and he shall sit upon my throne?
25 For he is gone down this day, and hath slain oxen and fat cattle and sheep in abundance, and hath called all the king’s sons, and the captains of the host, and Abiathar the priest; and, behold, they eat and drink before him, and say, God save king Adonijah.
26 But me, even me thy servant, and Zadok the priest, and Benaiah the son of Jehoiada, and thy servant Solomon, hath he not called.
27 Is this thing done by my lord the king, and thou hast not shewed it unto thy servant, who should sit on the throne of my lord the king after him?
28 Then king David answered and said, Call me Bathsheba. And she came into the king’s presence, and stood before the king.
29 And the king sware, and said, As the Lord liveth, that hath redeemed my soul out of all distress,
30 Even as I sware unto thee by the Lord God of Israel, saying, Assuredly Solomon thy son shall reign after me, and he shall sit upon my throne in my stead; even so will I certainly do this day.
31 Then Bathsheba bowed with her face to the earth, and did reverence to the king, and said, Let my lord king David live for ever.
32 And king David said, Call me Zadok the priest, and Nathan the prophet, and Benaiah the son of Jehoiada. And they came before the king.
33 The king also said unto them, Take with you the servants of your lord, and cause Solomon my son to ride upon mine own mule, and bring him down to Gihon:
34 And let Zadok the priest and Nathan the prophet anoint him there king over Israel: and blow ye with the trumpet, and say, God save king Solomon.
35 Then ye shall come up after him, that he may come and sit upon my throne; for he shall be king in my stead: and I have appointed him to be ruler over Israel and over Judah.
36 And Benaiah the son of Jehoiada answered the king, and said, Amen: the Lord God of my lord the king say so too.
37 As the Lord hath been with my lord the king, even so be he with Solomon, and make his throne greater than the throne of my lord king David.
38 So Zadok the priest, and Nathan the prophet, and Benaiah the son of Jehoiada, and the Cherethites, and the Pelethites, went down, and caused Solomon to ride upon king David’s mule, and brought him to Gihon.
39 And Zadok the priest took an horn of oil out of the tabernacle, and anointed Solomon. And they blew the trumpet; and all the people said, God save king Solomon.
40 And all the people came up after him, and the people piped with pipes, and rejoiced with great joy, so that the earth rent with the sound of them.
41 And Adonijah and all the guests that were with him heard it as they had made an end of eating. And when Joab heard the sound of the trumpet, he said, Wherefore is this noise of the city being in an uproar?
42 And while he yet spake, behold, Jonathan the son of Abiathar the priest came; and Adonijah said unto him, Come in; for thou art a valiant man, and bringest good tidings.
43 And Jonathan answered and said to Adonijah, Verily our lord king David hath made Solomon king.
44 And the king hath sent with him Zadok the priest, and Nathan the prophet, and Benaiah the son of Jehoiada, and the Cherethites, and the Pelethites, and they have caused him to ride upon the king’s mule:
45 And Zadok the priest and Nathan the prophet have anointed him king in Gihon: and they are come up from thence rejoicing, so that the city rang again. This is the noise that ye have heard.
46 And also Solomon sitteth on the throne of the kingdom.
47 And moreover the king’s servants came to bless our lord king David, saying, God make the name of Solomon better than thy name, and make his throne greater than thy throne. And the king bowed himself upon the bed.
48 And also thus said the king, Blessed be the Lord God of Israel, which hath given one to sit on my throne this day, mine eyes even seeing it.
49 And all the guests that were with Adonijah were afraid, and rose up, and went every man his way.
50 And Adonijah feared because of Solomon, and arose, and went, and caught hold on the horns of the altar.
51 And it was told Solomon, saying, Behold, Adonijah feareth king Solomon: for, lo, he hath caught hold on the horns of the altar, saying, Let king Solomon swear unto me today that he will not slay his servant with the sword.
52 And Solomon said, If he will shew himself a worthy man, there shall not an hair of him fall to the earth: but if wickedness shall be found in him, he shall die.
53 So king Solomon sent, and they brought him down from the altar. And he came and bowed himself to king Solomon: and Solomon said unto him, Go to thine house.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}