Liv Efezyen / Éphésiens / Ephesians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Efezyen 4                    

1 Se sa ki fè, mwen menm ki nan prizon poutèt Seyè a, m’ap mande nou pou nou viv yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele nou pou n’ viv la.
 Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.
Sentespri a mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm yonn ak lòt.
Gen yon sèl kò ak yon sèl Sentespri, konsa tou se yon sèl Bondye a ki rele nou pou nou gen yon sèl espwa.
Gen yon sèl Seyè, yon sèl konfyans, yon sèl batèm.
Gen yon sèl Bondye, ki papa nou tout, k’ap dominen sou nou tout, k’ap aji nan nou tout, ki nan nou tout.
Nou chak nou resevwa yon kado apa, dapre sa Kris la te bay la,
jan sa ekri nan Liv la: Lè li moute anwo, li mennen anpil prizonye ak li, li bay lèzòm anpil kado.
Enben, kisa sa vle di: Li moute anwo? Sa vle di, li te desann anvan sa jouk kote ki pi fon anba tè a.
10 Moun ki te desann lan, se li menm tou ki te moute anwo nan syèl la, pou l’ te kapab plen tou sa ki egziste ak presans li.
11 Se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bon nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè.
12 Konsa, li byen òganize pèp Bondye a pou yo chak fè travay sèvis yo, pou kò Kris la ka grandi nan konfyans.
13 Li fè sa konsa pou nou tout ansanm nou ka rive fè yon sèl kò nan konfyans nou genyen an ak nan konesans Pitit Bondye a. Konsa, nou tout ansanm nou ka vin granmoun ki byen devlope, dapre dènye mezi devlòpman Kris la ki bon nèt.
14 Lè sa a, nou p’ap viv tankou timoun ankò, tankou moun k’ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn ki jan pou yo pran tèt moun nan bay manti.
15 Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n’a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a.
16 Gremesi Kris la, tout pati nan kò a byen òganize, yo tout byen mare yonn ak lòt nan jwenti yo. Konsa, lè chak pati fè sa yo gen pou yo fè a, tout kò a ap grandi, l’ap devlope nan renmen.
17  Se sa ki fè, men sa m’ap di nou, men sa m’ap deklare nou nan non Seyè a: Sispann viv tankou moun ki pa konn Bondye epi k’ap swiv lide pa yo ki pa vo anyen.
18 Lespri yo bouche, yo p’ap viv lavi Bondye bay la, paske yo pa konn anyen, kè yo fin di.
19 Yo san wont konsa, yo lage kò yo nan tout kalite vis, yo pran plezi yo nan fè tout kalite vye bagay sal san rete.
20 Men nou menm, se pa konsa yo te fè nou konnen Kris la,
21 si tout bon vre nou te tande pale sou Kris la, si tout bon vre yo te moutre nou verite a jan l’ ye nan Jezi, lè nou te mete konfyans nou nan li a.
22 Se sa ki fè, se pou nou chanje vye karaktè sa a ki t’ap fè nou viv jan nou t’ap viv nan tan lontan an, vye moun sa a ki te fin pèvèti nèt ak vye dezi l’ yo ki t’ap twonpe nou.
23 Se pou nou chanje nèt ni nan kè nou ni nan lespri nou.
24 Se pou nou vin yon lòt kalite moun jan Bondye vle l’ la, pou nou sanble ak li pou nou ka mennen yon lavi ki dwat, yon lavi ki apa pou Bondye, jan verite a mande l’ la.
25 Se poutèt sa, sispann bay manti. Se pou nou di verite lè n’ap pale ak frè nou, paske nou tout se manm yon sèl kò nou ye.
26 Si nou ankòlè, veye kò nou pou kòlè a pa fè nou fè sa ki mal. Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou.
27 Pa bay Satan pye sou nou.
28 Se pou moun ki te konn vòlò sispann vòlò. Okontrè, se pou l’ travay di ak men l’ san fè move konbinezon, pou l’ sa gen dekwa bay moun ki nan bezwen.
29 Pa kite ankenn move pawòl soti nan bouch nou. Pale bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans Bondye, koze ki ka ede yo lè yo nan move pa. Konsa, se yon byen n’a fè pou moun k’ap tande nou yo.
30 Pa fè Sentespri Bondye a lapenn, paske Lespri a se mak letanp Bondye sou nou, li ban nou garanti Bondye ap fin delivre nou lè jou a va rive.
31 Piga yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k’ap fèt nan mitan nou.
32 Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Éphésiens 4                  

1 Je vous exhorte donc, moi, le prisonnier dans le Seigneur, à marcher d’une manière digne de la vocation qui vous a été adressée,
en toute humilité et douceur, avec patience, vous supportant les uns les autres avec charité,
vous efforçant de conserver l’unité de l’esprit par le lien de la paix.
Il y a un seul corps et un seul Esprit, comme aussi vous avez été appelés à une seule espérance par votre vocation;
il y a un seul Seigneur, une seule foi, un seul baptême,
un seul Dieu et Père de tous, qui est au-dessus de tous, et parmi tous, et en tous.
Mais à chacun de nous la grâce a été donnée selon la mesure du don de Christ.
C’est pourquoi il est dit: Étant monté en haut, il a emmené des captifs, Et il a fait des dons aux hommes.
Or, que signifie: Il est monté, sinon qu’il est aussi descendu dans les régions inférieures de la terre?
10 Celui qui est descendu, c’est le même qui est monté au-dessus de tous les cieux, afin de remplir toutes choses.
11 Et il a donné les uns comme apôtres, les autres comme prophètes, les autres comme évangélistes, les autres comme pasteurs et docteurs,
12 pour le perfectionnement des saints en vue de l’oeuvre du ministère et de l’édification du corps de Christ,
13 jusqu’à ce que nous soyons tous parvenus à l’unité de la foi et de la connaissance du Fils de Dieu, à l’état d’homme fait, à la mesure de la stature parfaite de Christ,
14 afin que nous ne soyons plus des enfants, flottants et emportés à tout vent de doctrine, par la tromperie des hommes, par leur ruse dans les moyens de séduction,
15 mais que, professant la vérité dans la charité, nous croissions à tous égards en celui qui est le chef, Christ.
16 C’est de lui, et grâce à tous les liens de son assistance, que tout le corps, bien coordonné et formant un solide assemblage, tire son accroissement selon la force qui convient à chacune de ses parties, et s’édifie lui-même dans la charité.
17 Voici donc ce que je dis et ce que je déclare dans le Seigneur, c’est que vous ne devez plus marcher comme les païens, qui marchent selon la vanité de leurs pensées.
18 Ils ont l’intelligence obscurcie, ils sont étrangers à la vie de Dieu, à cause de l’ignorance qui est en eux, à cause de l’endurcissement de leur coeur.
19 Ayant perdu tout sentiment, ils se sont livrés à la dissolution, pour commettre toute espèce d’impureté jointe à la cupidité.
20 Mais vous, ce n’est pas ainsi que vous avez appris Christ,
21 si du moins vous l’avez entendu, et si, conformément à la vérité qui est en Jésus, c’est en lui que vous avez été instruits à vous dépouiller,
22 eu égard à votre vie passée, du vieil homme qui se corrompt par les convoitises trompeuses,
23 à être renouvelés dans l’esprit de votre intelligence,
24 et à revêtir l’homme nouveau, créé selon Dieu dans une justice et une sainteté que produit la vérité.
25 C’est pourquoi, renoncez au mensonge, et que chacun de vous parle selon la vérité à son prochain; car nous sommes membres les uns des autres.
26 Si vous vous mettez en colère, ne péchez point; que le soleil ne se couche pas sur votre colère,
27 et ne donnez pas accès au diable.
28 Que celui qui dérobait ne dérobe plus; mais plutôt qu’il travaille, en faisant de ses mains ce qui est bien, pour avoir de quoi donner à celui qui est dans le besoin.
29 Qu’il ne sorte de votre bouche aucune parole mauvaise, mais, s’il y a lieu, quelque bonne parole, qui serve à l’édification et communique une grâce à ceux qui l’entendent.
30 N’attristez pas le Saint Esprit de Dieu, par lequel vous avez été scellés pour le jour de la rédemption.
31 Que toute amertume, toute animosité, toute colère, toute clameur, toute calomnie, et toute espèce de méchanceté, disparaissent du milieu de vous.
32 Soyez bons les uns envers les autres, compatissants, vous pardonnant réciproquement, comme Dieu vous a pardonné en Christ.

Louis Segond {LSG}

Ephesians 4          

1 I therefore, the prisoner of the Lord, beseech you that ye walk worthy of the vocation wherewith ye are called,
With all lowliness and meekness, with longsuffering, forbearing one another in love;
Endeavouring to keep the unity of the Spirit in the bond of peace.
There is one body, and one Spirit, even as ye are called in one hope of your calling;
One Lord, one faith, one baptism,
One God and Father of all, who is above all, and through all, and in you all.
But unto every one of us is given grace according to the measure of the gift of Christ.
Wherefore he saith, When he ascended up on high, he led captivity captive, and gave gifts unto men.
(Now that he ascended, what is it but that he also descended first into the lower parts of the earth?
10 He that descended is the same also that ascended up far above all heavens, that he might fill all things.)
11 And he gave some, apostles; and some, prophets; and some, evangelists; and some, pastors and teachers;
12 For the perfecting of the saints, for the work of the ministry, for the edifying of the body of Christ:
13 Till we all come in the unity of the faith, and of the knowledge of the Son of God, unto a perfect man, unto the measure of the stature of the fulness of Christ:
14 That we henceforth be no more children, tossed to and fro, and carried about with every wind of doctrine, by the sleight of men, and cunning craftiness, whereby they lie in wait to deceive;
15 But speaking the truth in love, may grow up into him in all things, which is the head, even Christ:
16 From whom the whole body fitly joined together and compacted by that which every joint supplieth, according to the effectual working in the measure of every part, maketh increase of the body unto the edifying of itself in love.
17 This I say therefore, and testify in the Lord, that ye henceforth walk not as other Gentiles walk, in the vanity of their mind,
18 Having the understanding darkened, being alienated from the life of God through the ignorance that is in them, because of the blindness of their heart:
19 Who being past feeling have given themselves over unto lasciviousness, to work all uncleanness with greediness.
20 But ye have not so learned Christ;
21 If so be that ye have heard him, and have been taught by him, as the truth is in Jesus:
22 That ye put off concerning the former conversation the old man, which is corrupt according to the deceitful lusts;
23 And be renewed in the spirit of your mind;
24 And that ye put on the new man, which after God is created in righteousness and true holiness.
25 Wherefore putting away lying, speak every man truth with his neighbour: for we are members one of another.
26 Be ye angry, and sin not: let not the sun go down upon your wrath:
27 Neither give place to the devil.
28 Let him that stole steal no more: but rather let him labour, working with his hands the thing which is good, that he may have to give to him that needeth.
29 Let no corrupt communication proceed out of your mouth, but that which is good to the use of edifying, that it may minister grace unto the hearers.
30 And grieve not the holy Spirit of God, whereby ye are sealed unto the day of redemption.
31 Let all bitterness, and wrath, and anger, and clamour, and evil speaking, be put away from you, with all malice:
32 And be ye kind one to another, tenderhearted, forgiving one another, even as God for Christ’s sake hath forgiven you.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}