Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 6  

1 Jòb pran lapawòl, li di konsa:
-Si yo te ka pran pèz lapenn mwen, si yo te ka peze tout malè mwen yo nan balans,
yo ta jwenn yo pi lou pase tout sab ki bò lanmè. Lè sa a, nou pa ta sezi tande m’ pale jan m’ap pale a.
Bondye ki gen tout pouvwa a plante flèch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kò m’. Bondye voye sou mwen tout kalite malè pou fè kè m’ kase.
Bourik mawon pa ranni lè li gen zèb pou l’ manje. Ni bèf pa rele lè li gen manje devan l’.
Moun pa manje manje ki san gou, manje ki san sèl. Blan ze pa gen bon gou nan bouch.
Mwen pa menm gen apeti pou bagay konsa. Tou sa mwen manje fè kè m’ tounen.
 Si Bondye te ka ban mwen sa m’ mande l’ la! Si li te ka fè m’ jwenn sa m’ap tann lan!
Si sèlman sa ta fè l’ plezi pou l’ touye m’! Si li ta vle lonje men l’ pou l’ disparèt mwen!
10 Se ta va yon gwo konsolasyon pou mwen. Malgre tout soufrans mwen yo, mwen ta danse, mwen ta fè fèt, paske mwen konnen mwen pa janm dezobeyi lòd Bondye ki apa a bay.
11 Mwen pa gen fòs pou m’ tann ankò. Pa gen ankenn espwa pou mwen. Sa m’ bezwen viv toujou fè?
12 Se pa wòch mwen ye. Se pa bout fè kò m’ ye.
13 Mwen pa gen fòs ankò pou m’ kenbe. Kote m’ vire, mwen pa jwenn sekou.
14  Nan tray m’ap pase koulye a, mwen bezwen bon zanmi ki pou soutni m’, menm si mwen ta vire do bay Bondye.
15 Men, frè m’ yo, nou p’ap di m’ anyen la a. Nou tankou ravin chèch ki pa gen dlo depi lapli pa tonbe.
16 Nan sezon fredi, lè lanèj ap fonn, yo plen dlo sal ki frèt kou glas.
17 Men, nan sezon lesèk, pa yon gout dlo! Chalè solèy la cheche yo nèt.
18 Bann vwayajè yo kite chemen yo pou y’ al dèyè dlo. Yo pèdi nan dezè a. Yo mouri.
19 Vwayajè ki soti nan peyi Cheba ak nan peyi Saba ap touye tèt yo chache dlo.
20 Yo pa ka jwenn. Rive devan ravin lan, yo pa konn sa pou yo fè.
21 Wi, mezanmi. Nou tankou yon ravin chèch pou mwen. Nou wè nan ki eta mwen ye, nou pè, n’ap renka kò nou dèyè.
22  Eske m’ te mande nou pou nou fè m’ kado kichòy? Osinon pou nou fè yon moun kado pou mwen nan sa nou genyen?
23 Eske mwen te mande nou pou nou vin wete m’ anba grif yon lènmi, osinon pou nou delivre m’ anba men yon moun k’ap fè m’ soufri?
24 Bon. Pale avè m’. Si m’ antò, fè m’ wè kote m’ antò a. Lè sa a, m’a pe bouch mwen. M’a koute nou.
25 Pawòl ki pale verite bon pou tande. Men, m’ pa wè sa nou vle di m’ la a.
26 Ou di mwen fin dekouraje. Se depale m’ap depale. Poukisa atò w’ap kritike pawòl mwen yo konsa?
27 Konsa tou, ou ta rive jwe lajan sou tèt timoun san papa. Ou ta fè lajan sou tèt bon zanmi ou.
28 Koulye a, monchè, tanpri, gade m’ nan je. Mwen p’ap ba ou manti.
29 Tounen non! Pa fè m’ lenjistis sa a! Tounen, mwen di ou. Se kòz mwen m’ap defann.
30 Eske se manti m’ap bay? Dapre nou, mwen pa konnen sa ki byen ak sa ki mal?

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 6

Job prit la parole et dit:
Oh! s’il était possible de peser ma douleur, Et si toutes mes calamités étaient sur la balance,
Elles seraient plus pesantes que le sable de la mer; Voilà pourquoi mes paroles vont jusqu’à la folie!
Car les flèches du Tout Puissant m’ont percé, Et mon âme en suce le venin; Les terreurs de Dieu se rangent en bataille contre moi.
L’âne sauvage crie-t-il auprès de l’herbe tendre? Le boeuf mugit-il auprès de son fourrage?
Peut-on manger ce qui est fade et sans sel? Y a-t-il de la saveur dans le blanc d’un oeuf?
Ce que je voudrais ne pas toucher, C’est là ma nourriture, si dégoûtante soit-elle!
Puisse mon voeu s’accomplir, Et Dieu veuille réaliser mon espérance!
Qu’il plaise à Dieu de m’écraser, Qu’il étende sa main et qu’il m’achève!
10 Il me restera du moins une consolation, Une joie dans les maux dont il m’accable: Jamais je n’ai transgressé les ordres du Saint.
11 Pourquoi espérer quand je n’ai plus de force? Pourquoi attendre quand ma fin est certaine?
12 Ma force est-elle une force de pierre? Mon corps est-il d’airain?
13 Ne suis-je pas sans ressource, Et le salut n’est-il pas loin de moi?
14 Celui qui souffre a droit à la compassion de son ami, Même quand il abandonnerait la crainte du Tout Puissant.
15 Mes frères sont perfides comme un torrent, Comme le lit des torrents qui disparaissent.
16 Les glaçons en troublent le cours, La neige s’y précipite;
17 Viennent les chaleurs, et ils tarissent, Les feux du soleil, et leur lit demeure à sec.
18 Les caravanes se détournent de leur chemin, S’enfoncent dans le désert, et périssent.
19 Les caravanes de Théma fixent le regard, Les voyageurs de Séba sont pleins d’espoir;
20 Ils sont honteux d’avoir eu confiance, Ils restent confondus quand ils arrivent.
21 Ainsi, vous êtes comme si vous n’existiez pas; Vous voyez mon angoisse, et vous en avez horreur!
22 Vous ai-je dit: Donnez-moi quelque chose, Faites en ma faveur des présents avec vos biens,
23 Délivrez-moi de la main de l’ennemi, Rachetez-moi de la main des méchants?
24 Instruisez-moi, et je me tairai; Faites-moi comprendre en quoi j’ai péché.
25 Que les paroles vraies sont persuasives! Mais que prouvent vos remontrances?
26 Voulez-vous donc blâmer ce que j’ai dit, Et ne voir que du vent dans les discours d’un désespéré?
27 Vous accablez un orphelin, Vous persécutez votre ami.
28 Regardez-moi, je vous prie! Vous mentirais-je en face?
29 Revenez, ne soyez pas injustes; Revenez, et reconnaissez mon innocence.
30 Y a-t-il de l’iniquité sur ma langue, Et ma bouche ne discerne-t-elle pas le mal?
Louis Segond {LSG}

Job 6   

1 But Job answered and said,
Oh that my grief were throughly weighed, and my calamity laid in the balances together!
For now it would be heavier than the sand of the sea: therefore my words are swallowed up.
For the arrows of the Almighty are within me, the poison whereof drinketh up my spirit: the terrors of God do set themselves in array against me.
Doth the wild ass bray when he hath grass? or loweth the ox over his fodder?
Can that which is unsavoury be eaten without salt? or is there any taste in the white of an egg?
The things that my soul refused to touch are as my sorrowful meat.
Oh that I might have my request; and that God would grant me the thing that I long for!
Even that it would please God to destroy me; that he would let loose his hand, and cut me off!
10 Then should I yet have comfort; yea, I would harden myself in sorrow: let him not spare; for I have not concealed the words of the Holy One.
11 What is my strength, that I should hope? and what is mine end, that I should prolong my life?
12 Is my strength the strength of stones? or is my flesh of brass?
13 Is not my help in me? and is wisdom driven quite from me?
14 To him that is afflicted pity should be shewed from his friend; but he forsaketh the fear of the Almighty.
15 My brethren have dealt deceitfully as a brook, and as the stream of brooks they pass away;
16 Which are blackish by reason of the ice, and wherein the snow is hid:
17 What time they wax warm, they vanish: when it is hot, they are consumed out of their place.
18 The paths of their way are turned aside; they go to nothing, and perish.
19 The troops of Tema looked, the companies of Sheba waited for them.
20 They were confounded because they had hoped; they came thither, and were ashamed.
21 For now ye are nothing; ye see my casting down, and are afraid.
22 Did I say, Bring unto me? or, Give a reward for me of your substance?
23 Or, Deliver me from the enemy’s hand? or, Redeem me from the hand of the mighty?
24 Teach me, and I will hold my tongue: and cause me to understand wherein I have erred.
25 How forcible are right words! but what doth your arguing reprove?
26 Do ye imagine to reprove words, and the speeches of one that is desperate, which are as wind?
27 Yea, ye overwhelm the fatherless, and ye dig a pit for your friend.
28 Now therefore be content, look upon me; for it is evident unto you if I lie.
29 Return, I pray you, let it not be iniquity; yea, return again, my righteousness is in it.
30 Is there iniquity in my tongue? cannot my taste discern perverse things?
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}