Liv Neyemi / Nehémie / Nehemia

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Neyemi 4

1 Lè Sanbala vin konnen nou menm jwif yo nou t’ap rebati miray ranpa a, li fache, li move.
Li konmanse pase nou nan betiz. Li t’ap di devan moun pa l’ yo ak devan sòlda lame peyi Samari a: -Kisa jwif yo konprann y’ap fè la a? Yo ta renmen rebati lavil la. Yo konprann avèk tout bèt y’ap ofri pou touye yo, nan yon jou yo pral fini? Yo mete nan tèt yo avèk demoli ki fin tounen pousyè ak sann dife yo ka fè wòch pou rebati lavil la.
Tobija, moun peyi Amon an, te kanpe bò kote Sanbala. Li t’ap di: -Anhan! Y’ap rebati! Kite yon chat mawon vole sou miray wòch yo a, sa kont pou jete l’ atè!
Lè sa a, mwen menm, Neemi, mwen lapriyè Bondye. Mwen di l’: -O Bondye papa nou! Tande jan y’ap pase nou nan betiz! Sa yo ta renmen wè rive nou an, se sa ki pou rive yo! Se yo ki pou wont! Se pou lènmi vin fè yo prizonye epi pou li depòte yo tout nan yon lòt peyi.
Pa padonnen sa yo fè ki mal. Pa janm bliye peche yo fè a, paske yo t’ap pale moun ki t’ap rebati lavil ou a mal.
Se konsa, nou t’ap rebati ranpa a. Anvan lontan, ranpa a te gen tan rive nan mwatye wotè, paske pèp la te soti pou l’ te fè travay la.
 Lè Sanbala ak Tobija ansanm ak moun Arabi yo, moun Amon yo ak moun Achdòd yo tande travay reparasyon miray ranpa lavil Jerizalèm yo t’ap mache, epi twou ki te nan miray yo te konmanse bouche, yo fè gwo kòlè, yo fache.
Yo mete tèt yo ansanm pou yo vin atake lavil Jerizalèm, pou yo bay pwoblèm.
Men, nou lapriyè Bondye nou an, epi nou mete moun ap veye lajounen kou lannwit, pou pwoteje nou.
10 Men, moun peyi Jida yo t’ap plede di: -Nou fin fèb nan pote chay! Gen twòp vye ranblè pou n’ netwaye! Nou p’ap janm fin rebati miray sa a!
11 Lènmi nou yo menm, bò pa yo, t’ap di: -San yo pa konnen, san yo pa wè anyen, n’ap gen tan nan mitan yo. N’ap masakre yo, n’ap fè travay la sispann.
12 Men, chak fwa lènmi nou yo moute vin atake nou, jwif ki t’ap viv nan mitan yo te vin avèti nou. Konsa konsa, an dis fwa.
13 Lè konsa, mwen ranje pèp la dèyè ranpa a, chak fanmi apa, avèk nepe yo, frenn yo ak banza yo. Mwen mete yo kote miray la pa t’ ankò fini an.
14 Lè m’ wè pèp la te gen kè sote, mwen leve, mwen pale ak chèf yo ak majistra yo ak tout rès pèp la, mwen di yo: -Nou pa bezwen pè moun sa yo! Chonje jan Seyè a gen pouvwa, jan li fè moun pè l’. Ann goumen pou moun menm ras ak nou yo, pou pitit fi nou yo, pou pitit gason nou yo, pou madanm nou yo ak kay nou yo.
15 Lè lènmi nou yo wè nou te konnen sa yo t’ap konplote a, yo vin konprann Bondye te soti pou gate plan yo. Apre sa, nou tounen al travay nan miray ranpa a, chak moun bò pa yo.
16  Depi lè sa a, mwatye nan gason yo al nan travay, lòt mwatye a t’ap veye avèk frenn yo, pwotèj pou bra yo, banza yo ak gwo plak fè sou lestonmak yo pou pwoteje yo. Tout chèf yo te la dèyè pèp Jida a
17 ki t’ap rebati ranpa a. Tout moun ki t’ap bwote materyo te gen zam tou. Yo t’ap travay ak yon men, nan lòt men an yo te kenbe zam yo.
18 Moun ki t’ap travay yo menm te toujou gen yon nepe pase nan ren yo. Nèg ki te konn kònen klewon an te toujou bò kote m’.
19 Mwen di chèf yo, majistra yo ansanm ak tout rès pèp la: -Chantye a se yon gwo chantye. Travay la gaye, kifè nou yonn pa pre lòt sou ranpa a.
20 Depi nou tande klewon an bay siyal la, n’a kouri vin sanble bò kote m’. Bondye nou an va goumen pou nou.
21 Se konsa, chak jou, depi bajou kase jouk zetwal parèt nan syèl la, mwatye nan nou t’ap mennen travay la sou ranpa a, lòt mwatye a t’ap veye avèk zam yo nan men yo.
22 Nan menm epòk la, mwen pale ak pèp la. Mwen di yo konsa: -Se pou tout moun rete pase nwit lavil Jerizalèm ansanm ak domestik yo. Konsa, n’a pase tout nwit la ap veye. Lajounen, n’a travay.
23 Se konsa, lannwit, nou pa janm wete rad sou nou, ni mwen, ni frè parèy mwen yo, ni domestik nou yo, ni gad kò m’ yo. Nou tout nou te gen zam nou bò kote nou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

Nehémie 4
1 Lorsque Sanballat apprit que nous rebâtissions la muraille, il fut en colère et très irrité.
Il se moqua des Juifs, et dit devant ses frères et devant les soldats de Samarie: A quoi travaillent ces Juifs impuissants? Les laissera-t-on faire? Sacrifieront-ils? Vont-ils achever? Redonneront-ils vie à des pierres ensevelies sous des monceaux de poussière et consumées par le feu?
Tobija, l’Ammonite, était à côté de lui, et il dit: Qu’ils bâtissent seulement! Si un renard s’élance, il renversera leur muraille de pierres!
Écoute, ô notre Dieu, comme nous sommes méprisés! Fais retomber leurs insultes sur leur tête, et livre-les au pillage sur une terre où ils soient captifs.
Ne pardonne pas leur iniquité, et que leur péché ne soit pas effacé de devant toi; car ils ont offensé ceux qui bâtissent.
Nous rebâtîmes la muraille, qui fut partout achevée jusqu’à la moitié de sa hauteur. Et le peuple prit à coeur ce travail.
Mais Sanballat, Tobija, les Arabes, les Ammonites et les Asdodiens, furent très irrités en apprenant que la réparation des murs avançait et que les brèches commençaient à se fermer.
Ils se liguèrent tous ensemble pour venir attaquer Jérusalem et lui causer du dommage.
Nous priâmes notre Dieu, et nous établîmes une garde jour et nuit pour nous défendre contre leurs attaques.
10 Cependant Juda disait: Les forces manquent à ceux qui portent les fardeaux, et les décombres sont considérables; nous ne pourrons pas bâtir la muraille.
11 Et nos ennemis disaient: Ils ne sauront et ne verront rien jusqu’à ce que nous arrivions au milieu d’eux; nous les tuerons, et nous ferons ainsi cesser l’ouvrage.
12 Or les Juifs qui habitaient près d’eux vinrent dix fois nous avertir, de tous les lieux d’où ils se rendaient vers nous.
13 C’est pourquoi je plaçai, dans les enfoncements derrière la muraille et sur des terrains secs, le peuple par familles, tous avec leurs épées, leurs lances et leurs arcs.
14 Je regardai, et m’étant levé, je dis aux grands, aux magistrats, et au reste du peuple: Ne les craignez pas! Souvenez-vous du Seigneur, grand et redoutable, et combattez pour vos frères, pour vos fils et vos filles, pour vos femmes et pour vos maisons!
15 Lorsque nos ennemis apprirent que nous étions avertis, Dieu anéantit leur projet, et nous retournâmes tous à la muraille, chacun à son ouvrage.
16 Depuis ce jour, la moitié de mes serviteurs travaillait, et l’autre moitié était armée de lances, de boucliers, d’arcs et de cuirasses. Les chefs étaient derrière toute la maison de Juda.
17 Ceux qui bâtissaient la muraille, et ceux qui portaient ou chargeaient les fardeaux, travaillaient d’une main et tenaient une arme de l’autre;
18 chacun d’eux, en travaillant, avait son épée ceinte autour des reins. Celui qui sonnait de la trompette se tenait près de moi.
19 Je dis aux grands, aux magistrats, et au reste du peuple: L’ouvrage est considérable et étendu, et nous sommes dispersés sur la muraille, éloignés les uns des autres.
20 Au son de la trompette, rassemblez-vous auprès de nous, vers le lieu d’où vous l’entendrez; notre Dieu combattra pour nous.
21 C’est ainsi que nous poursuivions l’ouvrage, la moitié d’entre nous la lance à la main depuis le lever de l’aurore jusqu’à l’apparition des étoiles.
22 Dans ce même temps, je dis encore au peuple: Que chacun passe la nuit dans Jérusalem avec son serviteur; faisons la garde pendant la nuit, et travaillons pendant le jour.
23 Et nous ne quittions point nos vêtements, ni moi, ni mes frères, ni mes serviteurs, ni les hommes de garde qui me suivaient; chacun n’avait que ses armes et de l’eau.
Louis Segond {LSG}

Nehemiah 4  

1 But it came to pass, that when Sanballat heard that we builded the wall, he was wroth, and took great indignation, and mocked the Jews.
And he spake before his brethren and the army of Samaria, and said, What do these feeble Jews? will they fortify themselves? will they sacrifice? will they make an end in a day? will they revive the stones out of the heaps of the rubbish which are burned?
Now Tobiah the Ammonite was by him, and he said, Even that which they build, if a fox go up, he shall even break down their stone wall.
Hear, O our God; for we are despised: and turn their reproach upon their own head, and give them for a prey in the land of captivity:
And cover not their iniquity, and let not their sin be blotted out from before thee: for they have provoked thee to anger before the builders.
So built we the wall; and all the wall was joined together unto the half thereof: for the people had a mind to work.
But it came to pass, that when Sanballat, and Tobiah, and the Arabians, and the Ammonites, and the Ashdodites, heard that the walls of Jerusalem were made up, and that the breaches began to be stopped, then they were very wroth,
And conspired all of them together to come and to fight against Jerusalem, and to hinder it.
Nevertheless we made our prayer unto our God, and set a watch against them day and night, because of them.
10 And Judah said, The strength of the bearers of burdens is decayed, and there is much rubbish; so that we are not able to build the wall.
11 And our adversaries said, They shall not know, neither see, till we come in the midst among them, and slay them, and cause the work to cease.
12 And it came to pass, that when the Jews which dwelt by them came, they said unto us ten times, From all places whence ye shall return unto us they will be upon you.
13 Therefore set I in the lower places behind the wall, and on the higher places, I even set the people after their families with their swords, their spears, and their bows.
14 And I looked, and rose up, and said unto the nobles, and to the rulers, and to the rest of the people, Be not ye afraid of them: remember the Lord, which is great and terrible, and fight for your brethren, your sons, and your daughters, your wives, and your houses.
15 And it came to pass, when our enemies heard that it was known unto us, and God had brought their counsel to nought, that we returned all of us to the wall, every one unto his work.
16 And it came to pass from that time forth, that the half of my servants wrought in the work, and the other half of them held both the spears, the shields, and the bows, and the habergeons; and the rulers were behind all the house of Judah.
17 They which builded on the wall, and they that bare burdens, with those that laded, every one with one of his hands wrought in the work, and with the other hand held a weapon.
18 For the builders, every one had his sword girded by his side, and so builded. And he that sounded the trumpet was by me.
19 And I said unto the nobles, and to the rulers, and to the rest of the people, The work is great and large, and we are separated upon the wall, one far from another.
20 In what place therefore ye hear the sound of the trumpet, resort ye thither unto us: our God shall fight for us.
21 So we laboured in the work: and half of them held the spears from the rising of the morning till the stars appeared.
22 Likewise at the same time said I unto the people, Let every one with his servant lodge within Jerusalem, that in the night they may be a guard to us, and labour on the day.
23 So neither I, nor my brethren, nor my servants, nor the men of the guard which followed me, none of us put off our clothes, saving that every one put them off for washing.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}