Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 96  

1 Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a!
Chante pou Seyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.
Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.
Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l’ pi plis pase lòt bondye yo.
Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la.
Devan li se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen mèvèy nan kay ki apa pou li a!
Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
Fè lwanj li paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li!
Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li.
10  Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l’. L’ap jije tout moun san patipri.
11 Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l’ pran fè bri sitèlman yo kontan.
12 Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan,
13 lè Seyè a parèt. Paske, l’ap vini. L’ap vini pou l’ jije tout moun ki sou latè. L’ap jije tout moun san patipri. L’ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 96

1 Chantez à l’Éternel un cantique nouveau! Chantez à l’Éternel, vous tous, habitants de la terre!
Chantez à l’Éternel, bénissez son nom, Annoncez de jour en jour son salut!
Racontez parmi les nations sa gloire, Parmi tous les peuples ses merveilles!
Car l’Éternel est grand et très digne de louange, Il est redoutable par-dessus tous les dieux;
Car tous les dieux des peuples sont des idoles, Et l’Éternel a fait les cieux.
La splendeur et la magnificence sont devant sa face, La gloire et la majesté sont dans son sanctuaire.
Familles des peuples, rendez à l’Éternel, Rendez à l’Éternel gloire et honneur!
Rendez à l’Éternel gloire pour son nom! Apportez des offrandes, et entrez dans ses parvis!
Prosternez-vous devant l’Éternel avec des ornements sacrés. Tremblez devant lui, vous tous, habitants de la terre!
10 Dites parmi les nations: L’Éternel règne; Aussi le monde est ferme, il ne chancelle pas; L’Éternel juge les peuples avec droiture.
11 Que les cieux se réjouissent, et que la terre soit dans l’allégresse, Que la mer retentisse avec tout ce qu’elle contient,
12 Que la campagne s’égaie avec tout ce qu’elle renferme, Que tous les arbres des forêts poussent des cris de joie,
13 Devant l’Éternel! Car il vient, Car il vient pour juger la terre; Il jugera le monde avec justice, Et les peuples selon sa fidélité.
Louis Segond {LSG}

Psalm 96  

1 O sing unto the Lord a new song: sing unto the Lord, all the earth.
Sing unto the Lord, bless his name; shew forth his salvation from day to day.
Declare his glory among the heathen, his wonders among all people.
For the Lord is great, and greatly to be praised: he is to be feared above all gods.
For all the gods of the nations are idols: but the Lord made the heavens.
Honour and majesty are before him: strength and beauty are in his sanctuary.
Give unto the Lord, O ye kindreds of the people, give unto the Lord glory and strength.
Give unto the Lord the glory due unto his name: bring an offering, and come into his courts.
O worship the Lord in the beauty of holiness: fear before him, all the earth.
10 Say among the heathen that the Lord reigneth: the world also shall be established that it shall not be moved: he shall judge the people righteously.
11 Let the heavens rejoice, and let the earth be glad; let the sea roar, and the fulness thereof.
12 Let the field be joyful, and all that is therein: then shall all the trees of the wood rejoice
13 Before the Lord: for he cometh, for he cometh to judge the earth: he shall judge the world with righteousness, and the people with his truth.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}