Liv Egzòd / Exode / Exodus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Egzòd 10

1 Seyè a di Moyiz ankò: -Ale bò kot farawon an. Se mwen menm ki fè l’ gen tèt di, li menm ansanm ak moun pa l’ yo, pou m’ fè yo wè mèvèy mwen ka fè nan mitan yo.
Konsa tou, n’a rakonte pitit nou yo ak pitit pitit nou yo sa mwen te fè moun peyi Lejip yo pase ak kalite mèvèy mwen te fè nan mitan yo. Lè sa a nou tout n’a konnen se mwen menm menm ki Seyè a.
Se konsa Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l’: -Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kilè w’a aprann soumèt tèt ou devan mwen? Kite pèp mwen an ale pou l’ ka fè yon sèvis pou mwen.
Si ou refize kite pèp mwen an ale, men sa m’ pral fè: Denmen, mwen pral voye krikèt vèt sou tout peyi a.
Yo pral kouvri tout tè a, jouk moun p’ap ka wè tè a ankò. Yo pral devore ti rès lagrèl te kite pou nou an. y’a devore tout pyebwa ki nan jaden nou yo.
Y’ap anvayi tout kay ou yo, kay tout moun pa ou yo ak kay tout moun nan peyi a. Se bagay granpapa nou yo ak zansèt nou yo pa t’ janm wè depi yo fèt jouk jounen jòdi a. Apre sa, Moyiz vire do l’, li soti kay farawon an.
Moun pa farawon yo vin di l’: -Kilè nonm sa a va sispann ban nou pwoblèm? Kite moun yo ale non. Kite yo al fè sèvis pou Bondye yo a. Ou pa wè jan peyi Lejip la ap fini!
Se konsa yo fè Moyiz ak Arawon tounen vin kote farawon an. Farawon an di yo: -Nou mèt al fè sèvis pou Seyè a, Bondye nou an. Kilès ki prale?
Moyiz reponn li: -Nou prale ak tout timoun yo, ak tout granmoun yo, ak tout pitit gason nou yo, ak tout pitit fi nou yo ansanm ak bèf, mouton ak kabrit nou yo, paske se yon gwo sèvis pou n’ fè pou Seyè a.
10 Farawon an di yo: -Gade jan nou gen move lide dèyè tèt nou! Mwen ta swete pou Seyè a ede nou vre! Men, mwen p’ap kite nou ale ansanm ak timoun yo.
11 Non. Sa p’ap pase konsa. Se nou menm gason yo ase ki mèt ale pou fè sèvis pou Seyè a. Se pa sa nou te mande? Lè l’ fin di yo sa, li fè mete yo deyò lakay li.
12  Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou sou peyi Lejip la pou fè krikèt yo vini sou li. Y’ap vini, y’ap devore tout fèy bwa nan peyi a. Wi, y’a devore tou sa lagrèl te kite.
13 Moyiz lonje baton l’ lan sou peyi Lejip la. Seyè a fè yon van nòde soufle sou peyi a. Van an soufle tout yon jounen ak tout yon nwit. Nan maten, van an pote krikèt vèt yo vini.
14 Krikèt yo tonbe sou peyi Lejip la, yo poze toupatou nan peyi a. Moun pa t’ janm wè kantite krikèt konsa, epi se bagay yo p’ap janm wè ankò.
15 Krikèt yo kouvri tè a nèt. Tè a vin tou nwa ak krikèt. Krikèt yo manje tou sak t’ap pouse nan peyi a, tout fwi ki te nan pyebwa yo, tou sa lagrèl te kite. pa t’ rete yon ti fèy vèt nan pyebwa yo ankò nan tout peyi Lejip la. Tout jaden te pèdi nèt.
16 Lè sa a, farawon an prese fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Mwen peche kont Seyè a, Bondye nou an, mwen peche kont nou menm tou.
17 Tanpri, padonnen peche m’ fwa sa a. Lapriyè Seyè a, Bondye nou an, ankò pou l’ wete chatiman sa a sou mwen. Se touye chatiman sa a ap touye m’!
18 Moyiz soti kay farawon an. Li lapriyè Seyè a.
19 Seyè a fè yon gwo van lwès soufle fwa sa a. Van an pote tout krikèt yo al jete nan lanmè Wouj la. Pat rete yon sèl grenn krikèt nan tout peyi Lejip la.
20 Men Seyè a fè farawon an fè tèt di ankò. Farawon an pa kite moun pèp Izrayèl yo ale.
21  Seyè a di Moyiz ankò: -Lonje men ou anlè pou fènwa kouvri peyi Lejip la, yon fènwa sitèlman pwès moun ta ka santi li anba men yo.
22 Moyiz leve men li anlè, epi yon fènwa byen pwès desann kouvri tout peyi Lejip la pandan twa jou.
23 Moun peyi Lejip yo fè twa jou yonn pa t’ ka wè lòt, pesonn pa mete tèt deyò. Men, te gen klète kote moun pèp Izrayèl yo te rete a.
24 Farawon an fè rele Moyiz, li di l’ konsa: -Nou mèt ale fè sèvis pou Seyè a. Nou mèt ale ak timoun nou yo. Men mouton nou yo, kabrit nou yo ak bèf nou yo ap rete isit la.
25 Moyiz reponn li: -Bon, lè sa a, se ou menm ki pral ban nou bèt pou nou touye pou nou boule pou Seyè a, Bondye nou an?
26 Tout bèt nou fèt pou ale ak nou. Nou p’ap kite yonn dèyè. Paske, se ladan yo pou nou pran sa nou bezwen pou fè sèvis pou Seyè a, Bondye nou an. Tout tan nou pa rive, nou poko konnen kisa nou pral chwazi pou ofri bay Seyè a.
27 Men Seyè a fè farawon an fè tèt di pi rèd toujou. Farawon an pa t’ vle kite yo ale.
28 Farawon an di Moyiz konsa: -Wete kò ou devan m’. Gade! Pa janm parèt devan m’ ankò, paske jou ou ta parèt devan m’ ankò, m’ap disparèt ou.
29 Moyiz reponn li: -Jan ou vle! Mwen p’ap janm parèt devan ou ankò.

Exode 10

L’Éternel dit à Moïse: Va vers Pharaon, car j’ai endurci son coeur et le coeur de ses serviteurs, pour faire éclater mes signes au milieu d’eux.
C’est aussi pour que tu racontes à ton fils et au fils de ton fils comment j’ai traité les Égyptiens, et quels signes j’ai fait éclater au milieu d’eux. Et vous saurez que je suis l’Éternel.
Moïse et Aaron allèrent vers Pharaon, et lui dirent: Ainsi parle l’Éternel, le Dieu des Hébreux: Jusqu’à quand refuseras-tu de t’humilier devant moi? Laisse aller mon peuple, afin qu’il me serve.
Si tu refuses de laisser aller mon peuple, voici, je ferai venir demain des sauterelles dans toute l’étendue de ton pays.
Elles couvriront la surface de la terre, et l’on ne pourra plus voir la terre; elles dévoreront le reste de ce qui est échappé, ce que vous a laissé la grêle, elles dévoreront tous les arbres qui croissent dans vos champs;
elles rempliront tes maisons, les maisons de tous tes serviteurs et les maisons de tous les Égyptiens. Tes pères et les pères de tes pères n’auront rien vu de pareil depuis qu’ils existent sur la terre jusqu’à ce jour. Moïse se retira, et sortit de chez Pharaon.
Les serviteurs de Pharaon lui dirent: Jusqu’à quand cet homme sera-t-il pour nous un piège? Laisse aller ces gens, et qu’ils servent l’Éternel, leur Dieu. Ne vois-tu pas encore que l’Égypte périt?
On fit revenir vers Pharaon Moïse et Aaron: Allez, leur dit-il, servez l’Éternel, votre Dieu. Qui sont ceux qui iront?
Moïse répondit: Nous irons avec nos enfants et nos vieillards, avec nos fils et nos filles, avec nos brebis et nos boeufs; car c’est pour nous une fête en l’honneur de l’Éternel.
10 Pharaon leur dit: Que l’Éternel soit avec vous, tout comme je vais vous laisser aller, vous et vos enfants! Prenez garde, car le malheur est devant vous!
11 Non, non: allez, vous les hommes, et servez l’Éternel, car c’est là ce que vous avez demandé. Et on les chassa de la présence de Pharaon.
12 L’Éternel dit à Moïse: Étends ta main sur le pays d’Égypte, et que les sauterelles montent sur le pays d’Égypte; qu’elles dévorent toute l’herbe de la terre, tout ce que la grêle a laissé.
13 Moïse étendit sa verge sur le pays d’Égypte; et l’Éternel fit souffler un vent d’orient sur le pays toute cette journée et toute la nuit. Quand ce fut le matin, le vent d’orient avait apporté les sauterelles.
14 Les sauterelles montèrent sur le pays d’Égypte, et se posèrent dans toute l’étendue de l’Égypte; elles étaient en si grande quantité qu’il n’y avait jamais eu et qu’il n’y aura jamais rien de semblable.
15 Elles couvrirent la surface de toute la terre, et la terre fut dans l’obscurité; elles dévorèrent toute l’herbe de la terre et tout le fruit des arbres, tout ce que la grêle avait laissé; et il ne resta aucune verdure aux arbres ni à l’herbe des champs, dans tout le pays d’Égypte.
16 Aussitôt Pharaon appela Moïse et Aaron, et dit: J’ai péché contre l’Éternel, votre Dieu, et contre vous.
17 Mais pardonne mon péché pour cette fois seulement; et priez l’Éternel, votre Dieu, afin qu’il éloigne de moi encore cette plaie mortelle.
18 Moïse sortit de chez Pharaon, et il pria l’Éternel.
19 L’Éternel fit souffler un vent d’occident très fort, qui emporta les sauterelles, et les précipita dans la mer Rouge; il ne resta pas une seule sauterelle dans toute l’étendue de l’Égypte.
20 L’Éternel endurcit le coeur de Pharaon, et Pharaon ne laissa point aller les enfants d’Israël.
21 L’Éternel dit à Moïse: Étends ta main vers le ciel, et qu’il y ait des ténèbres sur le pays d’Égypte, et que l’on puisse les toucher.
22 Moïse étendit sa main vers le ciel; et il y eut d’épaisses ténèbres dans tout le pays d’Égypte, pendant trois jours.
23 On ne se voyait pas les uns les autres, et personne ne se leva de sa place pendant trois jours. Mais il y avait de la lumière dans les lieux où habitaient tous les enfants d’Israël.
24 Pharaon appela Moïse, et dit: Allez, servez l’Éternel. Il n’y aura que vos brebis et vos boeufs qui resteront, et vos enfants pourront aller avec vous.
25 Moïse répondit: Tu mettras toi-même entre nos mains de quoi faire les sacrifices et les holocaustes que nous offrirons à l’Éternel, notre Dieu.
26 Nos troupeaux iront avec nous, et il ne restera pas un ongle; car c’est là que nous prendrons pour servir l’Éternel, notre Dieu; et jusqu’à ce que nous soyons arrivés, nous ne savons pas ce que nous choisirons pour offrir à l’Éternel.
27 L’Éternel endurcit le coeur de Pharaon, et Pharaon ne voulut point les laisser aller.
28 Pharaon dit à Moïse: Sors de chez moi! Garde-toi de paraître encore en ma présence, car le jour où tu paraîtras en ma présence, tu mourras.
29 Tu l’as dit! répliqua Moïse, je ne paraîtrai plus en ta présence.

Exodus 10

1 And the Lord said unto Moses, Go in unto Pharaoh: for I have hardened his heart, and the heart of his servants, that I might shew these my signs before him:
And that thou mayest tell in the ears of thy son, and of thy son’s son, what things I have wrought in Egypt, and my signs which I have done among them; that ye may know how that I am the Lord.
And Moses and Aaron came in unto Pharaoh, and said unto him, Thus saith the Lord God of the Hebrews, How long wilt thou refuse to humble thyself before me? let my people go, that they may serve me.
Else, if thou refuse to let my people go, behold, to morrow will I bring the locusts into thy coast:
And they shall cover the face of the earth, that one cannot be able to see the earth: and they shall eat the residue of that which is escaped, which remaineth unto you from the hail, and shall eat every tree which groweth for you out of the field:
And they shall fill thy houses, and the houses of all thy servants, and the houses of all the Egyptians; which neither thy fathers, nor thy fathers’ fathers have seen, since the day that they were upon the earth unto this day. And he turned himself, and went out from Pharaoh.
And Pharaoh’s servants said unto him, How long shall this man be a snare unto us? let the men go, that they may serve the Lord their God: knowest thou not yet that Egypt is destroyed?
And Moses and Aaron were brought again unto Pharaoh: and he said unto them, Go, serve the Lord your God: but who are they that shall go?
And Moses said, We will go with our young and with our old, with our sons and with our daughters, with our flocks and with our herds will we go; for we must hold a feast unto the Lord.
10 And he said unto them, Let the Lord be so with you, as I will let you go, and your little ones: look to it; for evil is before you.
11 Not so: go now ye that are men, and serve the Lord; for that ye did desire. And they were driven out from Pharaoh’s presence.
12 And the Lord said unto Moses, Stretch out thine hand over the land of Egypt for the locusts, that they may come up upon the land of Egypt, and eat every herb of the land, even all that the hail hath left.
13 And Moses stretched forth his rod over the land of Egypt, and the Lord brought an east wind upon the land all that day, and all that night; and when it was morning, the east wind brought the locusts.
14 And the locust went up over all the land of Egypt, and rested in all the coasts of Egypt: very grievous were they; before them there were no such locusts as they, neither after them shall be such.
15 For they covered the face of the whole earth, so that the land was darkened; and they did eat every herb of the land, and all the fruit of the trees which the hail had left: and there remained not any green thing in the trees, or in the herbs of the field, through all the land of Egypt.
16 Then Pharaoh called for Moses and Aaron in haste; and he said, I have sinned against the Lord your God, and against you.
17 Now therefore forgive, I pray thee, my sin only this once, and intreat the Lord your God, that he may take away from me this death only.
18 And he went out from Pharaoh, and intreated the Lord.
19 And the Lord turned a mighty strong west wind, which took away the locusts, and cast them into the Red sea; there remained not one locust in all the coasts of Egypt.
20 But the Lord hardened Pharaoh’s heart, so that he would not let the children of Israel go.
21 And the Lord said unto Moses, Stretch out thine hand toward heaven, that there may be darkness over the land of Egypt, even darkness which may be felt.
22 And Moses stretched forth his hand toward heaven; and there was a thick darkness in all the land of Egypt three days:
23 They saw not one another, neither rose any from his place for three days: but all the children of Israel had light in their dwellings.
24 And Pharaoh called unto Moses, and said, Go ye, serve the Lord; only let your flocks and your herds be stayed: let your little ones also go with you.
25 And Moses said, Thou must give us also sacrifices and burnt offerings, that we may sacrifice unto the Lord our God.
26 Our cattle also shall go with us; there shall not an hoof be left behind; for thereof must we take to serve the Lord our God; and we know not with what we must serve the Lord, until we come thither.
27 But the Lord hardened Pharaoh’s heart, and he would not let them go.
28 And Pharaoh said unto him, Get thee from me, take heed to thyself, see my face no more; for in that day thou seest my face thou shalt die.
29 And Moses said, Thou hast spoken well, I will see thy face again no more.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}