Liv 1Samyèl / 1Samuel / 1Samuel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Samyèl 29

1 Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo nèt lavil Afèk. Moun Izrayèl yo menm te moute kan yo bò sous ki nan Fon Jizreyèl la.
Senk chèf moun Filisti yo te pran devan, yo t’ap mache yonn dèyè lòt ak divizyon lame yo. Yo te gen batayon san sòlda ak rejiman mil sòlda. David t’ap mache dèyè nèt avèk mesye l’ yo ansanm ak Akich.
Lòt chèf moun Filisti yo di konsa: -Sa bann ebre sa yo ap fè la a? Akich reponn yo: -Se David, yonn nan mesye ki t’ap sèvi ak Sayil, wa pèp Izrayèl la. Li gen kèk tan depi li avè m’. Depi jou li kite wa pèp Izrayèl la pou li vin jwenn mwen, mwen pa janm jwenn anyen pou m’ repwoche l’ jouk jounen jòdi a.
Men, lòt chèf moun Filisti yo move sou Akich, yo di l’ konsa: -Voye nonm sa a ale. Fè l’ tounen nan lavil ou te ba li pou l’ rete a. Pa kite l’ al goumen avèk nou pou pandan batay la li pa vire sou do nou. Sa ka ba l’ yon bèl okazyon pou l’ touye moun nou yo, epi pou l’ byen ankò ak mèt li.
Lèfini, fòk nou pa bliye, se David wi. Se pou li medam yo te fè chante sa a lè yo t’ap danse a. Chante a te pati konsa: Sayil desann mil. David desann dimil.
 Akich rele David, li di l’ konsa: -Mwen pran Seyè ki vivan an pou temwen, ou se yon nèg serye, ou toujou kenbe pawòl ou avè m’. Se ta tout plezi m’ pou m’ ta toujou wè ou la avè m’ nan tout antre soti m’ nan batay la. Paske, depi jou ou te vin jwenn mwen an rive jòdi a, mwen pa janm jwenn anyen ou fè ki mal. Men, mesye chèf yo pa fè ou konfyans.
Konsa, tounen al lakay ou ak kè poze. Epi, piga ou janm fè anyen ki pa fè yo plezi, tande!
David reponn li: -Men, mèt mwen, kisa m’ fè? Depi premye jou mwen prezante lakay ou pou m’ sèvi ou rive jòdi a, ou pa janm jwenn anyen mwen fè ki mal. Poukisa ou pa vle mwen vin goumen bò kote ou, monwa, mèt mwen, kont lènmi ou yo?
Akich reponn David: -Ou pa bezwen di m’ anyen! Pou mwen, ou bon tankou yon zanj Bondye. Men, sa ou vle m’ fè? Lòt chèf yo di ou pa pral avèk nou nan batay la.
10 Koulye a, David, denmen maten, ou pral leve bonè bonè, ansanm ak tout mesye ki te vire do bay Sayil, mèt ou a, pou yo te vin avè ou bò isit la vin jwenn mwen. Kou bajou kase n’a pati al fè wout nou.
11 Konsa vre, nan denmen maten, bonè bonè David leve ansanm ak tout mesye l’ yo, yo pati, yo tounen nan peyi Filisti a. Lame moun Filisti yo menm pran chemen pou yo ale Jizreyèl.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

1 Samuel 29

1 Les Philistins rassemblèrent toutes leurs troupes à Aphek, et Israël campa près de la source de Jizreel.
Les princes des Philistins s’avancèrent avec leurs centaines et leurs milliers, et David et ses gens marchaient à l’arrière-garde avec Akisch.
Les princes des Philistins dirent: Que font ici ces Hébreux? Et Akisch répondit aux princes des Philistins: N’est-ce pas David, serviteur de Saül, roi d’Israël? il y a longtemps qu’il est avec moi, et je n’ai pas trouvé la moindre chose à lui reprocher depuis son arrivée jusqu’à ce jour.
Mais les princes des Philistins s’irritèrent contre Akisch, et lui dirent: Renvoie cet homme, et qu’il retourne dans le lieu où tu l’as établi; qu’il ne descende pas avec nous sur le champ de bataille, afin qu’il ne soit pas pour nous un ennemi pendant le combat. Et comment cet homme rentrerait-il en grâce auprès de son maître, si ce n’est au moyen des têtes de nos gens?
N’est-ce pas ce David pour qui l’on chantait en dansant: Saül a frappé ses mille, Et David ses dix mille?
Akisch appela David, et lui dit: L’Éternel est vivant! tu es un homme droit, et j’aime à te voir aller et venir avec moi dans le camp, car je n’ai rien trouvé de mauvais en toi depuis ton arrivée auprès de moi jusqu’à ce jour; mais tu ne plais pas aux princes.
Retourne donc et va-t’en en paix, pour ne rien faire de désagréable aux yeux des princes des Philistins.
David dit à Akisch: Mais qu’ai-je fait, et qu’as-tu trouvé en ton serviteur depuis que je suis auprès de toi jusqu’à ce jour, pour que je n’aille pas combattre les ennemis de mon seigneur le roi?
Akisch répondit à David: Je le sais, car tu es agréable à mes yeux comme un ange de Dieu; mais les princes des Philistins disent: Il ne montera point avec nous pour combattre.
10 Ainsi lève-toi de bon matin, toi et les serviteurs de ton maître qui sont venus avec toi; levez-vous de bon matin, et partez dès que vous verrez la lumière.
11 David et ses gens se levèrent de bonne heure, pour partir dès le matin, et retourner dans le pays des Philistins. Et les Philistins montèrent à Jizreel.
Louis Segond {LSG}

1 Samuel 29

1 Now the Philistines gathered together all their armies to Aphek: and the Israelites pitched by a fountain which is in Jezreel.
And the lords of the Philistines passed on by hundreds, and by thousands: but David and his men passed on in the rereward with Achish.
Then said the princes of the Philistines, What do these Hebrews here? And Achish said unto the princes of the Philistines, Is not this David, the servant of Saul the king of Israel, which hath been with me these days, or these years, and I have found no fault in him since he fell unto me unto this day?
And the princes of the Philistines were wroth with him; and the princes of the Philistines said unto him, Make this fellow return, that he may go again to his place which thou hast appointed him, and let him not go down with us to battle, lest in the battle he be an adversary to us: for wherewith should he reconcile himself unto his master? should it not be with the heads of these men?
Is not this David, of whom they sang one to another in dances, saying, Saul slew his thousands, and David his ten thousands?
Then Achish called David, and said unto him, Surely, as the Lord liveth, thou hast been upright, and thy going out and thy coming in with me in the host is good in my sight: for I have not found evil in thee since the day of thy coming unto me unto this day: nevertheless the lords favour thee not.
Wherefore now return, and go in peace, that thou displease not the lords of the Philistines.
And David said unto Achish, But what have I done? and what hast thou found in thy servant so long as I have been with thee unto this day, that I may not go fight against the enemies of my lord the king?
And Achish answered and said to David, I know that thou art good in my sight, as an angel of God: notwithstanding the princes of the Philistines have said, He shall not go up with us to the battle.
10 Wherefore now rise up early in the morning with thy master’s servants that are come with thee: and as soon as ye be up early in the morning, and have light, depart.
11 So David and his men rose up early to depart in the morning, to return into the land of the Philistines. And the Philistines went up to Jezreel.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}