Liv 1 Wa / 1 Rois / 1Kings

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Wa 15

1 Jewoboram te gen dizwitan depi li te wa peyi Izrayèl la, lè Abijam moute wa nan peyi Jida.
Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twazan. Manman l’ te rele Maka, se te pitit fi Absalon.
Abijam te lage kò l’ nan fè menm bagay ak papa l’. Li pa t’ sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li jan David, zansèt li a, te fè.
Men poutèt David, Seyè a, Bondye li a, te bay Abijam yon pitit gason pou te toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm apre li. Konsa lavil Jerizalèm va toujou rete kanpe.
Seyè a te fè sa paske David te toujou fè sa ki dwat devan Seyè a. Pandan tout lavi li, li pa t’ janm dezobeyi ankenn lòd Seyè a, si ou wete zafè Ouri, moun peyi Et la.
Pandan tout rèy Woboram lan, se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboram.
Toutan te gen lagè tou ant Abijam ak Jewoboram. Tout lòt bagay Abijam te fè yo, n’a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.
Lè Abijam mouri, yo antere l’ nan lavil David la, Se Asa, pitit gason l’ lan, ki moute sou fotèy la nan plas li.
 Wa Jewoboram t’ap mache sou ventan depi li t’ap gouvènen peyi Izrayèl, lè Asa moute wa nan peyi Jida.
10 Li gouvènen pandan karanteyennan lavil Jerizalèm. Maka, pitit fi Absalon an, te grann li.
11 Asa te fè sa ki dwat devan Seyè a, tankou David, zansèt li.
12 Li netwaye peyi a, li mete tout gason ak tout fanm ki t’ap fè jennès nan kay zidòl yo deyò nan peyi a. Li wete tout vye zidòl chèf ki te la anvan l’ yo te fè.
13 Li menm rive wete Maka, grann li, nan pozisyon manman larenn yo te ba li nan peyi a, paske Maka te fè yon vye estati pou Astate. Asa kraze estati a, li fè boule l’ nan fon Sedwon an.
14 Malgre li pa t’ rive fè disparèt tout kay zidòl yo, limenm li te toujou sèvi Seyè a ak tout kè li pandan tout lavi li.
15 Li mete nan Tanp lan tou sa papa l’ te bay pou sèvis Bondye ansanm ak tout bagay an lò ak an ajan limenm li te bay pou Bondye.
16 Pandan tout tan yo t’ap gouvènen chak moun bò pa yo, se te yon lagè san rete ant Asa, wa peyi Jida, ak Bacha, wa peyi Izrayèl.
17 wa Bacha anvayi peyi Jida. Li pran lavil Rama, li plen l’ sòlda pa l’ pou anpeche moun pase antre soti nan peyi Jida.
18 Lè wa Asa wè sa, li pran tout rès bagay an lò ak bagay an ajan ki te rete nan tanp lan ak nan palè a, li renmèt yo nan men kèk moun pa l’, li voye yo lavil Damas bò kote Bennadad, wa peyi Siri, pitit gason Tabrimon, pitit pitit Ezyon, ak mesaj sa a:
19 -Annou pase kontra yonn ak lòt tankou zansèt nou yo te fè l’ la. Men mwen voye bagay an lò ak bagay an ajan sa yo fè ou kado. Koulye a, kase kontra ou pase ak Bacha, wa peyi Izrayèl la, konsa la blije wete sòlda li yo nan peyi mwen an.
20 wa Bennadad dakò avèk sa wa Asa te voye di l’ la. Li voye chèf lame li yo al atake lavil peyi Izrayèl yo. Yo pran lavil Iyon, lavil Dann, lavil Abèl-bèt Maka, tout zòn ki toupre letan Galile a, ak tout pòsyon tè branch fanmi Neftali a.
21 Lè Bacha vin konn sa, li wete tout sòlda ki te plen lavil Rama a, l’ ale lavil Tizra.
22 Lè sa a, wa Asa fè rele dènye moun nan peyi Jida a pou wete wòch ak bwa wa Bacha te fè anpile pou ranfòse miray ranpa lavil Rama. Wa Asa sèvi ak materyo sa yo pou ranfòse miray ranpa lavil Mispa ak lavil Geba nan pòsyon tè branch fanmi Benjamen yo.
23 Tout lòt istwa sou sa wa Asa te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, sou lavil li te bati yo, n’a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. Men, lè l’ konmanse granmoun, yon maladi nan pye rann li enfim.
24 Lè Asa mouri, yo antere l’ nan tonm fanmi li nan lavil David la. Se Jozafa, pitit li, ki moute sou fotèy la nan plas li.
25  Wa Asa te gen dezan depi li t’ap gouvènen peyi Jida a lè Nadad, pitit gason Jewoboram, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan dezan ase.
26 Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Tankou papa l’, li pa t’ mache dwat devan Bondye, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.
27 Bacha, pitit gason Akija, nan branch fanmi Isaka a, moute yon konplo pou touye Nadab. Lè sa a, Nadab ak lame Izrayèl la t’ap sènen lavil Gibetou nan peyi Filisti. Se la Bacha touye Nadab.
28 Sa rive nan twazyèm lanne rèy wa Asa nan peyi Jida. Se konsa Bacha moute wa peyi Izrayèl nan plas Nadab.
29 Rive li rive wa, li touye dènye moun nan fanmi Jewoboram lan. Konsa, dapre pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Akija, moun lavil Silo, sèvitè Bondye a, li touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan, li pa kite yonn chape.
30 Sa te rive konsa paske Jewoboram te fè sa ki mal, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Se konsa li te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache sou li.
31 Tout lòt bagay Nadab te fè yo, n’a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
32 Se te yon lagè san rete ant Asa, wa peyi Jida a, ak Bacha, wa peyi Izrayèl la, pandan tout tan yo t’ap gouvènen, chak moun bò pa yo.
33 Wa Asa t’ap mache sou twazan depi li t’ap gouvènen peyi Jida a lè Bacha, pitit gason Akija, moute wa nan peyi Izrayèl.
34 Li gouvènen pandan vennkatran nan lavil Tiza. Li te fè sa ki mal devan Seyè a. Tankou Jewoboram, li pa t’ mache dwat devan Bondye. Li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

1 Rois 15 

1 La dix-huitième année du règne de Jéroboam, fils de Nebath, Abijam régna sur Juda.
Il régna trois ans à Jérusalem. Sa mère s’appelait Maaca, fille d’Abisalom.
Il se livra à tous les péchés que son père avait commis avant lui; et son coeur ne fut point tout entier à l’Éternel, son Dieu, comme l’avait été le coeur de David, son père.
Mais à cause de David, l’Éternel, son Dieu, lui donna une lampe à Jérusalem, en établissant son fils après lui et en laissant subsister Jérusalem.
Car David avait fait ce qui est droit aux yeux de l’Éternel, et il ne s’était détourné d’aucun de ses commandements pendant toute sa vie, excepté dans l’affaire d’Urie, le Héthien.
Il y eut guerre entre Roboam et Jéroboam, tant que vécut Roboam.
Le reste des actions d’Abijam, et tout ce qu’il a fait, cela n’est-il pas écrit dans le livre des Chroniques des rois de Juda? Il y eut guerre entre Abijam et Jéroboam.
Abijam se coucha avec ses pères, et on l’enterra dans la ville de David. Et Asa, son fils, régna à sa place.
La vingtième année de Jéroboam, roi d’Israël, Asa régna sur Juda.
10 Il régna quarante et un ans à Jérusalem. Sa mère s’appelait Maaca, fille d’Abisalom.
11 Asa fit ce qui est droit aux yeux de l’Éternel, comme David, son père.
12 Il ôta du pays les prostitués, et il fit disparaître toutes les idoles que ses pères avaient faites.
13 Et même il enleva la dignité de reine à Maaca, sa mère, parce qu’elle avait fait une idole pour Astarté. Asa abattit son idole, et la brûla au torrent de Cédron.
14 Mais les hauts lieux ne disparurent point, quoique le coeur d’Asa fût en entier à l’Éternel pendant toute sa vie.
15 Il mit dans la maison de l’Éternel les choses consacrées par son père et par lui-même, de l’argent, de l’or et des vases.
16 Il y eut guerre entre Asa et Baescha, roi d’Israël, pendant toute leur vie.
17 Baescha, roi d’Israël, monta contre Juda; et il bâtit Rama, pour empêcher ceux d’Asa, roi de Juda, de sortir et d’entrer.
18 Asa prit tout l’argent et tout l’or qui étaient restés dans les trésors de la maison de l’Éternel et les trésors de la maison du roi, et il les mit entre les mains de ses serviteurs qu’il envoya vers Ben Hadad, fils de Thabrimmon, fils de Hezjon, roi de Syrie, qui habitait à Damas. Le roi Asa lui fit dire:
19 Qu’il y ait une alliance entre moi et toi, comme il y en eut une entre mon père et ton père. Voici, je t’envoie un présent en argent et en or. Va, romps ton alliance avec Baescha, roi d’Israël, afin qu’il s’éloigne de moi.
20 Ben Hadad écouta le roi Asa; il envoya les chefs de son armée contre les villes d’Israël, et il battit Ijjon, Dan, Abel Beth Maaca, tout Kinneroth, et tout le pays de Nephthali.
21 Lorsque Baescha l’apprit, il cessa de bâtir Rama, et il resta à Thirtsa.
22 Le roi Asa convoqua tout Juda, sans exempter personne, et ils emportèrent les pierres et le bois que Baescha employait à la construction de Rama; et le roi Asa s’en servit pour bâtir Guéba de Benjamin et Mitspa.
23 Le reste de toutes les actions d’Asa, tous ses exploits et tout ce qu’il a fait, et les villes qu’il a bâties, cela n’est-il pas écrit dans le livre des Chroniques des rois de Juda? Toutefois, à l’époque de sa vieillesse, il eut les pieds malades.
24 Asa se coucha avec ses pères, et il fut enterré avec ses pères dans la ville de David, son père. Et Josaphat, son fils, régna à sa place.
25 Nadab, fils de Jéroboam, régna sur Israël, la seconde année d’Asa, roi de Juda. Il régna deux ans sur Israël.
26 Il fit ce qui est mal aux yeux de l’Éternel; et il marcha dans la voie de son père, se livrant aux péchés que son père avait fait commettre à Israël.
27 Baescha, fils d’Achija, de la maison d’Issacar, conspira contre lui, et Baescha le tua à Guibbethon, qui appartenait aux Philistins, pendant que Nadab et tout Israël assiégeaient Guibbethon.
28 Baescha le fit périr la troisième année d’Asa, roi de Juda, et il régna à sa place.
29 Lorsqu’il fut roi, il frappa toute la maison de Jéroboam, il n’en laissa échapper personne et il détruisit tout ce qui respirait, selon la parole que l’Éternel avait dite par son serviteur Achija de Silo,
30 à cause des péchés que Jéroboam avait commis et qu’il avait fait commettre à Israël, irritant ainsi l’Éternel, le Dieu d’Israël.
31 Le reste des actions de Nadab, et tout ce qu’il a fait, cela n’est-il pas écrit dans le livre des Chroniques des rois d’Israël?
32 Il y eut guerre entre Asa et Baescha, roi d’Israël, pendant toute leur vie.
33 La troisième année d’Asa, roi de Juda, Baescha, fils d’Achija, régna sur tout Israël à Thirtsa. Il régna vingt-quatre ans.
34 Il fit ce qui est mal aux yeux de l’Éternel, et il marcha dans la voie de Jéroboam, se livrant aux péchés que Jéroboam avait fait commettre à Israël.
Louis Segond {LSG}

1 Kings 15

1 Now in the eighteenth year of king Jeroboam the son of Nebat reigned Abijam over Judah.
Three years reigned he in Jerusalem. and his mother’s name was Maachah, the daughter of Abishalom.
And he walked in all the sins of his father, which he had done before him: and his heart was not perfect with the Lord his God, as the heart of David his father.
Nevertheless for David’s sake did the Lord his God give him a lamp in Jerusalem, to set up his son after him, and to establish Jerusalem:
Because David did that which was right in the eyes of the Lord, and turned not aside from any thing that he commanded him all the days of his life, save only in the matter of Uriah the Hittite.
And there was war between Rehoboam and Jeroboam all the days of his life.
Now the rest of the acts of Abijam, and all that he did, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Judah? And there was war between Abijam and Jeroboam.
And Abijam slept with his fathers; and they buried him in the city of David: and Asa his son reigned in his stead.
And in the twentieth year of Jeroboam king of Israel reigned Asa over Judah.
10 And forty and one years reigned he in Jerusalem. And his mother’s name was Maachah, the daughter of Abishalom.
11 And Asa did that which was right in the eyes of the Lord, as did David his father.
12 And he took away the sodomites out of the land, and removed all the idols that his fathers had made.
13 And also Maachah his mother, even her he removed from being queen, because she had made an idol in a grove; and Asa destroyed her idol, and burnt it by the brook Kidron.
14 But the high places were not removed: nevertheless Asa’s heart was perfect with the Lord all his days.
15 And he brought in the things which his father had dedicated, and the things which himself had dedicated, into the house of the Lord, silver, and gold, and vessels.
16 And there was war between Asa and Baasha king of Israel all their days.
17 And Baasha king of Israel went up against Judah, and built Ramah, that he might not suffer any to go out or come in to Asa king of Judah.
18 Then Asa took all the silver and the gold that were left in the treasures of the house of the Lord, and the treasures of the king’s house, and delivered them into the hand of his servants: and king Asa sent them to Benhadad, the son of Tabrimon, the son of Hezion, king of Syria, that dwelt at Damascus, saying,
19 There is a league between me and thee, and between my father and thy father: behold, I have sent unto thee a present of silver and gold; come and break thy league with Baasha king of Israel, that he may depart from me.
20 So Benhadad hearkened unto king Asa, and sent the captains of the hosts which he had against the cities of Israel, and smote Ijon, and Dan, and Abelbethmaachah, and all Cinneroth, with all the land of Naphtali.
21 And it came to pass, when Baasha heard thereof, that he left off building of Ramah, and dwelt in Tirzah.
22 Then king Asa made a proclamation throughout all Judah; none was exempted: and they took away the stones of Ramah, and the timber thereof, wherewith Baasha had builded; and king Asa built with them Geba of Benjamin, and Mizpah.
23 The rest of all the acts of Asa, and all his might, and all that he did, and the cities which he built, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Judah? Nevertheless in the time of his old age he was diseased in his feet.
24 And Asa slept with his fathers, and was buried with his fathers in the city of David his father: and Jehoshaphat his son reigned in his stead.
25 And Nadab the son of Jeroboam began to reign over Israel in the second year of Asa king of Judah, and reigned over Israel two years.
26 And he did evil in the sight of the Lord, and walked in the way of his father, and in his sin wherewith he made Israel to sin.
27 And Baasha the son of Ahijah, of the house of Issachar, conspired against him; and Baasha smote him at Gibbethon, which belonged to the Philistines; for Nadab and all Israel laid siege to Gibbethon.
28 Even in the third year of Asa king of Judah did Baasha slay him, and reigned in his stead.
29 And it came to pass, when he reigned, that he smote all the house of Jeroboam; he left not to Jeroboam any that breathed, until he had destroyed him, according unto the saying of the Lord, which he spake by his servant Ahijah the Shilonite:
30 Because of the sins of Jeroboam which he sinned, and which he made Israel sin, by his provocation wherewith he provoked the Lord God of Israel to anger.
31 Now the rest of the acts of Nadab, and all that he did, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Israel?
32 And there was war between Asa and Baasha king of Israel all their days.
33 In the third year of Asa king of Judah began Baasha the son of Ahijah to reign over all Israel in Tirzah, twenty and four years.
34 And he did evil in the sight of the Lord, and walked in the way of Jeroboam, and in his sin wherewith he made Israel to sin.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}