Liv Galat / Galates / Galatians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Galat 6                  

1 Frè m’ yo, si nou bare yon moun ap fè yon bagay ki mal, nou menm ki gen Lespri Bondye a nan kè nou, se pou nou mete l’ nan bon chemen. Men, fè sa avèk dousè. Epi nou menm bò pa nou, veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantasyon tou.
Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n’a obeyi lalwa Kris la.
Si yon moun ki pa anyen mete nan tèt li li kichòy, moun sa a se twonpe l’ap twonpe tèt li.
Chak moun dwe egzaminen jan y’ap viv la. Si yo kontan ak tèt yo, y’a kontan pou sa yo fè. Yo p’ap bezwen konpare tèt yo avèk sa lòt yo ap fè.
Paske, chak moun gen chay pa yo pou yo pote.
Moun k’ap resevwa bon nouvèl la fèt pou separe tout byen l’ yo ak moun k’ap ba li l’ la.
Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.
Moun ki simen sa ki fè kò l’ plezi, li gen pou l’ rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l’ rekòlte lavi ki p’ap janm fini an.
Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n’a rekòlte lè lè a va rive.
10 Se sak fè, toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye.
11  Gade ki gwo lèt m’ap ekri nou koulye a ak men pa m’!
12 Moun nou wè ki vle fè nou sikonsi yo, se moun k’ap chache pase pou bon nan je lèzòm. Y’ap fè sa paske yo pa vle pou moun pèsekite yo akòz kwa Kris la.
13 Paske yo menm ki sikonsi, yo pa fè tou sa lalwa mande. Men, yo vle nou sikonsi pou yo ka fè grandizè pou jan yo te fè nou asepte mak sa a nan kò nou.
14 Pou mwen menm, mwen p’ap vante tèt mwen pou lòt bagay pase pou kwa Kris la. Paske, gremesi kwa sa a, mwen mouri pou lemonn, lemonn mouri pou mwen.
15 Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, se pa sa ki konte. Sa ki konte, se pou nou chanje, se pou nou tounen yon lòt moun.
16 Pou tout moun k’ap swiv prensip sa a nan lavi yo, mwen mande Bondye pou l’ ba yo kè poze, pou l’ gen pitye pou yo, wi, pou yo tout ansanm ak tout pèp Bondye a.
17 Apre sa, piga pesonn ban m’ traka ankò. Paske, mak m’ap pote nan kò mwen moutre se esklav Jezikri mwen ye.
18 Frè m’ yo, se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la ak nou tout. Amèn.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Galates 6                 

1 Frères, si un homme vient à être surpris en quelque faute, vous qui êtes spirituels, redressez-le avec un esprit de douceur. Prends garde à toi-même, de peur que tu ne sois aussi tenté.
Portez les fardeaux les uns des autres, et vous accomplirez ainsi la loi de Christ.
Si quelqu’un pense être quelque chose, quoiqu’il ne soit rien, il s’abuse lui-même.
Que chacun examine ses propres oeuvres, et alors il aura sujet de se glorifier pour lui seul, et non par rapport à autrui;
car chacun portera son propre fardeau.
Que celui à qui l’on enseigne la parole fasse part de tous ses biens à celui qui l’enseigne.
Ne vous y trompez pas: on ne se moque pas de Dieu. Ce qu’un homme aura semé, il le moissonnera aussi.
Celui qui sème pour sa chair moissonnera de la chair la corruption; mais celui qui sème pour l’Esprit moissonnera de l’Esprit la vie éternelle.
Ne nous lassons pas de faire le bien; car nous moissonnerons au temps convenable, si nous ne nous relâchons pas.
10 Ainsi donc, pendant que nous en avons l’occasion, pratiquons le bien envers tous, et surtout envers les frères en la foi.
11 Voyez avec quelles grandes lettres je vous ai écrit de ma propre main.
12 Tous ceux qui veulent se rendre agréables selon la chair vous contraignent à vous faire circoncire, uniquement afin de n’être pas persécutés pour la croix de Christ.
13 Car les circoncis eux-mêmes n’observent point la loi; mais ils veulent que vous soyez circoncis, pour se glorifier dans votre chair.
14 Pour ce qui me concerne, loin de moi la pensée de me glorifier d’autre chose que de la croix de notre Seigneur Jésus Christ, par qui le monde est crucifié pour moi, comme je le suis pour le monde!
15 Car ce n’est rien que d’être circoncis ou incirconcis; ce qui est quelque chose, c’est d’être une nouvelle créature.
16 Paix et miséricorde sur tous ceux qui suivront cette règle, et sur l’Israël de Dieu!
17 Que personne désormais ne me fasse de la peine, car je porte sur mon corps les marques de Jésus.
18 Frères, que la grâce de notre Seigneur Jésus Christ soit avec votre esprit! Amen!

Louis Segond {LSG}

Galatians 6         

1 Brethren, if a man be overtaken in a fault, ye which are spiritual, restore such an one in the spirit of meekness; considering thyself, lest thou also be tempted.
Bear ye one another’s burdens, and so fulfil the law of Christ.
For if a man think himself to be something, when he is nothing, he deceiveth himself.
But let every man prove his own work, and then shall he have rejoicing in himself alone, and not in another.
For every man shall bear his own burden.
Let him that is taught in the word communicate unto him that teacheth in all good things.
Be not deceived; God is not mocked: for whatsoever a man soweth, that shall he also reap.
For he that soweth to his flesh shall of the flesh reap corruption; but he that soweth to the Spirit shall of the Spirit reap life everlasting.
And let us not be weary in well doing: for in due season we shall reap, if we faint not.
10 As we have therefore opportunity, let us do good unto all men, especially unto them who are of the household of faith.
11 Ye see how large a letter I have written unto you with mine own hand.
12 As many as desire to make a fair shew in the flesh, they constrain you to be circumcised; only lest they should suffer persecution for the cross of Christ.
13 For neither they themselves who are circumcised keep the law; but desire to have you circumcised, that they may glory in your flesh.
14 But God forbid that I should glory, save in the cross of our Lord Jesus Christ, by whom the world is crucified unto me, and I unto the world.
15 For in Christ Jesus neither circumcision availeth any thing, nor uncircumcision, but a new creature.
16 And as many as walk according to this rule, peace be on them, and mercy, and upon the Israel of God.
17 From henceforth let no man trouble me: for I bear in my body the marks of the Lord Jesus.
18 Brethren, the grace of our Lord Jesus Christ be with your spirit. Amen.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}