Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 10  

1 M’ degoute ak lavi a. M’ pa ka kenbe ankò. Kite m’ plenn sò mwen! Kite m’ di tout lapenn ki nan kè mwen!
M’a di Bondye: Tanpri, pa kondannen m’. Fè m’ konnen poukisa ou leve dèyè m’ konsa.
Eske ou gen rezon pou ou fè m’ tou sa w’ap fè m’ lan, pou ou meprize sa ou fè ak men ou, pou ou ri lè mechan yo ap fè konfyolo yo?
Eske ou wè sa k’ap fèt sou latè tankou nou menm moun nou wè l’ la?
Lavi ou pa tankou lavi pa nou. Nou gen pou nou mouri, ou menm w’ap toujou la.
W’ap chache dènye ti peche moun fè. Ou dèyè pou ou konnen tou sa mwen fè ki mal.
Ou konnen m’ pa antò. Pa gen moun ki ka sove m’ anba men ou!
Se ak men ou ou te fè m’. Se avè l’ ou te ban m’ fòm mwen. Epi se ak menm men sa yo ou vle detwi m’ ankò?
Chonje se ou menm ki fè m’ ak labou tè wouj. Koulye a, ou pral kraze m’ fè m’ tounen pousyè?
10 Se ou menm ki bay papa m’ fòs pou li fè m’. Ou fè m’ devlope nan vant manman mwen.
11 Ou fè tout zo ak tout venn nan kò m’. Ou kouvri yo ak vyann epi ak po.
12 Lèfini, ou fè m’ kado lavi. Ou veye avèk prekosyon pou m’ pa mouri.
13 Men, ou te gen yon lòt lide dèyè tèt ou. Koulye a, mwen konnen ou te pare yon lòt bagay pou mwen.
14  Ou t’ap veye m’ pou wè si m’ t’ap fè sa m’ pa t’ dwe fè. Ou pa t’ap kite anyen pase pou mwen.
15 Si m’ antò, zafè m’ pa bon! Mwen te mèt inonsan, m’ pa ka leve tèt devan ou. Mwen wont, se yon pòv malere mwen ye devan ou.
16 Si m’ leve tèt mwen, ou fann dèyè m’ tankou yon lyon dèyè bèt pou l’ manje. Ou rive fè mirak pou ou ka fè m’ lapenn.
17 Ou toujou pare pou fè yon atak sou mwen. Chak jou w’ap vin pi ankòlè. 1 Se san pran souf w’ap voye lafliksyon sou mwen yonn apre lòt.
18 Bondye, poukisa ou te kite m’ soti nan vant manman m’? Mwen ta mouri anvan pesonn ta wè m’.
19 Soti nan vant, ale nan simityè, se tankou si m’ pa t’ janm fèt.
20 Mwen pa rete lontan pou m’ viv ankò. Kite m’ pou kont mwen! Ban m’ yon ti kanpo. Kite m’ jwi de twa jou ki rete m’ yo non!
21 Talè konsa mwen prale pou m’ pa janm tounen. Mwen prale nan peyi kote ki fè nwa a, kote moun pè a,
22 nan peyi kote se fènwa ak dezòd ase ki gen toutan, kote menm gwo lajounen fè nwa tankou lannwit!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 10

1 Mon âme est dégoûtée de la vie! Je donnerai cours à ma plainte, Je parlerai dans l’amertume de mon âme.
Je dis à Dieu: Ne me condamne pas! Fais-moi savoir pourquoi tu me prends à partie!
Te paraît-il bien de maltraiter, De repousser l’ouvrage de tes mains, Et de faire briller ta faveur sur le conseil des méchants?
As-tu des yeux de chair, Vois-tu comme voit un homme?
Tes jours sont-ils comme les jours de l’homme, Et tes années comme ses années,
Pour que tu recherches mon iniquité, Pour que tu t’enquières de mon péché,
Sachant bien que je ne suis pas coupable, Et que nul ne peut me délivrer de ta main?
Tes mains m’ont formé, elles m’ont créé, Elles m’ont fait tout entier… Et tu me détruirais!
Souviens-toi que tu m’as façonné comme de l’argile; Voudrais-tu de nouveau me réduire en poussière?
10 Ne m’as-tu pas coulé comme du lait? Ne m’as-tu pas caillé comme du fromage?
11 Tu m’as revêtu de peau et de chair, Tu m’as tissé d’os et de nerfs;
12 Tu m’as accordé ta grâce avec la vie, Tu m’as conservé par tes soins et sous ta garde.
13 Voici néanmoins ce que tu cachais dans ton coeur, Voici, je le sais, ce que tu as résolu en toi-même.
14 Si je pèche, tu m’observes, Tu ne pardonnes pas mon iniquité.
15 Suis-je coupable, malheur à moi! Suis-je innocent, je n’ose lever la tête, Rassasié de honte et absorbé dans ma misère.
16 Et si j’ose la lever, tu me poursuis comme un lion, Tu me frappes encore par des prodiges.
17 Tu m’opposes de nouveaux témoins, Tu multiplies tes fureurs contre moi, Tu m’assailles d’une succession de calamités.
18 Pourquoi m’as-tu fait sortir du sein de ma mère? Je serais mort, et aucun oeil ne m’aurait vu;
19 Je serais comme si je n’eusse pas existé, Et j’aurais passé du ventre de ma mère au sépulcre.
20 Mes jours ne sont-ils pas en petit nombre? Qu’il me laisse, Qu’il se retire de moi, et que je respire un peu,
21 Avant que je m’en aille, pour ne plus revenir, Dans le pays des ténèbres et de l’ombre de la mort,
22 Pays d’une obscurité profonde, Où règnent l’ombre de la mort et la confusion, Et où la lumière est semblable aux ténèbres.
Louis Segond {LSG}

Job 10   

1 My soul is weary of my life; I will leave my complaint upon myself; I will speak in the bitterness of my soul.
I will say unto God, Do not condemn me; shew me wherefore thou contendest with me.
Is it good unto thee that thou shouldest oppress, that thou shouldest despise the work of thine hands, and shine upon the counsel of the wicked?
Hast thou eyes of flesh? or seest thou as man seeth?
Are thy days as the days of man? are thy years as man’s days,
That thou enquirest after mine iniquity, and searchest after my sin?
Thou knowest that I am not wicked; and there is none that can deliver out of thine hand.
Thine hands have made me and fashioned me together round about; yet thou dost destroy me.
Remember, I beseech thee, that thou hast made me as the clay; and wilt thou bring me into dust again?
10 Hast thou not poured me out as milk, and curdled me like cheese?
11 Thou hast clothed me with skin and flesh, and hast fenced me with bones and sinews.
12 Thou hast granted me life and favour, and thy visitation hath preserved my spirit.
13 And these things hast thou hid in thine heart: I know that this is with thee.
14 If I sin, then thou markest me, and thou wilt not acquit me from mine iniquity.
15 If I be wicked, woe unto me; and if I be righteous, yet will I not lift up my head. I am full of confusion; therefore see thou mine affliction;
16 For it increaseth. Thou huntest me as a fierce lion: and again thou shewest thyself marvellous upon me.
17 Thou renewest thy witnesses against me, and increasest thine indignation upon me; changes and war are against me.
18 Wherefore then hast thou brought me forth out of the womb? Oh that I had given up the ghost, and no eye had seen me!
19 I should have been as though I had not been; I should have been carried from the womb to the grave.
20 Are not my days few? cease then, and let me alone, that I may take comfort a little,
21 Before I go whence I shall not return, even to the land of darkness and the shadow of death;
22 A land of darkness, as darkness itself; and of the shadow of death, without any order, and where the light is as darkness.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}