Liv Tit / Tite / Titus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Tit 3

Fè yo chonje se pou yo soumèt devan tout chèf ak tout otorite, pou yo obeyi yo, pou yo toujou pare pou fè tou sa ki byen.
Yo pa dwe nan pale moun mal, yo pa dwe nan fè kont ak pesonn. Se pou yo gen pasyans ak tout moun, se pou yo aji ak dousè ak tout moun.
Paske, nou menm tou, nan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pa t’ obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pèdi chemen yo. Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t’ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kè nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou.
Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun,
li te delivre nou. Li pa t’ delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n’ te ka viv yon lòt jan.
Bondye voye Sentespri li sou nou an kantite, gremesi Jezi, Kris la, ki delivre nou.
Avèk favè sa a Bondye fè nou an, li fè nou gras. Koulye a nou ka resevwa sa n’ap tann lan: lavi ki p’ap janm fini an.
Sa se pawòl sèten. Mwen ta renmen ou peze sou bagay sa yo anpil pou tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye ka okipe tout tan yo ap fè sa ki byen. Se bagay konsa ki bon, ki kapab sèvi tout moun.
 Pa antre nan okenn vye diskisyon san sans, ni nan chache konnen non gran granparan moun, ni nan chache kont, ni nan goumen pou lalwa Moyiz la. Bagay sa yo pa sèvi anyen, yo pa vo anyen.
10 Si yon moun vle mete divizyon, pale avè l’ yon premye fwa, yon dezyèm fwa. Si li pa koute ou, pa okipe li.
11 Paske ou konnen byen yon moun konsa fin pèdi. Sè pwòp peche li yo k’ap kondannen li.
12 Lè m’a voye Atemas osinon Tichik ba ou, fè posib ou pou ou vin jwenn mwen lavil Nikopolis, paske se la mwen fè lide pase sezon fredi a.
13 Fè sa ou kapab pou mèt Zenas, avoka a, ansanm ak Apolòs, pou yo pa manke anyen pou vwayaj yo a.
14 Se pou moun nou yo aprann fè sa ki byen tou, pou yo bay lè gen ka nesesite. Yo pa fèt pou y’ap viv konsa san yo pa bay anyen.
15 Tout moun ki avè m’ yo voye bonjou pou ou. Di tout zanmi nou nan lafwa yo bonjou. Mwen mande pou Bondye ban nou tout favè li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Tite 3                    

1 Rappelle-leur d’être soumis aux magistrats et aux autorités, d’obéir, d’être prêts à toute bonne oeuvre,
de ne médire de personne, d’être pacifiques, modérés, pleins de douceur envers tous les hommes.
Car nous aussi, nous étions autrefois insensés, désobéissants, égarés, asservis à toute espèce de convoitises et de voluptés, vivant dans la méchanceté et dans l’envie, dignes d’être haïs, et nous haïssant les uns les autres.
Mais, lorsque la bonté de Dieu notre Sauveur et son amour pour les hommes ont été manifestés,
il nous a sauvés, non à cause des oeuvres de justice que nous aurions faites, mais selon sa miséricorde, par le baptême de la régénération et le renouvellement du Saint Esprit,
qu’il a répandu sur nous avec abondance par Jésus Christ notre Sauveur,
afin que, justifiés par sa grâce, nous devenions, en espérance, héritiers de la vie éternelle.
Cette parole est certaine, et je veux que tu affirmes ces choses, afin que ceux qui ont cru en Dieu s’appliquent à pratiquer de bonnes oeuvres.
Voilà ce qui est bon et utile aux hommes. Mais évite les discussions folles, les généalogies, les querelles, les disputes relatives à la loi; car elles sont inutiles et vaines.
10 Éloigne de toi, après un premier et un second avertissement, celui qui provoque des divisions,
11 sachant qu’un homme de cette espèce est perverti, et qu’il pèche, en se condamnant lui-même.
12 Lorsque je t’enverrai Artémas ou Tychique, hâte-toi de venir me rejoindre à Nicopolis; car c’est là que j’ai résolu de passer l’hiver.
13 Aie soin de pourvoir au voyage de Zénas, le docteur de la loi, et d’Apollos, en sorte que rien ne leur manque.
14 Il faut que les nôtres aussi apprennent à pratiquer de bonnes oeuvres pour subvenir aux besoins pressants, afin qu’ils ne soient pas sans produire des fruits.
15 Tous ceux qui sont avec moi te saluent. Salue ceux qui nous aiment dans la foi. Que la grâce soit avec vous tous!

Louis Segond {LSG}

Titus 3        

1 Put them in mind to be subject to principalities and powers, to obey magistrates, to be ready to every good work,
To speak evil of no man, to be no brawlers, but gentle, shewing all meekness unto all men.
For we ourselves also were sometimes foolish, disobedient, deceived, serving divers lusts and pleasures, living in malice and envy, hateful, and hating one another.
But after that the kindness and love of God our Saviour toward man appeared,
Not by works of righteousness which we have done, but according to his mercy he saved us, by the washing of regeneration, and renewing of the Holy Ghost;
Which he shed on us abundantly through Jesus Christ our Saviour;
That being justified by his grace, we should be made heirs according to the hope of eternal life.
This is a faithful saying, and these things I will that thou affirm constantly, that they which have believed in God might be careful to maintain good works. These things are good and profitable unto men.
But avoid foolish questions, and genealogies, and contentions, and strivings about the law; for they are unprofitable and vain.
10 A man that is an heretick after the first and second admonition reject;
11 Knowing that he that is such is subverted, and sinneth, being condemned of himself.
12 When I shall send Artemas unto thee, or Tychicus, be diligent to come unto me to Nicopolis: for I have determined there to winter.
13 Bring Zenas the lawyer and Apollos on their journey diligently, that nothing be wanting unto them.
14 And let our’s also learn to maintain good works for necessary uses, that they be not unfruitful.
15 All that are with me salute thee. Greet them that love us in the faith. Grace be with you all. Amen.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}