Liv Jij / Juges / Judges

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jij 3

 1Seyè a te kite kèk nasyon nan peyi a pou l’ te ka sonde moun pèp Izrayèl la ki patko fèt lè yo t’ap fè lagè pou antre nan peyi Kanaran an.
Li te fè sa konsa pou l’ te ka moutre chak jenerasyon pèp Izrayèl la sa yo rele fè lagè, sitou sa ki pa t’ janm al nan lagè anvan sa.
Men moun li te kite nan peyi a: Se te moun Filisti yo ki te rete nan senk lavil, tout moun Kanaran yo, moun Sidon yo ak moun Evi yo ki te rete nan mòn Liban yo, depi mòn Baal-Emon jouk Pas Amat.
Se ak moun sa yo Seyè a t’ap sonde pèp la pou l’ te ka konnen si yo te soti pou koute lòd Seyè a te bay Moyiz pou zansèt yo a.
Se konsa pèp Izrayèl la twouve l’ rete ap viv nan mitan moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
Yo pran pitit fi moun sa yo pou madanm, yo bay pitit gason moun sa yo pitit fi pa yo pou madanm, epi yo pran sèvi bondye moun sa yo tou.
Moun pèp Izrayèl yo tanmen fè bagay ki te mal nan je Seyè a. Yo bliye Seyè a, Bondye-yo a, yo pran fè sèvis pou Baal yo ak Achera yo.
 Seyè a fache sou pèp Izrayèl la epi li kite Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, mete pye sou kou yo. Pandan witan pèp Izrayèl la te anba men Kouchan-Riche Atayim.
Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pran kriye nan pye Seyè a. Seyè a voye yon nonm pou delivre yo. Se te Otonyèl, pitit gason Kenaz, ki te ti frè Kalèb.
10 Lespri Seyè a te sou li, li vin yon gwo chèf nan peyi Izrayèl. Li leve l’ al goumen. Seyè a lage Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, nan men li, li fè l’ kraze l’.
11 Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan. Epi Otonyèl, pitit gason Kenaz la, mouri.
12  Moun pèp Izrayèl yo te rekonmanse ap fè sa ki te mal nan je Seyè a ankò. Seyè a pran Eglon, wa peyi Moab la, li fè l’ vin pi fò pase pèp Izrayèl la. Epi li fè l’ leve dèyè pèp Izrayèl la.
13 Eglon pran moun Amon yo ak moun Amalèk yo ansanm avè l’, epi yo ale, yo bat moun pèp Izrayèl yo. Yo pran lavil Palmis yo pou yo.
14 Pandan dizwitan pèp Izrayèl la te anba men Eglon, wa peyi Moab la.
15 Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pran kriye nan pye Seyè a. Seyè a voye yon lòt moun pou delivre yo. Se te Eyoud, pitit gason Gera, moun branch fanmi Benjamen an. Msye te goche. Moun pèp Izrayèl yo bay Eyoud yon kado al pote bay Eglon, wa peyi Moab.
16 Eyoud fè yo fè yon ponya espesyal pou li. Ponya a te gen yon pye edmi longè, li te file de bò. Li mare l’ sou kwis pye dwat li, anba rad li.
17 Epi li pote kado a bay Eglon, wa peyi Moab la. Eglon te gwo anpil.
18 Lè Eyoud fin bay wa a kado a, li voye moun ki te pote kado a ale.
19 Men li menm, lè li rive bò estati zidòl yo ki toupre lavil Gilgal la, li tounen vin jwenn Eglon. Li di l’ konsa: -Monwa, mwen gen yon komisyon pou ou, men fòk pa ta gen lòt moun la. Lè sa a, wa a di moun ki te la yo: -Kite nou pou kont nou! Tout moun ki te la avè l’ yo soti.
20 Wa a te chita nan chanm pa l’ anwo kay la, kote ki te fè fre anpil. Eyoud pwoche bò kote l’, li di l’ konsa: -Se yon mesaj Bondye ban m’ pou ou. Wa a leve kanpe.
21 Eyoud lonje men gòch li, li rale ponya a bò kwis pye dwat li, epi li sèvi wa a yon kou nan vant.
22 Li foure ponya a tout longè l’ nèt jouk manch li pèdi nan vant li, epi po grès la fèmen sou ponya a paske Eyoud pa t’ rale l’ soti. Pwent ponya a menm te parèt pa dèyè.
23 Lèfini, Eyoud soti nan chanm lan, li fèmen pòt yo dèyè l’, li klete yo,
24 epi l’ ale fè wout li. Lè domestik wa yo vini, yo wè pòt chanm wa a te fèmen akle. Yo di konsa: -Gen lè wa a okipe anndan an. L’ap fè bezwen li.
25 Yo tann yon bon ti moman, yo ba li tan pou l’ fini. Men, yo wè li pa janm louvri pòt la. Lè sa a, yo pran kle a epi yo louvri. Yo wè wa a kouche tou long atè, li te mouri!
26 Pandan mesye yo t’ap tann tout tan sa a, Eyoud menm gen tan chape kò l’. Li pase bò estati zidòl yo, epi li pran wout mòn Seyira a pou li, l’ ale.
27 Lè li rive Seyira nan mòn peyi Efrayim lan, li kònen pou rele moun pèp Izrayèl yo. Moun pèp Izrayèl yo desann soti nan mòn lan, epi Eyoud pran mache alatèt yo.
28 Li di yo konsa: -Swiv mwen! Seyè a lage moun Moab yo, lènmi nou yo, nan men nou jòdi a! Yo tout desann swiv li. Yo bare pas dlo kote moun Moab yo konn janbe larivyè Jouden an. Yo pa kite yon moun pase.
29 Lè sa a, yo te touye dimil (10.000) sòlda konsa, sòlda ki te gwonèg epi ki te konn goumen. Yonn pa chape.
30 Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo bat moun Moab yo byen bat. Apre sa, pandan katreventan te gen lapè nan peyi a.
31  Apre Eyoud, yo vin gen yon lòt chèf: Se te Chanmga, pitit Anat. Li menm menm avèk yon fwèt kach po bèf, li te touye sisan (600) sòlda nan lame moun Filisti yo. Konsa li delivre pèp Izrayèl la.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

Juges 3

1 Voici les nations que l’Éternel laissa pour éprouver par elles Israël, tous ceux qui n’avaient pas connu toutes les guerres de Canaan.
Il voulait seulement que les générations des enfants d’Israël connussent et apprissent la guerre, ceux qui ne l’avaient pas connue auparavant.
Ces nations étaient: les cinq princes des Philistins, tous les Cananéens, les Sidoniens, et les Héviens qui habitaient la montagne du Liban, depuis la montagne de Baal Hermon jusqu’à l’entrée de Hamath.
Ces nations servirent à mettre Israël à l’épreuve, afin que l’Éternel sût s’ils obéiraient aux commandements qu’il avait prescrits à leurs pères par Moïse.
Et les enfants d’Israël habitèrent au milieu des Cananéens, des Héthiens, des Amoréens, des Phéréziens, des Héviens et des Jébusiens;
ils prirent leurs filles pour femmes, ils donnèrent à leurs fils leurs propres filles, et ils servirent leurs dieux.
Les enfants d’Israël firent ce qui déplaît à l’Éternel, ils oublièrent l’Éternel, et ils servirent les Baals et les idoles.
La colère de l’Éternel s’enflamma contre Israël, et il les vendit entre les mains de Cuschan Rischeathaïm, roi de Mésopotamie. Et les enfants d’Israël furent asservis huit ans à Cuschan Rischeathaïm.
Les enfants d’Israël crièrent à l’Éternel, et l’Éternel leur suscita un libérateur qui les délivra, Othniel, fils de Kenaz, frère cadet de Caleb.
10 L’esprit de l’Éternel fut sur lui. Il devint juge en Israël, et il partit pour la guerre. L’Éternel livra entre ses mains Cuschan Rischeathaïm, roi de Mésopotamie, et sa main fut puissante contre Cuschan Rischeathaïm.
11 Le pays fut en repos pendant quarante ans. Et Othniel, fils de Kenaz, mourut.
12 Les enfants d’Israël firent encore ce qui déplaît à l’Éternel; et l’Éternel fortifia Églon, roi de Moab, contre Israël, parce qu’ils avaient fait ce qui déplaît à l’Éternel.
13 Églon réunit à lui les fils d’Ammon et les Amalécites, et il se mit en marche. Il battit Israël, et ils s’emparèrent de la ville des palmiers.
14 Et les enfants d’Israël furent asservis dix-huit ans à Églon, roi de Moab.
15 Les enfants d’Israël crièrent à l’Éternel, et l’Éternel leur suscita un libérateur, Éhud, fils de Guéra, Benjamite, qui ne se servait pas de la main droite. Les enfants d’Israël envoyèrent par lui un présent à Églon, roi de Moab.
16 Éhud se fit une épée à deux tranchants, longue d’une coudée, et il la ceignit sous ses vêtements, au côté droit.
17 Il offrit le présent à Églon, roi de Moab: or Églon était un homme très gras.
18 Lorsqu’il eut achevé d’offrir le présent, il renvoya les gens qui l’avaient apporté.
19 Il revint lui-même depuis les carrières près de Guilgal, et il dit: O roi! j’ai quelque chose de secret à te dire. Le roi dit: Silence! Et tous ceux qui étaient auprès de lui sortirent.
20 Éhud l’aborda comme il était assis seul dans sa chambre d’été, et il dit: J’ai une parole de Dieu pour toi. Églon se leva de son siège.
21 Alors Éhud avança la main gauche, tira l’épée de son côté droit, et la lui enfonça dans le ventre.
22 La poignée même entra après la lame, et la graisse se referma autour de la lame; car il ne retira pas du ventre l’épée, qui sortit par derrière.
23 Éhud sortit par le portique, ferma sur lui les portes de la chambre haute, et tira le verrou.
24 Quand il fut sorti, les serviteurs du roi vinrent et regardèrent; et voici, les portes de la chambre haute étaient fermées au verrou. Ils dirent: Sans doute il se couvre les pieds dans la chambre d’été.
25 Ils attendirent longtemps; et comme il n’ouvrait pas les portes de la chambre haute, ils prirent la clé et ouvrirent, et voici, leur maître était mort, étendu par terre.
26 Pendant leurs délais, Éhud prit la fuite, dépassa les carrières, et se sauva à Seïra.
27 Dès qu’il fut arrivé, il sonna de la trompette dans la montagne d’Éphraïm. Les enfants d’Israël descendirent avec lui de la montagne, et il se mit à leur tête.
28 Il leur dit: Suivez-moi, car l’Éternel a livré entre vos mains les Moabites, vos ennemis. Ils descendirent après lui, s’emparèrent des gués du Jourdain vis-à-vis de Moab, et ne laissèrent passer personne.
29 Ils battirent dans ce temps-là environ dix mille hommes de Moab, tous robustes, tous vaillants, et pas un n’échappa.
30 En ce jour, Moab fut humilié sous la main d’Israël. Et le pays fut en repos pendant quatre-vingts ans.
31 Après lui, il y eut Schamgar, fils d’Anath. Il battit six cents hommes des Philistins avec un aiguillon à boeufs. Et lui aussi fut un libérateur d’Israël.
Louis Segond {LSG}

Judges 3

1 Now these are the nations which the Lord left, to prove Israel by them, even as many of Israel as had not known all the wars of Canaan;
Only that the generations of the children of Israel might know, to teach them war, at the least such as before knew nothing thereof;
Namely, five lords of the Philistines, and all the Canaanites, and the Sidonians, and the Hivites that dwelt in mount Lebanon, from mount Baalhermon unto the entering in of Hamath.
And they were to prove Israel by them, to know whether they would hearken unto the commandments of the Lord, which he commanded their fathers by the hand of Moses.
And the children of Israel dwelt among the Canaanites, Hittites, and Amorites, and Perizzites, and Hivites, and Jebusites:
And they took their daughters to be their wives, and gave their daughters to their sons, and served their gods.
And the children of Israel did evil in the sight of the Lord, and forgat the Lord their God, and served Baalim and the groves.
Therefore the anger of the Lord was hot against Israel, and he sold them into the hand of Chushanrishathaim king of Mesopotamia: and the children of Israel served Chushanrishathaim eight years.
And when the children of Israel cried unto the Lord, the Lord raised up a deliverer to the children of Israel, who delivered them, even Othniel the son of Kenaz, Caleb’s younger brother.
10 And the Spirit of the Lord came upon him, and he judged Israel, and went out to war: and the Lord delivered Chushanrishathaim king of Mesopotamia into his hand; and his hand prevailed against Chushanrishathaim.
11 And the land had rest forty years. And Othniel the son of Kenaz died.
12 And the children of Israel did evil again in the sight of the Lord: and the Lord strengthened Eglon the king of Moab against Israel, because they had done evil in the sight of the Lord.
13 And he gathered unto him the children of Ammon and Amalek, and went and smote Israel, and possessed the city of palm trees.
14 So the children of Israel served Eglon the king of Moab eighteen years.
15 But when the children of Israel cried unto the Lord, the Lord raised them up a deliverer, Ehud the son of Gera, a Benjamite, a man lefthanded: and by him the children of Israel sent a present unto Eglon the king of Moab.
16 But Ehud made him a dagger which had two edges, of a cubit length; and he did gird it under his raiment upon his right thigh.
17 And he brought the present unto Eglon king of Moab: and Eglon was a very fat man.
18 And when he had made an end to offer the present, he sent away the people that bare the present.
19 But he himself turned again from the quarries that were by Gilgal, and said, I have a secret errand unto thee, O king: who said, Keep silence. And all that stood by him went out from him.
20 And Ehud came unto him; and he was sitting in a summer parlour, which he had for himself alone. And Ehud said, I have a message from God unto thee. And he arose out of his seat.
21 And Ehud put forth his left hand, and took the dagger from his right thigh, and thrust it into his belly:
22 And the haft also went in after the blade; and the fat closed upon the blade, so that he could not draw the dagger out of his belly; and the dirt came out.
23 Then Ehud went forth through the porch, and shut the doors of the parlour upon him, and locked them.
24 When he was gone out, his servants came; and when they saw that, behold, the doors of the parlour were locked, they said, Surely he covereth his feet in his summer chamber.
25 And they tarried till they were ashamed: and, behold, he opened not the doors of the parlour; therefore they took a key, and opened them: and, behold, their lord was fallen down dead on the earth.
26 And Ehud escaped while they tarried, and passed beyond the quarries, and escaped unto Seirath.
27 And it came to pass, when he was come, that he blew a trumpet in the mountain of Ephraim, and the children of Israel went down with him from the mount, and he before them.
28 And he said unto them, Follow after me: for the Lord hath delivered your enemies the Moabites into your hand. And they went down after him, and took the fords of Jordan toward Moab, and suffered not a man to pass over.
29 And they slew of Moab at that time about ten thousand men, all lusty, and all men of valour; and there escaped not a man.
30 So Moab was subdued that day under the hand of Israel. And the land had rest fourscore years.
31 And after him was Shamgar the son of Anath, which slew of the Philistines six hundred men with an ox goad: and he also delivered Israel.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}