Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 90  

1 Lapriyè Moyiz, sèvitè Bondye a. Seyè, ou te toujou yon pwoteksyon pou nou depi sou tan zansèt nou yo jouk koulye a.
Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l’, depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye.
Ou di moun se pou yo tounen sa yo te ye. Ou fè yo tounen pousyè ankò.
Milan (1.000 an) pa anyen pou ou, se tankou yon jou. Se tankou jounen ayè ki fin pase a, se tankou yon ti kadè nan mitan lannwit.
Ou fè yo pase tankou yon rèv, tankou pye zèb ki leve yon jou maten.
Li grandi, li fleri, nan aswè li fennen, li cheche.
 Lè ou ankòlè, se fini ou fini ak nou. Lè ou move, ou fè kè nou kase.
Ou mete devan je ou tou sa nou fè ki mal, ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou.
Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè. Anvan nou bat je nou, lavi nou fini.
10 Dènye bout nou se swasanndizan. Si nou gen bon sante, n’a wè katreventan. Men, avantaj nou jwenn nan tou sa se sèlman tray ak mizè. Talè konsa nou fin viv, n’ al fè wout nou.
11 Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè? Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move?
12  Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay.
13 Seyè, kilè w’a tounen? Gen pitye pou sèvitè ou yo.
14 Chak maten, voye benediksyon ou sou nou! Konsa, n’a chante, n’a toujou gen kè kontan.
15 Koulye a fè kè nou kontan pou menm kantite jou ou te ban nou lapenn, pou menm kantite lanne nou pase nan mizè.
16 Fè moun k’ap sèvi ou yo wè sa ou ka fè. Fè pitit pitit yo wè jan ou gen pouvwa.
17 Seyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n’ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n’ap fè.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 90

1 Prière de Moïse, homme de Dieu. Seigneur! tu as été pour nous un refuge, De génération en génération.
Avant que les montagnes fussent nées, Et que tu eussent créé la terre et le monde, D’éternité en éternité tu es Dieu.
Tu fais rentrer les hommes dans la poussière, Et tu dis: Fils de l’homme, retournez!
Car mille ans sont, à tes yeux, Comme le jour d’hier, quand il n’est plus, Et comme une veille de la nuit.
Tu les emportes, semblables à un songe, Qui, le matin, passe comme l’herbe:
Elle fleurit le matin, et elle passe, On la coupe le soir, et elle sèche.
Nous sommes consumés par ta colère, Et ta fureur nous épouvante.
Tu mets devant toi nos iniquités, Et à la lumière de ta face nos fautes cachées.
Tous nos jours disparaissent par ton courroux; Nous voyons nos années s’évanouir comme un son.
10 Les jours de nos années s’élèvent à soixante-dix ans, Et, pour les plus robustes, à quatre-vingts ans; Et l’orgueil qu’ils en tirent n’est que peine et misère, Car il passe vite, et nous nous envolons.
11 Qui prend garde à la force de ta colère, Et à ton courroux, selon la crainte qui t’est due?
12 Enseigne-nous à bien compter nos jours, Afin que nous appliquions notre coeur à la sagesse.
13 Reviens, Éternel! Jusques à quand?… Aie pitié de tes serviteurs!
14 Rassasie-nous chaque matin de ta bonté, Et nous serons toute notre vie dans la joie et l’allégresse.
15 Réjouis-nous autant de jours que tu nous as humiliés, Autant d’années que nous avons vu le malheur.
16 Que ton oeuvre se manifeste à tes serviteurs, Et ta gloire sur leurs enfants!
17 Que la grâce de l’Éternel, notre Dieu, soit sur nous! Affermis l’ouvrage de nos mains, Oui, affermis l’ouvrage de nos mains!
Louis Segond {LSG}

Psalm 90 

1 Lord, thou hast been our dwelling place in all generations.
Before the mountains were brought forth, or ever thou hadst formed the earth and the world, even from everlasting to everlasting, thou art God.
Thou turnest man to destruction; and sayest, Return, ye children of men.
For a thousand years in thy sight are but as yesterday when it is past, and as a watch in the night.
Thou carriest them away as with a flood; they are as a sleep: in the morning they are like grass which groweth up.
In the morning it flourisheth, and groweth up; in the evening it is cut down, and withereth.
For we are consumed by thine anger, and by thy wrath are we troubled.
Thou hast set our iniquities before thee, our secret sins in the light of thy countenance.
For all our days are passed away in thy wrath: we spend our years as a tale that is told.
10 The days of our years are threescore years and ten; and if by reason of strength they be fourscore years, yet is their strength labour and sorrow; for it is soon cut off, and we fly away.
11 Who knoweth the power of thine anger? even according to thy fear, so is thy wrath.
12 So teach us to number our days, that we may apply our hearts unto wisdom.
13 Return, O Lord, how long? and let it repent thee concerning thy servants.
14 O satisfy us early with thy mercy; that we may rejoice and be glad all our days.
15 Make us glad according to the days wherein thou hast afflicted us, and the years wherein we have seen evil.
16 Let thy work appear unto thy servants, and thy glory unto their children.
17 And let the beauty of the Lord our God be upon us: and establish thou the work of our hands upon us; yea, the work of our hands establish thou it.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}