Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 88  

1 Chante sa a se yon sòm pitit Kore yo. Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm tankou timoun lekòl. Se chante Eman, moun lavil Ezra.  Seyè, Bondye, se ou menm ki delivrans mwen! Lajounen kou lannwit m’ap rele nan pye ou!
 Se pou lapriyè m’ rive nan zòrèy ou. Koute byen sa m’ap mande ou.
 Anpil malè tonbe sou mwen, mwen pa kapab ankò. Mwen prèt pou mouri.
 Mwen tankou moun ki sou dènye souf li, tankou moun ki pa gen fòs ankò.
 Mwen tonbe atè tankou yon moun mouri, tankou yon moun yo touye ki kouche nan simityè. Wi, tankou yon moun ou bliye nèt, tankou yon moun ou pa ka fè anyen ankò pou li.
 Ou voye m’ jete nan yon gwo twou byen fon, kote ki fè nwa anpil, nan yon twou san fon.
 Mwen santi ou ankòlè anpil sou mwen. Se kraze w’ap kraze m’ anba men ou.
 Ou fè tout zanmi m’ yo lage m’. Yo yonn pa ka santi m’ bò kote yo! Mwen fèmen yon kote mwen pa ka soti.
 Je m’ ap boule m’ tèlman m’ap soufri. Seyè, se chak jou m’ap rele ou, m’ap louvri de bra m’ ba ou!
10  Eske se pou moun mouri ou fè mirak? Eske mò ka leve pou fè lwanj ou?
11 Eske moun ki anba tè ka fè konnen jan ou renmen nou? Eske moun ki nan twou san fon an ka fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou?
12  Eske moun ki nan fènwa a ka wè mèvèy ou yo? Eske moun ki nan peyi kote yo bliye tout bagay la ka wè jan ou bon!
13  Seyè, m’ap rele ou vin ede mwen. Se chak maten m’ap lapriyè nan pye ou.
14  Seyè, poukisa ou voye m’ jete lwen ou konsa? Poukisa ou kache figi ou pou mwen?
15  Depi mwen jenn gason se soufri m’ap soufri, m’ap pase ra lanmò. Ou sitèlman pini mwen, mwen pa konn sa pou m’ fè ankò.
16  Nan kòlè ou, ou fè m’ pase kont tray mwen. Se fini ou fini avè m’ tèlman ou pini m’.
17  Tout lajounen ou sènen m’ tankou dlo inondasyon, ou fèmen m’ toupatou.
18  Ou te fè tout kanmarad mwen yo ak zanmi m’ yo vire do ban mwen. Moun mwen te konn rakonte ti koze m’ yo disparèt.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 88

1 Cantique. Psaume des fils de Koré. Au chef des chantres. Pour chanter sur la flûte. Cantique d’Héman, l’Ézrachite. Éternel, Dieu de mon salut! Je crie jour et nuit devant toi.
 Que ma prière parvienne en ta présence! Prête l’oreille à mes supplications!
 Car mon âme est rassasiée de maux, Et ma vie s’approche du séjour des morts.
 Je suis mis au rang de ceux qui descendent dans la fosse, Je suis comme un homme qui n’a plus de force.
 Je suis étendu parmi les morts, Semblable à ceux qui sont tués et couchés dans le sépulcre, A ceux dont tu n’as plus le souvenir, Et qui sont séparés de ta main.
 Tu m’as jeté dans une fosse profonde, Dans les ténèbres, dans les abîmes.
 Ta fureur s’appesantit sur moi, Et tu m’accables de tous tes flots. Pause.
 Tu as éloigné de moi mes amis, Tu m’as rendu pour eux un objet d’horreur; Je suis enfermé et je ne puis sortir.
 Mes yeux se consument dans la souffrance; Je t’invoque tous les jours, ô Éternel! J’étends vers toi les mains.
10  Est-ce pour les morts que tu fais des miracles? Les morts se lèvent-ils pour te louer? Pause.
11  Parle-t-on de ta bonté dans le sépulcre, De ta fidélité dans l’abîme?
12  Tes prodiges sont-ils connus dans les ténèbres, Et ta justice dans la terre de l’oubli?
13  O Éternel! j’implore ton secours, Et le matin ma prière s’élève à toi.
14  Pourquoi, Éternel, repousses-tu mon âme? Pourquoi me caches-tu ta face?
15  Je suis malheureux et moribond dès ma jeunesse, Je suis chargé de tes terreurs, je suis troublé.
16  Tes fureurs passent sur moi, Tes terreurs m’anéantissent;
17  Elles m’environnent tout le jour comme des eaux, Elles m’enveloppent toutes à la fois.
18  Tu as éloigné de moi amis et compagnons; Mes intimes ont disparu.
Louis Segond {LSG}

Psalm 88 

1 O lord God of my salvation, I have cried day and night before thee:
Let my prayer come before thee: incline thine ear unto my cry;
For my soul is full of troubles: and my life draweth nigh unto the grave.
I am counted with them that go down into the pit: I am as a man that hath no strength:
Free among the dead, like the slain that lie in the grave, whom thou rememberest no more: and they are cut off from thy hand.
Thou hast laid me in the lowest pit, in darkness, in the deeps.
Thy wrath lieth hard upon me, and thou hast afflicted me with all thy waves. Selah.
Thou hast put away mine acquaintance far from me; thou hast made me an abomination unto them: I am shut up, and I cannot come forth.
Mine eye mourneth by reason of affliction: Lord, I have called daily upon thee, I have stretched out my hands unto thee.
10 Wilt thou shew wonders to the dead? shall the dead arise and praise thee? Selah.
11 Shall thy lovingkindness be declared in the grave? or thy faithfulness in destruction?
12 Shall thy wonders be known in the dark? and thy righteousness in the land of forgetfulness?
13 But unto thee have I cried, O Lord; and in the morning shall my prayer prevent thee.
14 Lord, why castest thou off my soul? why hidest thou thy face from me?
15 I am afflicted and ready to die from my youth up: while I suffer thy terrors I am distracted.
16 Thy fierce wrath goeth over me; thy terrors have cut me off.
17 They came round about me daily like water; they compassed me about together.
18 Lover and friend hast thou put far from me, and mine acquaintance into darkness.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}