Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 132  

1 Se yon chante pou yo chante lè y’ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, pa bliye David. Chonje tout traka li te bay tèt li pou ou.
Seyè, chonje sèman li te fè ou, pwomès li te fè ou, ou menm Bondye Jakòb la ki gen fòs, lè l’ te di:
-Mwen p’ap antre nan kay kote m’ rete a, mwen p’ap moute kouche sou kabann mwen,
mwen p’ap bay kò m’ repo, mwen p’ap fèmen je m’,
toutotan mwen pa jwenn yon kote pou Seyè a, yon kay pou Bondye Jakòb la ki gen fòs ka rete.
Nou te tande Bwat Kontra a te lavil Efrata. Men, nou jwenn li nan jaden Jearim yo.
Ann al lakay Seyè a. Ann al devan fotèy li pou n’ adore l’.
Leve non, Seyè, vin kote pou ou pran repo a. Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè nou wè jan ou gen pouvwa.
Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans. Se pou tout pèp ou a rele sitèlman yo kontan.
10 Poutèt pwomès ou te fè David, sèvitè ou la, tanpri, Seyè, pa vire do bay moun ou te chwazi a.
11  Seyè a te fè David, sèvitè li a, yon pwomès, l’ap toujou kenbe pawòl li: Se yonn nan pitit ou yo m’ap mete chita sou fotèy ou a.
12 Si pitit ou yo kenbe kontra mwen fè ak yo a, si yo kenbe prensip mwen ba yo, pitit pa yo tou va toujou chita son fotèy ou a.
13 Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li.
14 Se la mwen chwazi pou m’ toujou pran repo, se la m’ap rete, paske se sa mwen vle.
15 M’a voye benediksyon sou tou sa li bezwen pou l’ viv. M’a bay pòv li yo manje plen vant yo.
16 M’a delivre prèt li yo, m’a fè tout pèp Bondye a rele sitèlman yo kontan.
17 Se la m’ap fè yonn nan pitit David yo tounen yon gwo wa. Mwen p’ap kite limyè a soti nan fanmi moun mwen chwazi a.
18 M’ap fè lènmi l’ yo wont, kouwòn ki sou tèt li a ap toujou rete byen klere.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 132

1 Cantique des degrés. Éternel, souviens-toi de David, De toutes ses peines!
Il jura à l’Éternel, Il fit ce voeu au puissant de Jacob:
Je n’entrerai pas dans la tente où j’habite, Je ne monterai pas sur le lit où je repose,
Je ne donnerai ni sommeil à mes yeux, Ni assoupissement à mes paupières.
Jusqu’à ce que j’aie trouvé un lieu pour l’Éternel, Une demeure pour le puissant de Jacob.
Voici, nous en entendîmes parler à Éphrata, Nous la trouvâmes dans les champs de Jaar…
Allons à sa demeure, Prosternons-nous devant son marchepied!…
Lève-toi, Éternel, viens à ton lieu de repos, Toi et l’arche de ta majesté!
Que tes sacrificateurs soient revêtus de justice, Et que tes fidèles poussent des cris de joie!
10 A cause de David, ton serviteur, Ne repousse pas ton oint!
11 L’Éternel a juré la vérité à David, Il n’en reviendra pas; Je mettrai sur ton trône un fruit de tes entrailles.
12 Si tes fils observent mon alliance Et mes préceptes que je leur enseigne, Leurs fils aussi pour toujours Seront assis sur ton trône.
13 Oui, l’Éternel a choisi Sion, Il l’a désirée pour sa demeure:
14 C’est mon lieu de repos à toujours; J’y habiterai, car je l’ai désirée.
15 Je bénirai sa nourriture, Je rassasierai de pain ses indigents;
16 Je revêtirai de salut ses sacrificateurs, Et ses fidèles pousseront des cris de joie.
17 Là j’élèverai la puissance de David, Je préparerai une lampe à mon oint,
18 Je revêtirai de honte ses ennemis, Et sur lui brillera sa couronne.
Louis Segond {LSG}

Psalm 132 

1 Lord, remember David, and all his afflictions:
How he sware unto the Lord, and vowed unto the mighty God of Jacob;
Surely I will not come into the tabernacle of my house, nor go up into my bed;
I will not give sleep to mine eyes, or slumber to mine eyelids,
Until I find out a place for the Lord, an habitation for the mighty God of Jacob.
Lo, we heard of it at Ephratah: we found it in the fields of the wood.
We will go into his tabernacles: we will worship at his footstool.
Arise, O Lord, into thy rest; thou, and the ark of thy strength.
Let thy priests be clothed with righteousness; and let thy saints shout for joy.
10 For thy servant David’s sake turn not away the face of thine anointed.
11 The Lord hath sworn in truth unto David; he will not turn from it; Of the fruit of thy body will I set upon thy throne.
12 If thy children will keep my covenant and my testimony that I shall teach them, their children shall also sit upon thy throne for evermore.
13 For the Lord hath chosen Zion; he hath desired it for his habitation.
14 This is my rest for ever: here will I dwell; for I have desired it.
15 I will abundantly bless her provision: I will satisfy her poor with bread.
16 I will also clothe her priests with salvation: and her saints shall shout aloud for joy.
17 There will I make the horn of David to bud: I have ordained a lamp for mine anointed.
18 His enemies will I clothe with shame: but upon himself shall his crown flourish.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}