Liv Travay / Actes / Acts

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Travay 12               

Nan menm epòk sa a, wa Ewòd te pran maltrete kèk manm nan legliz la.
Li fè touye Jak, frè Jan an, ak nepe.
Lè l’ wè sa te fè jwif yo plezi, li fè arete Pyè tou. Se te epòk fèt Pen san ledven an.
Lè li fin arete Pyè, Ewòd fè mete l’ nan prizon. Li mete kat eskwad, yo chak avèk kat sòlda, pou veye li. Li te fè lide pou l’ te mennen l’ devan pèp la apre fèt Delivrans jwif yo.
 Pyè te anba gwo siveyans nan prizon an. Men, manm legliz yo t’ap lapriyè Bondye pou li san rete.
Lavèy jou pou Ewòd ta mennen Pyè konparèt devan pèp la, nan mitan lannwit Pyè t’ap dòmi ak de sòlda, yonn sou chak kote li. Yo te mare l’ ak de chenn. Epi te gen gad devan pòt la ki t’ap veye prizon an.
Yon zanj Bondye rete konsa li parèt, yon limyè klere tout kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt, li souke l’, li di li: Leve vit. Chenn ki te mare men l’ yo tonbe.
Zanj lan di li: Mete sentiwon ou, mare sapat ou. Pyè fè tou sa. Zanj lan di l’ ankò: Mete gwo rad ou sou ou, swiv mwen.
Pyè swiv zanj lan, li mache soti nan kacho a. Li pa t’ kwè sa zanj Bondye a t’ap fè a se te vre. Li te kwè se reve l’ t’ap reve.
10 Yo pase premye pòs gad la, yo pase dezyèm pòs la, yo rive bò pòtay an fè ki bay sou lavil la. Pòtay la louvri pou kont li devan yo. Yo soti, yo pran lari. Menm lè a, zanj lan kite Pyè.
11 Se lè sa a Pyè vin konprann sak te rive li a. Li di: Koulye a, mwen wè se tout bon. Bondye voye zanj li delivre m’ anba men Ewòd. Li sove m’ anba tout bagay pèp jwif la t’ap pare pou mwen an.
12 Lè l’ vin konprann sitiyasyon an, li ale dwat kay Mari, manman Jan, ki te gen yon ti non Mak. Te gen anpil moun sanble la, yo t’ap lapriyè.
13 Pyè frape nan pòt devan an. Yon sèvant yo rele Wòd vin reponn.
14 Li rekonèt vwa Pyè. Li te sitèlman kontan, li pa louvri pòt la, li kouri antre al di moun yo: Men Pyè deyò a wi.
15 Yo di li: Gen lè ou pèdi tèt ou? Men, li te kenbe sa l’ te di a se vre. Lè sa a, yo di li: Se dwe bonnanj li.
16 Men, Pyè t’ap frape pi rèd toujou. Lè yo louvri pòt la, yo wè l’, yo pa t’ manke sezi.
17 Li fè yo siy ak men l’ pou yo pa pale, epi l’ rakonte yo ki jan Bondye te fè l’ soti nan prizon an. Li di yo ankò. Al di Jak sa pou mwen ansanm ak lòt frè yo. Epi l’ soti, li al yon lòt kote.
18 Lè l’ fè jou, gad yo te nan yon pakèt tèt chaje. Yo t’ap mande kote Pyè pase.
19 Ewòd fè chache l’ toupatou, men yo pa jwenn li. Li fè keksyonnen gad yo. Lèfini, li bay lòd touye yo. Apre sa, Ewòd kite peyi Jide, li al lavil Sezare kote li pase kèk tan.
20  Ewòd te fache anpil sou moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo. Sa moun sa yo fè, yo mete ansanm pou yo vin kote li. Yo pran tèt Blastis, yon ofisye ki t’ap travay lakay wa a. Epi y’ al mande Ewòd pou l’ fè lapè ak yo, paske se nan peyi Ewòd la moun lakay yo te konn ale fè pwovizyon.
21 Lè jou yo te fikse a rive, Ewòd abiye l’ ak tout kostim wa li sou li, li chita sou gwo fotèy li a, epi l’ fè yon diskou ba yo.
22 Pèp la pran rele: Se pa yon moun k’ap pale la a, se yon bondye.
23 Menm lè a, yon zanj Bondye frape Ewòd, paske li te asepte resevwa lwanj ki fèt pou Bondye sèlman. Vè tonbe sou li, epi li mouri.
24 Pawòl Bondye a menm t’ap gaye plis toujou, li t’ap fè anpil avans.
25 Lè Banabas ak Sòl fin fè misyon yo lavil Jerizalèm, yo tounen lakay yo, yo pran Jan ki te gen ti non Mak la ak yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Actes 12              

1 Vers le même temps, le roi Hérode se mit à maltraiter quelques membres de l’Église,
et il fit mourir par l’épée Jacques, frère de Jean.
Voyant que cela était agréable aux Juifs, il fit encore arrêter Pierre. -C’était pendant les jours des pains sans levain. –
Après l’avoir saisi et jeté en prison, il le mit sous la garde de quatre escouades de quatre soldats chacune, avec l’intention de le faire comparaître devant le peuple après la Pâque.
Pierre donc était gardé dans la prison; et l’Église ne cessait d’adresser pour lui des prières à Dieu.
La nuit qui précéda le jour où Hérode allait le faire comparaître, Pierre, lié de deux chaînes, dormait entre deux soldats; et des sentinelles devant la porte gardaient la prison.
Et voici, un ange du Seigneur survint, et une lumière brilla dans la prison. L’ange réveilla Pierre, en le frappant au côté, et en disant: Lève-toi promptement! Les chaînes tombèrent de ses mains.
Et l’ange lui dit: Mets ta ceinture et tes sandales. Et il fit ainsi. L’ange lui dit encore: Enveloppe-toi de ton manteau, et suis-moi.
Pierre sortit, et le suivit, ne sachant pas que ce qui se faisait par l’ange fût réel, et s’imaginant avoir une vision.
10 Lorsqu’ils eurent passé la première garde, puis la seconde, ils arrivèrent à la porte de fer qui mène à la ville, et qui s’ouvrit d’elle-même devant eux; ils sortirent, et s’avancèrent dans une rue. Aussitôt l’ange quitta Pierre.
11 Revenu à lui-même, Pierre dit: Je vois maintenant d’une manière certaine que le Seigneur a envoyé son ange, et qu’il m’a délivré de la main d’Hérode et de tout ce que le peuple juif attendait.
12 Après avoir réfléchi, il se dirigea vers la maison de Marie, mère de Jean, surnommé Marc, où beaucoup de personnes étaient réunies et priaient.
13 Il frappa à la porte du vestibule, et une servante, nommée Rhode, s’approcha pour écouter.
14 Elle reconnut la voix de Pierre; et, dans sa joie, au lieu d’ouvrir, elle courut annoncer que Pierre était devant la porte.
15 Ils lui dirent: Tu es folle. Mais elle affirma que la chose était ainsi.
16 Et ils dirent: C’est son ange. Cependant Pierre continuait à frapper. Ils ouvrirent, et furent étonnés de le voir.
17 Pierre, leur ayant de la main fait signe de se taire, leur raconta comment le Seigneur l’avait tiré de la prison, et il dit: Annoncez-le à Jacques et aux frères. Puis il sortit, et s’en alla dans un autre lieu.
18 Quand il fit jour, les soldats furent dans une grande agitation, pour savoir ce que Pierre était devenu.
19 Hérode, s’étant mis à sa recherche et ne l’ayant pas trouvé, interrogea les gardes, et donna l’ordre de les mener au supplice. Ensuite il descendit de la Judée à Césarée, pour y séjourner.
20 Hérode avait des dispositions hostiles à l’égard des Tyriens et des Sidoniens. Mais ils vinrent le trouver d’un commun accord; et, après avoir gagné Blaste, son chambellan, ils sollicitèrent la paix, parce que leur pays tirait sa subsistance de celui du roi.
21 A un jour fixé, Hérode, revêtu de ses habits royaux, et assis sur son trône, les harangua publiquement.
22 Le peuple s’écria: Voix d’un dieu, et non d’un homme!
23 Au même instant, un ange du Seigneur le frappa, parce qu’il n’avait pas donné gloire à Dieu. Et il expira, rongé des vers.
24 Cependant la parole de Dieu se répandait de plus en plus, et le nombre des disciples augmentait.
25 Barnabas et Saul, après s’être acquittés de leur message, s’en retournèrent de Jérusalem, emmenant avec eux Jean, surnommé Marc.

Louis Segond {LSG}

Acts 12      

1 Now about that time Herod the king stretched forth his hands to vex certain of the church.
And he killed James the brother of John with the sword.
And because he saw it pleased the Jews, he proceeded further to take Peter also. (Then were the days of unleavened bread.)
And when he had apprehended him, he put him in prison, and delivered him to four quaternions of soldiers to keep him; intending after Easter to bring him forth to the people.
Peter therefore was kept in prison: but prayer was made without ceasing of the church unto God for him.
And when Herod would have brought him forth, the same night Peter was sleeping between two soldiers, bound with two chains: and the keepers before the door kept the prison.
And, behold, the angel of the Lord came upon him, and a light shined in the prison: and he smote Peter on the side, and raised him up, saying, Arise up quickly. And his chains fell off from his hands.
And the angel said unto him, Gird thyself, and bind on thy sandals. And so he did. And he saith unto him, Cast thy garment about thee, and follow me.
And he went out, and followed him; and wist not that it was true which was done by the angel; but thought he saw a vision.
10 When they were past the first and the second ward, they came unto the iron gate that leadeth unto the city; which opened to them of his own accord: and they went out, and passed on through one street; and forthwith the angel departed from him.
11 And when Peter was come to himself, he said, Now I know of a surety, that the Lord hath sent his angel, and hath delivered me out of the hand of Herod, and from all the expectation of the people of the Jews.
12 And when he had considered the thing, he came to the house of Mary the mother of John, whose surname was Mark; where many were gathered together praying.
13 And as Peter knocked at the door of the gate, a damsel came to hearken, named Rhoda.
14 And when she knew Peter’s voice, she opened not the gate for gladness, but ran in, and told how Peter stood before the gate.
15 And they said unto her, Thou art mad. But she constantly affirmed that it was even so. Then said they, It is his angel.
16 But Peter continued knocking: and when they had opened the door, and saw him, they were astonished.
17 But he, beckoning unto them with the hand to hold their peace, declared unto them how the Lord had brought him out of the prison. And he said, Go shew these things unto James, and to the brethren. And he departed, and went into another place.
18 Now as soon as it was day, there was no small stir among the soldiers, what was become of Peter.
19 And when Herod had sought for him, and found him not, he examined the keepers, and commanded that they should be put to death. And he went down from Judaea to Caesarea, and there abode.
20 And Herod was highly displeased with them of Tyre and Sidon: but they came with one accord to him, and, having made Blastus the king’s chamberlain their friend, desired peace; because their country was nourished by the king’s country.
21 And upon a set day Herod, arrayed in royal apparel, sat upon his throne, and made an oration unto them.
22 And the people gave a shout, saying, It is the voice of a god, and not of a man.
23 And immediately the angel of the Lord smote him, because he gave not God the glory: and he was eaten of worms, and gave up the ghost.
24 But the word of God grew and multiplied.
25 And Barnabas and Saul returned from Jerusalem, when they had fulfilled their ministry, and took with them John, whose surname was Mark.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}