Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jenèz 30

1 Lè Rachèl wè li pa t’ kapab fè pitit pou Jakòb, li vin gen yon sèl jalouzi kont sè li a, li di Jakòba: -Fè m’ fè pitit! Si se pa sa m’ap mouri sou kont ou!
Jakòb fè kòlè sou Rachèl, li di li: -Eske se mwen ki Bondye? Se li menm ki anpeche ou fè pitit.
Rachèl di li: -Bon. Men Bila, sèvant mwen an. Kouche avè l’. La fè yon pitit pou mwen. Konsa, gremesi Bila, m’a gen pitit tou.
Se konsa, Rachèl te pran sèvant li a, li bay Jakòb pou madanm. Jakòb kouche ak Bila.
Bila vin ansent, li fè yon ti gason pou Jakòb.
Lè sa a, Rachèl di: -Seyè a rann mwen jistis. Li tande vwa mwen. Li ban m’ yon gason. Se poutèt sa Rachèl te rele pitit la Dann.
Apre sa, Bila, sèvant Rachèl la, vin ansent ankò, li fè yon dezyèm gason pou Jakòb.
Rachèl di: -Mwen t’ap mennen yon gwo batay kont sè m’ lan devan Bondye. Men se mwen ki genyen. Se konsa li rele pitit la Nèftali.
Lè Leya wè li te sispann fè pitit, li pran Zilpa, sèvant li a, bay Jakòb pou madanm tou.
10 Zilpa, sèvant Leya a, fè yon ti gason pou Jakòb.
11 Leya di: -Ala fanm gen chans se mwen menm! Se konsa li rele pitit la Gad.
12 Zilpa, sèvant Lea a, fè yon dezyèm pitit gason pou Jakòb.
13 Leya di konsa: -Ala benediksyon mwen jwenn! Koulye a medam yo pral di jan mwen se yon fanm ki beni. Se konsa li rele pitit la Asè.
14  Pandan rekòt ble a, Woubenn soti al nan jaden, li jwenn kèk mandragò. Li pote rasen yo bay Leya, manman li. Rachèl di Leya konsa: -Tanpri, ban m’ kèk moso rasen mandragò pitit ou pote pou ou a.
15 Leya reponn li: -Atò ou pa fè m’ ase? Ou fin pran mari m’, koulye a ou vle pran mandragò pitit gason m’ lan tou? Rachèl di l’: -Enben, Jakòb va kouche avè ou aswè a pou mandragò pitit gason ou lan.
16 Nan aswè, lè Jakòb parèt sot nan jaden, Leya soti al kontre l’, li di l’ konsa: -Se pou ou vin kouche avè m’ aswè a, paske mwen bay mandragò pitit gason m’ lan pou sa. Se konsa, jou swa sa a, Jakòb kouche avèk Leya.
17 Bondye reponn lapriyè Leya a. Li vin ansent, epi li fè yon senkyèm pitit gason pou Jakòb.
18 Leya di: -Bondye ban m’ sa m’ merite a, paske mwen te bay mari m’ sèvant mwen an pou madanm. Se konsa, Leya rele pitit gason an Isaka.
19 Leya vin ansent ankò, li fè yon sizyèm pitit gason pou Jakòb.
20 Leya di: -Bondye fè m’ yon bèl kado. Fwa sa a, mari m’ pral pou mwen nèt, paske mwen fè sis pitit gason pou li. Se konsa li rele pitit la Zabilon.
21 Apre sa, li fè yon pitit fi. Li rele l’ Dena.
22 Lè sa a, Bondye vin chonje Rachèl, li reponn lapriyè li, li fè l’ ka fè pitit.
23 Se konsa Rachèl vin ansent, li fè yon pitit gason. Li di: -Bondye fè yo sispann pase m’ nan rizib.
24 Epi Rachèl rele pitit gason an Jozèf, paske li te di: -Se pou Seyè a ba m’ yon lòt gason ankò.
25  Apre Rachèl te fè Jozèf, Jakòb di Laban konsa: -Kite m’ pati pou m ale lakay mwen nan peyi mwen.
26 Ban mwen madanm mwen yo ansanm ak timoun yo pou m’ ka ale, paske se pou yo mwen t’ap sèvi ak ou. Ou konnen tout kantite sèvis mwen rann ou.
27 Laban reponn li: -Fè m’ plezi sa a: mwen rekonèt se poutèt ou Seyè a beni m’ tout beni sa a.
28 Di m’ sa pou m’ peye ou, m’a ba ou li.
29 Jakòb di l’: -Ou konnen jan mwen sèvi avè ou. Ou wè ki jan bann bèt ou yo peple depi yo nan men m’.
30 Ti sa ou te genyen anvan m’ te vini an tounen yon kantite depi mwen mete pye m’ isit la. Akòz mwen Seyè a pa manke beni ou. Alekile, li lè pou m’ al travay pou tèt pa mwen.
31 Laban di l’: -Kisa pou m’ ba ou? Jakòb reponn li: -Ou pa bezwen peye m’ pou sa. Men si ou dakò avèk sa mwen pral di ou la, m’a rete ankò pou okipe bèt ou yo.
32 Jòdi a, mwen pral pwonmennen mache nan mitan tout bèt ou yo. M’ap pran tout ti mouton nwa, ak tout ti kabrit ki takte osinon pentle yo, m’ap mete yo apa. Se sa ase w’a ban mwen pou sèvis mwen.
33 Lè w’a vin wè sa ou dakò ban mwen an, w’a konnen si m’ te fè vis, wi ou non. Lè w’a vin kontwole sa ki pou mwen yo, si mwen gen yon mouton ki pa nwa, osinon yon kabrit ki pa takte ou ki pa pentle, ou mèt konnen se vòlè mwen vòlè ou.
34 Laban reponn li: -Dakò. n’a fè l’ jan ou di l’ la.
35 Men menm jou a, Laban wete tout bouk kabrit ki te gen pwal takte osinon ki te gen re sou tout kò yo, ak tout fenmèl kabrit ki te gen pwal takte osinon pentle, ou ankò ki te gen tach blan sou yo. Li wete tout mouton nwa yo, li pran tout bèt sa yo, li renmèt yo bay pitit gason l’ yo.
36 Apre sa, li pati byen lwen Jakòb avèk bann bèt li yo, li mache pandan twa jou epi li rete. Jakòb menm te pran swen rès mouton ak kabrit Laban yo.
37  Jakòb koupe kèk branch vèt nan pye sikren, pye zanmann ak pye bwadòm, li wete kèk lèz nan kòs yo. Konsa branch yo te vin gen bann vèt, bann blan sou tout kò yo.
38 Li pran yo, li mete yo tout kote yo bay bèt yo bwè dlo. Li te ranje branch bwa yo la, paske se lè bèt yo vin bwè dlo yo kwaze.
39 Konsa, lè bèt yo kwaze devan branch bwa de koulè yo, yo fè pitit takte, pitit pentle, osinon ak re sou tout kò yo.
40 Jakòb separe mouton yo, li pran tout mouton ki te takte osinon ki te nwa nan mouton Laban yo, li mete yo apa. Se konsa, li te vin gen yon bann bèt apa ki pa t’ mele ak bèt Laban yo.
41 Lè bèt ki gra yo ap kwaze, Jakòb mete branch yo devan je yo kote y’ap bwè a. Konsa, yo kwaze devan branch yo.
42 Men, li pa mete branch yo lè se bèt mèg yo k’ap kwaze. Se konsa, bèt mèg yo vin pou Laban, epi bèt gra yo vin pou Jakòb.
43 Jakòb vin rich anpil, Li te gen anpil bèt. Kanta pou sèvant, domestik, chamo ak bourik, li pa t’ manke sa. 
Kreyol / Français / English

Genèse 30

1 Lorsque Rachel vit qu’elle ne donnait point d’enfants à Jacob, elle porta envie à sa soeur, et elle dit à Jacob: Donne-moi des enfants, ou je meurs!
La colère de Jacob s’enflamma contre Rachel, et il dit: Suis-je à la place de Dieu, qui t’empêche d’être féconde?
Elle dit: Voici ma servante Bilha; va vers elle; qu’elle enfante sur mes genoux, et que par elle j’aie aussi des fils.
Et elle lui donna pour femme Bilha, sa servante; et Jacob alla vers elle.
Bilha devint enceinte, et enfanta un fils à Jacob.
Rachel dit: Dieu m’a rendu justice, il a entendu ma voix, et il m’a donné un fils. C’est pourquoi elle l’appela du nom de Dan.
Bilha, servante de Rachel, devint encore enceinte, et enfanta un second fils à Jacob.
Rachel dit: J’ai lutté divinement contre ma soeur, et j’ai vaincu. Et elle l’appela du nom de Nephthali.
Léa voyant qu’elle avait cessé d’enfanter, prit Zilpa, sa servante, et la donna pour femme à Jacob.
10 Zilpa, servante de Léa, enfanta un fils à Jacob.
11 Léa dit: Quel bonheur! Et elle l’appela du nom de Gad.
12 Zilpa, servante de Léa, enfanta un second fils à Jacob.
13 Léa dit: Que je suis heureuse! car les filles me diront heureuse. Et elle l’appela du nom d’Aser.
14 Ruben sortit au temps de la moisson des blés, et trouva des mandragores dans les champs. Il les apporta à Léa, sa mère. Alors Rachel dit à Léa: Donne moi, je te prie, des mandragores de ton fils.
15 Elle lui répondit: Est-ce peu que tu aies pris mon mari, pour que tu prennes aussi les mandragores de mon fils? Et Rachel dit: Eh bien! il couchera avec toi cette nuit pour les mandragores de ton fils.
16 Le soir, comme Jacob revenait des champs, Léa sortit à sa rencontre, et dit: C’est vers moi que tu viendras, car je t’ai acheté pour les mandragores de mon fils. Et il coucha avec elle cette nuit.
17 Dieu exauça Léa, qui devint enceinte, et enfanta un cinquième fils à Jacob.
18 Léa dit: Dieu m’a donné mon salaire parce que j’ai donné ma servante à mon mari. Et elle l’appela du nom d’Issacar.
19 Léa devint encore enceinte, et enfanta un sixième fils à Jacob.
20 Léa dit: Dieu m’a fait un beau don; cette fois, mon mari habitera avec moi, car je lui ai enfanté six fils. Et elle l’appela du nom de Zabulon.
21 Ensuite, elle enfanta une fille, qu’elle appela du nom de Dina.
22 Dieu se souvint de Rachel, il l’exauça, et il la rendit féconde.
23 Elle devint enceinte, et enfanta un fils, et elle dit: Dieu a enlevé mon opprobre.
24 Et elle lui donna le nom de Joseph, en disant: Que l’Éternel m’ajoute un autre fils!
25 Lorsque Rachel eut enfanté Joseph, Jacob dit à Laban: Laisse-moi partir, pour que je m’en aille chez moi, dans mon pays.
26 Donne-moi mes femmes et mes enfants, pour lesquels je t’ai servi, et je m’en irai; car tu sais quel service j’ai fait pour toi.
27 Laban lui dit: Puissé-je trouver grâce à tes yeux! Je vois bien que l’Éternel m’a béni à cause de toi;
28 fixe-moi ton salaire, et je te le donnerai.
29 Jacob lui dit: Tu sais comment je t’ai servi, et ce qu’est devenu ton troupeau avec moi;
30 car le peu que tu avais avant moi s’est beaucoup accru, et l’Éternel t’a béni sur mes pas. Maintenant, quand travaillerai-je aussi pour ma maison?
31 Laban dit: Que te donnerai-je? Et Jacob répondit: Tu ne me donneras rien. Si tu consens à ce que je vais te dire, je ferai paître encore ton troupeau, et je le garderai.
32 Je parcourrai aujourd’hui tout ton troupeau; mets à part parmi les brebis tout agneau tacheté et marqueté et tout agneau noir, et parmi les chèvres tout ce qui est marqueté et tacheté. Ce sera mon salaire.
33 Ma droiture répondra pour moi demain, quand tu viendras voir mon salaire; tout ce qui ne sera pas tacheté et marqueté parmi les chèvres, et noir parmi les agneaux, ce sera de ma part un vol.
34 Laban dit: Eh bien! qu’il en soit selon ta parole.
35 Ce même jour, il mit à part les boucs rayés et marquetés, toutes les chèvres tachetées et marquetées, toutes celles où il y avait du blanc, et tout ce qui était noir parmi les brebis. Il les remit entre les mains de ses fils.
36 Puis il mit l’espace de trois journées de chemin entre lui et Jacob; et Jacob fit paître le reste du troupeau de Laban.
37 Jacob prit des branches vertes de peuplier, d’amandier et de platane; il y pela des bandes blanches, mettant à nu le blanc qui était sur les branches.
38 Puis il plaça les branches, qu’il avait pelées, dans les auges, dans les abreuvoirs, sous les yeux des brebis qui venaient boire, pour qu’elles entrassent en chaleur en venant boire.
39 Les brebis entraient en chaleur près des branches, et elles faisaient des petits rayés, tachetés et marquetés.
40 Jacob séparait les agneaux, et il mettait ensemble ce qui était rayé et tout ce qui était noir dans le troupeau de Laban. Il se fit ainsi des troupeaux à part, qu’il ne réunit point au troupeau de Laban.
41 Toutes les fois que les brebis vigoureuses entraient en chaleur, Jacob plaçait les branches dans les auges, sous les yeux des brebis, pour qu’elles entrassent en chaleur près des branches.
42 Quand les brebis étaient chétives, il ne les plaçait point; de sorte que les chétives étaient pour Laban, et les vigoureuses pour Jacob.
43 Cet homme devint de plus en plus riche; il eut du menu bétail en abondance, des servantes et des serviteurs, des chameaux et des ânes.
Kreyol / Français / English

Genesis 30

1 And when Rachel saw that she bare Jacob no children, Rachel envied her sister; and said unto Jacob, Give me children, or else I die.
And Jacob’s anger was kindled against Rachel: and he said, Am I in God’s stead, who hath withheld from thee the fruit of the womb?
And she said, Behold my maid Bilhah, go in unto her; and she shall bear upon my knees, that I may also have children by her.
And she gave him Bilhah her handmaid to wife: and Jacob went in unto her.
And Bilhah conceived, and bare Jacob a son.
And Rachel said, God hath judged me, and hath also heard my voice, and hath given me a son: therefore called she his name Dan.
And Bilhah Rachel’s maid conceived again, and bare Jacob a second son.
And Rachel said, With great wrestlings have I wrestled with my sister, and I have prevailed: and she called his name Naphtali.
When Leah saw that she had left bearing, she took Zilpah her maid, and gave her Jacob to wife.
10 And Zilpah Leah’s maid bare Jacob a son.
11 And Leah said, A troop cometh: and she called his name Gad.
12 And Zilpah Leah’s maid bare Jacob a second son.
13 And Leah said, Happy am I, for the daughters will call me blessed: and she called his name Asher.
14 And Reuben went in the days of wheat harvest, and found mandrakes in the field, and brought them unto his mother Leah. Then Rachel said to Leah, Give me, I pray thee, of thy son’s mandrakes.
15 And she said unto her, Is it a small matter that thou hast taken my husband? and wouldest thou take away my son’s mandrakes also? And Rachel said, Therefore he shall lie with thee to night for thy son’s mandrakes.
16 And Jacob came out of the field in the evening, and Leah went out to meet him, and said, Thou must come in unto me; for surely I have hired thee with my son’s mandrakes. And he lay with her that night.
17 And God hearkened unto Leah, and she conceived, and bare Jacob the fifth son.
18 And Leah said, God hath given me my hire, because I have given my maiden to my husband: and she called his name Issachar.
19 And Leah conceived again, and bare Jacob the sixth son.
20 And Leah said, God hath endued me with a good dowry; now will my husband dwell with me, because I have born him six sons: and she called his name Zebulun.
21 And afterwards she bare a daughter, and called her name Dinah.
22 And God remembered Rachel, and God hearkened to her, and opened her womb.
23 And she conceived, and bare a son; and said, God hath taken away my reproach:
24 And she called his name Joseph; and said, The Lord shall add to me another son.
25 And it came to pass, when Rachel had born Joseph, that Jacob said unto Laban, Send me away, that I may go unto mine own place, and to my country.
26 Give me my wives and my children, for whom I have served thee, and let me go: for thou knowest my service which I have done thee.
27 And Laban said unto him, I pray thee, if I have found favour in thine eyes, tarry: for I have learned by experience that the Lord hath blessed me for thy sake.
28 And he said, Appoint me thy wages, and I will give it.
29 And he said unto him, Thou knowest how I have served thee, and how thy cattle was with me.
30 For it was little which thou hadst before I came, and it is now increased unto a multitude; and the Lord hath blessed thee since my coming: and now when shall I provide for mine own house also?
31 And he said, What shall I give thee? And Jacob said, Thou shalt not give me any thing: if thou wilt do this thing for me, I will again feed and keep thy flock.
32 I will pass through all thy flock to day, removing from thence all the speckled and spotted cattle, and all the brown cattle among the sheep, and the spotted and speckled among the goats: and of such shall be my hire.
33 So shall my righteousness answer for me in time to come, when it shall come for my hire before thy face: every one that is not speckled and spotted among the goats, and brown among the sheep, that shall be counted stolen with me.
34 And Laban said, Behold, I would it might be according to thy word.
35 And he removed that day the he goats that were ringstraked and spotted, and all the she goats that were speckled and spotted, and every one that had some white in it, and all the brown among the sheep, and gave them into the hand of his sons.
36 And he set three days’ journey betwixt himself and Jacob: and Jacob fed the rest of Laban’s flocks.
37 And Jacob took him rods of green poplar, and of the hazel and chesnut tree; and pilled white strakes in them, and made the white appear which was in the rods.
38 And he set the rods which he had pilled before the flocks in the gutters in the watering troughs when the flocks came to drink, that they should conceive when they came to drink.
39 And the flocks conceived before the rods, and brought forth cattle ringstraked, speckled, and spotted.
40 And Jacob did separate the lambs, and set the faces of the flocks toward the ringstraked, and all the brown in the flock of Laban; and he put his own flocks by themselves, and put them not unto Laban’s cattle.
41 And it came to pass, whensoever the stronger cattle did conceive, that Jacob laid the rods before the eyes of the cattle in the gutters, that they might conceive among the rods.
42 But when the cattle were feeble, he put them not in: so the feebler were Laban’s, and the stronger Jacob’s.
43 And the man increased exceedingly, and had much cattle, and maidservants, and menservants, and camels, and asses.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}