Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 81   

1 Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y’ap kraze rezen. Se yon sòm Asaf. Chante ak kè kontan pou Bondye ki tout defans nou! Fè fèt pou Bondye Jakòb la!
 Konmanse chante a. Bat tanbouren yo! Jwe bèl mizik sou gita ak bandjo yo.
 Kònen twonpèt pou anonse fèt la, lè lalin lan nouvèl, ak lè li plenn!
 Se yon lwa nan peyi Izrayèl, se yon lòd Bondye Jakòb la bay!
 Bondye te fè sa tounen yon lwa pou pitit pitit Jozèf yo lè li te fè yo soti nan peyi Lejip la. Mwen tande yon vwa mwen pa rekonèt ki di m’ konsa:
6  Se mwen ki te wete gwo chay lou ki te sou zepòl nou an. Se mwen ki te fè nou mete panyen yo atè.
 Lè nou te anba tray, nou te rele m’, mwen te delivre nou. Mwen reponn nou nan loraj kote m’ te kache a. Mwen te vle wè sou ki pye nou ye avè m’, lè nou te bò sous dlo Meriba a.
  Koute m’ non lè m’ap avèti nou, pèp mwen! Pèp Izrayèl, poukisa nou pa vle koute m’!
 Piga nou janm sèvi lòt bondye, piga nou janm adore bondye lòt nasyon yo!
10  Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou kite peyi Lejip la. Louvri bouch nou, m’a plen l’ ak pawòl mwen!
11  Men, pèp mwen an pa koute m’. Pèp Izrayèl la pa obeyi m’.
12  Lè m’ wè sa, mwen kite yo swiv lide yo te gen nan tèt yo, mwen kite yo fè tou sa yo te vle fè.
13  Ayayay! Si pèp mwen an te vle koute m’. Si pèp Izrayèl la te vle obeyi mwen!
14  Anvan yo ta bat je yo, mwen ta fè lènmi yo wont, mwen ta kraze tout lènmi yo.
15  Moun ki rayi Seyè a ta vin flate yo. Pèp Izrayèl la t’ap alèz pou tout tan.
16  Mwen ta ba yo pi bon kalite manje pou yo manje. Mwen ta plen vant yo ak bon siwo myèl ki soti nan twou wòch!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 81

1 Au chef des chantres. Sur la guitthith. D’Asaph. Chantez avec allégresse à Dieu, notre force! Poussez des cris de joie vers le Dieu de Jacob!
 Entonnez des cantiques, faites résonner le tambourin, La harpe mélodieuse et le luth!
 Sonnez de la trompette à la nouvelle lune, A la pleine lune, au jour de notre fête!
 Car c’est une loi pour Israël, Une ordonnance du Dieu de Jacob.
 Il en fit un statut pour Joseph, Quand il marcha contre le pays d’Égypte… J’entends une voix qui m’est inconnue:
 J’ai déchargé son épaule du fardeau, Et ses mains ont lâché la corbeille.
 Tu as crié dans la détresse, et je t’ai délivré; Je t’ai répondu dans la retraite du tonnerre; Je t’ai éprouvé près des eaux de Meriba. Pause.
 Écoute, mon peuple! et je t’avertirai; Israël, puisses-tu m’écouter!
 Qu’il n’y ait au milieu de toi point de dieu étranger! Ne te prosterne pas devant des dieux étrangers!
10  Je suis l’Éternel, ton Dieu, qui t’ai fait monter du pays d’Égypte; Ouvre ta bouche, et je la remplirai.
11  Mais mon peuple n’a point écouté ma voix, Israël ne m’a point obéi.
12  Alors je les ai livrés aux penchants de leur coeur, Et ils ont suivi leurs propres conseils.
13  Oh! si mon peuple m’écoutait, Si Israël marchait dans mes voies!
14  En un instant je confondrais leurs ennemis, Je tournerais ma main contre leurs adversaires;
15  Ceux qui haïssent l’Éternel le flatteraient, Et le bonheur d’Israël durerait toujours;
16  Je le nourrirais du meilleur froment, Et je le rassasierais du miel du rocher.
Louis Segond {LSG}

Psalm 81 

1 Sing aloud unto God our strength: make a joyful noise unto the God of Jacob.
Take a psalm, and bring hither the timbrel, the pleasant harp with the psaltery.
Blow up the trumpet in the new moon, in the time appointed, on our solemn feast day.
For this was a statute for Israel, and a law of the God of Jacob.
This he ordained in Joseph for a testimony, when he went out through the land of Egypt: where I heard a language that I understood not.
I removed his shoulder from the burden: his hands were delivered from the pots.
Thou calledst in trouble, and I delivered thee; I answered thee in the secret place of thunder: I proved thee at the waters of Meribah. Selah.
Hear, O my people, and I will testify unto thee: O Israel, if thou wilt hearken unto me;
There shall no strange god be in thee; neither shalt thou worship any strange god.
10 I am the Lord thy God, which brought thee out of the land of Egypt: open thy mouth wide, and I will fill it.
11 But my people would not hearken to my voice; and Israel would none of me.
12 So I gave them up unto their own hearts’ lust: and they walked in their own counsels.
13 Oh that my people had hearkened unto me, and Israel had walked in my ways!
14 I should soon have subdued their enemies, and turned my hand against their adversaries.
15 The haters of the Lord should have submitted themselves unto him: but their time should have endured for ever.
16 He should have fed them also with the finest of the wheat: and with honey out of the rock should I have satisfied thee.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}