Liv 3 Jan / 3 Jean / 3 John

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

3 Jan 1        

1 Se mwen menm, chèf reskonsab nan legliz la, k’ap ekri lèt sa a pou Gayis, frè mwen renmen tout bon an.
Gayis monchè, mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou. Mwen swete ou an sante nan kò ou tankou ou an sante nan lespri ou.
 Mwen pa t’ manke kontan lè kèk frè rive bò isit la, yo di m’ jan ou rete fèm nan verite a, jan ou toujou ap viv dakò ak verite a.
Pa gen anyen ki pou fè m’ pi kontan pase lè m’ tande pitit mwen yo ap viv dakò ak verite a.
Zanmi mwen, tou sa w’ap fè pou frè yo, menm pou frè etranje yo tou, ou fè l’ byen.
Yo di devan tout legliz la jan ou gen renmen tout bon nan kè ou. Tanpri, toujou ede frè yo pou yo ka pousib vwayaj yo, jan Bondye vle l’ la.
Paske, se pou sèvis Kris la y’ap fè vwayaj sa a. Yo pa asepte okenn konkou nan men moun ki pa konn Bondye.
Se poutèt sa, moun konsa, nou menm patizan Kris yo, nou fèt pou soutni yo pou nou ka patisipe nan travay y’ap fè pou verite a.
 Mwen te ekri yon lèt tou kout voye bay legliz la. Men, Diyotrèf ki renmen pran pòz chèf li nan mitan yo a, refize koute sa m’ di a.
10 Se poutèt sa, lè m’a rive, m’ap devwale tou sa li fè ki mal, tout move pawòl ak manti l’ap bay sou mwen yo. Li pa kontante l’ fè sa sèlman. Li refize resevwa frè yo ki depasaj. Si gen moun ki ta vle resevwa yo, li enpoze yo fè l’, li menm chache mete yo deyò nan legliz la.
11 Zanmi mwen, pa fè tankou moun k’ap fè sa ki mal. Fè tankou moun k’ap fè sa ki byen. Moun k’ap fè sa ki byen, se moun Bondye yo ye. Moun k’ap fè sa ki mal pa t’ janm wè Bondye.
12  Tout frè yo pale byen pou Demetriyis. Menm laverite a pale byen pou msye. Nou menm tou, n’ap pale byen pou li, epitou ou konnen sa nou di se verite.
13 Mwen gen anpil bagay pou m’ ta di ou. Men, mwen pa vle ekri yo ak plim ak lank.
14 (14-15) Mwen swete m’a ka vin wè ou talè konsa, pou nou ka koze fasafas. Mwen mande pou Bondye ba ou kè poze. Tout zanmi ou yo voye bonjou pou ou. Di chak zanmi m’ yo yon bonjou apa pou mwen.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

3 Jean 1                        

 1 L’ancien, à Gaïus, le bien aimé, que j’aime dans la vérité.
Bien-aimé, je souhaite que tu prospères à tous égards et sois en bonne santé, comme prospère l’état de ton âme.
J’ai été fort réjoui, lorsque des frères sont arrivés et ont rendu témoignage de la vérité qui est en toi, de la manière dont tu marches dans la vérité.
Je n’ai pas de plus grande joie que d’apprendre que mes enfants marchent dans la vérité.
Bien-aimé, tu agis fidèlement dans ce que tu fais pour les frères, et même pour des frères étrangers,
lesquels ont rendu témoignage de ta charité, en présence de l’Église. Tu feras bien de pourvoir à leur voyage d’une manière digne de Dieu.
Car c’est pour le nom de Jésus Christ qu’ils sont partis, sans rien recevoir des païens.
Nous devons donc accueillir de tels hommes, afin d’être ouvriers avec eux pour la vérité.
J’ai écrit quelques mots à l’Église; mais Diotrèphe, qui aime à être le premier parmi eux, ne nous reçoit point.
10 C’est pourquoi, si je vais vous voir, je rappellerai les actes qu’il commet, en tenant contre nous de méchants propos; non content de cela, il ne reçoit pas les frères, et ceux qui voudraient le faire, il les en empêche et les chasse de l’Église.
11 Bien-aimé, n’imite pas le mal, mais le bien. Celui qui fait le bien est de Dieu; celui qui fait le mal n’a point vu Dieu.
12 Tous, et la vérité elle-même, rendent un bon témoignage à Démétrius; nous aussi, nous lui rendons témoignage, et tu sais que notre témoignage est vrai.
13 J’aurais beaucoup de choses à t’écrire, mais je ne veux pas le faire avec l’encre et la plume.
14 J’espère te voir bientôt, et nous parlerons de bouche à bouche. (1:15) Que la paix soit avec toi! Les amis te saluent. Salue les amis, chacun en particulier.

Louis Segond {LSG}

3 John              

1 The elder unto the wellbeloved Gaius, whom I love in the truth.
Beloved, I wish above all things that thou mayest prosper and be in health, even as thy soul prospereth.
For I rejoiced greatly, when the brethren came and testified of the truth that is in thee, even as thou walkest in the truth.
I have no greater joy than to hear that my children walk in truth.
Beloved, thou doest faithfully whatsoever thou doest to the brethren, and to strangers;
Which have borne witness of thy charity before the church: whom if thou bring forward on their journey after a godly sort, thou shalt do well:
Because that for his name’s sake they went forth, taking nothing of the Gentiles.
We therefore ought to receive such, that we might be fellowhelpers to the truth.
I wrote unto the church: but Diotrephes, who loveth to have the preeminence among them, receiveth us not.
10 Wherefore, if I come, I will remember his deeds which he doeth, prating against us with malicious words: and not content therewith, neither doth he himself receive the brethren, and forbiddeth them that would, and casteth them out of the church.
11 Beloved, follow not that which is evil, but that which is good. He that doeth good is of God: but he that doeth evil hath not seen God.
12 Demetrius hath good report of all men, and of the truth itself: yea, and we also bear record; and ye know that our record is true.
13 I had many things to write, but I will not with ink and pen write unto thee:
14 But I trust I shall shortly see thee, and we shall speak face to face. Peace be to thee. Our friends salute thee. Greet the friends by name.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}