Liv SÒM

SÒM  1  |  3  10  11  12  13  14  15  16  17  18  19  20  21  22  23  24 25  26  27  28  |   29  |  30   |  31  32  33 34  35  36  37  38  39  |  40  41  42  43  44  45 46  47  48  |  49  50  |  51 52  53  54  55  56  57  58  |  59 60  61  62  63  64 65  66  |  67  68  69  70 71  72  73  74  75  76  77  78  79  80  81  82  83 84  85  86  |  87  88  89 90  91  |  92  93  94  95 96  97  98  99   |  100  101 102  |  103  |  104  |  105  |  106  |  107  |  108  |  109  |  110  |  111  |  112 113 114  |  115  |  116 117  118  |  119  |  120  |  121  |  122 123  |  124  |  125  |  126  |  127  |  128 129  |  130  |  131  |  132  |  133  |  134  |  135  |  136  |  137  |  138  |  139  |  140  |  141  |  142  |  143  |  144  |  145  |  146  |  147  |  148 149  |  150  |   

Sòm 149      Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}  

© 2020 Audio Track Brother Willy.                          

1 Lwanj pou Seyè a! Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k’ap sèvi l’ yo lè yo reyini!
Se pou pèp Izrayèl la fè kè l’ kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo.
Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li!
Seyè a pran plezi l’ nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.
Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la.
 Se pou yo rele byen fò lè y’ap fè lwanj Bondye, avèk nepe nan men yo,
pou tire revanj sou nasyon yo, pou pini pèp yo,
pou yo mete wa yo nan chenn, pou mete grannèg yo nan sèp an fè,
pou ba yo chatiman ki te ekri a. Se va yon bèl bagay pou tout moun k’ap sèvi Bondye. Lwanj pou Seyè a!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}