Liv Matye / Mathieu / Matthew

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Matye 4           

Apre sa, Lespri Bondye pouse Jezi ale nan dezè a pou Satan te ka tante l’.
Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou.
Lè sa a, Satan pwoche bò kote l’ pou sonde l’. Li di l’ konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa yo lòd pou yo tounen pen.
Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Bondye tou.
Apre sa, grandyab la mennen l’ lavil Jerizalèm. Li mete l’ kanpe sou pwent fetay tanp lan.
Li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, lage kò ou anba. Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. y’a pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.
Jezi reponn li: Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou.
Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li moutre l’ tout peyi ki sou latè ansanm ak tout riches yo.
Li di l’ konsa: M’ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m’ pou ou adore m’.
10 Jezi reponn li: Wete kò ou sou mwen, Satan. Paske, men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore, se li menm sèl pou ou sèvi.
11 Fwa sa a, grandyab la kite l’. Latou, kèk zanj Bondye pwoche bò kote Jezi, yo sèvi l’.
12  Lè Jezi tande yo te mete Jan Batis nan prizon, li wete kò l’, li ale nan peyi Galile.
13 Li kite lavil Nazarèt, li ale rete nan yon vil yo rele Kapènawòm, ki te toupre lanmè Galile a, sou tè moun Zabilon ak moun Neftali yo.
14 Konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre:
15 Peyi Zabilon ak peyi Neftali ki sou wout pou ale bò lanmè a, peyi ki lòt bò larivyè Jouden an, peyi Galile kote moun lòt nasyon yo ap viv la,
16 pèp ki t’ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè. Limyè a klere pou moun ki t’ap viv nan peyi ki anba lonbraj lanmò a.
17 Depi lè sa a, Jezi kòmanse ap mache bay mesaj li a. Li t’ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li.
18  Antan Jezi t’ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t’ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye.
19 Jezi di yo konsa: vin jwenn mwen, m’a fè nou tounen pechè moun pito.
20 Lamenm, yo kite privye yo, y’ ale avèk li.
21 Jezi vanse pi lwen, li wè de lòt frè, Jak avèk Jan, pitit Zebede yo. Yo te chita nan kannòt yo ansanm ak papa yo, yo t’ap repare privye yo. Jezi rele yo.
22 Lamenm, yo kite kannòt la ansanm ak papa yo, y’ ale avèk li.
23  Jezi t’ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t’ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t’ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t’ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.
24 Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t’ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout.
25 Yon bann moun t’ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Dis Vil yo, moun lavil Jerizalèm, moun Jide ak moun nan peyi lòt bò larivyè Jouden an.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Mathieu 4          

1 Alors Jésus fut emmené par l’Esprit dans le désert, pour être tenté par le diable.
Après avoir jeûné quarante jours et quarante nuits, il eut faim.
Le tentateur, s’étant approché, lui dit: Si tu es Fils de Dieu, ordonne que ces pierres deviennent des pains.
Jésus répondit: Il est écrit: L’homme ne vivra pas de pain seulement, mais de toute parole qui sort de la bouche de Dieu.
Le diable le transporta dans la ville sainte, le plaça sur le haut du temple,
et lui dit: Si tu es Fils de Dieu, jette-toi en bas; car il est écrit: Il donnera des ordres à ses anges à ton sujet; Et ils te porteront sur les mains, De peur que ton pied ne heurte contre une pierre.
Jésus lui dit: Il est aussi écrit: Tu ne tenteras point le Seigneur, ton Dieu.
Le diable le transporta encore sur une montagne très élevée, lui montra tous les royaumes du monde et leur gloire,
et lui dit: Je te donnerai toutes ces choses, si tu te prosternes et m’adores.
10 Jésus lui dit: Retire-toi, Satan! Car il est écrit: Tu adoreras le Seigneur, ton Dieu, et tu le serviras lui seul.
11 Alors le diable le laissa. Et voici, des anges vinrent auprès de Jésus, et le servaient.
12 Jésus, ayant appris que Jean avait été livré, se retira dans la Galilée.
13 Il quitta Nazareth, et vint demeurer à Capernaüm, située près de la mer, dans le territoire de Zabulon et de Nephthali,
14 afin que s’accomplît ce qui avait été annoncé par Ésaïe, le prophète:
15 Le peuple de Zabulon et de Nephthali, De la contrée voisine de la mer, du pays au delà du Jourdain, Et de la Galilée des Gentils,
16 Ce peuple, assis dans les ténèbres, A vu une grande lumière; Et sur ceux qui étaient assis dans la région et l’ombre de la mort La lumière s’est levée.
17 Dès ce moment Jésus commença à prêcher, et à dire: Repentez-vous, car le royaume des cieux est proche.
18 Comme il marchait le long de la mer de Galilée, il vit deux frères, Simon, appelé Pierre, et André, son frère, qui jetaient un filet dans la mer; car ils étaient pêcheurs.
19 Il leur dit: Suivez-moi, et je vous ferai pêcheurs d’hommes.
20 Aussitôt, ils laissèrent les filets, et le suivirent.
21 De là étant allé plus loin, il vit deux autres frères, Jacques, fils de Zébédée, et Jean, son frère, qui étaient dans une barque avec Zébédée, leur père, et qui réparaient leurs filets.
22 Il les appela, et aussitôt ils laissèrent la barque et leur père, et le suivirent.
23 Jésus parcourait toute la Galilée, enseignant dans les synagogues, prêchant la bonne nouvelle du royaume, et guérissant toute maladie et toute infirmité parmi le peuple.
24 Sa renommée se répandit dans toute la Syrie, et on lui amenait tous ceux qui souffraient de maladies et de douleurs de divers genres, des démoniaques, des lunatiques, des paralytiques; et il les guérissait.
25 Une grande foule le suivit, de la Galilée, de la Décapole, de Jérusalem, de la Judée, et d’au delà du Jourdain.

Louis Segond {LSG}

Matthew 4   

1 Then was Jesus led up of the Spirit into the wilderness to be tempted of the devil.
And when he had fasted forty days and forty nights, he was afterward an hungred.
And when the tempter came to him, he said, If thou be the Son of God, command that these stones be made bread.
But he answered and said, It is written, Man shall not live by bread alone, but by every word that proceedeth out of the mouth of God.
Then the devil taketh him up into the holy city, and setteth him on a pinnacle of the temple,
And saith unto him, If thou be the Son of God, cast thyself down: for it is written, He shall give his angels charge concerning thee: and in their hands they shall bear thee up, lest at any time thou dash thy foot against a stone.
Jesus said unto him, It is written again, Thou shalt not tempt the Lord thy God.
Again, the devil taketh him up into an exceeding high mountain, and sheweth him all the kingdoms of the world, and the glory of them;
And saith unto him, All these things will I give thee, if thou wilt fall down and worship me.
10 Then saith Jesus unto him, Get thee hence, Satan: for it is written, Thou shalt worship the Lord thy God, and him only shalt thou serve.
11 Then the devil leaveth him, and, behold, angels came and ministered unto him.
12 Now when Jesus had heard that John was cast into prison, he departed into Galilee;
13 And leaving Nazareth, he came and dwelt in Capernaum, which is upon the sea coast, in the borders of Zabulon and Nephthalim:
14 That it might be fulfilled which was spoken by Esaias the prophet, saying,
15 The land of Zabulon, and the land of Nephthalim, by the way of the sea, beyond Jordan, Galilee of the Gentiles;
16 The people which sat in darkness saw great light; and to them which sat in the region and shadow of death light is sprung up.
17 From that time Jesus began to preach, and to say, Repent: for the kingdom of heaven is at hand.
18 And Jesus, walking by the sea of Galilee, saw two brethren, Simon called Peter, and Andrew his brother, casting a net into the sea: for they were fishers.
19 And he saith unto them, Follow me, and I will make you fishers of men.
20 And they straightway left their nets, and followed him.
21 And going on from thence, he saw other two brethren, James the son of Zebedee, and John his brother, in a ship with Zebedee their father, mending their nets; and he called them.
22 And they immediately left the ship and their father, and followed him.
23 And Jesus went about all Galilee, teaching in their synagogues, and preaching the gospel of the kingdom, and healing all manner of sickness and all manner of disease among the people.
24 And his fame went throughout all Syria: and they brought unto him all sick people that were taken with divers diseases and torments, and those which were possessed with devils, and those which were lunatick, and those that had the palsy; and he healed them.
25 And there followed him great multitudes of people from Galilee, and from Decapolis, and from Jerusalem, and from Judaea, and from beyond Jordan.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}