Liv Galat / Galates / Galatians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Galat 1                  

Mwen menm Pòl, se pa moun ki te chwazi m’, ni Bondye pa t’ voye yon moun chwazi m’, men se Jezikri menm ki te chwazi m’ pou sèvi apòt, ansanm ak Bondye Papa a ki te fè l’ leve soti vivan nan lanmò.
Tout frè ki isit la yo mete tèt ansanm avè m’ pou ekri lèt sa a pou tout legliz ki nan peyi Galasi yo.
Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.
Dapre volonte Bondye, Papa nou, Kris la te bay tèt li pou peche nou yo, pou l’ te ka delivre nou anba move tan mechan ki sou latè koulye a.
Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.
 Mwen sezi wè jan nou prese vire do bay Bondye ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n’ al swiv yon lòt kalite bon nouvèl.
Pou di vre, pa gen okenn lòt bon nouvèl. Men, mwen di sa paske gen moun k’ap plede chaje tèt nou, ki vle chanje anpil bagay nan bon nouvèl Kris la.
Enben, si yon moun ta vin anonse nou yon lòt bon nouvèl ki pa menm ak sa nou te anonse nou an, moun sa a li te mèt se mwen menm, osinon yon zanj ki soti nan syèl, madichon pou li!
Mwen deja di nou sa, koulye a m’ap repete nou sa ankò: si yon moun vin anonse nou yon bon nouvèl ki pa menm ak sa nou te resevwa a, madichon pou li!
10  Lè mwen di sa, èske sa vle di se favè moun m’ap chache? Non. Se favè Bondye m’ap chache. Eske se plezi m’ap chache fè lèzòm plezi? Si m’ t’ap chache fè lèzòm plezi, se pa Kris la mwen ta ap sèvi.
11 M’ap di nou sa, frè m’ yo, bon nouvèl m’ap anonse a pa soti nan moun.
12 Paske mwen menm, mwen pa t’ resevwa l’ nan men pesonn, ni se pa yon moun ki te moutre m’ li. Men, se Jezikri menm ki te fè m’ konnen li.
13 Nou tande pale sa m’ te konn fè nan tan lontan, lè m’ te nan relijyon jwif yo. Nou konnen jan m’ te san pitye lè m’ t’ap pèsekite legliz Bondye a, jan m’ t’ap chache kraze li.
14 Nan relijyon jwif yo mwen te pi fò pase anpil moun nan ras mwen ki te menm laj avè mwen. Mwen te pi cho pase yo pou defann koutim zansèt nou yo.
15 Men, Bondye fè m’ favè l’, li mete m’ apa depi nan vant manman m’, li rele m’ pou m’ te ka sèvi li.
16 Konsa, lè se te lide l’ pou l’ te fè m’ konnen Pitit li a, pou m’ te ka anonse bon nouvèl li a nan mitan moun ki pa jwif yo, wi, lè sa a, mwen pa t’ al mande pesonn konsèy.
17 Mwen pa t’ moute Jerizalèm non plis pou m’ al wè moun ki te apòt anvan m’ yo. Men, mwen te pati la menm pou peyi Arabi. Apre sa, mwen tounen tounen m’ lavil Damas.
18 Sou twazan, mwen moute lavil Jerizalèm pou m’ te fè konesans ak Pyè. Mwen rete kenz jou lakay li.
19 Lè sa a, mwen pa t’ wè okenn nan lòt apòt yo, esepte Jak, frè Seyè a.
20 Sa m’ap ekri nou la a, se vre wi. Mwen pran Bondye pou temwen, mwen p’ap bay manti.
21 Apre sa, mwen te ale nan peyi Siri ak Silisi.
22 Pandan tout tan sa a, manm legliz Kris la ki te nan peyi Jide a pa t’ ankò rekonèt mwen.
23 Yo te sèlman konn tande moun ap di yo: Nonm ki t’ap pesekite nou nan tan lontan an, koulye a men l’ap mache anonse bon nouvèl li te vle kraze a.
24 Yo t’ap fè lwanj Bondye pou tèt mwen.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Galates 1                 

1 Paul, apôtre, non de la part des hommes, ni par un homme, mais par Jésus Christ et Dieu le Père, qui l’a ressuscité des morts,
et tous les frères qui sont avec moi, aux Églises de la Galatie:
que la grâce et la paix vous soient données de la part de Dieu le Père et de notre Seigneur Jésus Christ,
qui s’est donné lui-même pour nos péchés, afin de nous arracher du présent siècle mauvais, selon la volonté de notre Dieu et Père,
à qui soit la gloire aux siècles des siècles! Amen!
Je m’étonne que vous vous détourniez si promptement de celui qui vous a appelés par la grâce de Christ, pour passer à un autre Évangile.
Non pas qu’il y ait un autre Évangile, mais il y a des gens qui vous troublent, et qui veulent renverser l’Évangile de Christ.
Mais, quand nous-mêmes, quand un ange du ciel annoncerait un autre Évangile que celui que nous vous avons prêché, qu’il soit anathème!
Nous l’avons dit précédemment, et je le répète à cette heure: si quelqu’un vous annonce un autre Évangile que celui que vous avez reçu, qu’il soit anathème!
10 Et maintenant, est-ce la faveur des hommes que je désire, ou celle de Dieu? Est-ce que je cherche à plaire aux hommes? Si je plaisais encore aux hommes, je ne serais pas serviteur de Christ.
11 Je vous déclare, frères, que l’Évangile qui a été annoncé par moi n’est pas de l’homme;
12 car je ne l’ai ni reçu ni appris d’un homme, mais par une révélation de Jésus Christ.
13 Vous avez su, en effet, quelle était autrefois ma conduite dans le judaïsme, comment je persécutais à outrance et ravageais l’Église de Dieu,
14 et comment j’étais plus avancé dans le judaïsme que beaucoup de ceux de mon âge et de ma nation, étant animé d’un zèle excessif pour les traditions de mes pères.
15 Mais, lorsqu’il plut à celui qui m’avait mis à part dès le sein de ma mère, et qui m’a appelé par sa grâce,
16 de révéler en moi son Fils, afin que je l’annonçasse parmi les païens, aussitôt, je ne consultai ni la chair ni le sang,
17 et je ne montai point à Jérusalem vers ceux qui furent apôtres avant moi, mais je partis pour l’Arabie. Puis je revins encore à Damas.
18 Trois ans plus tard, je montai à Jérusalem pour faire la connaissance de Céphas, et je demeurai quinze jours chez lui.
19 Mais je ne vis aucun autre des apôtres, si ce n’est Jacques, le frère du Seigneur.
20 Dans ce que je vous écris, voici, devant Dieu, je ne mens point.
21 J’allai ensuite dans les contrées de la Syrie et de la Cilicie.
22 Or, j’étais inconnu de visage aux Églises de Judée qui sont en Christ;
23 seulement, elles avaient entendu dire: Celui qui autrefois nous persécutait annonce maintenant la foi qu’il s’efforçait alors de détruire.
24 Et elles glorifiaient Dieu à mon sujet.

Louis Segond {LSG}

Galatians 1         

1 Paul, an apostle, (not of men, neither by man, but by Jesus Christ, and God the Father, who raised him from the dead;)
And all the brethren which are with me, unto the churches of Galatia:
Grace be to you and peace from God the Father, and from our Lord Jesus Christ,
Who gave himself for our sins, that he might deliver us from this present evil world, according to the will of God and our Father:
To whom be glory for ever and ever. Amen.
I marvel that ye are so soon removed from him that called you into the grace of Christ unto another gospel:
Which is not another; but there be some that trouble you, and would pervert the gospel of Christ.
But though we, or an angel from heaven, preach any other gospel unto you than that which we have preached unto you, let him be accursed.
As we said before, so say I now again, if any man preach any other gospel unto you than that ye have received, let him be accursed.
10 For do I now persuade men, or God? or do I seek to please men? for if I yet pleased men, I should not be the servant of Christ.
11 But I certify you, brethren, that the gospel which was preached of me is not after man.
12 For I neither received it of man, neither was I taught it, but by the revelation of Jesus Christ.
13 For ye have heard of my conversation in time past in the Jews’ religion, how that beyond measure I persecuted the church of God, and wasted it:
14 And profited in the Jews’ religion above many my equals in mine own nation, being more exceedingly zealous of the traditions of my fathers.
15 But when it pleased God, who separated me from my mother’s womb, and called me by his grace,
16 To reveal his Son in me, that I might preach him among the heathen; immediately I conferred not with flesh and blood:
17 Neither went I up to Jerusalem to them which were apostles before me; but I went into Arabia, and returned again unto Damascus.
18 Then after three years I went up to Jerusalem to see Peter, and abode with him fifteen days.
19 But other of the apostles saw I none, save James the Lord’s brother.
20 Now the things which I write unto you, behold, before God, I lie not.
21 Afterwards I came into the regions of Syria and Cilicia;
22 And was unknown by face unto the churches of Judaea which were in Christ:
23 But they had heard only, That he which persecuted us in times past now preacheth the faith which once he destroyed.
24 And they glorified God in me.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}