Liv Oze / Osée / Hosea

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Oze 14     

1 Tounen vin jwenn Bondye nou non, nou menm pitit Izrayèl yo! Se peche nou yo ki te fè nou tonbe.
Tounen vin jwenn Seyè a! Men sa pou nou di li: Padonnen tout peche nou yo. Asepte sa n’ap mande ou la a. Nou p’ap ofri ou towo bèf ankò, n’ap fè lwanj ou pito.
Moun Lasiri yo p’ap janm ka sove nou. Nou p’ap mete konfyans nou ankò nan chwal pou fè lagè. Nou p’ap janm gade zidòl nou fè ak men nou pou nou di yo se yo ki bondye nou. Nou rekonèt, Seyè, se ou menm ki gen pitye pou timoun ki san papa.
 Seyè a di ankò: -M’ap rale pèp la tounen vin jwenn mwen ankò. M’ap renmen yo ak tout kè m’. Mwen p’ap ankòlè sou yo ankò.
M’ap tankou lawouze pou moun Izrayèl yo. Yo pral fleri tankou flè nan jaden. Yo pral pouse rasin tankou pyebwa nan peyi Liban.
Yo pral boujonnen sou tout kò yo. Y’ap bèl tankou pye oliv. Y’ap santi bon tankou pye sèd peyi Liban.
Yo gen pou yo tounen vin rete anba zèl mwen pou m’ pwoteje yo. Jaden ble yo pral donnen ankò. Yo pral fleri tankou pye rezen. Non yo ap nan tout bouch tankou bon mak diven yo fè nan peyi Liban.
 Nou menm moun Izrayèl, konnen mwen pa gen anyen pou mwen wè ak zidòl. Mwen menm m’a reponn yo lè y’ap lapriyè. M’ap okipe yo tankou pye bwapen ki rete toujou vèt, m’ap ba yo lonbraj. Se mwen menm k’ap ba yo tout kalite benediksyon.
Se pou moun ki gen konprann chache konprann sa ki ekri la a. Se pou moun ki gen lespri chache konprann li. Paske chemen Bondye se chemen ki dwat. Moun k’ap viv dapre volonte Bondye ap mache ladan l’ san anyen p’ap rive yo. Men, moun ki vire do yo bay Bondye ap bite sou wout la.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Osée 14 

1 Israël, reviens à l’Éternel, ton Dieu, Car tu es tombé par ton iniquité.
Apportez avec vous des paroles, Et revenez à l’Éternel. Dites-lui: Pardonne toutes les iniquités, Et reçois-nous favorablement! Nous t’offrirons, au lieu de taureaux, l’hommage de nos lèvres.
L’Assyrien ne nous sauvera pas, nous ne monterons pas sur des chevaux, Et nous ne dirons plus à l’ouvrage de nos mains: Notre Dieu! Car c’est auprès de toi que l’orphelin trouve compassion.
Je réparerai leur infidélité, J’aurai pour eux un amour sincère; Car ma colère s’est détournée d’eux.
Je serai comme la rosée pour Israël, Il fleurira comme le lis, Et il poussera des racines comme le Liban.
Ses rameaux s’étendront; Il aura la magnificence de l’olivier, Et les parfums du Liban.
Ils reviendront s’asseoir à son ombre, Ils redonneront la vie au froment, Et ils fleuriront comme la vigne; Ils auront la renommée du vin du Liban.
Éphraïm, qu’ai-je à faire encore avec les idoles? Je l’exaucerai, je le regarderai, Je serai pour lui comme un cyprès verdoyant. C’est de moi que tu recevras ton fruit.
Que celui qui est sage prenne garde à ces choses! Que celui qui est intelligent les comprenne! Car les voies de l’Éternel sont droites; Les justes y marcheront, Mais les rebelles y tomberont.

Louis Segond {LSG}

Hosea 14

1 O israel, return unto the Lord thy God; for thou hast fallen by thine iniquity.
Take with you words, and turn to the Lord: say unto him, Take away all iniquity, and receive us graciously: so will we render the calves of our lips.
Asshur shall not save us; we will not ride upon horses: neither will we say any more to the work of our hands, Ye are our gods: for in thee the fatherless findeth mercy.
I will heal their backsliding, I will love them freely: for mine anger is turned away from him.
I will be as the dew unto Israel: he shall grow as the lily, and cast forth his roots as Lebanon.
His branches shall spread, and his beauty shall be as the olive tree, and his smell as Lebanon.
They that dwell under his shadow shall return; they shall revive as the corn, and grow as the vine: the scent thereof shall be as the wine of Lebanon.
Ephraim shall say, What have I to do any more with idols? I have heard him, and observed him: I am like a green fir tree. From me is thy fruit found.
Who is wise, and he shall understand these things? prudent, and he shall know them? for the ways of the Lord are right, and the just shall walk in them: but the transgressors shall fall therein.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}