Liv 2 Istwa /2 Chroniques /2 Chronicles

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Istwa 09

1 Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye. Li vwayaje pou lavil Jerizalèm pou l’ sonde konesans Salomon avèk kèk keksyon difisil. Se konsa, li mennen anpil moun avè l’ ak anpil chamo chaje odè, fèy santi bon, kantite lò ak pyè koute chè. Lè li rive devan Salomon, li poze l’ tout kalite keksyon li te fè lide mande l’.
Salomon menm reponn tout keksyon l’ yo. pa t’ gen anyen ki te twò difisil pou li reponn.
Larenn peyi Saba a wè jan Salomon te gen anpil bon konprann. Li wè palè li te bati a.
Li wè kalite manje yo te sèvi sou tab li, kay li te fè bati pou chèf li yo, jan li te òganize moun k’ap travay nan palè a, rad inifòm yo te genyen, domestik ki t’ap sèvi l’ bweson ak bèt li te ofri pou boule nèt pou Seyè a nan Tanp lan. Lè li wè tou sa, li pèdi lapawòl sitèlman li te sezi.
Li di wa Salomon konsa: -Sa m’ te tande nan peyi m’ sou ou ak sou bon konprann ou an, se te vre!
Men, mwen pa t’ vle kwè toutotan mwen pa t’ vini wè ak je pa mwen. Men, sa m’ te tande a se pa mwatye sa m’ wè a. Bon konprann ou ak richès ou pi plis pase sa yo te di a.
Ala bèl chans moun pa ou yo genyen! Ala bèl chans pou moun k’ap travay avè ou yo! Yo toujou la devan ou ap tande bèl pawòl k’ap soti nan bouch ou!
Lwanj pou Seyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou chita sou fotèy li a pou ou te ka wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la, li vle pou peyi a pa janm disparèt. Li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen, san patipri.
Larenn Saba a fè wa a kado twa tòn edmi lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Pat janm rive gen nan pèyi Izrayèl la kantite fèy santi bon tankou sa larenn Saba a te bay wa Salomon lè sa a.
10 Moun Iram yo ansanm ak moun Salomon yo, ki te al chache lò nan peyi Ofi, te pote yon gwo kantite bwa koray ak anpil bèl pyè koute chè soti nan menm peyi a.
11 Salomon sèvi ak bwa koray yo pou fè planche nan Tanp lan ak nan palè a. Li fè gita ak bandjo pou mizisyen yo ak bwa sa a tou. Yo pa t’ janm wè bagay konsa nan peyi Jida a anvan sa.
12 Wa Salomon te bay larenn peyi Saba a tou sa li te mande l’, san konte kado li te ba li pou koresponn ak sa larenn lan te pote ba li. Apre sa, larenn lan tounen tounen l’ nan peyi Saba ansanm ak tout moun ki te avè l’ yo.
13 ¶ Chak lanne, wa Salomon te resevwa vennsenk tòn lò,
14 san konte lajan li te resevwa nan men moun k’ap fè trafik yo ak moun k’ap fè kòmès yo. Tout wa peyi Arabi yo ak gouvènè pèp Izrayèl yo te pote lò ak ajan bay Salomon tou.
15 Salomon te fè fè desan (200) gwo plak pwotèj an fè. Lèfini, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze douz liv.
16 Li fè fè twasan (300) ti plak pwotèj, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze sis liv. Li mete tout plak pwotèj sa yo nan salon Rakbwa Peyi Liban an.
17 Li fè fè tou yon gwo fotèy ak kòn elefan. Li fè kouvri l’ ak pi bon kalite lò ki genyen.
18 Pou rive bò fotèy la, se pou ou te moute sis mach eskalye. Devan fotèy la te gen yon ti ban an lò pou wa a lonje pye l’. Fotèy la te gen de manch. Sou kote manch yo, sou chak bò te gen pòtre yon lyon.
19 Te gen douz lyon sou mach eskalye yo, de sou chak mach nan de pwent yo. Pat gen ankenn lòt peyi ki te gen yon fotèy pou wa parèy ak sa a.
20 Tout gode wa Salomon te sèvi pou l’ bwè te fèt an lò. Tout bagay ki te sèvi nan Salon Rakbwa Peyi Liban an te fèt an bon lò. Yo pa t’ sèvi ak ajan menm, paske sou rèy Salomon, ajan pa t’ vo anyen.
21 Li te gen yon kantite batiman pa l’ ki t’ap vwayaje ale nan peyi Tasis. Se moun Iram yo ki te mennen yo pou li. Chak twazan, batiman yo te tounen chaje ak lò, ajan, kòn elefan, pan ak makak.
22 Wa Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo. Li te gen plis bon konprann pase yo tout.
23 Tout wa toupatou te vin wè Salomon pou tande bèl pawòl Bondye te mete nan bouch li.
24 Chak moun ki te vini te pote kado pou li, bagay ki fèt an ajan ak an lò, rad, zam, fèy santi bon, chwal ak milèt. Chak lanne se te konsa.
25 Salomon te gen katmil (4.000) kay kote li te mete chwal li yo ak cha lagè, ak douzmil (12.000) chwal pou sòlda kavalye yo. Li mete yon pòsyon nan lavil kote li te gen cha li yo, rès yo li mete yo lavil Jerizalèm bò kote l’.
26 Salomon te sèl chèf sou tout wa ki t’ap gouvènen depi larivyè Lefrat rive nan peyi Filisti, jouk sou fwontyè peyi Lejip.
27 Pandan tout rèy li, ajan te tankou wòch lavil Jerizalèm. Bwa sèd menm, ou te jwenn sa an kantite tankou pye sikomò nan rakbwa nan plenn peyi Jida yo.
28 Se nan peyi Lejip ak nan tout lòt peyi Salomon te fè chache chwal li yo.
29 Tout rès istwa Salomon an, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jwa a, nou jwenn li nan liv istwa pwofèt Natan, nan liv mesaj Akija, moun lavil Silo a, ak nan liv vizyon pwofèt Ido ki pale sou wa Jewoboram, pitit Nebat la.
30 Salomon te wa lavil Jerizalèm, li te gouvènen tout pèp Izrayèl la pandan karantan.
31 Lè li mouri, yo antere l’ nan lavil David, papa l’. Se Woboram, pitit li, ki moute wa nan plas li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

2 Chroniques 09 

1 La reine de Séba apprit la renommée de Salomon, et elle vint à Jérusalem pour l’éprouver par des énigmes. Elle avait une suite fort nombreuse, et des chameaux portant des aromates, de l’or en grande quantité et des pierres précieuses. Elle se rendit auprès de Salomon, et elle lui dit tout ce qu’elle avait dans le coeur.
Salomon répondit à toutes ses questions, et il n’y eut rien que Salomon ne sût lui expliquer.
La reine de Séba vit la sagesse de Salomon, et la maison qu’il avait bâtie,
et les mets de sa table, et la demeure de ses serviteurs, et les fonctions et les vêtements de ceux qui le servaient, et ses échansons et leurs vêtements, et les degrés par lesquelles on montait à la maison de l’Éternel.
Hors d’elle-même, elle dit au roi: C’était donc vrai ce que j’ai appris dans mon pays au sujet de ta position et de ta sagesse!
Je ne croyais pas ce qu’on en disait, avant d’être venue et d’avoir vu de mes yeux. Et voici, on ne m’a pas raconté la moitié de la grandeur de ta sagesse. Tu surpasses ce que la renommée m’a fait connaître.
Heureux tes gens, heureux tes serviteurs, qui sont continuellement devant toi et qui entendent ta sagesse!
Béni soit l’Éternel, ton Dieu, qui t’a accordé la faveur de te placer sur son trône comme roi pour l’Éternel, ton Dieu! C’est parce que ton Dieu aime Israël et veut le faire subsister à toujours, qu’il t’a établi roi sur lui pour que tu fasses droit et justice.
Elle donna au roi cent vingt talents d’or, une très grande quantité d’aromates et des pierres précieuses. Il n’y eut plus d’aromates tels que ceux donnés au roi Salomon par la reine de Séba.
10 Les serviteurs de Huram et les serviteurs de Salomon, qui apportèrent de l’or d’Ophir, amenèrent aussi du bois de santal et des pierres précieuses.
11 Le roi fit avec le bois de santal des escaliers pour la maison de l’Éternel et pour la maison du roi, et des harpes et des luths pour les chantres. On n’en avait pas vu de semblable auparavant dans le pays de Juda.
12 Le roi Salomon donna à la reine de Séba tout ce qu’elle désira, ce qu’elle demanda, plus qu’elle n’avait apporté au roi. Puis elle s’en retourna et alla dans son pays, elle et ses serviteurs.
13 Le poids de l’or qui arrivait chaque année à Salomon était de six cent soixante-six talents d’or,
14 outre ce qu’il retirait des négociants et des marchands qui en apportaient, de tous les rois d’Arabie et des gouverneurs du pays, qui apportaient de l’or et de l’argent à Salomon.
15 Le roi Salomon fit deux cents grands boucliers d’or battu, pour chacun desquels il employa six cents sicles d’or battu,
16 et trois cents autres boucliers d’or battu, pour chacun desquels il employa trois cents sicles d’or; et le roi les mit dans la maison de la forêt du Liban.
17 Le roi fit un grand trône d’ivoire, et le couvrit d’or pur.
18 Ce trône avait six degrés, et un marchepied d’or attenant au trône; il y avait des bras de chaque côté du siège; deux lions étaient près des bras,
19 et douze lions sur les six degrés de part et d’autre. Il ne s’est rien fait de pareil pour aucun royaume.
20 Toutes les coupes du roi Salomon étaient d’or, et toute la vaisselle de la maison de la forêt du Liban était d’or pur. Rien n’était d’argent: on n’en faisait aucun cas du temps de Salomon.
21 Car le roi avait des navires de Tarsis naviguant avec les serviteurs de Huram; et tous les trois ans arrivaient les navires de Tarsis, apportant de l’or et de l’argent, de l’ivoire, des singes et des paons.
22 Le roi Salomon fut plus grand que tous les rois de la terre par les richesses et par la sagesse.
23 Tous les rois de la terre cherchaient à voir Salomon, pour entendre la sagesse que Dieu avait mise dans son coeur.
24 Et chacun d’eux apportait son présent, des objets d’argent et des objets d’or, des vêtements, des armes, des aromates, des chevaux et des mulets; et il en était ainsi chaque année.
25 Salomon avait quatre mille crèches pour les chevaux destinés à ses chars, et douze mille cavaliers qu’il plaça dans les villes où il tenait ses chars et à Jérusalem près du roi.
26 Il dominait sur tous les rois, depuis le fleuve jusqu’au pays des Philistins et jusqu’à la frontière d’Égypte.
27 Le roi rendit l’argent aussi commun à Jérusalem que les pierres, et les cèdres aussi nombreux que les sycomores qui croissent dans la plaine.
28 C’était de l’Égypte et de tous les pays que l’on tirait des chevaux pour Salomon.
29 Le reste des actions de Salomon, les premières et les dernières, cela n’est-il pas écrit dans le livre de Nathan, le prophète, dans la prophétie d’Achija de Silo, et dans les révélations de Jéedo, le prophète sur Jéroboam, fils de Nebath?
30 Salomon régna quarante ans à Jérusalem sur tout Israël.
31 Puis Salomon se coucha avec ses pères, et on l’enterra dans la ville de David, son père. Et Roboam, son fils, régna à sa place.
Louis Segond {LSG}

2 Chronicles 09

1 And when the queen of Sheba heard of the fame of Solomon, she came to prove Solomon with hard questions at Jerusalem, with a very great company, and camels that bare spices, and gold in abundance, and precious stones: and when she was come to Solomon, she communed with him of all that was in her heart.
And Solomon told her all her questions: and there was nothing hid from Solomon which he told her not.
And when the queen of Sheba had seen the wisdom of Solomon, and the house that he had built,
And the meat of his table, and the sitting of his servants, and the attendance of his ministers, and their apparel; his cupbearers also, and their apparel; and his ascent by which he went up into the house of the Lord; there was no more spirit in her.
And she said to the king, It was a true report which I heard in mine own land of thine acts, and of thy wisdom:
Howbeit I believed not their words, until I came, and mine eyes had seen it: and, behold, the one half of the greatness of thy wisdom was not told me: for thou exceedest the fame that I heard.
Happy are thy men, and happy are these thy servants, which stand continually before thee, and hear thy wisdom.
Blessed be the Lord thy God, which delighted in thee to set thee on his throne, to be king for the Lord thy God: because thy God loved Israel, to establish them for ever, therefore made he thee king over them, to do judgment and justice.
And she gave the king an hundred and twenty talents of gold, and of spices great abundance, and precious stones: neither was there any such spice as the queen of Sheba gave king Solomon.
10 And the servants also of Huram, and the servants of Solomon, which brought gold from Ophir, brought algum trees and precious stones.
11 And the king made of the algum trees terraces to the house of the Lord, and to the king’s palace, and harps and psalteries for singers: and there were none such seen before in the land of Judah.
12 And king Solomon gave to the queen of Sheba all her desire, whatsoever she asked, beside that which she had brought unto the king. So she turned, and went away to her own land, she and her servants.
13 Now the weight of gold that came to Solomon in one year was six hundred and threescore and six talents of gold;
14 Beside that which chapmen and merchants brought. And all the kings of Arabia and governors of the country brought gold and silver to Solomon.
15 And king Solomon made two hundred targets of beaten gold: six hundred shekels of beaten gold went to one target.
16 And three hundred shields made he of beaten gold: three hundred shekels of gold went to one shield. And the king put them in the house of the forest of Lebanon.
17 Moreover the king made a great throne of ivory, and overlaid it with pure gold.
18 And there were six steps to the throne, with a footstool of gold, which were fastened to the throne, and stays on each side of the sitting place, and two lions standing by the stays:
19 And twelve lions stood there on the one side and on the other upon the six steps. There was not the like made in any kingdom.
20 And all the drinking vessels of king Solomon were of gold, and all the vessels of the house of the forest of Lebanon were of pure gold: none were of silver; it was not any thing accounted of in the days of Solomon.
21 For the king’s ships went to Tarshish with the servants of Huram: every three years once came the ships of Tarshish bringing gold, and silver, ivory, and apes, and peacocks.
22 And king Solomon passed all the kings of the earth in riches and wisdom.
23 And all the kings of the earth sought the presence of Solomon, to hear his wisdom, that God had put in his heart.
24 And they brought every man his present, vessels of silver, and vessels of gold, and raiment, harness, and spices, horses, and mules, a rate year by year.
25 And Solomon had four thousand stalls for horses and chariots, and twelve thousand horsemen; whom he bestowed in the chariot cities, and with the king at Jerusalem.
26 And he reigned over all the kings from the river even unto the land of the Philistines, and to the border of Egypt.
27 And the king made silver in Jerusalem as stones, and cedar trees made he as the sycomore trees that are in the low plains in abundance.
28 And they brought unto Solomon horses out of Egypt, and out of all lands.
29 Now the rest of the acts of Solomon, first and last, are they not written in the book of Nathan the prophet, and in the prophecy of Ahijah the Shilonite, and in the visions of Iddo the seer against Jeroboam the son of Nebat?
30 And Solomon reigned in Jerusalem over all Israel forty years.
31 And Solomon slept with his fathers, and he was buried in the city of David his father: and Rehoboam his son reigned in his stead.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}