Liv Ezekyel / Ézéchiel / Ezekiel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezekyel 38    

1 Seyè a pale avè m’ ankò. li di m’ konsa:
-Nonm o! Vire tèt ou gade sa Gòg ap fè a. Se li ki pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo nan peyi Magòg. Bay mesaj mwen ba ou sou li a.
W’a di Gòg, pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo, men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la voye di li: Koulye a ou menm Gòg, m’ap leve dèyè ou.
M’ap fè ou kase tèt tounen, m’ap mete bayonn nan machwè ou. M’ap trennen ou, ou menm ansanm ak tout lame sòlda ou yo, chwal ou yo ak kavalye ou yo, ak bèl inifòm yo sou yo. Yon gwo lame w’ap genyen lè sa a, chak sòlda ak nepe yo nan yon men ak yon gwo osinon yon ti plak fè pwotèj nan lòt men an.
Moun peyi Pès, moun peyi Letiopi ak moun peyi Pout ap mache avè ou. Yo tout gen gwo plak fè pwotèj sou ponyèt yo ak kas fè sou tèt yo.
Tout sòlda peyi Gome yo, tout moun lavil Bèt-Togama ki nan nò nèt la, yo kanpe avè ou tou, ansanm ak kantite moun anpil lòt nasyon.
Di l’ konsa: Li mèt pare, li mèt pare tout sòlda l’ yo ki sanble bò kote l’ pou yo tann lòd mwen yo.
Apre kèk tan m’ap ba li lòd pou l’ al anvayi yon peyi kote moun ki te rive chape nan lagè yo te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo. Wi, li pral anvayi mòn peyi Izrayèl yo ki te rete pandan lontan tankou yon dezè. Men, moun peyi Izrayèl yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo. Koulye a y’ap viv lakay yo ak kè poze, san ankenn danje.
L’a moute vin atake yo ansanm ak tout lame li ak tout kantite moun lòt nasyon ki avè l’ yo. L’ap tankou yon van tanpèt. L’ap kouvri tout peyi a tankou yon gwo nwaj.
10 Men sa Seyè sèl Mèt la voye di Gòg: Lè jou sa a va rive, lespri ou pral pran travay, ou pral fè move lide nan tèt ou.
11 Ou pral deside pou ou anvayi yon peyi san defans, kote moun ap viv ak kè poze, san bri san kont, kote moun rete nan lavil san miray ranpa, san pòtay ni ba fè.
12 Ou pral piye, ou pral devalize, ou pral pran tou sa moun yo genyen nan lavil ki te fin kraze yon lè a. Moun sa yo tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo. Koulye a, yo gen anpil bèt ak anpil byen, y’ap viv nan gran kalfou latè a.
13 Moun peyi Cheba ak moun peyi Dedan ansanm ak kòmèsan ki soti nan peyi Tasis yo ak lòt peyi nan vwazinaj yo pral mande ou: Eske se pou ou pran tou sa moun yo genyen kifè ou vin atake yo la a? Eske se pou piye ou sanble tout lame sa a? Eske ou soti pou devalize tou sa yo genyen ki fèt an lò ak an ajan, pou ou pran bèt yo ak byen yo, lèfini pou ou bwote tou sa ou pran al lakay ou?
14  Se poutèt sa, nonm o, bay mesaj mwen an! Ale di Gòg konsa men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la voye di li: Koulye a pèp Izrayèl la, pèp mwen an, ap viv ak kè poze san ankenn danje, se lè sa a wava bay kò ou mouvman.
15 W’ap kite kote ou ye a, nan pwent nò a, w’ap vini ak yon gwo lame sòlda ou ranmase nan mitan anpil nasyon, yo tout moute sou chwal yo.
16 Ou pral tonbe sou pèp Izrayèl mwen an tankou yon van tanpèt k’ap pase sou tout peyi a. Lè lè a va rive, m’ap voye ou anvayi peyi mwen an pou m’ ka fè lòt nasyon yo konnen ki moun mwen ye, pou yo rekonèt se yon Bondye apa mwen ye lè y’a wè travay ou menm Gòg, ou pral fè pou mwen an.
17 Se sou ou mwen t’ap pale nan tan lontan lè mwen te sèvi ak pwofèt pèp Izrayèl yo, sèvitè m’ yo, pou m’ te fè yo konnen mwen gen pou m’ te voye yon moun vin atake yo lè jou a va vini. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.
18 Seyè sèl Mèt la pale, li di konsa: -Jou Gòg pral anvayi peyi Izrayèl la, kòlè m’ ap moute m’.
19 M’ap fè gwo kòlè, m’ap move. Mwen sèmante jou sa a, pral gen yon sèl tranblemanntè nan peyi Izrayèl la.
20 Pwenson nan lanmè, zwezo nan syèl, bèt nan bwa, bèt k’ap trennen sou vant, tout moun ki rete sou latè pral tranble paske y’ap pè m’. Mòn yo pral anfale, falèz yo pral vide desann. Tout miray yo pral tonbe atè.
21 Mwen pral voye tout kalite malè sou Gòg pou fè li pè. Se mwen menm Seyè a ki pale. Sòlda li yo, yonn pral touye lòt ak nepe yo.
22 M’ap pini l’, m’ap voye maladi sou li, m’ap mete san l’ deyò. Mwen pral voye gwo lapli avèk lagrèl, dife ak souf sou li, sou lame li a ak sou tout nasyon ki kanpe avè l’ yo.
23 Se konsa m’ap fè tout nasyon yo konnen jan mwen gen pouvwa, jan mwen se yon Bondye apa. Lè sa a, m’a fè tout nasyon yo konnen se mwen menm ki Seyè a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ézéchiel 38

1 La parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
Fils de l’homme, tourne ta face vers Gog, au pays de Magog, Vers le prince de Rosch, de Méschec et de Tubal, Et prophétise contre lui!
Tu diras: Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Voici, j’en veux à toi, Gog, Prince de Rosch, de Méschec et de Tubal!
Je t’entraînerai, et je mettrai une boucle à tes mâchoires; Je te ferai sortir, toi et toute ton armée, Chevaux et cavaliers, Tous vêtus magnifiquement, Troupe nombreuse portant le grand et le petit bouclier, Tous maniant l’épée;
Et avec eux ceux de Perse, d’Éthiopie et de Puth, Tous portant le bouclier et le casque;
Gomer et toutes ses troupes, La maison de Togarma, A l’extrémité du septentrion, Et toutes ses troupes, Peuples nombreux qui sont avec toi.
Prépare-toi, tiens-toi prêt, Toi, et toute ta multitude assemblée autour de toi! Sois leur chef!
Après bien des jours, tu seras à leur tête; Dans la suite des années, tu marcheras contre le pays Dont les habitants, échappés à l’épée, Auront été rassemblés d’entre plusieurs peuples Sur les montagnes d’Israël longtemps désertes; Retirés du milieu des peuples, Ils seront tous en sécurité dans leurs demeures.
Tu monteras, tu t’avanceras comme une tempête, Tu seras comme une nuée qui va couvrir le pays, Toi et toutes tes troupes, et les nombreux peuples avec toi.
10 Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: En ce jour-là, des pensées s’élèveront dans ton coeur, Et tu formeras de mauvais desseins.
11 Tu diras: Je monterai contre un pays ouvert, Je fondrai sur des hommes tranquilles, En sécurité dans leurs demeures, Tous dans des habitations sans murailles, Et n’ayant ni verrous ni portes;
12 J’irai faire du butin et me livrer au pillage, Porter la main sur des ruines maintenant habitées, Sur un peuple recueilli du milieu des nations, Ayant des troupeaux et des propriétés, Et occupant les lieux élevés du pays.
13 Séba et Dedan, les marchands de Tarsis, Et tous leurs lionceaux, te diront: Viens-tu pour faire du butin? Est-ce pour piller que tu as rassemblé ta multitude, Pour emporter de l’argent et de l’or, Pour prendre des troupeaux et des biens, Pour faire un grand butin?
14 C’est pourquoi prophétise, fils de l’homme, et dis à Gog: Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Oui, le jour où mon peuple d’Israël vivra en sécurité, Tu le sauras.
15 Alors tu partiras de ton pays, des extrémités du septentrion, Toi et de nombreux peuples avec toi, Tous montés sur des chevaux, Une grande multitude, une armée puissante.
16 Tu t’avanceras contre mon peuple d’Israël, Comme une nuée qui va couvrir le pays. Dans la suite des jours, je te ferai marcher contre mon pays, Afin que les nations me connaissent, Quand je serai sanctifié par toi sous leurs yeux, ô Gog!
17 Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Est-ce toi de qui j’ai parlé jadis Par mes serviteurs les prophètes d’Israël, Qui ont prophétisé alors, pendant des années, Que je t’amènerais contre eux?
18 En ce jour-là, le jour où Gog marchera contre la terre d’Israël, Dit le Seigneur, l’Éternel, La fureur me montera dans les narines.
19 Je le déclare, dans ma jalousie et dans le feu de ma colère, En ce jour-là, il y aura un grand tumulte Dans le pays d’Israël.
20 Les poissons de la mer et les oiseaux du ciel trembleront devant moi, Et les bêtes des champs et tous les reptiles qui rampent sur la terre, Et tous les hommes qui sont à la surface de la terre; Les montagnes seront renversées, Les parois des rochers s’écrouleront, Et toutes les murailles tomberont par terre.
21 J’appellerai l’épée contre lui sur toutes mes montagnes, Dit le Seigneur, l’Éternel; L’épée de chacun se tournera contre son frère.
22 J’exercerai mes jugements contre lui par la peste et par le sang, Par une pluie violente et par des pierres de grêle; Je ferai pleuvoir le feu et le soufre sur lui et sur ses troupes, Et sur les peuples nombreux qui seront avec lui.
23 Je manifesterai ma grandeur et ma sainteté, Je me ferai connaître aux yeux de la multitude des nations, Et elles sauront que je suis l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Ezekiel 38

1 And the word of the Lord came unto me, saying,
Son of man, set thy face against Gog, the land of Magog, the chief prince of Meshech and Tubal, and prophesy against him,
And say, Thus saith the Lord God; Behold, I am against thee, O Gog, the chief prince of Meshech and Tubal:
And I will turn thee back, and put hooks into thy jaws, and I will bring thee forth, and all thine army, horses and horsemen, all of them clothed with all sorts of armour, even a great company with bucklers and shields, all of them handling swords:
Persia, Ethiopia, and Libya with them; all of them with shield and helmet:
Gomer, and all his bands; the house of Togarmah of the north quarters, and all his bands: and many people with thee.
Be thou prepared, and prepare for thyself, thou, and all thy company that are assembled unto thee, and be thou a guard unto them.
After many days thou shalt be visited: in the latter years thou shalt come into the land that is brought back from the sword, and is gathered out of many people, against the mountains of Israel, which have been always waste: but it is brought forth out of the nations, and they shall dwell safely all of them.
Thou shalt ascend and come like a storm, thou shalt be like a cloud to cover the land, thou, and all thy bands, and many people with thee.
10 Thus saith the Lord God; It shall also come to pass, that at the same time shall things come into thy mind, and thou shalt think an evil thought:
11 And thou shalt say, I will go up to the land of unwalled villages; I will go to them that are at rest, that dwell safely, all of them dwelling without walls, and having neither bars nor gates,
12 To take a spoil, and to take a prey; to turn thine hand upon the desolate places that are now inhabited, and upon the people that are gathered out of the nations, which have gotten cattle and goods, that dwell in the midst of the land.
13 Sheba, and Dedan, and the merchants of Tarshish, with all the young lions thereof, shall say unto thee, Art thou come to take a spoil? hast thou gathered thy company to take a prey? to carry away silver and gold, to take away cattle and goods, to take a great spoil?
14 Therefore, son of man, prophesy and say unto Gog, Thus saith the Lord God; In that day when my people of Israel dwelleth safely, shalt thou not know it?
15 And thou shalt come from thy place out of the north parts, thou, and many people with thee, all of them riding upon horses, a great company, and a mighty army:
16 And thou shalt come up against my people of Israel, as a cloud to cover the land; it shall be in the latter days, and I will bring thee against my land, that the heathen may know me, when I shall be sanctified in thee, O Gog, before their eyes.
17 Thus saith the Lord God; Art thou he of whom I have spoken in old time by my servants the prophets of Israel, which prophesied in those days many years that I would bring thee against them?
18 And it shall come to pass at the same time when Gog shall come against the land of Israel, saith the Lord God, that my fury shall come up in my face.
19 For in my jealousy and in the fire of my wrath have I spoken, Surely in that day there shall be a great shaking in the land of Israel;
20 So that the fishes of the sea, and the fowls of the heaven, and the beasts of the field, and all creeping things that creep upon the earth, and all the men that are upon the face of the earth, shall shake at my presence, and the mountains shall be thrown down, and the steep places shall fall, and every wall shall fall to the ground.
21 And I will call for a sword against him throughout all my mountains, saith the Lord God: every man’s sword shall be against his brother.
22 And I will plead against him with pestilence and with blood; and I will rain upon him, and upon his bands, and upon the many people that are with him, an overflowing rain, and great hailstones, fire, and brimstone.
23 Thus will I magnify myself, and sanctify myself; and I will be known in the eyes of many nations, and they shall know that I am the Lord.
     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}