Liv Kolosyen / Collosiens / Colossians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Kolosyen 3                     

1 Nou menm ki deja leve soti vivan ansanm ak Kris la nan lanmò, se pou nou chache bagay ki anwo nan syèl la kote Kris la chita sou bò dwat Bondye.
Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.
Konnen sa byen: nou mouri deja, lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye.
Se Kris la ki lavi nou tout bon. Lè la parèt, nou menm tou n’a parèt ansanm avè l’ nan tout bèl pouvwa li.
 Se poutèt sa, se pou nou detwi nan nou tou sa ki soti nan lemonn tankou: imoralite, malpwòpte, move dezi, move lanvi, renmen lajan (ki menm jan ak sèvi zidòl).
Se tout bagay sa yo ki fè kòlè Bondye tonbe sou moun ki derefize obeyi li.
Se konsa nou t’ap viv nan tan lontan lè nou te anba pouvwa peche sa yo.
 Men koulye a, pa fè kòlè, pa fè move san ni okenn mechanste. Se pou nou voye tout bagay sa yo jete. Pa kite okenn jouman ni okenn gwomo soti nan bouch nou.
Pa bay frè nou yo manti. Paske, nou voye vye moun nou te ye a jete ansanm ak tout vye mès li yo.
10 Koulye a, nou tounen yon lòt kalite moun, n’ap chanje jouk n’a rive sanble ak Bondye ki kreye nou an pou n’ te ka konnen l’ nèt.
11 Se sak fè, pa gen moun ki jwif ak moun ki pa jwif ankò, pa gen moun ki sikonsi ak moun ki pa sikonsi ankò, pa gen moun ki etranje, ni moun ki bèt, pa gen moun ki esklav ak moun ki pa esklav. Se Kris la ki tout, se li ki nan nou tout.
12  Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n’ ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n’ aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.
13 Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou.
14 Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k’ap mare nou ansanm yonn ak lòt.
15 Se pou nou viv byen yonn ak lòt, jan Kris la vle l’ la. Paske, Bondye rele nou pou nou viv byen yonn ak lòt pou nou ka fè yon sèl kò. Toujou chonje sa li fè pou nou.
16 Kenbe pawòl Kris la ak tout richès li yo byen fèm nan kè nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou nou yonn bay lòt konsèy avèk anpil bon konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante Lespri Bondye a va moutre nou, pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.
17 Tou sa n’ap fè, tou sa n’ap di, fè l’ nan non Seyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li.
18  Nou menm medam, soumèt devan mari nou paske se konsa pou moun ki kwè nan Seyè a aji.
19 Nou menm mari, renmen madanm nou. Pa fè move jan ak yo.
20 Nou menm timoun, se devwa nou pou nou obeyi manman nou ak papa nou nan tout bagay. Se sa ki fè Bondye plezi.
21 Nou menm papa ak manman, pa rele sou timoun yo twòp pou sa pa dekouraje yo.
22 Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a nan tout bagay. Se pa sèlman lè nou anba je yo pou nou obeyi yo, tankou moun k’ap fè lèzòm plezi. Men, se pou n’ obeyi yo ak tout kè nou, akòz respè nou gen pou Seyè a.
23 Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l’ ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t’ap travay, men pou Seyè a.
24 Chonje byen: Seyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l’ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l’ yo. Paske, mèt n’ap sèvi tout bon an se Kris la.
25 Men, moun ki fè sa ki mal va resevwa sa ki pou li dapre mal li te fè a. Paske, Bondye pa gade sou figi moun.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Collossiens 3                  

1 Si donc vous êtes ressuscités avec Christ, cherchez les choses d’en haut, où Christ est assis à la droite de Dieu.
Affectionnez-vous aux choses d’en haut, et non à celles qui sont sur la terre.
Car vous êtes morts, et votre vie est cachée avec Christ en Dieu.
Quand Christ, votre vie, paraîtra, alors vous paraîtrez aussi avec lui dans la gloire.
Faites donc mourir les membres qui sont sur la terre, l’impudicité, l’impureté, les passions, les mauvais désirs, et la cupidité, qui est une idolâtrie.
C’est à cause de ces choses que la colère de Dieu vient sur les fils de la rébellion,
parmi lesquels vous marchiez autrefois, lorsque vous viviez dans ces péchés.
Mais maintenant, renoncez à toutes ces choses, à la colère, à l’animosité, à la méchanceté, à la calomnie, aux paroles déshonnêtes qui pourraient sortir de votre bouche.
Ne mentez pas les uns aux autres, vous étant dépouillés du vieil homme et de ses oeuvres,
10 et ayant revêtu l’homme nouveau, qui se renouvelle, dans la connaissance, selon l’image de celui qui l’a créé.
11 Il n’y a ici ni Grec ni Juif, ni circoncis ni incirconcis, ni barbare ni Scythe, ni esclave ni libre; mais Christ est tout et en tous.
12 Ainsi donc, comme des élus de Dieu, saints et bien-aimés, revêtez-vous d’entrailles de miséricorde, de bonté, d’humilité, de douceur, de patience.
13 Supportez-vous les uns les autres, et, si l’un a sujet de se plaindre de l’autre, pardonnez-vous réciproquement. De même que Christ vous a pardonné, pardonnez-vous aussi.
14 Mais par-dessus toutes ces choses revêtez-vous de la charité, qui est le lien de la perfection.
15 Et que la paix de Christ, à laquelle vous avez été appelés pour former un seul corps, règne dans vos coeurs. Et soyez reconnaissants.
16 Que la parole de Christ habite parmi vous abondamment; instruisez-vous et exhortez-vous les uns les autres en toute sagesse, par des psaumes, par des hymnes, par des cantiques spirituels, chantant à Dieu dans vos coeurs sous l’inspiration de la grâce.
17 Et quoi que vous fassiez, en parole ou en oeuvre, faites tout au nom du Seigneur Jésus, en rendant par lui des actions de grâces à Dieu le Père.
18 Femmes, soyez soumises à vos maris, comme il convient dans le Seigneur.
19 Maris, aimez vos femmes, et ne vous aigrissez pas contre elles.
20 Enfants, obéissez en toutes choses à vos parents, car cela est agréable dans le Seigneur.
21 Pères, n’irritez pas vos enfants, de peur qu’ils ne se découragent.
22 Serviteurs, obéissez en toutes choses à vos maîtres selon la chair, non pas seulement sous leurs yeux, comme pour plaire aux hommes, mais avec simplicité de coeur, dans la crainte du Seigneur.
23 Tout ce que vous faites, faites-le de bon coeur, comme pour le Seigneur et non pour des hommes,
24 sachant que vous recevrez du Seigneur l’héritage pour récompense. Servez Christ, le Seigneur.
25 Car celui qui agit injustement recevra selon son injustice, et il n’y a point d’acception de personnes.

Louis Segond {LSG}

Colossians 3           

1 If ye then be risen with Christ, seek those things which are above, where Christ sitteth on the right hand of God.
Set your affection on things above, not on things on the earth.
For ye are dead, and your life is hid with Christ in God.
When Christ, who is our life, shall appear, then shall ye also appear with him in glory.
Mortify therefore your members which are upon the earth; fornication, uncleanness, inordinate affection, evil concupiscence, and covetousness, which is idolatry:
For which things’ sake the wrath of God cometh on the children of disobedience:
In the which ye also walked some time, when ye lived in them.
But now ye also put off all these; anger, wrath, malice, blasphemy, filthy communication out of your mouth.
Lie not one to another, seeing that ye have put off the old man with his deeds;
10 And have put on the new man, which is renewed in knowledge after the image of him that created him:
11 Where there is neither Greek nor Jew, circumcision nor uncircumcision, Barbarian, Scythian, bond nor free: but Christ is all, and in all.
12 Put on therefore, as the elect of God, holy and beloved, bowels of mercies, kindness, humbleness of mind, meekness, longsuffering;
13 Forbearing one another, and forgiving one another, if any man have a quarrel against any: even as Christ forgave you, so also do ye.
14 And above all these things put on charity, which is the bond of perfectness.
15 And let the peace of God rule in your hearts, to the which also ye are called in one body; and be ye thankful.
16 Let the word of Christ dwell in you richly in all wisdom; teaching and admonishing one another in psalms and hymns and spiritual songs, singing with grace in your hearts to the Lord.
17 And whatsoever ye do in word or deed, do all in the name of the Lord Jesus, giving thanks to God and the Father by him.
18 Wives, submit yourselves unto your own husbands, as it is fit in the Lord.
19 Husbands, love your wives, and be not bitter against them.
20 Children, obey your parents in all things: for this is well pleasing unto the Lord.
21 Fathers, provoke not your children to anger, lest they be discouraged.
22 Servants, obey in all things your masters according to the flesh; not with eyeservice, as menpleasers; but in singleness of heart, fearing God;
23 And whatsoever ye do, do it heartily, as to the Lord, and not unto men;
24 Knowing that of the Lord ye shall receive the reward of the inheritance: for ye serve the Lord Christ.
25 But he that doeth wrong shall receive for the wrong which he hath done: and there is no respect of persons.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}