Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 102  

1 Lapriyè yon moun ki anba tray. Li pa kapab sipòte ankò. L’ap rakonte Bondye ka li.  Seyè, koute m’ non lè m’ap lapriyè, se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou.
2 Pa vire do ban mwen lè mwen nan traka. Panche zòrèy ou bò kote m’. Prese vin reponn mwen lè m’ap rele ou.
 Lavi m’ ap disparèt tankou lafimen. Mwen gen yon lafyèb nan zo.
 Mwen anba gwo kou. Mwen tankou zèb koupe k’ap cheche. Mwen sitèlman boulvèse, mwen pa menm chonje manje.
 Mwen tounen zo ak po tèlman m’ap plenn.
 Mwen sanble yon tako savann, mwen tankou frize ki rete nan vye kay kraze.
 Mwen pa ka dòmi, mwen tankou yon zwezo ki pou kont li sou yon do kay.
 Tout lajounen lènmi m’ yo ap joure m’. Moun k’ap pase m’ nan rizib yo pran non m’ sèvi jouman.
 Se sann dife ki tout manje m’. Dlo nan je m’ fè yon sèl ak dlo m’ap bwè.
10  Ou sitèlman ankòlè, ou sitèlman fache, ou pran m’, ou voye m’ jete byen lwen.
11  Kò m’ ap tchoule tankou solèy k’ap kouche. M’ap cheche tankou zèb.
12  Men ou menm, Seyè, w’ap gouvènen pou tout tan. Pitit an pitit y’ap chonje non ou!
13  W’a leve, w’a gen pitye pou lavil Siyon an, paske li lè pou ou gen pitye pou li. Jou a rive.
14  Moun k’ap sèvi ou yo renmen lavil Siyon an. Kè yo fè yo mal pou yo wè jan l’ap fini.
15  Lè sa a, moun lòt nasyon yo va gen krentif pou Seyè a, tout wa ki sou latè va pè bèl pouvwa li.
16  Seyè a va rebati lavil Siyon, l’a fè wè jan li gen pouvwa.
17  L’a pran ka moun ki san sekou yo lè y’a lapriyè, wi, li p’ap meprize lapriyè yo.
18  Se pou yo ekri sa pou timoun k’ap vini yo ka konnen l’, pou timoun ki poko fèt yo ka fè lwanj li.
19  Seyè a rete anwo nan kay ki apa pou li a, li gade anba, li rete anwo nan syèl la, l’ap gade sou latè,
20  pou l’ tande jan prizonye yo ap plenn, pou l’ delivre moun yo kondannen amò yo.
21  Konsa, moun va nonmen non Seyè a nan tout lavil Siyon an. Y’a fè lwanj li nan lavil Jerizalèm,
22  lè tout nasyon yo ak tout gouvènman ki sou latè yo va sanble pou sèvi Seyè a.
23  Mwen te jenn gason toujou lè Seyè a kraze kouraj mwen: li koupe sou lavi m’.
24  Mwen di: Bondye mwen, ou menm k’ap viv pou tout tan, pa pran m’ koulye a. Mwen jenn gason toujou.
25  Se ou menm, Seyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la.
26  Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w’ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W’ap chanje yo tankou yo chanje rad, w’a mete yo sou kote.
27  Men ou menm, ou p’ap janm chanje, ou p’ap janm mouri.
28  Pitit sèvitè ou yo va rete nan peyi a san danje. Pitit pitit yo va toujou viv devan je ou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 102

1 Prière d’un malheureux, lorsqu’il est abattu et qu’il répand sa plainte devant l’Éternel. Éternel, écoute ma prière, Et que mon cri parvienne jusqu’à toi!
 Ne me cache pas ta face au jour de ma détresse! Incline vers moi ton oreille quand je crie! Hâte-toi de m’exaucer!
 Car mes jours s’évanouissent en fumée, Et mes os sont enflammés comme un tison.
 Mon coeur est frappé et se dessèche comme l’herbe; J’oublie même de manger mon pain.
 Mes gémissements sont tels Que mes os s’attachent à ma chair.
 Je ressemble au pélican du désert, Je suis comme le chat-huant des ruines;
 Je n’ai plus de sommeil, et je suis Comme l’oiseau solitaire sur un toit.
 Chaque jour mes ennemis m’outragent, Et c’est par moi que jurent mes adversaires en fureur.
 Je mange la poussière au lieu de pain, Et je mêle des larmes à ma boisson,
10  A cause de ta colère et de ta fureur; Car tu m’as soulevé et jeté au loin.
11  Mes jours sont comme l’ombre à son déclin, Et je me dessèche comme l’herbe.
12  Mais toi, Éternel! tu règnes à perpétuité, Et ta mémoire dure de génération en génération.
13  Tu te lèveras, tu auras pitié de Sion; Car le temps d’avoir pitié d’elle, Le temps fixé est à son terme;
14  Car tes serviteurs en aiment les pierres, Ils en chérissent la poussière.
15   Alors les nations craindront le nom de l’Éternel, Et tous les rois de la terre ta gloire.
16  Oui, l’Éternel rebâtira Sion, Il se montrera dans sa gloire.
17  Il est attentif à la prière du misérable, Il ne dédaigne pas sa prière.
18  Que cela soit écrit pour la génération future, Et que le peuple qui sera créé célèbre l’Éternel!
19  Car il regarde du lieu élevé de sa sainteté; Du haut des cieux l’Éternel regarde sur la terre,
20 ) Pour écouter les gémissements des captifs, Pour délivrer ceux qui vont périr,
21  Afin qu’ils publient dans Sion le nom de l’Éternel, Et ses louanges dans Jérusalem,
22  Quand tous les peuples s’assembleront, Et tous les royaumes, pour servir l’Éternel.
23  Il a brisé ma force dans la route, Il a abrégé mes jours.
24  Je dis: Mon Dieu, ne m’enlève pas au milieu de mes jours, Toi, dont les années durent éternellement!
25  Tu as anciennement fondé la terre, Et les cieux sont l’ouvrage de tes mains.
26  Ils périront, mais tu subsisteras; Ils s’useront tous comme un vêtement; Tu les changeras comme un habit, et ils seront changés.
27  Mais toi, tu restes le même, Et tes années ne finiront point.
28  Les fils de tes serviteurs habiteront leur pays, Et leur postérité s’affermira devant toi.
Louis Segond {LSG}

Psalm 102 

1 Hear my prayer, O Lord, and let my cry come unto thee.
Hide not thy face from me in the day when I am in trouble; incline thine ear unto me: in the day when I call answer me speedily.
For my days are consumed like smoke, and my bones are burned as an hearth.
My heart is smitten, and withered like grass; so that I forget to eat my bread.
By reason of the voice of my groaning my bones cleave to my skin.
I am like a pelican of the wilderness: I am like an owl of the desert.
I watch, and am as a sparrow alone upon the house top.
Mine enemies reproach me all the day; and they that are mad against me are sworn against me.
For I have eaten ashes like bread, and mingled my drink with weeping.
10 Because of thine indignation and thy wrath: for thou hast lifted me up, and cast me down.
11 My days are like a shadow that declineth; and I am withered like grass.
12 But thou, O Lord, shall endure for ever; and thy remembrance unto all generations.
13 Thou shalt arise, and have mercy upon Zion: for the time to favour her, yea, the set time, is come.
14 For thy servants take pleasure in her stones, and favour the dust thereof.
15 So the heathen shall fear the name of the Lord, and all the kings of the earth thy glory.
16 When the Lord shall build up Zion, he shall appear in his glory.
17 He will regard the prayer of the destitute, and not despise their prayer.
18 This shall be written for the generation to come: and the people which shall be created shall praise the Lord.
19 For he hath looked down from the height of his sanctuary; from heaven did the Lord behold the earth;
20 To hear the groaning of the prisoner; to loose those that are appointed to death;
21 To declare the name of the Lord in Zion, and his praise in Jerusalem;
22 When the people are gathered together, and the kingdoms, to serve the Lord.
23 He weakened my strength in the way; he shortened my days.
24 I said, O my God, take me not away in the midst of my days: thy years are throughout all generations.
25 Of old hast thou laid the foundation of the earth: and the heavens are the work of thy hands.
26 They shall perish, but thou shalt endure: yea, all of them shall wax old like a garment; as a vesture shalt thou change them, and they shall be changed:
27 But thou art the same, and thy years shall have no end.
28 The children of thy servants shall continue, and their seed shall be established before thee.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}