Liv 1 Timote / 1 Timothée / 1 Timothy

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Timote 3

1 Sa se yon pawòl ki vre: Si yon moun dèyè yon pozisyon pou l’ dirije nan legliz, li dèyè yon bèl travay.
Pou yon moun chèf nan legliz, se pou l’ san repwòch. Se pou l’ gen yon sèl madanm. Se pou l’ yon nonm serye, ki konn kenbe tèt li an plas, ki gen lòd. Se pou l’ konn resevwa moun lakay li. Se pou l’ konn ki jan pou l’ moutre moun verite a.
Li pa fèt pou l’ renmen bwè gwòg, ni renmen fè kont. Okontrè, se pou l’ gen pasyans ak kè poze. Li pa fèt pou l’ renmen lajan.
Se pou l’ konn mennen kay li byen, fè timoun li yo obeyi l’ ak respè.
Paske, si yon nonm pa konn dirije pwòp fanmi l’, kouman li ka dirije legliz Bondye a?
Fòk li pa yon nonm ki fèk konvèti. Si pa sa, lògèy ka moute l’ nan tèt, la tonbe anba men m’ kondannasyon ak Satan.
Se pou li gen bon repitasyon devan moun ki pa nan legliz la, pou yo pa pase l’ nan betiz, pou l’ pa pran nan pèlen Satan.
 Konsa tou, se pou moun k’ap ede nan sèvis legliz la se moun ki respektab, ki pa gen de pawòl, moun ki pa bwè twòp, ki pa renmen fè lajan mal, ki p’ap kouri dèyè lajan.
Se pou yo kenbe verite Bondye fè nou konnen an ak konsyans yo pwòp.
10 Se pou nou sonde yo anvan. Si apre sa, nou pa jwenn anyen pou repwoche yo, yo ka sèvi dyak.
11 Se pou madanm yo moun ki respektab, ki pa nan tripotaj: se pou yo konn kontwole tèt yo, pou yo seryèz nan tout bagay.
12 Yon dyak fèt pou l’ gen yon sèl madanm, se pou l’ konn dirije pitit li yo ak tout kay li byen.
13 Paske, dyak ki fè travay yo byen, y’a rive jwenn yon bon pozisyon pou tèt yo, y’a gen plis konfyans pou yo ka pale verite nou jwenn nan Jezikri a.
14  M’ap ekri ou lèt sa a. Men, mwen gen espwa mwen ka vin wè ou anvan lontan.
15 Men, si m’ pran reta, lèt sa a va fè ou konnen ki jan pou nou mennen tèt nou nan fanmi Bondye a, sa vle di nan legliz Bondye vivan an. Legliz la tankou yon poto k’ap soutni verite a.
16 Tout moun fèt pou rekonèt jan sekrè relijyon nou an se yo gwo zafè. Li te parèt tankou yon moun. Lespri a fè nou wè jan li mache dwat devan Bondye. Epi tout zanj yo te wè l’ tou. Se li menm y’ap mache fè konnen nan tout nasyon. Se nan li moun toupatou mete konfyans yo. Apre sa, yo resevwa l’ nan syèl la.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

1 Timothée 3                

1 Cette parole est certaine: Si quelqu’un aspire à la charge d’évêque, il désire une oeuvre excellente.
Il faut donc que l’évêque soit irréprochable, mari d’une seul femme, sobre, modéré, réglé dans sa conduite, hospitalier, propre à l’enseignement.
Il faut qu’il ne soit ni adonné au vin, ni violent, mais indulgent, pacifique, désintéressé.
Il faut qu’il dirige bien sa propre maison, et qu’il tienne ses enfants dans la soumission et dans une parfaite honnêteté;
car si quelqu’un ne sait pas diriger sa propre maison, comment prendra-t-il soin de l’Église de Dieu?
Il ne faut pas qu’il soit un nouveau converti, de peur qu’enflé d’orgueil il ne tombe sous le jugement du diable.
Il faut aussi qu’il reçoive un bon témoignage de ceux du dehors, afin de ne pas tomber dans l’opprobre et dans les pièges du diable.
Les diacres aussi doivent être honnêtes, éloignés de la duplicité, des excès du vin, d’un gain sordide,
conservant le mystère de la foi dans une conscience pure.
10 Qu’on les éprouve d’abord, et qu’ils exercent ensuite leur ministère, s’ils sont sans reproche.
11 Les femmes, de même, doivent être honnêtes, non médisantes, sobres, fidèles en toutes choses.
12 Les diacres doivent être maris d’une seule femme, et diriger bien leurs enfants et leurs propres maisons;
13 car ceux qui remplissent convenablement leur ministère s’acquièrent un rang honorable, et une grande assurance dans la foi en Jésus Christ.
14 Je t’écris ces choses, avec l’espérance d’aller bientôt vers toi,
15 mais afin que tu saches, si je tarde, comment il faut se conduire dans la maison de Dieu, qui est l’Église du Dieu vivant, la colonne et l’appui de la vérité.
16 Et, sans contredit, le mystère de la piété est grand: celui qui a été manifesté en chair, justifié par l’Esprit, vu des anges, prêché aux Gentils, cru dans le monde, élevé dans la gloire.

Louis Segond {LSG}

1 Timothy 3         

1 This is a true saying, if a man desire the office of a bishop, he desireth a good work.
A bishop then must be blameless, the husband of one wife, vigilant, sober, of good behaviour, given to hospitality, apt to teach;
Not given to wine, no striker, not greedy of filthy lucre; but patient, not a brawler, not covetous;
One that ruleth well his own house, having his children in subjection with all gravity;
(For if a man know not how to rule his own house, how shall he take care of the church of God?)
Not a novice, lest being lifted up with pride he fall into the condemnation of the devil.
Moreover he must have a good report of them which are without; lest he fall into reproach and the snare of the devil.
Likewise must the deacons be grave, not doubletongued, not given to much wine, not greedy of filthy lucre;
Holding the mystery of the faith in a pure conscience.
10 And let these also first be proved; then let them use the office of a deacon, being found blameless.
11 Even so must their wives be grave, not slanderers, sober, faithful in all things.
12 Let the deacons be the husbands of one wife, ruling their children and their own houses well.
13 For they that have used the office of a deacon well purchase to themselves a good degree, and great boldness in the faith which is in Christ Jesus.
14 These things write I unto thee, hoping to come unto thee shortly:
15 But if I tarry long, that thou mayest know how thou oughtest to behave thyself in the house of God, which is the church of the living God, the pillar and ground of the truth.
16 And without controversy great is the mystery of godliness: God was manifest in the flesh, justified in the Spirit, seen of angels, preached unto the Gentiles, believed on in the world, received up into glory.
     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}