Liv Sofoni / Sophonie / Zephaniah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sofoni 1       

1 Men mesaj Seyè a te bay Sofoni sou rèy Jozyas, pitit Amon an, ki te wa peyi Jida. Sofoni te pitit Kouchi. Kouchi te pitit Gedalya. Gedalya sa a te pitit Amarya ki li menm te pitit wa Ezekyas.
Seyè a di konsa: -Mwen pral detwi dènye bagay sou latè.
Mwen pral detwi tout moun, tout bèt, tout zwezo nan syèl la ak tout pwason nan lanmè, mechan yo ansanm ak tou sa k’ap fè yo tonbe nan peche. Mwen pral detwi tout moun, mwen p’ap kite yonn sou latè. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
Mwen pral kraze moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo anba men m’. Mwen pral disparèt dènye kras zidòl Baal nan peyi a. Pesonn p’ap janm chonje prèt k’ap sèvi l’ yo ankò.
Mwen pral disparèt dènye moun k’ap moute sou teras anwo kay pou adore solèy, lalin ak zetwal nan syèl la. M’ap detwi moun k’ap pran non mwen mete ansanm ak non zidòl Milkòm lan pou fè sèman.
M’ap detwi tout moun ki vire do ban mwen, ki pa koute pawòl mwen yo, ki pa vin mande m’ konsèy ankò.
 Jou pou Seyè a vin jije a pa lwen rive! Se pou tout moun pe bouch yo devan Seyè a. Seyè a ap pare pou li fè gwo sèvis pou touye bèt. Li chwazi moun l’ap envite yo.
Jou gwo sèvis ofrann bèt sa a, m’ap pini tout gwo chèf yo, tout pitit wa yo ansanm ak tout moun k’ap kopye sou moun lòt nasyon yo. Se Seyè a menm ki di sa.
M’ap pini tout moun k’ap fè sèvis tankou moun lòt nasyon yo. Wi, jou sa a, m’ap pini tout moun k’ap vòlò, k’ap touye moun pou yo ka plen tanp zidòl yo ak sa yo pran.
10 Se mwen menm Seyè a k’ap pale toujou. Jou sa a n’a tande gwo rèl bò Pòtay Pwason nan lavil Jerizalèm. N’a tande moun ap plenn byen fò nan katye nèf lavil la. N’a tande yon gwo deblozay pete sou ti mòn yo.
11 Nou menm ki rete anba lavil, rele byen fò paske tout moun ki t’ap fè trafik yo pral mouri. Wi, yo pral disparèt tout moun ki t’ap fè lajan sou tèt moun nan kòmès.
12 Lè sa a, men sa k’ap rive. M’ap limen lanp pou m’ fouye lavil Jerizalèm. M’ap pini tout moun ki chita chita yo tou dousman, epi k’ap di nan kè yo: Bondye p’ap fè anyen.
13 Se sa yo kwè! Y’ap piye tout richès yo, y’ap kraze tout kay yo. Y’ap bati kay, men yo p’ap menm gen tan antre ladan yo. Y’ap plante pye rezen, men yo p’ap menm gen tan pran fre diven an.
14  Wi, gwo jou Seyè a pa lwen rive. Sa pral yon gwo jou vre. Li pa lwen rive. L’ap rive byen vit. Jou sa a, sa pral rèd nèt! Ata sòlda ki pi vanyan yo pral rele anmwe.
15 Jou sa a pral yon jou dechennen, yon jou lafliksyon ak kè sere, yon jou kraze brize, yon jou k’ap fè nwè kou lank, yon jou van ak gwo nwaj nwa ap plen syèl la.
16 Yon jou twonpèt ap kònen, sòlda ap rele pou yo gen kouray pou y’ al atake lavil ki gen gwo miray ranpa ak fò byen wo nan chak kwen pou pwoteje yo.
17 Seyè a te di ankò: -Mwen pral manyen ak lèzòm! Yo pral tatonnen tankou avèg, paske yo te peche kont Seyè a. San yo pral koule kou dlo, kadav yo pral pouri tankou fatra.
18 Jou Seyè a pral move sou yo a, ni lajan yo ni lò yo p’ap ka sove yo. Kòlè li tankou yon dife k’ap boule tout tè a, paske yon sèl kou a, l’ap disparèt tout moun ki rete sou latè. L’ap fini ak yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Sophonie 1       

1 La parole de l’Éternel qui fut adressée à Sophonie, fils de Cuschi, fils de Guedalia, fils d’Amaria, fils d’Ézéchias, au temps de Josias, fils d’Amon, roi de Juda.
Je détruirai tout sur la face de la terre, Dit l’Éternel.
Je détruirai les hommes et les bêtes, Les oiseaux du ciel et les poissons de la mer, Les objets de scandale, et les méchants avec eux; J’exterminerai les hommes de la face de la terre, Dit l’Éternel.
J’étendrai ma main sur Juda, Et sur tous les habitants de Jérusalem; J’exterminerai de ce lieu les restes de Baal, Le nom de ses ministres et les prêtres avec eux,
Ceux qui se prosternent sur les toits devant l’armée des cieux, Ceux qui se prosternent en jurant par l’Éternel Et en jurant par leur roi,
Ceux qui se sont détournés de l’Éternel, Et ceux qui ne cherchent pas l’Éternel, Qui ne le consultent pas.
Silence devant le Seigneur, l’Éternel! Car le jour de l’Éternel est proche, Car l’Éternel a préparé le sacrifice, Il a choisi ses conviés.
Au jour du sacrifice de l’Éternel, Je châtierai les princes et les fils du roi, Et tous ceux qui portent des vêtements étrangers.
En ce jour-là, je châtierai tous ceux qui sautent par-dessus le seuil, Ceux qui remplissent de violence et de fraude la maison de leur maître.
10 En ce jour-là, dit l’Éternel, Il y aura des cris à la porte des poissons, Des lamentations dans l’autre quartier de la ville, Et un grand désastre sur les collines.
11 Gémissez, habitants de Macthesch! Car tous ceux qui trafiquent sont détruits, Tous les hommes chargés d’argent sont exterminés.
12 En ce temps-là, je fouillerai Jérusalem avec des lampes, Et je châtierai les hommes qui reposent sur leurs lies, Et qui disent dans leur coeur: L’Éternel ne fait ni bien ni mal.
13 Leurs biens seront au pillage, Et leurs maisons seront dévastées; Ils auront bâti des maisons, qu’ils n’habiteront plus, Ils auront planté des vignes, dont ils ne boiront plus le vin.
14 Le grand jour de l’Éternel est proche, Il est proche, il arrive en toute hâte; Le jour de l’Éternel fait entendre sa voix, Et le héros pousse des cris amers.
15 Ce jour est un jour de fureur, Un jour de détresse et d’angoisse, Un jour de ravage et de destruction, Un jour de ténèbres et d’obscurité, Un jour de nuées et de brouillards,
16 Un jour où retentiront la trompette et les cris de guerre Contre les villes fortes et les tours élevées.
17 Je mettrai les hommes dans la détresse, Et ils marcheront comme des aveugles, Parce qu’ils ont péché contre l’Éternel; Je répandrai leur sang comme de la poussière, Et leur chair comme de l’ordure.
18 Ni leur argent ni leur or ne pourront les délivrer, Au jour de la fureur de l’Éternel; Par le feu de sa jalousie tout le pays sera consumé; Car il détruira soudain tous les habitants du pays.

Louis Segond {LSG}

Zephaniah 1       

1 The word of  the Lord which came unto Zephaniah the son of Cushi, the son of Gedaliah, the son of Amariah, the son of Hizkiah, in the days of Josiah the son of Amon, king of Judah.
I will utterly consume all things from off the land, saith the Lord.
I will consume man and beast; I will consume the fowls of the heaven, and the fishes of the sea, and the stumbling blocks with the wicked: and I will cut off man from off the land, saith the Lord.
I will also stretch out mine hand upon Judah, and upon all the inhabitants of Jerusalem; and I will cut off the remnant of Baal from this place, and the name of the Chemarims with the priests;
And them that worship the host of heaven upon the housetops; and them that worship and that swear by the Lord, and that swear by Malcham;
And them that are turned back from the Lord; and those that have not sought the Lord, nor enquired for him.
Hold thy peace at the presence of the Lord God: for the day of the Lord is at hand: for the Lord hath prepared a sacrifice, he hath bid his guests.
And it shall come to pass in the day of the Lord‘s sacrifice, that I will punish the princes, and the king’s children, and all such as are clothed with strange apparel.
In the same day also will I punish all those that leap on the threshold, which fill their masters’ houses with violence and deceit.
10 And it shall come to pass in that day, saith the Lord, that there shall be the noise of a cry from the fish gate, and an howling from the second, and a great crashing from the hills.
11 Howl, ye inhabitants of Maktesh, for all the merchant people are cut down; all they that bear silver are cut off.
12 And it shall come to pass at that time, that I will search Jerusalem with candles, and punish the men that are settled on their lees: that say in their heart, The Lord will not do good, neither will he do evil.
13 Therefore their goods shall become a booty, and their houses a desolation: they shall also build houses, but not inhabit them; and they shall plant vineyards, but not drink the wine thereof.
14 The great day of the Lord is near, it is near, and hasteth greatly, even the voice of the day of the Lord: the mighty man shall cry there bitterly.
15 That day is a day of wrath, a day of trouble and distress, a day of wasteness and desolation, a day of darkness and gloominess, a day of clouds and thick darkness,
16 A day of the trumpet and alarm against the fenced cities, and against the high towers.
17 And I will bring distress upon men, that they shall walk like blind men, because they have sinned against the Lord: and their blood shall be poured out as dust, and their flesh as the dung.
18 Neither their silver nor their gold shall be able to deliver them in the day of the Lord‘s wrath; but the whole land shall be devoured by the fire of his jealousy: for he shall make even a speedy riddance of all them that dwell in the land.   King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}