Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kkreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 21  

1 Lè sa a, Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa:
-Manyè tande sa m’ pral di nou la a, non! Tanpri, charite m’ ti ankourajman sa a!
Ban m’ yon ti chans pou m’ pale. Lè m’a fini, nou mèt pase m’ nan betiz kont nou!
Se pa avèk yon moun mwen annafè. Mwen gen rezon si m’ pa ka tann ankò!
Voye je nou gade m’ byen. N’a sezi. N’a mete men nan bouch.
Mwen menm, lè m’ chonje sa ki rive m’, m’ pè. Tout kò m’ pran tranble.
 Poukisa Bondye kite mechan yo ap viv? Li kite yo rive vye granmoun, epi tout zafè yo mache byen?
Yo gen pitit ak pitit pitit. Yo wè yo ap grandi devan je yo.
Bondye pa voye malè sou yo pou pini yo. Y’ap viv alèz lakay yo san ankenn danje.
10 Wi, bèf yo kwaze san mank, yo fè pitit san pèdi pòte.
11 Timoun yo ap kouri tankou ti mouton nan savann. Y’ap jwe, y’ap sote tankou ti kabrit.
12 Y’ap chante, y’ap jwe gita, y’ap bat tanbou, y’ap danse pandan moun ap jwe fif pou yo.
13 Jouk jou yo mouri, kè yo kontan. Yo desann nan peyi kote mò yo ye a ak kè poze.
14 Se yo menm k’ap plede di Bondye: Kite n’ an repo! Nou pa bezwen konnen jan ou vle pou moun viv la.
15 Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ye menm pou nou sèvi l’ la? Kisa sa ap rapòte nou lè nou lapriyè l’?
16 Yo pretann tou sa yo genyen se kouraj yo ki ba yo l’. Yo pa t’ janm mete Bondye nan koze yo. Mwen pa dakò ak jan y’ap pale a, non.
17  Ou janm wè limyè mechan an mouri? Ou janm tande malè rive yo? On jan wè Bondye fè kolè pou l’ pini malveyan yo,
18 pou van bwote yo ale tankou zèb chèch, pou van tanpèt chase yo tankou pay pitimi?
19 Yo pretann di Bondye va pini pitit pou peche papa yo! Poukisa se pa papa yo menm li pini pou yo ka pran leson?
20 Se pou mechan yo te wè chatiman yo. Se yo menm ki te pou santi kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a pa dous.
21 Ki mele yo sa ki rive pitit yo, lè yo fin ale, lè yo fin viv tan pou yo te viv la?
22 Men, Bondye ki jije ata zanj ki nan syèl la, ki moun ki ka moutre l’ sa pou li fè?
23 Gen moun ki pa janm malad jouk yo mouri. Jouk jou yo antre anba tè, yo kontan, yo pa gen tèt chaje.
24 Yo gra nan tout kò yo, tout zo yo plen ak mwèl.
25 Yon lòt menm pa janm konnen sa ki rele kè kontan. Li pase tout lavi l’ nan nesesite, li mouri nan mizè.
26 Men, lè tou de mouri, yo antere yo, vèmen kouvri kadav yo menm jan.
27  Men wi, mwen konnen sa ki nan tèt nou. Mwen konnen ki move lide n’ap fè sou mwen koulye a.
28 N’ap mande kote kay gwo zotobre a. Sa ki rive kay nèg ki te konn fè sa ki mal la.
29 Kouman? Nou pa pale ak moun ki vwayaje? Nou pa konn ki nouvèl y’ap bay?
30 Jou Bondye ankòlè, lè l’ap pini an, se toujou mechan yo ki resi chape kò yo!
31 Men, ki moun ki ka kanpe devan yo pou akize yo? Ki moun ki ka fè yo peye sa yo fè a?
32 Yo fè bèl lantèman pou yo. Yo mete moun veye tonm yo.
33 Foul moun ap swiv sèkèy yo, yon pati moun devan, yon pati moun dèyè. Menm tè a chita dous sou kadav yo.
34 Lèfini, n’ap chache konsole m’ ak yon bann pawòl san sans. Tou sa n’ap reponn mwen la a se manti.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 21 

Job prit la parole et dit:
Écoutez, écoutez mes paroles, Donnez-moi seulement cette consolation.
Laissez-moi parler, je vous prie; Et, quand j’aurai parlé, tu pourras te moquer.
Est-ce contre un homme que se dirige ma plainte? Et pourquoi mon âme ne serait-elle pas impatiente?
Regardez-moi, soyez étonnés, Et mettez la main sur la bouche.
Quand j’y pense, cela m’épouvante, Et un tremblement saisit mon corps.
Pourquoi les méchants vivent-ils? Pourquoi les voit-on vieillir et accroître leur force?
Leur postérité s’affermit avec eux et en leur présence, Leurs rejetons prospèrent sous leurs yeux.
Dans leurs maisons règne la paix, sans mélange de crainte; La verge de Dieu ne vient pas les frapper.
10 Leurs taureaux sont vigoureux et féconds, Leurs génisses conçoivent et n’avortent point.
11 Ils laissent courir leurs enfants comme des brebis, Et les enfants prennent leurs ébats.
12 Ils chantent au son du tambourin et de la harpe, Ils se réjouissent au son du chalumeau.
13 Ils passent leurs jours dans le bonheur, Et ils descendent en un instant au séjour des morts.
14 Ils disaient pourtant à Dieu: Retire-toi de nous; Nous ne voulons pas connaître tes voies.
15 Qu’est-ce que le Tout Puissant, pour que nous le servions? Que gagnerions-nous à lui adresser nos prières?
16 Quoi donc! ne sont-ils pas en possession du bonheur? -Loin de moi le conseil des méchants!
17 Mais arrive-t-il souvent que leur lampe s’éteigne, Que la misère fonde sur eux, Que Dieu leur distribue leur part dans sa colère,
18 Qu’ils soient comme la paille emportée par le vent, Comme la balle enlevée par le tourbillon?
19 Est-ce pour les fils que Dieu réserve le châtiment du père? Mais c’est lui que Dieu devrait punir, pour qu’il le sente;
20 C’est lui qui devrait contempler sa propre ruine, C’est lui qui devrait boire la colère du Tout Puissant.
21 Car, que lui importe sa maison après lui, Quand le nombre de ses mois est achevé?
22 Est-ce à Dieu qu’on donnera de la science, A lui qui gouverne les esprits célestes?
23 L’un meurt au sein du bien-être, De la paix et du bonheur,
24 Les flancs chargés de graisse Et la moelle des os remplie de sève;
25 L’autre meurt, l’amertume dans l’âme, Sans avoir joui d’aucun bien.
26 Et tous deux se couchent dans la poussière, Tous deux deviennent la pâture des vers.
27 Je sais bien quelles sont vos pensées, Quels jugements iniques vous portez sur moi.
28 Vous dites: Où est la maison de l’homme puissant? Où est la tente qu’habitaient les impies?
29 Mais quoi! n’avez-vous point interrogé les voyageurs, Et voulez-vous méconnaître ce qu’ils prouvent?
30 Au jour du malheur, le méchant est épargné; Au jour de la colère, il échappe.
31 Qui lui reproche en face sa conduite? Qui lui rend ce qu’il a fait?
32 Il est porté dans un sépulcre, Et il veille encore sur sa tombe.
33 Les mottes de la vallée lui sont légères; Et tous après lui suivront la même voie, Comme une multitude l’a déjà suivie.
34 Pourquoi donc m’offrir de vaines consolations? Ce qui reste de vos réponses n’est que perfidie.
Louis Segond {LSG}

Job 21    

1 But Job answered and said,
Hear diligently my speech, and let this be your consolations.
Suffer me that I may speak; and after that I have spoken, mock on.
As for me, is my complaint to man? and if it were so, why should not my spirit be troubled?
Mark me, and be astonished, and lay your hand upon your mouth.
Even when I remember I am afraid, and trembling taketh hold on my flesh.
Wherefore do the wicked live, become old, yea, are mighty in power?
Their seed is established in their sight with them, and their offspring before their eyes.
Their houses are safe from fear, neither is the rod of God upon them.
10 Their bull gendereth, and faileth not; their cow calveth, and casteth not her calf.
11 They send forth their little ones like a flock, and their children dance.
12 They take the timbrel and harp, and rejoice at the sound of the organ.
13 They spend their days in wealth, and in a moment go down to the grave.
14 Therefore they say unto God, Depart from us; for we desire not the knowledge of thy ways.
15 What is the Almighty, that we should serve him? and what profit should we have, if we pray unto him?
16 Lo, their good is not in their hand: the counsel of the wicked is far from me.
17 How oft is the candle of the wicked put out! and how oft cometh their destruction upon them! God distributeth sorrows in his anger.
18 They are as stubble before the wind, and as chaff that the storm carrieth away.
19 God layeth up his iniquity for his children: he rewardeth him, and he shall know it.
20 His eyes shall see his destruction, and he shall drink of the wrath of the Almighty.
21 For what pleasure hath he in his house after him, when the number of his months is cut off in the midst?
22 Shall any teach God knowledge? seeing he judgeth those that are high.
23 One dieth in his full strength, being wholly at ease and quiet.
24 His breasts are full of milk, and his bones are moistened with marrow.
25 And another dieth in the bitterness of his soul, and never eateth with pleasure.
26 They shall lie down alike in the dust, and the worms shall cover them.
27 Behold, I know your thoughts, and the devices which ye wrongfully imagine against me.
28 For ye say, Where is the house of the prince? and where are the dwelling places of the wicked?
29 Have ye not asked them that go by the way? and do ye not know their tokens,
30 That the wicked is reserved to the day of destruction? they shall be brought forth to the day of wrath.
31 Who shall declare his way to his face? and who shall repay him what he hath done?
32 Yet shall he be brought to the grave, and shall remain in the tomb.
33 The clods of the valley shall be sweet unto him, and every man shall draw after him, as there are innumerable before him.
34 How then comfort ye me in vain, seeing in your answers there remaineth falsehood?
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}