Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 104  

1 Kite m’ di Seyè a mèsi! Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba!
Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete.
Ou bati kay ou sou nwaj yo ki plen dlo. Ou pran nwaj yo sèvi ou cha, yon kouran van ap pouse ou ale.
Ou fè van yo pote komisyon pou ou. Ou fè zèklè yo tounen sèvitè ou.
Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l’.
Ou mete lanmè sou li tankou yon rad, dlo te kouvri tout mòn yo.
Men, lè ou parèt devan yo, yo pran kouri. Lè yo tande loraj ou gwonde, yo met deyò.
Yo kouri desann sou mòn yo, yo pase nan fon yo, y’ al pran plas ou te pare pou yo.
Ou ba yo limit pou yo pa janm depase, pou yo pa tounen vin kouvri latè ankò.
10  Ou fè sous dlo koule nan fon yo. Ou fè dlo koule nan mitan mòn yo.
11 Yo bay dlo pou bèt nan bwa yo bwè. Bourik nan bwa yo vin bwè lè yo swaf dlo.
12 Zwezo fè nich sou pyebwa ki bò dlo yo. Y’ap chante byen fò nan tout branch yo.
13 Ou rete nan syèl la, ou voye lapli wouze mòn yo. Ou kouvri tè a ak benediksyon ou.
14 Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje,
15 pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs.
16 Pyebwa Seyè yo, pye sèd li menm li te plante nan peyi Liban an, yo jwenn tou sa yo bezwen.
17 Se la zwazo fè nich yo. Sigòy fè kay yo sou tèt pyebwa yo.
18 Mòn apik yo se pou kabrit mawon yo ye. Daman kache nan twou wòch yo.
19  Ou te fè lalin pou l’ make jou yo. Solèy la konnen kilè pou l’ kouche.
20 Ou fè fènwa tonbe sou peyi a, li lannwit. Tout bèt nan rakbwa yo soti deyò.
21 Jenn lyon yo ap gwonde, y’ap chache manje. Y’ap mande Bondye ba yo manje.
22 Lè solèy leve, yo wete kò yo, y’ al kouche nan twou yo.
23 Moun soti pou y’ al travay, wi, pou y’ al travay jouk solèy kouche.
24 Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè.
25 Gade gwo lanmè a, li laj, li fon. Gen kantite bèt k’ap viv ladan l’, gwo kou piti.
26 Se sou li gwo batiman yo ap pwonmennen. Gwo bèt lanmè ou te fè a, levyatan an, ap jwe ladan l’.
27 Se sou ou tout bèt sa yo konte, pou ou ba yo manje lè yo bezwen.
28 Ou ba yo manje, yo manje. Ou louvri men ou, yo manje plen vant yo.
29 Vire ou vire do ou, yo pran tranble. Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt, yo tounen nan pousyè kote yo te soti a.
30 Men, lè ou soufle souf ou, ou bay lavi ankò. Konsa, ou bay latè yon lòt figi.
31  Se pou bèl pouvwa Seyè a rete jan l’ ye a pou tout tan. Se pou Seyè a kontan ak tou sa li fè.
32 Li gade latè, latè pran tranble. Li manyen mòn yo, mòn yo pran fè lafimen.
33 M’ap pase tout lavi m’ ap chante pou Seyè a. M’ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m’ap viv la.
34 Mwen ta swete pawòl mwen fè l’ plezi, paske se li ki fè kè m’ kontan.
35 Se pou moun k’ap fè sa ki mal yo disparèt sou latè. Se pou pa gen mechan ankò! Kite m’ di Seyè a mèsi! Lwanj pou Seyè a!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 104

1 Mon âme, bénis l’Éternel! Éternel, mon Dieu, tu es infiniment grand! Tu es revêtu d’éclat et de magnificence!
Il s’enveloppe de lumière comme d’un manteau; Il étend les cieux comme un pavillon.
Il forme avec les eaux le faîte de sa demeure; Il prend les nuées pour son char, Il s’avance sur les ailes du vent.
Il fait des vents ses messagers, Des flammes de feu ses serviteurs.
Il a établi la terre sur ses fondements, Elle ne sera jamais ébranlée.
Tu l’avais couverte de l’abîme comme d’un vêtement, Les eaux s’arrêtaient sur les montagnes;
Elles ont fui devant ta menace, Elles se sont précipitées à la voix de ton tonnerre.
Des montagnes se sont élevées, des vallées se sont abaissées, Au lieu que tu leur avais fixé.
Tu as posé une limite que les eaux ne doivent point franchir, Afin qu’elles ne reviennent plus couvrir la terre.
10 Il conduit les sources dans des torrents Qui coulent entre les montagnes.
11 Elles abreuvent tous les animaux des champs; Les ânes sauvages y étanchent leur soif.
12 Les oiseaux du ciel habitent sur leurs bords, Et font résonner leur voix parmi les rameaux.
13 De sa haute demeure, il arrose les montagnes; La terre est rassasiée du fruit de tes oeuvres.
14 Il fait germer l’herbe pour le bétail, Et les plantes pour les besoins de l’homme, Afin que la terre produise de la nourriture,
15 Le vin qui réjouit le coeur de l’homme, Et fait plus que l’huile resplendir son visage, Et le pain qui soutient le coeur de l’homme.
16 Les arbres de l’Éternel se rassasient, Les cèdres du Liban, qu’il a plantés.
17 C’est là que les oiseaux font leurs nids; La cigogne a sa demeure dans les cyprès,
18 Les montagnes élevées sont pour les boucs sauvages, Les rochers servent de retraite aux damans.
19 Il a fait la lune pour marquer les temps; Le soleil sait quand il doit se coucher.
20 Tu amènes les ténèbres, et il est nuit: Alors tous les animaux des forêts sont en mouvement;
21 Les lionceaux rugissent après la proie, Et demandent à Dieu leur nourriture.
22 Le soleil se lève: ils se retirent, Et se couchent dans leurs tanières.
23 L’homme sort pour se rendre à son ouvrage, Et à son travail, jusqu’au soir.
24 Que tes oeuvres sont en grand nombre, ô Éternel! Tu les as toutes faites avec sagesse. La terre est remplie de tes biens.
25 Voici la grande et vaste mer: Là se meuvent sans nombre Des animaux petits et grands;
26 Là se promènent les navires, Et ce léviathan que tu as formé pour se jouer dans les flots.
27 Tous ces animaux espèrent en toi, Pour que tu leur donnes la nourriture en son temps.
28 Tu la leur donnes, et ils la recueillent; Tu ouvres ta main, et ils se rassasient de biens.
29 Tu caches ta face: ils sont tremblants; Tu leur retires le souffle: ils expirent, Et retournent dans leur poussière.
30 Tu envoies ton souffle: ils sont créés, Et tu renouvelles la face de la terre.
31 Que la gloire de l’Éternel subsiste à jamais! Que l’Éternel se réjouisse de ses oeuvres!
32 Il regarde la terre, et elle tremble; Il touche les montagnes, et elles sont fumantes.
33 Je chanterai l’Éternel tant que je vivrai, Je célébrerai mon Dieu tant que j’existerai.
34 Que mes paroles lui soient agréables! Je veux me réjouir en l’Éternel.
35 Que les pécheurs disparaissent de la terre, Et que les méchants ne soient plus! Mon âme, bénis l’Éternel! Louez l’Éternel!
Louis Segond {LSG}

Psalm 104 

1 Bless the Lord, O my soul. O Lord my God, thou art very great; thou art clothed with honour and majesty.
Who coverest thyself with light as with a garment: who stretchest out the heavens like a curtain:
Who layeth the beams of his chambers in the waters: who maketh the clouds his chariot: who walketh upon the wings of the wind:
Who maketh his angels spirits; his ministers a flaming fire:
Who laid the foundations of the earth, that it should not be removed for ever.
Thou coveredst it with the deep as with a garment: the waters stood above the mountains.
At thy rebuke they fled; at the voice of thy thunder they hasted away.
They go up by the mountains; they go down by the valleys unto the place which thou hast founded for them.
Thou hast set a bound that they may not pass over; that they turn not again to cover the earth.
10 He sendeth the springs into the valleys, which run among the hills.
11 They give drink to every beast of the field: the wild asses quench their thirst.
12 By them shall the fowls of the heaven have their habitation, which sing among the branches.
13 He watereth the hills from his chambers: the earth is satisfied with the fruit of thy works.
14 He causeth the grass to grow for the cattle, and herb for the service of man: that he may bring forth food out of the earth;
15 And wine that maketh glad the heart of man, and oil to make his face to shine, and bread which strengtheneth man’s heart.
16 The trees of the Lord are full of sap; the cedars of Lebanon, which he hath planted;
17 Where the birds make their nests: as for the stork, the fir trees are her house.
18 The high hills are a refuge for the wild goats; and the rocks for the conies.
19 He appointed the moon for seasons: the sun knoweth his going down.
20 Thou makest darkness, and it is night: wherein all the beasts of the forest do creep forth.
21 The young lions roar after their prey, and seek their meat from God.
22 The sun ariseth, they gather themselves together, and lay them down in their dens.
23 Man goeth forth unto his work and to his labour until the evening.
24 Lord, how manifold are thy works! in wisdom hast thou made them all: the earth is full of thy riches.
25 So is this great and wide sea, wherein are things creeping innumerable, both small and great beasts.
26 There go the ships: there is that leviathan, whom thou hast made to play therein.
27 These wait all upon thee; that thou mayest give them their meat in due season.
28 That thou givest them they gather: thou openest thine hand, they are filled with good.
29 Thou hidest thy face, they are troubled: thou takest away their breath, they die, and return to their dust.
30 Thou sendest forth thy spirit, they are created: and thou renewest the face of the earth.
31 The glory of the Lord shall endure for ever: the Lord shall rejoice in his works.
32 He looketh on the earth, and it trembleth: he toucheth the hills, and they smoke.
33 I will sing unto the Lord as long as I live: I will sing praise to my God while I have my being.
34 My meditation of him shall be sweet: I will be glad in the Lord.
35 Let the sinners be consumed out of the earth, and let the wicked be no more. Bless thou the Lord, O my soul. Praise ye the Lord.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}