Liv Lik / Luc / Luke

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Lik 22              

Fèt Pen san ledven yo, ki vle di fèt Delivrans jwif yo, te prèt pou rive.
Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t’ap chache yon riz pou yo fè touye Jezi, paske yo te pè pèp la.
Lè sa a, Satan antre nan tèt Jida yo te rele Iskariòt la, yonn nan douz disip yo.
Jida al jwenn chèf prèt yo ak chèf gad ki t’ap veye tanp lan. Li di yo ki jan li ta ka fè yo pran Jezi.
Yo pa t’ manke kontan, yo pwomèt pou yo ba l’ lajan.
Li tonbe dakò ak yo. Se konsa Jida t’ap chache yon bon okazyon pou l’ te fè yo pran Jezi san foul la pa konnen.
 Jou fèt Pen san ledven an te rive; se jou sa a pou yo te touye ti mouton yo pou manje Delivrans lan.
Jezi voye Pyè ak Jan, li di yo konsa: Ale pare manje Delivrans lan pou n’ kapab manje li.
Yo mande li: Ki bò ou ta vle nou pare li?
10 Li di yo: Gade. Lè n’a antre lavil la, n’a kontre ak yon nonm k’ap pote yon krich dlo; swiv li jouk nan kay kote la antre a.
11 N’a di mèt kay la: Mèt la voye mande ou kote pyès kay pou l’ manje manje Delivrans lan avèk disip li yo?
12 Lè sa a la moutre nou yon gwo chanm anwo kay la, tou pare, tou meble. Se la n’a pare manje Delivrans lan.
13 Yo pati, yo jwenn tout bagay jan l’ te di yo a. Epi yo pare manje Delivrans lan.
14 Lè lè a rive, Jezi chita bò tab la avèk apòt yo pou manje.
15 Li di yo: Mwen pa t’ manke anvi manje manje Delivrans sa a avè n’ anvan m’ al soufri.
16 Paske, m’ap di nou sa: mwen p’ap janm manje l’ ankò jouk jou la pran sans li nèt vre nan peyi kote Bondye Wa a.
17 Apre sa, li pran yon gode, li di Bondye mèsi, epi l’ di: Men gode sa a, separe l’ bay chak moun nan nou;
18 paske, m’ap di nou sa, depi koulye a mwen p’ap bwè diven ankò jouk lè Bondye va vin pran pouvwa a nan men li.
19 Apre sa, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase li. Li ba yo l’, epi li di yo: Sa se kò mwen. Se mwen menm ki bay li pou nou. Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen.
20 Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo gode diven an. Li di yo: Gode sa a, se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m’ ki koule pou nou an li siyen l’.
21  Men gade! Moun k’ap trayi m’ lan, li la bò tab la ansanm ak mwen!
22 Moun Bondye voye nan lachè a pral mouri jan Bondye te vle l’ la, se vre. Men, malè pou moun ki trayi l’ la!
23 Latou, yonn pran mande lòt kilès nan yo la a ki pral fè bagay sa a.
24 Epi yon gwo diskisyon leve nan mitan disip yo. Yo te vle konnen kilès nan yo ki te dwe pase pou pi grannèg.
25 Jezi di yo: Nan tout peyi, wa se kòmande yo kòmande, moun ki chèf fè nou rele yo Bon papa.
26 Men pou nou menm, se pa konsa pou sa ye. Okontrè, sak pi grannèg nan mitan nou an, se pou l’ tankou pi piti a; sa k’ap kòmande a, se pou l’ tankou sa k’ap sèvi a.
27 Kilès ki pi grannèg: moun ki chita bò tab la, osinon moun k’ap sèvi l’ la? Moun ki chita bò tab la, pa vre? Tansèlman, mwen menm mwen nan mitan nou tankou moun k’ap sèvi a.
28 Nou menm, nou se moun ki kenbe fèm avè m’ nan tout tribilasyon mwen yo.
29 Se poutèt sa, menm jan Papa a te ban m’ dwa pou m’ gouvènen nan peyi kote li wa a, mwen menm tou, m’ap ban nou dwa sa a.
30 N’a manje, n’a bwè sou tab ansanm avè m’ sou govènman mwen an. M’a mete nou chita sou bèl fotèy pou nou jije douz branch fanmi Izrayèl la.
31 Simon, Simon, koute: Satan mande pouvwa pou l’ pase nou tout nan laye, tankou grenn y’ap vannen.
32 Men, mwen lapriyè pou ou, Simon, pou konfyans ou nan Bondye pa febli. Ou menm, lè wa tounen vin jwenn mwen, bay frè ou yo fòs.
33 Pyè di li: Mèt, mwen pare pou m’ al nan prizon avè ou, pou m’ mouri menm avè ou.
34 Jezi reponn li: Pyè, tande sa m’ap di ou: kòk p’ap gen tan chante jòdi a, w’ap di ou pa konnen m’ pandan twa fwa.
35 Jezi di yo ankò: Lè m’ te voye nou san lajan, san manje, san soulye, èske nou te manke kichòy? Yo reponn li: Nou pa t’ manke anyen.
36 Li di yo: Bon, koulye a, moun ki gen yon lajan, se pou l’ pran l’; sa ki gen manje se pou l’ pran l’ tou. Moun ki pa gen nepe, se pou l’ vann rad li pou l’ achte yonn.
37 Paske, tande byen sa m’ap di nou: pawòl ki te ekri a, fòk li rive vre nan lavi mwen: Yo mete l’ ansanm ak mechan yo. Wi, sa ki ekri sou mwen an pral rive.
38 Disip yo di li: Mèt, men de nepe. Li di yo: Sa kont.
39  Apre sa, Jezi soti, li al mòn Oliv la, jan l’ te konn fè a. Disip yo swiv li.
40 Lè l’ rive, li di yo: Lapriyè pou n’ pa tonbe anba tantasyon.
41 Epi li kite yo, li al pi devan, distans yon moun kab voye yon wòch konsa. Li mete ajenou, li pran lapriyè.
42 Li di: Papa, si ou vle, tanpri, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se pa volonte m’ ki pou fèt, se volonte pa ou.
43 Lè sa a, yon zanj Bondye soti nan syèl la parèt devan li. Li te vin bay Jezi fòs.
44 Kè Jezi te sere anpil, li t’ap lapriyè pi rèd. Swe t’ap koule sou li tonbe atè tankou gwo degout san.
45 Apre li fin lapriyè, li leve, li vin bò kot disip yo; li jwenn yo ap dòmi sitèlman yo te nan lapenn.
46 Li di yo: Poukisa n’ap dòmi konsa? Leve non, lapriyè pou n’ pa tonbe anba tantasyon.
47  Jezi t’ap pale toujou lè yon bann moun vin rive. Jida, yonn nan douz disip yo, t’ap mache devan. Li pwoche bò kot Jezi pou l’ bo li.
48 Men, Jezi di li: Jida, se avèk yon bo w’ap trayi Moun Bondye voye nan lachè a?
49 Moun ki te avèk Jezi yo, lè yo wè sak t’apral rive, yo mande li: Mèt, èske nou mèt voye kout nepe?
50 Yonn ladan yo gen tan pote domestik granprèt la yon kou, li koupe zòrèy dwat li.
51 Men, Jezi di yo: Non. Ase. Li manyen zòrèy nonm lan, li geri li.
52 Apre sa, Jezi pale ak chèf prèt yo, chèf lagad tanp lan ansanm ak chèf fanmi yo ki te vin pran li. Li di yo: Nou vin dèyè m’ ak nepe epi baton, tankou si m’ te yon ansasen.
53 Toulejou mwen te la avèk nou nan tanp lan, nou pa t’ chache arete mwen. Men koulye a, se jou pa n’, se jou pouvwa ki travay nan fènwa a.
54  Yo arete Jezi, yo mennen li ale. Yo kondi l’ kay granprèt la. Pyè t’ap swiv yo yon ti jan lwen lwen.
55 Yo te limen yon dife nan mitan lakou a. Pyè al chita nan mitan moun ki te bò dife a.
56 Yon sèvant wè Pyè chita bò dife a; li fiske je l’ sou li, li di: Nonm sa a te avèk li tou.
57 Men, Pyè demanti l’, li di: Madanm, mwen pa konnen li.
58 Yon kadè apre, yon lòt wè l’, epi l’ di: Ou menm tou, ou fè pati moun sa yo. Pyè di: Non, monchè, mwen pa fè pati moun sa yo.
59 Apre yon bon ti moman, yon lòt di l’ ankò: Men wi, nonm sa a te avè l’. Se moun Galile li ye.
60 Pyè reponn li: Monchè, mwen pa konnen sa ou ap di la a. Menm lè a, antan li t’ap pale toujou, yon kòk pran chante.
61 Jezi vire, li gade Pyè, epi Pyè vin chonje pawòl Seyè a te di l’: Jòdi a, kòk p’ap gen tan chante, w’ap di ou pa konnen mwen pandan twa fwa.
62 Pyè soti, epi li tonbe kriye jouk li pa t’ kapab ankò.
63  Mesye ki t’ap veye Jezi yo t’ap pase l’ nan rizib. Yo t’ap ba l’ kou.
64 Yo te bouche je l’, yo t’ap mande li: Ki moun ki ba ou kou sa a? Devinen?
65 Epi yo t’ap di l’ anpil lòt jouman ankò.
66 Lè l’ fin fè jou, tout chèf fanmi yo, chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo reyini. Yo fè mennen Jezi devan Gran Konsèy jwif yo.
67 Yo mande li: Manyè di nou: èske se ou ki Kris la? Jezi reponn yo: Si m’ reponn nou, nou p’ap vle kwè mwen.
68 Si m’ poze nou yon keksyon, nou p’ap vle reponn mwen.
69 Men, depi jòdi a, Moun Bondye voye nan lachè a pral chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a.
70 Yo tout di li: Ou se pitit Bondye a, pa vre? Li reponn yo: Apa nou di li. Wi, se sa mwen ye menm.
71 Lè sa a yo di: Sa nou bezwen temwen ankò fè. Nou menm nou fèk tande pawòl ki soti nan bouch li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Luc 22            

1 La fête des pains sans levain, appelée la Pâque, approchait.
Les principaux sacrificateurs et les scribes cherchaient les moyens de faire mourir Jésus; car ils craignaient le peuple.
Or, Satan entra dans Judas, surnommé Iscariot, qui était du nombre des douze.
Et Judas alla s’entendre avec les principaux sacrificateurs et les chefs des gardes, sur la manière de le leur livrer.
Ils furent dans la joie, et ils convinrent de lui donner de l’argent.
Après s’être engagé, il cherchait une occasion favorable pour leur livrer Jésus à l’insu de la foule.
Le jour des pains sans levain, où l’on devait immoler la Pâque, arriva,
et Jésus envoya Pierre et Jean, en disant: Allez nous préparer la Pâque, afin que nous la mangions.
Ils lui dirent: Où veux-tu que nous la préparions?
10 Il leur répondit: Voici, quand vous serez entrés dans la ville, vous rencontrerez un homme portant une cruche d’eau; suivez-le dans la maison où il entrera,
11 et vous direz au maître de la maison: Le maître te dit: Où est le lieu où je mangerai la Pâque avec mes disciples?
12 Et il vous montrera une grande chambre haute, meublée: c’est là que vous préparerez la Pâque.
13 Ils partirent, et trouvèrent les choses comme il le leur avait dit; et ils préparèrent la Pâque.
14 L’heure étant venue, il se mit à table, et les apôtres avec lui.
15 Il leur dit: J’ai désiré vivement manger cette Pâque avec vous, avant de souffrir;
16 car, je vous le dis, je ne la mangerai plus, jusqu’à ce qu’elle soit accomplie dans le royaume de Dieu.
17 Et, ayant pris une coupe et rendu grâces, il dit: Prenez cette coupe, et distribuez-la entre vous;
18 car, je vous le dis, je ne boirai plus désormais du fruit de la vigne, jusqu’à ce que le royaume de Dieu soit venu.
19 Ensuite il prit du pain; et, après avoir rendu grâces, il le rompit, et le leur donna, en disant: Ceci est mon corps, qui est donné pour vous; faites ceci en mémoire de moi.
20 Il prit de même la coupe, après le souper, et la leur donna, en disant: Cette coupe est la nouvelle alliance en mon sang, qui est répandu pour vous.
21 Cependant voici, la main de celui qui me livre est avec moi à cette table.
22 Le Fils de l’homme s’en va selon ce qui est déterminé. Mais malheur à l’homme par qui il est livré!
23 Et ils commencèrent à se demander les uns aux autres qui était celui d’entre eux qui ferait cela.
24 Il s’éleva aussi parmi les apôtres une contestation: lequel d’entre eux devait être estimé le plus grand?
25 Jésus leur dit: Les rois des nations les maîtrisent, et ceux qui les dominent sont appelés bienfaiteurs.
26 Qu’il n’en soit pas de même pour vous. Mais que le plus grand parmi vous soit comme le plus petit, et celui qui gouverne comme celui qui sert.
27 Car quel est le plus grand, celui qui est à table, ou celui qui sert? N’est-ce pas celui qui est à table? Et moi, cependant, je suis au milieu de vous comme celui qui sert.
28 Vous, vous êtes ceux qui avez persévéré avec moi dans mes épreuves;
29 c’est pourquoi je dispose du royaume en votre faveur, comme mon Père en a disposé en ma faveur,
30 afin que vous mangiez et buviez à ma table dans mon royaume, et que vous soyez assis sur des trônes, pour juger les douze tribus d’Israël.
31 Le Seigneur dit: Simon, Simon, Satan vous a réclamés, pour vous cribler comme le froment.
32 Mais j’ai prié pour toi, afin que ta foi ne défaille point; et toi, quand tu seras converti, affermis tes frères.
33 Seigneur, lui dit Pierre, je suis prêt à aller avec toi et en prison et à la mort.
34 Et Jésus dit: Pierre, je te le dis, le coq ne chantera pas aujourd’hui que tu n’aies nié trois fois de me connaître.
35 Il leur dit encore: Quand je vous ai envoyés sans bourse, sans sac, et sans souliers, avez-vous manqué de quelque chose? Ils répondirent: De rien.
36 Et il leur dit: Maintenant, au contraire, que celui qui a une bourse la prenne et que celui qui a un sac le prenne également, que celui qui n’a point d’épée vende son vêtement et achète une épée.
37 Car, je vous le dis, il faut que cette parole qui est écrite s’accomplisse en moi: Il a été mis au nombre des malfaiteurs. Et ce qui me concerne est sur le point d’arriver.
38 Ils dirent: Seigneur, voici deux épées. Et il leur dit: Cela suffit.
39 Après être sorti, il alla, selon sa coutume, à la montagne des Oliviers. Ses disciples le suivirent.
40 Lorsqu’il fut arrivé dans ce lieu, il leur dit: Priez, afin que vous ne tombiez pas en tentation.
41 Puis il s’éloigna d’eux à la distance d’environ un jet de pierre, et, s’étant mis à genoux, il pria,
42 disant: Père, si tu voulais éloigner de moi cette coupe! Toutefois, que ma volonté ne se fasse pas, mais la tienne.
43 Alors un ange lui apparut du ciel, pour le fortifier.
44 Étant en agonie, il priait plus instamment, et sa sueur devint comme des grumeaux de sang, qui tombaient à terre.
45 Après avoir prié, il se leva, et vint vers les disciples, qu’il trouva endormis de tristesse,
46 et il leur dit: Pourquoi dormez-vous? Levez-vous et priez, afin que vous ne tombiez pas en tentation.
47 Comme il parlait encore, voici, une foule arriva; et celui qui s’appelait Judas, l’un des douze, marchait devant elle. Il s’approcha de Jésus, pour le baiser.
48 Et Jésus lui dit: Judas, c’est par un baiser que tu livres le Fils de l’homme!
49 Ceux qui étaient avec Jésus, voyant ce qui allait arriver, dirent: Seigneur, frapperons-nous de l’épée?
50 Et l’un d’eux frappa le serviteur du souverain sacrificateur, et lui emporta l’oreille droite.
51 Mais Jésus, prenant la parole, dit: Laissez, arrêtez! Et, ayant touché l’oreille de cet homme, il le guérit.
52 Jésus dit ensuite aux principaux sacrificateurs, aux chefs des gardes du temple, et aux anciens, qui étaient venus contre lui: Vous êtes venus, comme après un brigand, avec des épées et des bâtons.
53 J’étais tous les jours avec vous dans le temple, et vous n’avez pas mis la main sur moi. Mais c’est ici votre heure, et la puissance des ténèbres.
54 Après avoir saisi Jésus, ils l’emmenèrent, et le conduisirent dans la maison du souverain sacrificateur. Pierre suivait de loin.
55 Ils allumèrent du feu au milieu de la cour, et ils s’assirent. Pierre s’assit parmi eux.
56 Une servante, qui le vit assis devant le feu, fixa sur lui les regards, et dit: Cet homme était aussi avec lui.
57 Mais il le nia disant: Femme, je ne le connais pas.
58 Peu après, un autre, l’ayant vu, dit: Tu es aussi de ces gens-là. Et Pierre dit: Homme, je n’en suis pas.
59 Environ une heure plus tard, un autre insistait, disant: Certainement cet homme était aussi avec lui, car il est Galiléen.
60 Pierre répondit: Homme, je ne sais ce que tu dis. Au même instant, comme il parlait encore, le coq chanta.
61 Le Seigneur, s’étant retourné, regarda Pierre. Et Pierre se souvint de la parole que le Seigneur lui avait dite: Avant que le coq chante aujourd’hui, tu me renieras trois fois.
62 Et étant sorti, il pleura amèrement.
63 Les hommes qui tenaient Jésus se moquaient de lui, et le frappaient.
64 Ils lui voilèrent le visage, et ils l’interrogeaient, en disant: Devine qui t’a frappé.
65 Et ils proféraient contre lui beaucoup d’autres injures.
66 Quand le jour fut venu, le collège des anciens du peuple, les principaux sacrificateurs et les scribes, s’assemblèrent, et firent amener Jésus dans leur sanhédrin.
67 Ils dirent: Si tu es le Christ, dis-le nous. Jésus leur répondit: Si je vous le dis, vous ne le croirez pas;
68 et, si je vous interroge, vous ne répondrez pas.
69 Désormais le Fils de l’homme sera assis à la droite de la puissance de Dieu.
70 Tous dirent: Tu es donc le Fils de Dieu? Et il leur répondit: Vous le dites, je le suis.
71 Alors ils dirent: Qu’avons-nous encore besoin de témoignage? Nous l’avons entendu nous-mêmes de sa bouche.

Louis Segond {LSG}

Luke 22     

1 Now the feast of unleavened bread drew nigh, which is called the Passover.
And the chief priests and scribes sought how they might kill him; for they feared the people.
Then entered Satan into Judas surnamed Iscariot, being of the number of the twelve.
And he went his way, and communed with the chief priests and captains, how he might betray him unto them.
And they were glad, and covenanted to give him money.
And he promised, and sought opportunity to betray him unto them in the absence of the multitude.
Then came the day of unleavened bread, when the passover must be killed.
And he sent Peter and John, saying, Go and prepare us the passover, that we may eat.
And they said unto him, Where wilt thou that we prepare?
10 And he said unto them, Behold, when ye are entered into the city, there shall a man meet you, bearing a pitcher of water; follow him into the house where he entereth in.
11 And ye shall say unto the goodman of the house, The Master saith unto thee, Where is the guestchamber, where I shall eat the passover with my disciples?
12 And he shall shew you a large upper room furnished: there make ready.
13 And they went, and found as he had said unto them: and they made ready the passover.
14 And when the hour was come, he sat down, and the twelve apostles with him.
15 And he said unto them, With desire I have desired to eat this passover with you before I suffer:
16 For I say unto you, I will not any more eat thereof, until it be fulfilled in the kingdom of God.
17 And he took the cup, and gave thanks, and said, Take this, and divide it among yourselves:
18 For I say unto you, I will not drink of the fruit of the vine, until the kingdom of God shall come.
19 And he took bread, and gave thanks, and brake it, and gave unto them, saying, This is my body which is given for you: this do in remembrance of me.
20 Likewise also the cup after supper, saying, This cup is the new testament in my blood, which is shed for you.
21 But, behold, the hand of him that betrayeth me is with me on the table.
22 And truly the Son of man goeth, as it was determined: but woe unto that man by whom he is betrayed!
23 And they began to enquire among themselves, which of them it was that should do this thing.
24 And there was also a strife among them, which of them should be accounted the greatest.
25 And he said unto them, The kings of the Gentiles exercise lordship over them; and they that exercise authority upon them are called benefactors.
26 But ye shall not be so: but he that is greatest among you, let him be as the younger; and he that is chief, as he that doth serve.
27 For whether is greater, he that sitteth at meat, or he that serveth? is not he that sitteth at meat? but I am among you as he that serveth.
28 Ye are they which have continued with me in my temptations.
29 And I appoint unto you a kingdom, as my Father hath appointed unto me;
30 That ye may eat and drink at my table in my kingdom, and sit on thrones judging the twelve tribes of Israel.
31 And the Lord said, Simon, Simon, behold, Satan hath desired to have you, that he may sift you as wheat:
32 But I have prayed for thee, that thy faith fail not: and when thou art converted, strengthen thy brethren.
33 And he said unto him, Lord, I am ready to go with thee, both into prison, and to death.
34 And he said, I tell thee, Peter, the cock shall not crow this day, before that thou shalt thrice deny that thou knowest me.
35 And he said unto them, When I sent you without purse, and scrip, and shoes, lacked ye any thing? And they said, Nothing.
36 Then said he unto them, But now, he that hath a purse, let him take it, and likewise his scrip: and he that hath no sword, let him sell his garment, and buy one.
37 For I say unto you, that this that is written must yet be accomplished in me, And he was reckoned among the transgressors: for the things concerning me have an end.
38 And they said, Lord, behold, here are two swords. And he said unto them, It is enough.
39 And he came out, and went, as he was wont, to the mount of Olives; and his disciples also followed him.
40 And when he was at the place, he said unto them, Pray that ye enter not into temptation.
41 And he was withdrawn from them about a stone’s cast, and kneeled down, and prayed,
42 Saying, Father, if thou be willing, remove this cup from me: nevertheless not my will, but thine, be done.
43 And there appeared an angel unto him from heaven, strengthening him.
44 And being in an agony he prayed more earnestly: and his sweat was as it were great drops of blood falling down to the ground.
45 And when he rose up from prayer, and was come to his disciples, he found them sleeping for sorrow,
46 And said unto them, Why sleep ye? rise and pray, lest ye enter into temptation.
47 And while he yet spake, behold a multitude, and he that was called Judas, one of the twelve, went before them, and drew near unto Jesus to kiss him.
48 But Jesus said unto him, Judas, betrayest thou the Son of man with a kiss?
49 When they which were about him saw what would follow, they said unto him, Lord, shall we smite with the sword?
50 And one of them smote the servant of the high priest, and cut off his right ear.
51 And Jesus answered and said, Suffer ye thus far. And he touched his ear, and healed him.
52 Then Jesus said unto the chief priests, and captains of the temple, and the elders, which were come to him, Be ye come out, as against a thief, with swords and staves?
53 When I was daily with you in the temple, ye stretched forth no hands against me: but this is your hour, and the power of darkness.
54 Then took they him, and led him, and brought him into the high priest’s house. And Peter followed afar off.
55 And when they had kindled a fire in the midst of the hall, and were set down together, Peter sat down among them.
56 But a certain maid beheld him as he sat by the fire, and earnestly looked upon him, and said, This man was also with him.
57 And he denied him, saying, Woman, I know him not.
58 And after a little while another saw him, and said, Thou art also of them. And Peter said, Man, I am not.
59 And about the space of one hour after another confidently affirmed, saying, Of a truth this fellow also was with him: for he is a Galilaean.
60 And Peter said, Man, I know not what thou sayest. And immediately, while he yet spake, the cock crew.
61 And the Lord turned, and looked upon Peter. And Peter remembered the word of the Lord, how he had said unto him, Before the cock crow, thou shalt deny me thrice.
62 And Peter went out, and wept bitterly.
63 And the men that held Jesus mocked him, and smote him.
64 And when they had blindfolded him, they struck him on the face, and asked him, saying, Prophesy, who is it that smote thee?
65 And many other things blasphemously spake they against him.
66 And as soon as it was day, the elders of the people and the chief priests and the scribes came together, and led him into their council, saying,
67 Art thou the Christ? tell us. And he said unto them, If I tell you, ye will not believe:
68 And if I also ask you, ye will not answer me, nor let me go.
69 Hereafter shall the Son of man sit on the right hand of the power of God.
70 Then said they all, Art thou then the Son of God? And he said unto them, Ye say that I am.
71 And they said, What need we any further witness? for we ourselves have heard of his own mouth.   
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}