Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 77  

1 Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf.  Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen.
 Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Seyè a. Tout lannwit m’ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon.
 Mwen chonje Bondye, m’ap plenn! M’ap kalkile, mwen santi m’ dekouraje!
 Ou fè m’ rete je klè, mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale.
 M’ap chonje tan lontan, wi, m’ap chonje lanne pase anwo yo.
 Mwen pase nwit ap repase chante yo, m’ap kalkile anpil nan kè m’, m’ap egzaminen, m’ap di:
7  Eske Seyè a voye m’ jete nèt? Eske li p’ap janm kontan avè m’ ankò?
 Eske Bondye pa gen bon kè ankò? Eske li p’ap kenbe pawòl li ankò?
 Eske Bondye bliye gen pitye? Eske lè li ankòlè li pa pran priyè?
10  Apre sa mwen di: Men sak fè m’ pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò?
11  Seyè, m’a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan.
12  M’ap kalkile tout sa ou te fè yo, m’ap egzaminen tout gwo bagay estwòdenè ou te fè yo!
13  Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou!
14  Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou.
15  Avèk fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a, pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo.
16  Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo soti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble.
17  Nwaj yo pran vide gwo lapli, kout loraj pran woule nan nwaj yo, kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la.
18  Bri loraj la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a soti pè, li pran tranble.
19  Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pesonn pa ka wè mak pye kote ou pase.
20  Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a tankou yon bann mouton y’ap mennen.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 77

1 Au chef des chantres. D’après Jeduthun. Psaume d’Asaph. Ma voix s’élève à Dieu, et je crie; Ma voix s’élève à Dieu, et il m’écoutera.
 Au jour de ma détresse, je cherche le Seigneur; La nuit, mes mains sont étendues sans se lasser; Mon âme refuse toute consolation.
 Je me souviens de Dieu, et je gémis; Je médite, et mon esprit est abattu. -Pause.
 Tu tiens mes paupières en éveil; Et, dans mon trouble, je ne puis parler.
 Je pense aux jours anciens, Aux années d’autrefois.
6  Je pense à mes cantiques pendant la nuit, Je fais des réflexions au dedans de mon coeur, Et mon esprit médite.
 Le Seigneur rejettera-t-il pour toujours? Ne sera-t-il plus favorable?
 Sa bonté est-elle à jamais épuisée? Sa parole est-elle anéantie pour l’éternité?
 Dieu a-t-il oublié d’avoir compassion? A-t-il, dans sa colère, retiré sa miséricorde? -Pause.
10  Je dis: Ce qui fait ma souffrance, C’est que la droite du Très Haut n’est plus la même…
11  Je rappellerai les oeuvres de l’Éternel, Car je me souviens de tes merveilles d’autrefois;
12 Je parlerai de toutes tes oeuvres, Je raconterai tes hauts faits.
13  O Dieu! tes voies sont saintes; Quel dieu est grand comme Dieu?
14  Tu es le Dieu qui fait des prodiges; Tu as manifesté parmi les peuples ta puissance.
15  Par ton bras tu as délivré ton peuple, Les fils de Jacob et de Joseph. -Pause.
16  Les eaux t’ont vu, ô Dieu! Les eaux t’ont vu, elles ont tremblé; Les abîmes se sont émus.
17  Les nuages versèrent de l’eau par torrents, Le tonnerre retentit dans les nues, Et tes flèches volèrent de toutes parts.
18  Ton tonnerre éclata dans le tourbillon, Les éclairs illuminèrent le monde; La terre s’émut et trembla.
19  Tu te frayas un chemin par la mer, Un sentier par les grandes eaux, Et tes traces ne furent plus reconnues.
20  Tu as conduit ton peuple comme un troupeau, Par la main de Moïse et d’Aaron.
Louis Segond {LSG}

Psalm 77 

1 I cried unto God with my voice, even unto God with my voice; and he gave ear unto me.
In the day of my trouble I sought the Lord: my sore ran in the night, and ceased not: my soul refused to be comforted.
I remembered God, and was troubled: I complained, and my spirit was overwhelmed. Selah.
Thou holdest mine eyes waking: I am so troubled that I cannot speak.
I have considered the days of old, the years of ancient times.
I call to remembrance my song in the night: I commune with mine own heart: and my spirit made diligent search.
Will the Lord cast off for ever? and will he be favourable no more?
Is his mercy clean gone for ever? doth his promise fail for evermore?
Hath God forgotten to be gracious? hath he in anger shut up his tender mercies? Selah.
10 And I said, This is my infirmity: but I will remember the years of the right hand of the most High.
11 I will remember the works of the Lord: surely I will remember thy wonders of old.
12 I will meditate also of all thy work, and talk of thy doings.
13 Thy way, O God, is in the sanctuary: who is so great a God as our God?
14 Thou art the God that doest wonders: thou hast declared thy strength among the people.
15 Thou hast with thine arm redeemed thy people, the sons of Jacob and Joseph. Selah.
16 The waters saw thee, O God, the waters saw thee; they were afraid: the depths also were troubled.
17 The clouds poured out water: the skies sent out a sound: thine arrows also went abroad.
18 The voice of thy thunder was in the heaven: the lightnings lightened the world: the earth trembled and shook.
19 Thy way is in the sea, and thy path in the great waters, and thy footsteps are not known.
20 Thou leddest thy people like a flock by the hand of Moses and Aaron.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}