Liv 1 Korent / 1 Corinthiens / 1 Corinthians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Korent 2                 

Frè m’ yo, lè mwen te al lakay nou, se pa t’ avèk gwo diskou ni bèl pawòl mwen te fè nou konnen plan travay Bondye ki te kache a.
Mwen te mete nan tèt mwen pou m’ te bliye tout bagay sa yo. Yon sèl bagay mwen te konnen tout tan mwen te la ansanm ak nou an, se Jezikri, epi sèlman Jezikri yo te kloure sou kwa a.
Mwen vin kanpe tou fèb devan nou. Lè sa a, mwen t’ap tranble nan tout kò m’ sitèlman mwen te pè.
Lè m’ te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m’ te anonse nou nouvèl la, se pa t’ avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t’ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t’ap bay tout prèv pou fè nou kwè.
Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye.
 Malgre sa, se yon bon konprann m’ap fè moun ki byen devlope nan konfyans yo konnen. Men, se pa menm bon konprann ak bon konprann moun k’ap viv dapre lide ki nan lemonn, ni ak bon konprann pouvwa k’ap donminen lemonn, pouvwa ki la pou disparèt.
Bon konprann m’ap anonse a, se bon konprann Bondye te sere a. Li te kache nan je moun. Men, depi anvan Bondye te kreye anyen, bon konprann sa a te nan plan l’ pou l’ te ka sèvi yon lwanj pou nou.
Pa gen pouvwa nan lemonn ki te konnen bon konprann sa a. Si yo te konnen l’, yo pa ta kloure Seyè ki merite lwanj la sou kwa a.
Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pesonn pa t’ janm wè, ni pa t’ janm tande, bagay ankenn moun pa t’ janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.
10 Bondye voye Sentespri l’ ki devwale sekrè travay sa a ban nou. Lespri Bondye sonde tout bagay, menm sa ki nan fon kè Bondye.
11 Pran nenpòt moun: Kilès ki ka konnen sa ki nan kè li? Se lespri ki nan li a sèlman ki ka konn sa. Konsa tou, sèl Lespri Bondye konnen tout bagay ki nan Bondye.
12 Se pa lespri k’ap travay nan moun k’ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an pou n’ te ka konnen tout favè Bondye te fè nou.
13 Si n’ap pale sou tout favè Bondye fè nou, se pa avèk pawòl nou jwenn nan bon konprann lèzòm, men se pito avèk pawòl Lespri Bondye ap moutre nou. Se konsa, nou fè moun ki gen Lespri Bondye nan kè yo konprann verite ki soti nan Lespri a.
14 Yon moun ki pa gen Lespri Bondye a nan kè l’ pa ka asepte verite ki soti nan Lespri Bondye a. Pou li, se pawòl moun fou yo ye. Li pa kapab konprann yo, paske se Lespri Bondye a ki pou ede l’ egzaminen yo.
15 Okontrè, moun ki gen Lespri Bondye a nan kè l’, li kapab jije tout bagay. Men li menm, pesonn pa ka jije li.
16 Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k’ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki pou moutre l’ sa pou l’ fè? Men nou menm, nou konnen sa ki nan lide Kris la.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

1 Corinthiens 2             

1 Pour moi, frères, lorsque je suis allé chez vous, ce n’est pas avec une supériorité de langage ou de sagesse que je suis allé vous annoncer le témoignage de Dieu.
Car je n’ai pas eu la pensée de savoir parmi vous autre chose que Jésus Christ, et Jésus Christ crucifié.
Moi-même j’étais auprès de vous dans un état de faiblesse, de crainte, et de grand tremblement;
et ma parole et ma prédication ne reposaient pas sur les discours persuasifs de la sagesse, mais sur une démonstration d’Esprit et de puissance,
afin que votre foi fût fondée, non sur la sagesse des hommes, mais sur la puissance de Dieu.
Cependant, c’est une sagesse que nous prêchons parmi les parfaits, sagesse qui n’est pas de ce siècle, ni des chefs de ce siècle, qui vont être anéantis;
nous prêchons la sagesse de Dieu, mystérieuse et cachée, que Dieu, avant les siècles, avait destinée pour notre gloire,
sagesse qu’aucun des chefs de ce siècle n’a connue, car, s’ils l’eussent connue, ils n’auraient pas crucifié le Seigneur de gloire.
Mais, comme il est écrit, ce sont des choses que l’oeil n’a point vues, que l’oreille n’a point entendues, et qui ne sont point montées au coeur de l’homme, des choses que Dieu a préparées pour ceux qui l’aiment.
10 Dieu nous les a révélées par l’Esprit. Car l’Esprit sonde tout, même les profondeurs de Dieu.
11 Lequel des hommes, en effet, connaît les choses de l’homme, si ce n’est l’esprit de l’homme qui est en lui? De même, personne ne connaît les choses de Dieu, si ce n’est l’Esprit de Dieu.
12 Or nous, nous n’avons pas reçu l’esprit du monde, mais l’Esprit qui vient de Dieu, afin que nous connaissions les choses que Dieu nous a données par sa grâce.
13 Et nous en parlons, non avec des discours qu’enseigne la sagesse humaine, mais avec ceux qu’enseigne l’Esprit, employant un langage spirituel pour les choses spirituelles.
14 Mais l’homme animal ne reçoit pas les choses de l’Esprit de Dieu, car elles sont une folie pour lui, et il ne peut les connaître, parce que c’est spirituellement qu’on en juge.
15 L’homme spirituel, au contraire, juge de tout, et il n’est lui-même jugé par personne.
16 Car Qui a connu la pensée du Seigneur, Pour l’instruire? Or nous, nous avons la pensée de Christ.

Louis Segond {LSG}

1 Corinthians 2        

1 And I, brethren, when I came to you, came not with excellency of speech or of wisdom, declaring unto you the testimony of God.
For I determined not to know any thing among you, save Jesus Christ, and him crucified.
And I was with you in weakness, and in fear, and in much trembling.
And my speech and my preaching was not with enticing words of man’s wisdom, but in demonstration of the Spirit and of power:
That your faith should not stand in the wisdom of men, but in the power of God.
Howbeit we speak wisdom among them that are perfect: yet not the wisdom of this world, nor of the princes of this world, that come to nought:
But we speak the wisdom of God in a mystery, even the hidden wisdom, which God ordained before the world unto our glory:
Which none of the princes of this world knew: for had they known it, they would not have crucified the Lord of glory.
But as it is written, Eye hath not seen, nor ear heard, neither have entered into the heart of man, the things which God hath prepared for them that love him.
10 But God hath revealed them unto us by his Spirit: for the Spirit searcheth all things, yea, the deep things of God.
11 For what man knoweth the things of a man, save the spirit of man which is in him? even so the things of God knoweth no man, but the Spirit of God.
12 Now we have received, not the spirit of the world, but the spirit which is of God; that we might know the things that are freely given to us of God.
13 Which things also we speak, not in the words which man’s wisdom teacheth, but which the Holy Ghost teacheth; comparing spiritual things with spiritual.
14 But the natural man receiveth not the things of the Spirit of God: for they are foolishness unto him: neither can he know them, because they are spiritually discerned.
15 But he that is spiritual judgeth all things, yet he himself is judged of no man.
16 For who hath known the mind of the Lord, that he may instruct him? but we have the mind of Christ.
    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}