Liv Pwovèb / Proverbes / Proverbs

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Pwovèb 19   

1 Pito ou pòv men ou se nèg serye pase pou w’ap bay manti epi pou ou sòt met sou li.
 Sa pa bon pou ou prese fè anyen san ou pa konprann sa w’ap fè. Si ou pa gen pasyans, ou ka nan pwoblèm.
 Se sotiz yon nonm ki fini avè l’. Apre sa, li konprann pou l’ fache sou Bondye.
 Lè ou gen lajan, ou toujou gen zanmi. Men lè ou pòv, dènye zanmi vire do ba ou.
 Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l’. Pa gen rechap pou moun k’ap bay manti.
 Anpil moun ap achte figi grannèg. Tout moun vle zanmi moun k’ap bay favè.
Lè ou pòv, ata frè ou pa vle wè ou. Ou pa bezwen mande si zanmi p’ap lage ou! Tout chache w’ap chache pale ak yo, yo pa okipe ou!
 Si ou renmen tèt ou, chache gen konprann. Pa bliye sa ou te aprann, zafè ou va mache byen.
 Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l’. Moun k’ap bay manti gen pou mouri.
10  Yon moun ki san konprann pa fèt pou gen tout bagay, ni yon esklav pa fèt pou chèf sou grannèg.
11  Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.
12  Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k’ap gwonde. Men, favè yon chèf se tankou lapli sou jaden.
13  Yon pitit ki san konprann se yon malè pou papa l’. Yon fanm ki toujou ap chache kont, se yon goutyè k’ap degoute dlo san rete.
14  Kay ak lajan, se byen manman ak papa ka mouri kite pou ou. Men, yon fanm ki gen konprann, se Seyè a ase ki ka fè ou jwenn sa.
15  Parès fè je ou toujou lou. Moun ki rete san fè anyen ap rete grangou.
16  Moun ki fè sa Bondye mande ap viv lontan. Moun ki pa mache jan Bondye vle l’ l’a pa lwen mouri.
17  Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa.
18  Korije pitit ou yo lè yo piti toujou. Men, pa bat yo jouk ou touye yo.
19  Moun ki gen san wo ap peye konsekans zak li yo. Si ou wete l’ nan move pa a yon fwa, w’ap blije fè l’ pou li tout tan.
20  Koute konsèy y’ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w’a gen bon konprann jouk ou mouri.
21  Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Seyè a vle a, se sa ki pou rive.
22  Tou sa yo mande yon moun se pou l’ gen bon kè. Pito yon moun pòv pase l’ mantò.
23  Gen krentif pou Bondye, w’a jwenn lavi, w’ap toujou kontan. Malè p’ap rive ou.
24  Gen moun ki sitèlman parese ata manje yo pa vle mete nan bouch yo.
25  Pase awogan yo yon je baton, moun san konprann yo va konprann. Rale zòrèy moun ki gen konprann yo, y’a vin gen plis konesans.
26  Se yon wont, se yon dezonè pou yon pitit aji mal ak papa l’, osinon pou l’ mete manman l’ deyò lakay li.
27  Pitit mwen, lè ou sispann aprann, ou pa lwen bliye sa ou konnen deja.
28  Yon temwen k’ap bay manti pase lajistis nan betiz. Mechan yo pran plezi nan fè mechanste.
29  Baton an tou la pou moun k’ap pase moun nan betiz. Fwèt la tou pare pou dèyè moun ki san konprann.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Proverbes 19

1 Mieux vaut le pauvre qui marche dans son intégrité, Que l’homme qui a des lèvres perverses et qui est un insensé.
Le manque de science n’est bon pour personne, Et celui qui précipite ses pas tombe dans le péché.
La folie de l’homme pervertit sa voie, Et c’est contre l’Éternel que son coeur s’irrite.
La richesse procure un grand nombre d’amis, Mais le pauvre est séparé de son ami.
Le faux témoin ne restera pas impuni, Et celui qui dit des mensonges n’échappera pas.
Beaucoup de gens flattent l’homme généreux, Et tous sont les amis de celui qui fait des présents.
Tous les frères du pauvre le haïssent; Combien plus ses amis s’éloignent-ils de lui! Il leur adresse des paroles suppliantes, mais ils disparaissent.
Celui qui acquiert du sens aime son âme; Celui qui garde l’intelligence trouve le bonheur.
Le faux témoin ne restera pas impuni, Et celui qui dit des mensonges périra.
10 Il ne sied pas à un insensé de vivre dans les délices; Combien moins à un esclave de dominer sur des princes!
11 L’homme qui a de la sagesse est lent à la colère, Et il met sa gloire à oublier les offenses.
12 La colère du roi est comme le rugissement d’un lion, Et sa faveur est comme la rosée sur l’herbe.
13 Un fils insensé est une calamité pour son père, Et les querelles d’une femme sont une gouttière sans fin.
14 On peut hériter de ses pères une maison et des richesses, Mais une femme intelligente est un don de l’Éternel.
15 La paresse fait tomber dans l’assoupissement, Et l’âme nonchalante éprouve la faim.
16 Celui qui garde ce qui est commandé garde son âme; Celui qui ne veille pas sur sa voie mourra.
17 Celui qui a pitié du pauvre prête à l’Éternel, Qui lui rendra selon son oeuvre.
18 Châtie ton fils, car il y a encore de l’espérance; Mais ne désire point le faire mourir.
19 Celui que la colère emporte doit en subir la peine; Car si tu le libères, tu devras y revenir.
20 Écoute les conseils, et reçois l’instruction, Afin que tu sois sage dans la suite de ta vie.
21 Il y a dans le coeur de l’homme beaucoup de projets, Mais c’est le dessein de l’Éternel qui s’accomplit.
22 Ce qui fait le charme d’un homme, c’est sa bonté; Et mieux vaut un pauvre qu’un menteur.
23 La crainte de l’Éternel mène à la vie, Et l’on passe la nuit rassasié, sans être visité par le malheur.
24 Le paresseux plonge sa main dans le plat, Et il ne la ramène pas à sa bouche.
25 Frappe le moqueur, et le sot deviendra sage; Reprends l’homme intelligent, et il comprendra la science.
26 Celui qui ruine son père et qui met en fuite sa mère Est un fils qui fait honte et qui fait rougir.
27 Cesse, mon fils, d’écouter l’instruction, Si c’est pour t’éloigner des paroles de la science.
28 Un témoin pervers se moque de la justice, Et la bouche des méchants dévore l’iniquité.
29 Les châtiments sont prêts pour les moqueurs, Et les coups pour le dos des insensés.
Louis Segond {LSG}

Proverbs 19  

1 Better is the poor that walketh in his integrity, than he that is perverse in his lips, and is a fool.
Also, that the soul be without knowledge, it is not good; and he that hasteth with his feet sinneth.
The foolishness of man perverteth his way: and his heart fretteth against the Lord.
Wealth maketh many friends; but the poor is separated from his neighbour.
A false witness shall not be unpunished, and he that speaketh lies shall not escape.
Many will intreat the favour of the prince: and every man is a friend to him that giveth gifts.
All the brethren of the poor do hate him: how much more do his friends go far from him? he pursueth them with words, yet they are wanting to him.
He that getteth wisdom loveth his own soul: he that keepeth understanding shall find good.
A false witness shall not be unpunished, and he that speaketh lies shall perish.
10 Delight is not seemly for a fool; much less for a servant to have rule over princes.
11 The discretion of a man deferreth his anger; and it is his glory to pass over a transgression.
12 The king’s wrath is as the roaring of a lion; but his favour is as dew upon the grass.
13 A foolish son is the calamity of his father: and the contentions of a wife are a continual dropping.
14 House and riches are the inheritance of fathers: and a prudent wife is from the Lord.
15 Slothfulness casteth into a deep sleep; and an idle soul shall suffer hunger.
16 He that keepeth the commandment keepeth his own soul; but he that despiseth his ways shall die.
17 He that hath pity upon the poor lendeth unto the Lord; and that which he hath given will he pay him again.
18 Chasten thy son while there is hope, and let not thy soul spare for his crying.
19 A man of great wrath shall suffer punishment: for if thou deliver him, yet thou must do it again.
20 Hear counsel, and receive instruction, that thou mayest be wise in thy latter end.
21 There are many devices in a man’s heart; nevertheless the counsel of the Lord, that shall stand.
22 The desire of a man is his kindness: and a poor man is better than a liar.
23 The fear of the Lord tendeth to life: and he that hath it shall abide satisfied; he shall not be visited with evil.
24 A slothful man hideth his hand in his bosom, and will not so much as bring it to his mouth again.
25 Smite a scorner, and the simple will beware: and reprove one that hath understanding, and he will understand knowledge.
26 He that wasteth his father, and chaseth away his mother, is a son that causeth shame, and bringeth reproach.
27 Cease, my son, to hear the instruction that causeth to err from the words of knowledge.
28 An ungodly witness scorneth judgment: and the mouth of the wicked devoureth iniquity.
29 Judgments are prepared for scorners, and stripes for the back of fools.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}