Liv Egzòd / Exode / Exodus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kkreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Egzòd 7

1 Seyè a di Moyiz konsa: -Gade! Mwen pral fè ou tounen Bondye pou farawon an. Arawon, frè ou la, pral pale avè l’ pou ou tankou yon pwofèt.
W’a di Arawon tou sa mwen te ba ou lòd di. Li menm, l’a repete l’ bay farawon an pou farawon an voye pitit Izrayèl yo pati kite peyi a.
Mwen menm menm, m’ap fè farawon an fè tèt di. Konsa, m’a fè plis mirak ak plis mèvèy toujou nan peyi Lejip la.
Farawon an p’ap koute nou. Lè sa a, m’a frape peyi Lejip la. m’a pini l’ byen pini. m’a pran pitit Izrayèl yo, sòlda mwen yo, pèp mwen an, m’ap fè yo soti kite peyi Lejip.
Lè m’a frape peyi Lejip, lè m’a fè pitit Izrayèl yo soti nan mitan yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm menm ki Seyè a vre.
Moyiz ak Arawon te fè tou sa Seyè a te ba yo lòd fè. Wi, yo fè tou sa li te di yo fè a.
Moyiz te gen katrevenzan, Arawon te gen katreventwazan lè yo t al pale ak farawon an.
 Seyè a di Moyiz ak Arawon konsa:
-Si farawon an mande nou fè yon mirak pou moutre ki moun nou ye, ou menm Moyiz w’a di Arawon pran baton l’ lan, voye l’ atè devan farawon an. Baton an va tounen yon koulèv.
10 Moyiz ak Arawon al bò kote farawon an. Yo fè sa Seyè a te ba yo lòd fè a. Arawon voye baton l’ lan devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Baton an tounen yon koulèv.
11 Men farawon an rele nèg save l’ yo ak divinò l’ yo. Yo menm tou, avèk maji yo, yo te rive fè menm bagay la tou.
12 Yo voye baton pa yo atè, baton yo tounen koulèv tou. Men, baton Arawon an vale tout lòt baton yo.
13 Farawon an t’ap fè tèt di toujou. Li pa t’ vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.
14  Seyè a di Moyiz konsa: -Farawon an ap fè tèt di toujou. Li pa vle kite pèp la ale.
15 Ale bò kote farawon an denmen maten, lè li pral soti pou l’ al bò gwo larivyè Nil la. Al tann li bò larivyè a. Baton ki te tounen koulèv la, w’a kenbe l’ nan men ou.
16 W’a di farawon an: Seyè a, Bondye ebre yo, te voye m’ di ou konsa kite pèp li a ale pou yo ka fè yon sèvis pou li nan dezè a. Men, jouk koulye a ou pa vle koute l’.
17 Jòdi a, men sa Seyè a di: mwen pral fè ou konnen se mwen menm ki Seyè a. Mwen pral frape dlo gwo larivyè a avèk baton ki nan men m’ lan, dlo a pral tounen san.
18 Tout pwason yo pral mouri, dlo a pral santi move, moun peyi Lejip yo p’ap ka bwè dlo ladan li ankò.
19 Seyè a di Moyiz ankò: -Di Arawon pran baton l’ lan, lonje l’ sou tout dlo ki nan peyi Lejip la: larivyè, kannal, letan, m’a dlo, wi, sou tout dlo ki genyen. Dlo yo va tounen san. Konsa va gen san sou tout peyi a, menm nan ganmèl yo ak nan kannari yo.
20 Moyiz ak Arawon fè sa Seyè a te ba yo lòd fè a. Arawon leve baton l’ lan, li frape dlo gwo larivyè a devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Tout dlo gwo larivyè a tounen san.
21 Tout pwason nan larivyè a mouri. Dlo a vin santi move. Moun peyi Lejip yo pa t’ kapab pran dlo ladan l’ pou yo bwè ankò. Te gen san toupatou nan peyi a.
22 Men, majisyen peyi Lejip yo te rive fè menm bagay la tou avèk maji yo. Farawon an menm t’ap fè tèt di pi rèd. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.
23 Farawon an vire do ba yo, l’ al lakay li tankou si anyen pa t’ rive.
24 Moun peyi Lejip yo pran fouye twou sou bò gwo larivyè a pou yo te ka jwenn dlo pròp pou yo bwè, paske yo pa t’ kapab bwè dlo gwo larivyè a.
25 Apre Seyè a te fin frape gwo larivyè a, li kite sèt jou pase.
Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Exode 7

1 L’Éternel dit à Moïse: Vois, je te fais Dieu pour Pharaon: et Aaron, ton frère, sera ton prophète.
Toi, tu diras tout ce que je t’ordonnerai; et Aaron, ton frère, parlera à Pharaon, pour qu’il laisse aller les enfants d’Israël hors de son pays.
Et moi, j’endurcirai le coeur de Pharaon, et je multiplierai mes signes et mes miracles dans le pays d’Égypte.
Pharaon ne vous écoutera point. Je mettrai ma main sur l’Égypte, et je ferai sortir du pays d’Égypte mes armées, mon peuple, les enfants d’Israël, par de grands jugements.
Les Égyptiens connaîtront que je suis l’Éternel, lorsque j’étendrai ma main sur l’Égypte, et que je ferai sortir du milieu d’eux les enfants d’Israël.
Moïse et Aaron firent ce que l’Éternel leur avait ordonné; ils firent ainsi.
Moïse était âgé de quatre-vingts ans, et Aaron de quatre-vingt-trois ans, lorsqu’ils parlèrent à Pharaon.
L’Éternel dit à Moïse et à Aaron:
Si Pharaon vous parle, et vous dit: Faites un miracle! tu diras à Aaron: Prends ta verge, et jette-la devant Pharaon. Elle deviendra un serpent.
10 Moïse et Aaron allèrent auprès de Pharaon, et ils firent ce que l’Éternel avait ordonné. Aaron jeta sa verge devant Pharaon et devant ses serviteurs; et elle devint un serpent.
11 Mais Pharaon appela des sages et des enchanteurs; et les magiciens d’Égypte, eux aussi, en firent autant par leurs enchantements.
12 Ils jetèrent tous leurs verges, et elles devinrent des serpents. Et la verge d’Aaron engloutit leurs verges.
13 Le coeur de Pharaon s’endurcit, et il n’écouta point Moïse et Aaron selon ce que l’Éternel avait dit.
14 L’Éternel dit à Moïse: Pharaon a le coeur endurci; il refuse de laisser aller le peuple.
15 Va vers Pharaon dès le matin; il sortira pour aller près de l’eau, et tu te présenteras devant lui au bord du fleuve. Tu prendras à ta main la verge qui a été changée en serpent,
16 et tu diras à Pharaon: L’Éternel, le Dieu des Hébreux, m’a envoyé auprès de toi, pour te dire: Laisse aller mon peuple, afin qu’il me serve dans le désert. Et voici, jusqu’à présent tu n’as point écouté.
17 Ainsi parle l’Éternel: A ceci tu connaîtras que je suis l’Éternel. Je vais frapper les eaux du fleuve avec la verge qui est dans ma main; et elles seront changées en sang.
18 Les poissons qui sont dans le fleuve périront, le fleuve se corrompra, et les Égyptiens s’efforceront en vain de boire l’eau du fleuve.
19 L’Éternel dit à Moïse: Dis à Aaron: Prends ta verge, et étends ta main sur les eaux des Égyptiens, sur leurs rivières, sur leurs ruisseaux, sur leurs étangs, et sur tous leurs amas d’eaux. Elles deviendront du sang: et il y aura du sang dans tout le pays d’Égypte, dans les vases de bois et dans les vases de pierre.
20 Moïse et Aaron firent ce que l’Éternel avait ordonné. Aaron leva la verge, et il frappa les eaux qui étaient dans le fleuve, sous les yeux de Pharaon et sous les yeux de ses serviteurs; et toutes les eaux du fleuve furent changées en sang.
21 Les poissons qui étaient dans le fleuve périrent, le fleuve se corrompit, les Égyptiens ne pouvaient plus boire l’eau du fleuve, et il y eut du sang dans tout le pays d’Égypte.
22 Mais les magiciens d’Égypte en firent autant par leurs enchantements. Le coeur de Pharaon s’endurcit, et il n’écouta point Moïse et Aaron, selon ce que l’Éternel avait dit.
23 Pharaon s’en retourna, et alla dans sa maison; et il ne prit pas même à coeur ces choses.
24 Tous les Égyptiens creusèrent aux environs du fleuve, pour trouver de l’eau à boire; car ils ne pouvaient boire de l’eau du fleuve.
25 Il s’écoula sept jours, après que l’Éternel eut frappé le fleuve.
 

Exodus 7

1 And the Lord said unto Moses, See, I have made thee a god to Pharaoh: and Aaron thy brother shall be thy prophet.
Thou shalt speak all that I command thee: and Aaron thy brother shall speak unto Pharaoh, that he send the children of Israel out of his land.
And I will harden Pharaoh’s heart, and multiply my signs and my wonders in the land of Egypt.
But Pharaoh shall not hearken unto you, that I may lay my hand upon Egypt, and bring forth mine armies, and my people the children of Israel, out of the land of Egypt by great judgments.
And the Egyptians shall know that I am the Lord, when I stretch forth mine hand upon Egypt, and bring out the children of Israel from among them.
And Moses and Aaron did as the Lord commanded them, so did they.
And Moses was fourscore years old, and Aaron fourscore and three years old, when they spake unto Pharaoh.
And the Lord spake unto Moses and unto Aaron, saying,
When Pharaoh shall speak unto you, saying, Shew a miracle for you: then thou shalt say unto Aaron, Take thy rod, and cast it before Pharaoh, and it shall become a serpent.
10 And Moses and Aaron went in unto Pharaoh, and they did so as the Lord had commanded: and Aaron cast down his rod before Pharaoh, and before his servants, and it became a serpent.
11 Then Pharaoh also called the wise men and the sorcerers: now the magicians of Egypt, they also did in like manner with their enchantments.
12 For they cast down every man his rod, and they became serpents: but Aaron’s rod swallowed up their rods.
13 And he hardened Pharaoh’s heart, that he hearkened not unto them; as the Lord had said.
14 And the Lord said unto Moses, Pharaoh’s heart is hardened, he refuseth to let the people go.
15 Get thee unto Pharaoh in the morning; lo, he goeth out unto the water; and thou shalt stand by the river’s brink against he come; and the rod which was turned to a serpent shalt thou take in thine hand.
16 And thou shalt say unto him, The Lord God of the Hebrews hath sent me unto thee, saying, Let my people go, that they may serve me in the wilderness: and, behold, hitherto thou wouldest not hear.
17 Thus saith the Lord, In this thou shalt know that I am the Lord: behold, I will smite with the rod that is in mine hand upon the waters which are in the river, and they shall be turned to blood.
18 And the fish that is in the river shall die, and the river shall stink; and the Egyptians shall lothe to drink of the water of the river.
19 And the Lord spake unto Moses, Say unto Aaron, Take thy rod, and stretch out thine hand upon the waters of Egypt, upon their streams, upon their rivers, and upon their ponds, and upon all their pools of water, that they may become blood; and that there may be blood throughout all the land of Egypt, both in vessels of wood, and in vessels of stone.
20 And Moses and Aaron did so, as the Lord commanded; and he lifted up the rod, and smote the waters that were in the river, in the sight of Pharaoh, and in the sight of his servants; and all the waters that were in the river were turned to blood.
21 And the fish that was in the river died; and the river stank, and the Egyptians could not drink of the water of the river; and there was blood throughout all the land of Egypt.
22 And the magicians of Egypt did so with their enchantments: and Pharaoh’s heart was hardened, neither did he hearken unto them; as the Lord had said.
23 And Pharaoh turned and went into his house, neither did he set his heart to this also.
24 And all the Egyptians digged round about the river for water to drink; for they could not drink of the water of the river.
25 And seven days were fulfilled, after that the Lord had smitten the river.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}