Liv Danyèl / Daniel / Daniel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Danyèl 10     

1 Siris t’ap mache sou twazan depi l’ te wa nan peyi Pès lè Bondye fè Danyèl, ki te rele Beltechaza tou, konnen yon mesaj. Se te bon koze sou gwo batay ki gen pou fèt la. Se nan yon vizyon yo te fè l’ konprann mesaj la.
Lè sa a, mwen menm Danyèl, mwen pase twa senmenn nan gwo lapenn.
Mwen pa t’ manje ankenn bon ti manje, ni ankenn vyann. Mwen pa t’ mete yon gout diven nan bouch moun. Mwen pa t’ pase lwil santi bon sou mwen pandan twa senmenn sa yo.
Sou vennkatriyèm jou premye mwa a nan lanne a, mwen te kanpe bò gwo larivyè Lefrat la.
Mwen leve je m’, mwen wè yon moun ki te gen rad swa sou li ak yon sentiwon fèt ak bon lò mare nan ren l’.
Kò l’ te klere tankou yon wòch poli. Figi l’ te tankou zèklè. Je l’ yo te klere tankou de moso chabon dife. Bra l’ ak janm li yo te tankou kwiv yo te poli. Lè l’ pale menm, se tankou si se te yon foul moun ki t’ap pale ansanm.
Se mwen menm sèlman ki te wè vizyon an. Lòt moun ki te avè m’ yo pa t’ wè anyen. Men yo te pè, yo te kouri al kache.
Mwen menm, mwen te rete la pou kont mwen. Mwen t’ap gade gwo vizyon an. Mwen santi m’ pa t’ gen fòs menm, figi m’ te dekonpoze. Pa gen moun ki ta ka rekonèt mwen.
Lè m’ tande vwa li menm, mwen tonbe fas atè, mwen pèdi konesans.
10  Apre sa, mwen santi yon men manyen m’, li fè m’ leve sou pla men m’ ak sou jenou m’. M’ t’ap tranble toujou.
11 Zanj lan di m’ konsa: -Danyèl, ou se yon moun Bondye renmen anpil. Kanpe non! Louvri zòrèy ou pou ou tande sa mwen pral di ou. Se Bondye ki voye m’ kote ou. Lè li fin di m’ sa, mwen leve kanpe, men m’ t’ap tranble toujou.
12 Li di m’ konsa: -Ou pa bezwen pè, Danyèl. Bondye te tande lapriyè ou la depi premye jou ou te pran desizyon soumèt ou devan Bondye ou pou ou te ka rive gen bon konprann. Se poutèt lapriyè ou la mwen vin ba ou repons Bondye a.
13 Zanj chèf peyi Pès la te kenbe tèt avè m’ pandan venteyen jou. Apre sa, Michèl, yonn nan chèf zanj Bondye yo, vin pote m’ sekou paske mwen te pou kont mwen nan peyi Pès la.
14 Mwen vin fè ou konprann sa ki pral rive pèp ou a nan jou k’ap vini yo. Vizyon an fè ou wè sa ki pral rive jou sa yo.
15 Lè li di m’ sa, m’ bese je m’ gade atè san m’ pa di anyen.
16 Lè sa a, zanj ki te gen fòm yon moun lan lonje men l’, li manyen po bouch mwen. Mwen louvri bouch mwen pale, mwen di zanj ki te kanpe devan m’ lan: -Mèt, vizyon an fè m’ pè, m’ pèdi tout fòs mwen, kè m’ sere!
17 Se moun k’ap sèvi ou mwen ye, mèt. Ki jan mwen ka pale ak ou? M’ pa gen fòs ankò, m’ pèdi souf mwen.
18 Zanj ki te gen fòm moun lan manyen m’ ankò yo dezyèm fwa. Mwen santi m’ refè.
19 Epi li di m’: -Ou pa bezwen pè. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Pa kite anyen fatige lespri ou, ni fè ou pèdi kouraj ou! Lè li di m’ sa, mwen santi mwen vin gen plis fòs. Mwen di li: -Mèt, ou fè m’ vin gen fòs. Di m’ sa ou gen pou di m’ lan non!
20 Lè sa a, li di m’: -Ou konnen poukisa mwen vin bò kote ou la? Se pou m’ te ka fè ou konnen sa ki te ekri nan liv verite a. Koulye a, mwen gen pou m’ al goumen ak zanj chèf peyi Pès la. Apre sa, zanj chèf peyi Lagrès la va parèt.
21 Pa gen lòt moun pou vin ede m’ pase Michèl, zanj chèf pèp Izrayèl la.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Daniel 10 

1 La troisième année de Cyrus, roi de Perse, une parole fut révélée à Daniel, qu’on nommait Beltschatsar. Cette parole, qui est véritable, annonce une grande calamité. Il fut attentif à cette parole, et il eut l’intelligence de la vision.
En ce temps-là, moi, Daniel, je fus trois semaines dans le deuil.
Je ne mangeai aucun mets délicat, il n’entra ni viande ni vin dans ma bouche, et je ne m’oignis point jusqu’à ce que les trois semaines fussent accomplies.
Le vingt-quatrième jour du premier mois, j’étais au bord du grand fleuve qui est Hiddékel.
Je levai les yeux, je regardai, et voici, il y avait un homme vêtu de lin, et ayant sur les reins une ceinture d’or d’Uphaz.
Son corps était comme de chrysolithe, son visage brillait comme l’éclair, ses yeux étaient comme des flammes de feu, ses bras et ses pieds ressemblaient à de l’airain poli, et le son de sa voix était comme le bruit d’une multitude.
Moi, Daniel, je vis seul la vision, et les hommes qui étaient avec moi ne la virent point, mais ils furent saisis d’une grande frayeur, et ils prirent la fuite pour se cacher.
Je restai seul, et je vis cette grande vision; les forces me manquèrent, mon visage changea de couleur et fut décomposé, et je perdis toute vigueur.
J’entendis le son de ses paroles; et comme j’entendais le son de ses paroles, je tombai frappé d’étourdissement, la face contre terre.
10 Et voici, une main me toucha, et secoua mes genoux et mes mains.
11 Puis il me dit: Daniel, homme bien-aimé, sois attentif aux paroles que je vais te dire, et tiens-toi debout à la place où tu es; car je suis maintenant envoyé vers toi. Lorsqu’il m’eut ainsi parlé, je me tins debout en tremblant.
12 Il me dit: Daniel, ne crains rien; car dès le premier jour où tu as eu à coeur de comprendre, et de t’humilier devant ton Dieu, tes paroles ont été entendues, et c’est à cause de tes paroles que je viens.
13 Le chef du royaume de Perse m’a résisté vingt et un jours; mais voici, Micaël, l’un des principaux chefs, est venu à mon secours, et je suis demeuré là auprès des rois de Perse.
14 Je viens maintenant pour te faire connaître ce qui doit arriver à ton peuple dans la suite des temps; car la vision concerne encore ces temps-là.
15 Tandis qu’il m’adressait ces paroles, je dirigeai mes regards vers la terre, et je gardai le silence.
16 Et voici, quelqu’un qui avait l’apparence des fils de l’homme toucha mes lèvres. J’ouvris la bouche, je parlai, et je dis à celui qui se tenait devant moi: Mon seigneur, la vision m’a rempli d’effroi, et j’ai perdu toute vigueur.
17 Comment le serviteur de mon seigneur pourrait-il parler à mon seigneur? Maintenant les forces me manquent, et je n’ai plus de souffle.
18 Alors celui qui avait l’apparence d’un homme me toucha de nouveau, et me fortifia.
19 Puis il me dit: Ne crains rien, homme bien-aimé, que la paix soit avec toi! courage, courage! Et comme il me parlait, je repris des forces, et je dis: Que mon seigneur parle, car tu m’as fortifié.
20 Il me dit: Sais-tu pourquoi je suis venu vers toi? Maintenant je m’en retourne pour combattre le chef de la Perse; et quand je partirai, voici, le chef de Javan viendra.
21 Mais je veux te faire connaître ce qui est écrit dans le livre de la vérité. Personne ne m’aide contre ceux-là, excepté Micaël, votre chef.

Louis Segond {LSG}

Daniel 10

1 In the third year of Cyrus king of Persia a thing was revealed unto Daniel, whose name was called Belteshazzar; and the thing was true, but the time appointed was long: and he understood the thing, and had understanding of the vision.
In those days I Daniel was mourning three full weeks.
I ate no pleasant bread, neither came flesh nor wine in my mouth, neither did I anoint myself at all, till three whole weeks were fulfilled.
And in the four and twentieth day of the first month, as I was by the side of the great river, which is Hiddekel;
Then I lifted up mine eyes, and looked, and behold a certain man clothed in linen, whose loins were girded with fine gold of Uphaz:
His body also was like the beryl, and his face as the appearance of lightning, and his eyes as lamps of fire, and his arms and his feet like in colour to polished brass, and the voice of his words like the voice of a multitude.
And I Daniel alone saw the vision: for the men that were with me saw not the vision; but a great quaking fell upon them, so that they fled to hide themselves.
Therefore I was left alone, and saw this great vision, and there remained no strength in me: for my comeliness was turned in me into corruption, and I retained no strength.
Yet heard I the voice of his words: and when I heard the voice of his words, then was I in a deep sleep on my face, and my face toward the ground.
10 And, behold, an hand touched me, which set me upon my knees and upon the palms of my hands.
11 And he said unto me, O Daniel, a man greatly beloved, understand the words that I speak unto thee, and stand upright: for unto thee am I now sent. And when he had spoken this word unto me, I stood trembling.
12 Then said he unto me, Fear not, Daniel: for from the first day that thou didst set thine heart to understand, and to chasten thyself before thy God, thy words were heard, and I am come for thy words.
13 But the prince of the kingdom of Persia withstood me one and twenty days: but, lo, Michael, one of the chief princes, came to help me; and I remained there with the kings of Persia.
14 Now I am come to make thee understand what shall befall thy people in the latter days: for yet the vision is for many days.
15 And when he had spoken such words unto me, I set my face toward the ground, and I became dumb.
16 And, behold, one like the similitude of the sons of men touched my lips: then I opened my mouth, and spake, and said unto him that stood before me, O my lord, by the vision my sorrows are turned upon me, and I have retained no strength.
17 For how can the servant of this my lord talk with this my lord? for as for me, straightway there remained no strength in me, neither is there breath left in me.
18 Then there came again and touched me one like the appearance of a man, and he strengthened me,
19 And said, O man greatly beloved, fear not: peace be unto thee, be strong, yea, be strong. And when he had spoken unto me, I was strengthened, and said, Let my lord speak; for thou hast strengthened me.
20 Then said he, Knowest thou wherefore I come unto thee? and now will I return to fight with the prince of Persia: and when I am gone forth, lo, the prince of Grecia shall come.
21 But I will shew thee that which is noted in the scripture of truth: and there is none that holdeth with me in these things, but Michael your prince.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}