Liv 2 Istwa /2 Chroniques /2 Chronicles

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Istwa 29

1 Ezekyas te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l’ te rele Abija. Se te pitit fi Zakari.
Ezekyas te fè sa ki dwat devan Seyè a tankou David, zansèt li a, te fè l’.
Ezekyas te gen yon mwa depi li te wa, lè li louvri tout pòt nan Tanp Seyè a. Li fè repare yo.
Lèfini, li fè chache tout prèt yo ak moun Levi yo, li reyini yo sou lakou ki bay sou bò solèy leve nan Tanp lan.
Li di yo: -Nou menm fanmi Levi yo, koute sa m’ap di nou: mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a. Mete Tanp Seyè a, Bondye zansèt nou yo, nan kondisyon pou yo ka fè sèvis ladan l’ pou li. Wete tout vye bagay yo te mete ladan l’ kifè li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a.
Zansèt nou yo pa t’ kenbe pawòl yo ak Bondye. Yo te fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye nou an, yo vire do ba li. Yo pa t’ okipe Tanp kote Seyè a rete a ankò. Yo pa gade l’ menm!
Yo kondannen tout pòt nan Tanp lan, yo kite lanp yo mouri, yo sispann boule lansan, yo sispann boule bèt nan Tanp lan pou Bondye pèp Izrayèl la.
Se poutèt sa Seyè a te fache anpil sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm. Tout moun te sezi, tout moun te pè lè yo wè sa ki rive yo, tout moun t’ap pase yo nan betiz, tankou nou wè l’ nou menm ak pwòp je nou tou.
Yo touye papa nou yo nan lagè. Yo fè madanm ak pitit nou yo prizonye.
10 Se konsa mwen pran desizyon jòdi a pou m’ pase yon kontra ak Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou li ka pa janm move sou nou ankò.
11 Koulye a, pitit mwen yo, souke kò nou. Se nou menm Seyè a te chwazi pou toujou kanpe devan l’, pou sèvi l’, pou fè travay li, pou boule lansan pou li.
12  Men moun Levi ki vin pote tèt yo an premye: Nan branch fanmi Keyat la, se te Makat, pitit Amasayi ak Joèl, pitit Azarya. Nan branch fanmi Merari a, se te Kich, pitit Abdi ak Azarya, pitit Jealelèl. Nan branch fanmi Gèchon an, se te Joak, pitit Zimna ak Edèn, pitit Joak.
13 Nan branch fanmi Elizafan an, se te Chimri ak Jeiyèl. Nan branch fanmi Asaf la, se te Zekaraja ak Matanya.
14 Nan branch fanmi Eyman an, se te Jeiyèl ak Chimeyi. Nan branch fanmi Jedoutoun lan, se te Chemaja ak Ouziyèl.
15 Mesye sa yo reyini tout fanmi yo, yo fè sèvis pou yo ka nan kondisyon sèvi Bondye. Lèfini, yo antre nan Tanp lan pou mete l’ nan kondisyon sèvi Bondye, jan wa a te ba yo lòd la, dapre sa ki nan lalwa Seyè a.
16 Prèt yo antre anndan Tanp lan pou mete l’ nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Yo pran tout vye bagay yo jwenn ladan l’, yo pote yo deyò nan lakou Tanp lan. Moun Levi yo menm ranmase yo nan lakou a, yo al jete yo nan ravin Sedwon an.
17 Yo konmanse travay la premye jou premye mwa a. Sou wit jou, yo te rive anndan kote ki apa pou Bondye nan Tanp lan. Yo travay pandan wit jou ankò. Sou sèzyèm jou mwa a yo te fini nèt ak travay pou mete Tanp lan nan kondisyon pou l’ fè sèvis Bondye ankò.
18 Lè yo fini, moun Levi yo ale lakay wa Ezekyas, yo di l’: -Monwa, nou fin travay la, nou mete tout kay Seyè a, lotèl pou boule ofrann yo ak tout batri ki mache avè l’ yo, tab pou pen yo mete apa pou Seyè a ak tout batri pa l’ yo tou, nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
19 Nou pran tout veso wa Akaz te detounen yo pandan tout tan li te vire do bay Bondye a, nou repare yo, nou mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Koulye a, yo tout devan lotèl Seyè a.
20  Nan denmen maten, byen bonè, wa Ezekyas leve, li reyini tout chèf lavil la, li moute ak yo nan Tanp Seyè a.
21 Yo mennen sèt ti towo, sèt belye mouton, sèt ti mouton, sèt bouk kabrit, yo ofri yo pou peye pou sa fanmi wa a ak tout moun pèp Jida yo te fè ki mal ak pou sa moun te fè ki mal nan Tanp lan. Wa a mande prèt yo, moun fanmi Arawon yo, pou yo touye bèt yo sou lotèl Seyè a.
22 Prèt yo touye towo yo anvan, yo ranmase tout san an nan yon veso, yo al vide l’ sou lotèl la. Apre sa, yo touye belye mouton yo, yo al vide san yo sou lotèl la. Apre sa ankò, yo touye ti mouton yo, yo al vide san yo sou lotèl la tou.
23 Lè yo fini, yo mennen bouk kabrit yo te ofri pou peche yo devan wa a ansanm ak lòt moun ki te la yo pou yo mete men yo sou tèt bèt yo.
24 Lè yo fin fè sa, prèt yo touye bouk kabrit yo, yo vide san yo sou lotèl la tankou yon ofrann pou peche yo. Yo ofri yo bay Bondye pou mande padon pou peche tout pèp Izrayèl la, paske wa a te bay lòd pou yo te boule ofrann lan pou tout pèp Izrayèl la.
25 Wa Ezekyas mete moun Levi nan Tanp Seyè a avèk senbal, bandjo ak gita, dapre regleman David, Gad, pwofèt wa a ansanm ak pwofèt Natan te bay, paske tout lòd Seyè a vle bay, se nan bouch pwofèt li yo li toujou mete yo.
26 Moun Levi yo al nan plas yo ak enstriman mizik David yo. Prèt yo te la tou ak twonpèt yo.
27 Ezekyas bay lòd pou yo boule ofrann yo nèt sou lotèl la. Lè yo konmanse seremoni an, pèp la pran chante pou Seyè a, yo t’ap kònen twonpèt anmenmtan yo t’ap jwe lòt enstriman mizik David, wa peyi Izrayèl la.
28 Tout moun ki te la yo mete ajenou, mizisyen yo t’ap chante, yo t’ap kònen twonpèt pandan tout seremoni boule a.
29 Lè yo fin boule ofrann yo sou lotèl la, wa a ak tout moun ki te la yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Bondye.
30 Apre sa, wa Ezekyas ak lòt chèf yo mande moun Levi yo pou yo chante pou Seyè a chante David ak pwofèt Asaf te ekri pou fè lwanj Seyè a. Se konsa tout moun t’ap chante ak kè kontan, antan yo te ajenou ak tèt yo bese jouk atè.
31 Lè sa a, Ezekyas di pèp la: -Koulye a nou menm ki mete tèt nou apa pou fè sèvis Seyè a, pwoche non! Pote ofrann nou ansanm ak bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se konsa tout pèp la pote bèt pou yo touye ak lòt ofrann pou di Bondye mèsi. Gen ladan yo ki te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye paske yo te vle fè l’.
32 Yo mennen swasanndis towo, san belye mouton ak desan (200) ti mouton pou yo te boule nèt pou Seyè a.
33 Konsa tou, yo ofri sisan (600) towo, twamil (3.000) mouton pou yo touye pou Bondye.
34 Men prèt yo pa t’ anpil, yo pa t’ ka kòche tout bèt yo te ofri pou boule nèt yo. Se moun Levi yo, moun menm fanmi ak yo, ki te vin ede yo fin fè travay la, jouk lòt prèt yo te fin mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, paske moun Levi yo te pi prese mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a pase prèt yo.
35 Lèfini, san konte tout bèt yo te touye pou boule nèt pou Seyè a, prèt yo te gen pou ofri bay Bondye grès lòt bèt yo te touye pou mande Bondye padon ak ofrann diven ki mache ak bèt yo boule nèt pou Seyè a. Se konsa yo konmanse ankò ap fè sèvis pou Bondye nan Tanp lan.
36 Wa Ezekyas ak tout pèp la te kontan deske Bondye te penmèt yo fè tou sa san pèdi twòp tan.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

2 Chroniques 29 

1 Ézéchias devint roi à l’âge de vingt-cinq ans, et il régna vingt-neuf ans à Jérusalem. Sa mère s’appelait Abija, fille de Zacharie.
Il fit ce qui est droit aux yeux de l’Éternel, entièrement comme avait fait David, son père.
La première année de son règne, au premier mois, il ouvrit les portes de la maison de l’Éternel, et il les répara.
Il fit venir les sacrificateurs et les Lévites, qu’il assembla dans la place orientale,
et il leur dit: Écoutez-moi, Lévites! Maintenant sanctifiez-vous, sanctifiez la maison de l’Éternel, le Dieu de vos pères, et mettez ce qui est impur hors du sanctuaire.
Car nos pères ont péché, ils ont fait ce qui est mal aux yeux de l’Éternel, notre Dieu, ils l’ont abandonné, ils ont détourné leurs regards du tabernacle de l’Éternel et lui ont tourné le dos.
Ils ont même fermé les portes du portique et éteint les lampes, et ils n’ont offert au Dieu d’Israël ni parfums ni holocaustes dans le sanctuaire.
Aussi la colère de l’Éternel a été sur Juda et sur Jérusalem, et il les a livrés au trouble, à la désolation et à la moquerie, comme vous le voyez de vos yeux.
Et voici, à cause de cela nos pères sont tombés par l’épée, et nos fils, nos filles et nos femmes sont en captivité.
10 J’ai donc l’intention de faire alliance avec l’Éternel, le Dieu d’Israël, pour que son ardente colère se détourne de nous.
11 Maintenant, mes fils, cessez d’être négligents; car vous avez été choisis par l’Éternel pour vous tenir à son service devant lui, pour être ses serviteurs, et pour lui offrir des parfums.
12 Et les Lévites se levèrent: Machath, fils d’Amasaï, Joël, fils d’Azaria, des fils des Kehathites; et des fils des Merarites, Kis, fils d’Abdi, Azaria, fils de Jehalléleel; et des Guerschonites, Joach, fils de Zimma, Éden, fils de Joach;
13 et des fils d’Élitsaphan, Schimri et Jeïel; et des fils d’Asaph, Zacharie et Matthania;
14 et des fils d’Héman, Jehiel et Schimeï; et des fils de Jeduthun, Schemaeja et Uzziel.
15 Ils réunirent leurs frères, et, après s’être sanctifiés, ils vinrent pour purifier la maison de l’Éternel, selon l’ordre du roi et d’après les paroles de l’Éternel.
16 Les sacrificateurs entrèrent dans l’intérieur de la maison de l’Éternel pour la purifier; ils sortirent toutes les impuretés qu’ils trouvèrent dans le temple de l’Éternel et les mirent dans le parvis de la maison de l’Éternel, où les Lévites les reçurent pour les emporter dehors au torrent de Cédron.
17 Ils commencèrent ces purifications le premier jour du premier mois; le huitième jour du mois, ils entrèrent dans le portique de l’Éternel, et ils mirent huit jours à purifier la maison de l’Éternel; le seizième jour du premier mois, ils avaient achevé.
18 Ils se rendirent ensuite chez le roi Ézéchias, et dirent: Nous avons purifié toute la maison de l’Éternel, l’autel des holocaustes et tous ses ustensiles, et la table des pains de proposition et tous ses ustensiles.
19 Nous avons remis en état et purifié tous les ustensiles que le roi Achaz avait profanés pendant son règne, lors de ses transgressions: ils sont devant l’autel de l’Éternel.
20 Le roi Ézéchias se leva de bon matin, assembla les chefs de la ville, et monta à la maison de l’Éternel.
21 Ils offrirent sept taureaux, sept béliers, sept agneaux et sept boucs, en sacrifice d’expiation pour le royaume, pour le sanctuaire, et pour Juda. Le roi ordonna aux sacrificateurs, fils d’Aaron, de les offrir sur l’autel de l’Éternel.
22 Les sacrificateurs égorgèrent les boeufs, et reçurent le sang, qu’ils répandirent sur l’autel; ils égorgèrent les béliers, et répandirent le sang sur l’autel; ils égorgèrent les agneaux, et répandirent le sang sur l’autel.
23 On amena ensuite les boucs expiatoires devant le roi et devant l’assemblée, qui posèrent leurs mains sur eux.
24 Les sacrificateurs les égorgèrent, et répandirent leur sang au pied de l’autel en expiation pour les péchés de tout Israël; car c’était pour tout Israël que le roi avait ordonné l’holocauste et le sacrifice d’expiation.
25 Il fit placer les Lévites dans la maison de l’Éternel avec des cymbales, des luths et des harpes, selon l’ordre de David, de Gad le voyant du roi, et de Nathan, le prophète; car c’était un ordre de l’Éternel, transmis par ses prophètes.
26 Les Lévites prirent place avec les instruments de David, et les sacrificateurs avec les trompettes.
27 Ézéchias ordonna d’offrir l’holocauste sur l’autel; et au moment où commença l’holocauste, commença aussi le chant de l’Éternel, au son des trompettes et avec accompagnement des instruments de David, roi d’Israël.
28 Toute l’assemblée se prosterna, on chanta le cantique, et l’on sonna des trompettes, le tout jusqu’à ce que l’holocauste fût achevé.
29 Et quand on eut achevé d’offrir l’holocauste, le roi et tous ceux qui étaient avec lui fléchirent le genou et se prosternèrent.
30 Puis le roi Ézéchias et les chefs dirent aux Lévites de célébrer l’Éternel avec les paroles de David et du prophète Asaph; et ils le célébrèrent avec des transports de joie, et ils s’inclinèrent et se prosternèrent.
31 Ézéchias prit alors la parole, et dit: Maintenant que vous vous êtes consacrés à l’Éternel, approchez-vous, amenez des victimes et offrez en sacrifices d’actions de grâces à la maison de l’Éternel. Et l’assemblée amena des victimes et offrit des sacrifices d’actions de grâces, et tous ceux dont le coeur était bien disposé offrirent des holocaustes.
32 Le nombre des holocaustes offerts par l’assemblée fut de soixante-dix boeufs, cent béliers, et deux cents agneaux; toutes ces victimes furent immolées en holocauste à l’Éternel.
33 Et l’on consacra encore six cents boeufs et trois mille brebis.
34 Mais les sacrificateurs étaient en petit nombre, et ils ne purent dépouiller tous les holocaustes; leurs frères, les Lévites, les aidèrent jusqu’à ce que l’ouvrage fût fini, et jusqu’à ce que les autres sacrificateurs se fussent sanctifiés, car les Lévites avaient eu plus à coeur de se sanctifier que les sacrificateurs.
35 Il y avait d’ailleurs beaucoup d’holocaustes, avec les graisses des sacrifices d’actions de grâces, et avec les libations des holocaustes. Ainsi fut rétabli le service de la maison de l’Éternel.
36 Ézéchias et tout le peuple se réjouirent de ce que Dieu avait bien disposé le peuple, car la chose se fit subitement.
Louis Segond {LSG}

2 Chronicles 29

1 Hezekiah began to reign when he was five and twenty years old, and he reigned nine and twenty years in Jerusalem. And his mother’s name was Abijah, the daughter of Zechariah.
And he did that which was right in the sight of the Lord, according to all that David his father had done.
He in the first year of his reign, in the first month, opened the doors of the house of the Lord, and repaired them.
And he brought in the priests and the Levites, and gathered them together into the east street,
And said unto them, Hear me, ye Levites, sanctify now yourselves, and sanctify the house of the Lord God of your fathers, and carry forth the filthiness out of the holy place.
For our fathers have trespassed, and done that which was evil in the eyes of the Lord our God, and have forsaken him, and have turned away their faces from the habitation of the Lord, and turned their backs.
Also they have shut up the doors of the porch, and put out the lamps, and have not burned incense nor offered burnt offerings in the holy place unto the God of Israel.
Wherefore the wrath of the Lord was upon Judah and Jerusalem, and he hath delivered them to trouble, to astonishment, and to hissing, as ye see with your eyes.
For, lo, our fathers have fallen by the sword, and our sons and our daughters and our wives are in captivity for this.
10 Now it is in mine heart to make a covenant with the Lord God of Israel, that his fierce wrath may turn away from us.
11 My sons, be not now negligent: for the Lord hath chosen you to stand before him, to serve him, and that ye should minister unto him, and burn incense.
12 Then the Levites arose, Mahath the son of Amasai, and Joel the son of Azariah, of the sons of the Kohathites: and of the sons of Merari, Kish the son of Abdi, and Azariah the son of Jehalelel: and of the Gershonites; Joah the son of Zimmah, and Eden the son of Joah:
13 And of the sons of Elizaphan; Shimri, and Jeiel: and of the sons of Asaph; Zechariah, and Mattaniah:
14 And of the sons of Heman; Jehiel, and Shimei: and of the sons of Jeduthun; Shemaiah, and Uzziel.
15 And they gathered their brethren, and sanctified themselves, and came, according to the commandment of the king, by the words of the Lord, to cleanse the house of the Lord.
16 And the priests went into the inner part of the house of the Lord, to cleanse it, and brought out all the uncleanness that they found in the temple of the Lord into the court of the house of the Lord. And the Levites took it, to carry it out abroad into the brook Kidron.
17 Now they began on the first day of the first month to sanctify, and on the eighth day of the month came they to the porch of the Lord: so they sanctified the house of the Lord in eight days; and in the sixteenth day of the first month they made an end.
18 Then they went in to Hezekiah the king, and said, We have cleansed all the house of the Lord, and the altar of burnt offering, with all the vessels thereof, and the shewbread table, with all the vessels thereof.
19 Moreover all the vessels, which king Ahaz in his reign did cast away in his transgression, have we prepared and sanctified, and, behold, they are before the altar of the Lord.
20 Then Hezekiah the king rose early, and gathered the rulers of the city, and went up to the house of the Lord.
21 And they brought seven bullocks, and seven rams, and seven lambs, and seven he goats, for a sin offering for the kingdom, and for the sanctuary, and for Judah. And he commanded the priests the sons of Aaron to offer them on the altar of the Lord.
22 So they killed the bullocks, and the priests received the blood, and sprinkled it on the altar: likewise, when they had killed the rams, they sprinkled the blood upon the altar: they killed also the lambs, and they sprinkled the blood upon the altar.
23 And they brought forth the he goats for the sin offering before the king and the congregation; and they laid their hands upon them:
24 And the priests killed them, and they made reconciliation with their blood upon the altar, to make an atonement for all Israel: for the king commanded that the burnt offering and the sin offering should be made for all Israel.
25 And he set the Levites in the house of the Lord with cymbals, with psalteries, and with harps, according to the commandment of David, and of Gad the king’s seer, and Nathan the prophet: for so was the commandment of the Lord by his prophets.
26 And the Levites stood with the instruments of David, and the priests with the trumpets.
27 And Hezekiah commanded to offer the burnt offering upon the altar. And when the burnt offering began, the song of the Lord began also with the trumpets, and with the instruments ordained by David king of Israel.
28 And all the congregation worshipped, and the singers sang, and the trumpeters sounded: and all this continued until the burnt offering was finished.
29 And when they had made an end of offering, the king and all that were present with him bowed themselves, and worshipped.
30 Moreover Hezekiah the king and the princes commanded the Levites to sing praise unto the Lord with the words of David, and of Asaph the seer. And they sang praises with gladness, and they bowed their heads and worshipped.
31 Then Hezekiah answered and said, Now ye have consecrated yourselves unto the Lord, come near and bring sacrifices and thank offerings into the house of the Lord. And the congregation brought in sacrifices and thank offerings; and as many as were of a free heart burnt offerings.
32 And the number of the burnt offerings, which the congregation brought, was threescore and ten bullocks, an hundred rams, and two hundred lambs: all these were for a burnt offering to the Lord.
33 And the consecrated things were six hundred oxen and three thousand sheep.
34 But the priests were too few, so that they could not flay all the burnt offerings: wherefore their brethren the Levites did help them, till the work was ended, and until the other priests had sanctified themselves: for the Levites were more upright in heart to sanctify themselves than the priests.
35 And also the burnt offerings were in abundance, with the fat of the peace offerings, and the drink offerings for every burnt offering. So the service of the house of the Lord was set in order.
36 And Hezekiah rejoiced, and all the people, that God had prepared the people: for the thing was done suddenly.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}