Liv 1 Jan / 1 Jean / 1 John

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Jan 3        

1 Gade ki jan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre. Se poutèt sa lemonn pa konnen nou, paske li pa konnen Bondye.
Mezanmi, koulye a nou se pitit Bondye. Nou poko konnen egzakteman sa nou pral tounen. Men, nou konnen lè Kris la va parèt nou pral tounen tankou l’, paske nou pral wè l’ jan l’ ye a.
Tout moun ki gen espwa sa a nan kè yo ap kenbe kò yo pou yo pa fè sa ki mal, tankou Jezikri te kenbe kò l’ pou l’ pa t’ fè sa ki mal.
 Tout moun ki fè peche, se dezobeyi yo dezobeyi lalwa Bondye, paske peche se dezobeyisans lalwa.
Nou konn sa: Jezikri te parèt pou wete peche lèzòm, men li menm li pa t’ janm fè peche.
Konsa, si yon moun fè yonn ak Kris la tout tan, l’ap sispann viv nan peche. Moun ki kontinye ap fè peche toujou, se moun ki pa janm wè l’, ki pa janm konnen li.
Pitit mwen yo, pa kite pesonn twonpe nou. Moun ki fè sa ki dwat, se li ki dwat devan Bondye, menm jan ak Kris la ki dwat.
Moun k’ap kontinye viv nan peche, se moun Satan yo ye, paske Satan ap fè peche depi nan konmansman. Pitit Bondye a parèt toutespre pou kraze travay Satan an.
Si yon moun se pitit Bondye li ye, li p’ap kontinye fè peche, paske pouvwa lavi ki soti nan Bondye a ap travay nan li. Si se Bondye ki papa l’, li pa kapab ap fè peche toujou.
10 Men jan nou ka depati pitit Bondye yo ak pitit Satan yo: depi yon moun pa fè sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frè li, se pa pitit Bondye li ye.
11  Paske, men mesaj nou te tande depi nan konmansman an: se pou nou yonn renmen lòt.
12 Piga nou fè tankou Kayen. Nonm sa a se moun Satan li te ye. Li te touye frè li. Epi poukisa atò? Paske sa Kayen t’ap fè a pa t’ bon, men sa frè l’ t’ap fè a te dwat devan Bondye.
13 Nou pa bezwen sezi, frè m’ yo, si moun ki nan lemonn yo rayi nou.
14  Nou menm, nou konnen nou soti nan lanmò, nou antre nan lavi. Nou konn sa, paske nou renmen frè nou yo. Moun ki pa renmen frè l’, li mouri.
15 Tout moun ki rayi frè yo, se ansasen yo ye. Nou konnen yon ansasen pa gen lavi ki p’ap janm fini an nan li.
16 Men sa ki fè nou konnen sa renmen ye: Jezikri bay lavi li pou nou. Se poutèt sa nou menm tou, se pou nou bay lavi nou pou frè nou yo.
17 Si yon moun ki pa nan bezwen wè yon frè li nan nesesite, si l’ pa gen pitye pou li, yon moun konsa pa ka pretann li renmen Bondye.
18 Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n’ap fè.
19 Se konsa n’a konnen nou se moun laverite a. Se konsa n’a santi nan kè nou nou pa gen kè sote devan Bondye.
20  Paske, si konsyans nou kondannen nou, nou konnen Bondye pi fò pase konsyans nou, li konn tout bagay.
21 Konsa, zanmi m’ yo, si konsyans nou pa kondannen nou, nou gen yon gwo lasirans devan Bondye.
22 Tou sa n’a mande l’, la ban nou l’, paske nou menm nou fè tou sa li mande nou, nou fè sa ki fè l’ plezi.
23  Men sa l’ mande nou: Se pou nou gen konfyans nan Pitit li, Jezikri. Se pou nou yonn renmen lòt, jan Kris la te ban nou lòd la.
24 Moun ki kenbe kòmandman Bondye yo, y’ap fè yonn ak Bondye, Bondye ap fè yonn ak yo tou. Men ki jan nou konnen Bondye fè yonn ak nou: nou konnen sa paske li ban nou Sentespri li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

1 Jean 3                         

1 Voyez quel amour le Père nous a témoigné, pour que nous soyons appelés enfants de Dieu! Et nous le sommes. Si le monde ne nous connaît pas, c’est qu’il ne l’a pas connu.
Bien-aimés, nous sommes maintenant enfants de Dieu, et ce que nous serons n’a pas encore été manifesté; mais nous savons que, lorsque cela sera manifesté, nous serons semblables à lui, parce que nous le verrons tel qu’il est.
Quiconque a cette espérance en lui se purifie, comme lui-même est pur.
Quiconque pèche transgresse la loi, et le péché est la transgression de la loi.
Or, vous le savez, Jésus a paru pour ôter les péchés, et il n’y a point en lui de péché.
Quiconque demeure en lui ne pèche point; quiconque pèche ne l’a pas vu, et ne l’a pas connu.
Petits enfants, que personne ne vous séduise. Celui qui pratique la justice est juste, comme lui-même est juste.
Celui qui pèche est du diable, car le diable pèche dès le commencement. Le Fils de Dieu a paru afin de détruire les oeuvres du diable.
Quiconque est né de Dieu ne pratique pas le péché, parce que la semence de Dieu demeure en lui; et il ne peut pécher, parce qu’il est né de Dieu.
10 C’est par là que se font reconnaître les enfants de Dieu et les enfants du diable. Quiconque ne pratique pas la justice n’est pas de Dieu, non plus que celui qui n’aime pas son frère.
11 Car ce qui vous a été annoncé et ce que vous avez entendu dès le commencement, c’est que nous devons nous aimer les uns les autres,
12 et ne pas ressembler à Caïn, qui était du malin, et qui tua son frère. Et pourquoi le tua-t-il? parce que ses oeuvres étaient mauvaises, et que celles de son frère étaient justes.
13 Ne vous étonnez pas, frères, si le monde vous hait.
14 Nous savons que nous sommes passés de la mort à la vie, parce que nous aimons les frères. Celui qui n’aime pas demeure dans la mort.
15 Quiconque hait son frère est un meurtrier, et vous savez qu’aucun meurtrier n’a la vie éternelle demeurant en lui.
16 Nous avons connu l’amour, en ce qu’il a donné sa vie pour nous; nous aussi, nous devons donner notre vie pour les frères.
17 Si quelqu’un possède les biens du monde, et que, voyant son frère dans le besoin, il lui ferme ses entrailles, comment l’amour de Dieu demeure-t-il en lui?
18 Petits enfants, n’aimons pas en paroles et avec la langue, mais en actions et avec vérité.
19 Par là nous connaîtrons que nous sommes de la vérité, et nous rassurerons nos coeurs devant lui;
20 car si notre coeur nous condamne, Dieu est plus grand que notre coeur, et il connaît toutes choses.
21 Bien-aimés, si notre coeur ne nous condamne pas, nous avons de l’assurance devant Dieu.
22 Quoi que ce soit que nous demandions, nous le recevons de lui, parce que nous gardons ses commandements et que nous faisons ce qui lui est agréable.
23 Et c’est ici son commandement: que nous croyions au nom de son Fils Jésus Christ, et que nous nous aimions les uns les autres, selon le commandement qu’il nous a donné.
24 Celui qui garde ses commandements demeure en Dieu, et Dieu en lui; et nous connaissons qu’il demeure en nous par l’Esprit qu’il nous a donné.

Louis Segond {LSG}

1 John 3             

1 Behold, what manner of love the Father hath bestowed upon us, that we should be called the sons of God: therefore the world knoweth us not, because it knew him not.
Beloved, now are we the sons of God, and it doth not yet appear what we shall be: but we know that, when he shall appear, we shall be like him; for we shall see him as he is.
And every man that hath this hope in him purifieth himself, even as he is pure.
Whosoever committeth sin transgresseth also the law: for sin is the transgression of the law.
And ye know that he was manifested to take away our sins; and in him is no sin.
Whosoever abideth in him sinneth not: whosoever sinneth hath not seen him, neither known him.
Little children, let no man deceive you: he that doeth righteousness is righteous, even as he is righteous.
He that committeth sin is of the devil; for the devil sinneth from the beginning. For this purpose the Son of God was manifested, that he might destroy the works of the devil.
Whosoever is born of God doth not commit sin; for his seed remaineth in him: and he cannot sin, because he is born of God.
10 In this the children of God are manifest, and the children of the devil: whosoever doeth not righteousness is not of God, neither he that loveth not his brother.
11 For this is the message that ye heard from the beginning, that we should love one another.
12 Not as Cain, who was of that wicked one, and slew his brother. And wherefore slew he him? Because his own works were evil, and his brother’s righteous.
13 Marvel not, my brethren, if the world hate you.
14 We know that we have passed from death unto life, because we love the brethren. He that loveth not his brother abideth in death.
15 Whosoever hateth his brother is a murderer: and ye know that no murderer hath eternal life abiding in him.
16 Hereby perceive we the love of God, because he laid down his life for us: and we ought to lay down our lives for the brethren.
17 But whoso hath this world’s good, and seeth his brother have need, and shutteth up his bowels of compassion from him, how dwelleth the love of God in him?
18 My little children, let us not love in word, neither in tongue; but in deed and in truth.
19 And hereby we know that we are of the truth, and shall assure our hearts before him.
20 For if our heart condemn us, God is greater than our heart, and knoweth all things.
21 Beloved, if our heart condemn us not, then have we confidence toward God.
22 And whatsoever we ask, we receive of him, because we keep his commandments, and do those things that are pleasing in his sight.
23 And this is his commandment, That we should believe on the name of his Son Jesus Christ, and love one another, as he gave us commandment.
24 And he that keepeth his commandments dwelleth in him, and he in him. And hereby we know that he abideth in us, by the Spirit which he hath given us.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}