Liv Plenn / Lamentations / Lamentations

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Plenn 5   

1 Seyè, gade sa ki te rive nou non! Voye je gade nou. Wè nan ki mizè nou ye!
Peyi nou an nan men moun lòt nasyon! Yo pran kay nou pou yo.
Nou se timoun san papa. Manman nou tankou fanm ki pèdi mari yo.
Se achte pou n’ achte dlo pou nou bwè. Si nou pa gen lajan, nou pa jwenn bwa pou nou boule.
N’ap travay di tankou bourik, tankou bèf kabwa. Nou bouke, nou pa ka pran kanpo.
Pou nou ka jwenn manje pou nou manje nou blije ap lonje men bay peyi Lejip ak peyi Lasiri.
Zansèt nou yo fè peche. Yo pa la ankò! Se nou menm k’ap peye pou sa yo te fè.
Moun k’ap gouvènen nou yo se esklav yo ye. Pesonn pa ka delivre nou anba men yo.
Se gwo danje lè nou soti al dèyè manje. Ansasen toupatou nan peyi a.
10 Grangou ban nou lafyèb. Kò nou cho kou dife.
11 Yo fè kadejak sou madanm nou sou mòn Siyon an. Nan tout ti bouk peyi Jida yo yo kenbe pitit fi nou yo.
12 Yo pran chèf nou yo, yo pann yo. Yo derespekte granmoun nou yo.
13 Yo fòse jenn gason nou yo rale moulen. Ti gason nou yo ap titibe anba gwo chay bwa.
14 Granmoun yo pa chita nan pòtay lavil la ankò. Jennmoun nou yo pa chante ankò.
15 Pa gen kè kontan lakay nou. Nou pa danse ankò! Lapenn plen kè nou!
16 Tou sa ki te konn ban nou kè kontan disparèt. Nou te peche, malè tonbe sou nou.
17  Nou malad nan fon kè nou, nou pa ka wè tèlman n’ap kriye,
18 paske mòn Siyon an tounen savann. Se bèt nan bwa ase ki rete la.
19 Men ou menm, Seyè, ou wa pou tou tan. W’ap gouvènen jouk sa kaba.
20 Poukisa ou lage nou pou tout tan sa a? Gen lè ou p’ap janm chonje nou ankò!
21 Seyè, fè nou tounen vin jwenn ou non! Fè nou tounen vin jwenn ou! Fè nou viv jan nou te konn viv nan tan lontan an non!
22 Eske ou voye nou jete pou tout bon? Pou di ou p’ap janm sispann fache sou nou?

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Lamentations 5

1 Souviens-toi, Éternel, de ce qui nous est arrivé! Regarde, vois notre opprobre!
Notre héritage a passé à des étrangers, Nos maisons à des inconnus.
Nous sommes orphelins, sans père; Nos mères sont comme des veuves.
Nous buvons notre eau à prix d’argent, Nous payons notre bois.
Nous sommes poursuivis, le joug sur le cou; Nous sommes épuisés, nous n’avons point de repos.
Nous avons tendu la main vers l’Égypte, vers l’Assyrie, Pour nous rassasier de pain.
Nos pères ont péché, ils ne sont plus, Et c’est nous qui portons la peine de leurs iniquités.
Des esclaves dominent sur nous, Et personne ne nous délivre de leurs mains.
Nous cherchons notre pain au péril de notre vie, Devant l’épée du désert.
10 Notre peau est brûlante comme un four, Par l’ardeur de la faim.
11 Ils ont déshonoré les femmes dans Sion, Les vierges dans les villes de Juda.
12 Des chefs ont été pendus par leurs mains; La personne des vieillards n’a pas été respectée.
13 Les jeunes hommes ont porté la meule, Les enfants chancelaient sous des fardeaux de bois.
14 Les vieillards ne vont plus à la porte, Les jeunes hommes ont cessé leurs chants.
15 La joie a disparu de nos coeurs, Le deuil a remplacé nos danses.
16 La couronne de notre tête est tombée! Malheur à nous, parce que nous avons péché!
17 Si notre coeur est souffrant, Si nos yeux sont obscurcis,
18 C’est que la montagne de Sion est ravagée, C’est que les renards s’y promènent.
19 Toi, l’Éternel, tu règnes à jamais; Ton trône subsiste de génération en génération.
20 Pourquoi nous oublierais-tu pour toujours, Nous abandonnerais-tu pour de longues années?
21 Fais-nous revenir vers toi, ô Éternel, et nous reviendrons! Donne-nous encore des jours comme ceux d’autrefois!
22 Nous aurais-tu entièrement rejetés, Et t’irriterais-tu contre nous jusqu’à l’excès!

Louis Segond {LSG}

Lamentations 5 

1 Remember, O Lord, what is come upon us: consider, and behold our reproach.
Our inheritance is turned to strangers, our houses to aliens.
We are orphans and fatherless, our mothers are as widows.
We have drunken our water for money; our wood is sold unto us.
Our necks are under persecution: we labour, and have no rest.
We have given the hand to the Egyptians, and to the Assyrians, to be satisfied with bread.
Our fathers have sinned, and are not; and we have borne their iniquities.
Servants have ruled over us: there is none that doth deliver us out of their hand.
We gat our bread with the peril of our lives because of the sword of the wilderness.
10 Our skin was black like an oven because of the terrible famine.
11 They ravished the women in Zion, and the maids in the cities of Judah.
12 Princes are hanged up by their hand: the faces of elders were not honoured.
13 They took the young men to grind, and the children fell under the wood.
14 The elders have ceased from the gate, the young men from their musick.
15 The joy of our heart is ceased; our dance is turned into mourning.
16 The crown is fallen from our head: woe unto us, that we have sinned!
17 For this our heart is faint; for these things our eyes are dim.
18 Because of the mountain of Zion, which is desolate, the foxes walk upon it.
19 Thou, O Lord, remainest for ever; thy throne from generation to generation.
20 Wherefore dost thou forget us for ever, and forsake us so long time?
21 Turn thou us unto thee, O Lord, and we shall be turned; renew our days as of old.
22 But thou hast utterly rejected us; thou art very wroth against us.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}