Liv Ezekyel / Ézéchiel / Ezekiel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezekyel 22    

1 Seyè a pale avè m’ ankò, li di m’ konsa:
-Nonm o! Eske ou vle jije lavil ki renmen fè san koule a? W’a fè l’ konnen tout vye bagay derespektan li te fè yo.
W’a di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li. Ou reskonsab lanmò anpil moun ki t’ap viv nan mitan ou. Ou fè vye zidòl pou ou avili tèt ou nan fè sèvis pou yo.
Poutèt tout krim ou fè yo, ou antò. Avèk tout zidòl w’ap sèvi yo, ou pa nan kondisyon sèvi Bondye. Ou fè jou pa ou la pwoche, ou fè lè ou la rive! Se poutèt sa mwen kite nasyon yo pase ou nan betiz, tout moun ap lonje dwèt sou ou.
Nan peyi pre ak nan peyi lwen, y’ap pase ou nan rizib. Ou se yon lavil ki gen move non, yon lavil plen dezòd.
Tout chèf peyi Izrayèl yo gen konfyans nan pwòp fòs yo. Yon sèl bagay yo konnen, se touye moun.
Nan lavil la, pesonn pa respekte papa ak manman yo ankò. Y’ap pwofite sou moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan yo. Y’ap maltrete fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki san papa.
Nou pa respekte kay yo mete apa pou mwen yo, ni jou repo m’ yo.
Plen moun nan mitan ou k’ap mache denonse moun, k’ap bay manti sou moun pou fè touye yo. Gen lòt k’ap manje nan manje yo ofri bay zidòl yo. Gen lòt menm, se pran plezi yo nèt ale nan tout kalite dezòd.
10 Genyen k’ap kouche ak madanm papa yo. Genyen k’ap fòse madanm yo kouche ak yo atout yo gen règ yo.
11 Genyen k’ap fè adiltè ak madanm moun Izrayèl parèy yo, k’ap kouche ak bèlfi yo san yo pa wont. Genyen k’ap fè kadejak sou pitit fi papa yo ki pa menm manman ak yo.
12 Genyen k’ap touye moun pou lajan. Gen lòt ankò k’ap bay frè parèy yo ponya, y’ap mande yo enterè pou lajan yo prete yo. Y’ap pran tou sa frè parèy yo genyen pa fòs. Men mwen menm, yo bliye m’. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
13 Mwen pral frape pye m’ atè, paske nou vòlò twòp, nou touye moun twòp.
14 Jou m’ap regle avè ou la, ou p’ap gen kouraj pou ou sipòte, ou p’ap menm ka leve bra ou! Se mwen menm Seyè a ki di sa. Sa mwen di m’ap fè a, m’ap fè l’.
15 M’ap gaye tout pèp ou a nan mitan lòt nasyon yo. M’ap mache simaye nou nan peyi etranje yo. M’ap fè nou sispann fè malpwòpte nou t’ap fè nan mitan nou an.
16 Akòz tou sa ou fè ki derespektan yo, lòt nasyon yo pral trennen ou nan labou. Men ou menm, w’a konnen se mwen menm ki Seyè a.
17  Seyè a pale ave m’ ankò, li di m’ konsa:
18 -Nonm o! Pou mwen moun pèp Izrayèl yo pa vo anyen. Yo tankou kras ki rete nan fon chodyè lè y’ap fonn ajan, kwiv, asye, fè ak plon. Yo tankou kras nan fon chodyè, yo pa vo anyen.
19 Se poutèt sa, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye di yo: Koulye a nou tounen kras nan fon chodyè fèblantye, mwen pral mete nou tout fè pil nan mitan lavil Jerizalèm.
20 Menm jan yo mete vye moso ajan, kwiv, fè, plon ak eten nan yon chodyè sou gwo dife pou fonn yo wete kras, m’ap move sou nou, m’ap fè kòlè, m’ap tankou dife y’ap soufle anba chodyè fèblantye pou fonn metal yo, m’ap fè nou fonn.
21 Wi, m’ap mete nou ansanm nan mitan lavil Jerizalèm, m’ap limen dife anba nou, m’ap fache sou nou, m’ap fonn nou.
22 Nou pral fonn nan mitan lavil Jerizalèm tankou ajan k’ap fonn nan chodyè fèblantye. Lè sa a, n’a konnen se mwen menm, Seyè a, ki move sou nou konsa.
23  Seyè a pale avè m’ ankò, li di m’ konsa:
24 -Nonm o! W’a di moun pèp Izrayèl yo yo rete nan yon peyi ki gen madichon. Wi, lè m’a move sou yo, yo p’ap jwenn yon degout lapli.
25 Chèf ki rete nan peyi a tankou lyon k’ap gwonde bò yon bèt yo fin touye. Yo devore moun, yo pran tout richès ak tout byen yo jwenn. Se pa de fanm yo kite san mari.
26 Prèt yo menm pa kenbe lwa mwen an, yo pa gen respè pou kay ki apa pou mwen an. Yo pa fè diferans ant bagay ki apa pou mwen ak bagay ki pa apa pou mwen. Yo pa moutre moun sa ki bon ak sa ki pa bon pou sèvis mwen. Yo pa konn sa ki rele jou repo mwen yo. Se konsa pèp Izrayèl la pa respekte m’ menm.
27 Zotobre yo menm nan lavil la, yo tankou chen mawon k’ap dechèpiye bèt yo touye. Y’ap touye moun pou yo vòlò byen yo.
28 Pwofèt yo kache peche pou chèf yo tankou moun k’ap kouvri yon vye miray ak krepisay. Y’ap fè vizyon ki pa vre. Y’ap bay manti sou sa ki pou rive. Yo pretann se mesaj mwen menm, Seyè a, mwen ba yo, men, mwen pa janm pale ak yo.
29 Nan tout peyi a moun yo lage kò yo nan fè mechanste, nan vòlò zafè moun. Y’ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite yo, y’ap pwofite sou moun lòt nasyon yo san rezon.
30 Mwen chache nan mitan yo yon moun ki ta ka bati yon miray, ki ta ka kanpe kote miray yo ap kraze a, pou pran defans peyi a lè m’a fè kòlè pou m’ detwi l’, men mwen pa jwenn pesonn.
31 Se konsa, mwen pral move sou yo. Tankou yon dife, mwen pral disparèt yo. Mwen pral fè yo peye pou sa yo fè. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ézéchiel 22

1 La parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
Et toi, fils de l’homme, jugeras-tu, jugeras-tu la ville sanguinaire? Fais-lui connaître toutes ses abominations!
Tu diras: Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Ville qui répands le sang au milieu de toi, pour que ton jour arrive, et qui te fais des idoles pour te souiller!
Tu es coupable à cause du sang que tu as répandu, et tu t’es souillée par les idoles que tu as faites. Tu as ainsi avancé tes jours, et tu es parvenue au terme de tes années. C’est pourquoi je te rends un objet d’opprobre pour les nations et de moquerie pour tous les pays.
Ceux qui sont près et ceux qui sont au loin se moqueront de toi, qui es souillée de réputation et pleine de trouble.
Voici, au dedans de toi, tous les princes d’Israël usent de leur force pour répandre le sang;
au dedans de toi, l’on méprise père et mère, on maltraite l’étranger, on opprime l’orphelin et la veuve.
Tu dédaignes mes sanctuaires, tu profanes mes sabbats.
Il y a chez toi des calomniateurs pour répandre le sang; chez toi, l’on mange sur les montagnes; on commet le crime dans ton sein.
10 Au milieu de toi, on découvre la nudité du père; au milieu de toi, on fait violence à la femme pendant son impureté.
11 Au milieu de toi, chacun se livre à des abominations avec la femme de son prochain, chacun se souille par l’inceste avec sa belle-fille, chacun déshonore sa soeur, fille de son père.
12 Chez toi, l’on reçoit des présents pour répandre le sang: tu exiges un intérêt et une usure, tu dépouilles ton prochain par la violence, et moi, tu m’oublies, dit le Seigneur, l’Éternel.
13 Voici, je frappe des mains à cause de la cupidité que tu as eue, et du sang qui a été répandu au milieu de toi.
14 Ton coeur sera-t-il ferme, tes mains auront-elles de la force dans les jours où j’agirai contre toi? Moi, l’Éternel, j’ai parlé, et j’agirai.
15 Je te disperserai parmi les nations, je te répandrai en divers pays, et je ferai disparaître ton impureté du milieu de toi.
16 Tu seras souillée par toi-même aux yeux des nations, et tu sauras que je suis l’Éternel.
17 La parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
18 Fils de l’homme, la maison d’Israël est devenue pour moi comme des scories; ils sont tous de l’airain, de l’étain, du fer, du plomb, dans le creuset; ce sont des scories d’argent.
19 C’est pourquoi ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Parce que vous êtes tous devenus comme des scories, voici, je vous rassemblerai au milieu de Jérusalem.
20 Comme on rassemble l’argent, l’airain, le fer, le plomb et l’étain, dans le creuset, et qu’on souffle le feu pour les fondre, ainsi je vous rassemblerai dans ma colère et dans ma fureur, et je vous mettrai au creuset pour vous fondre.
21 Je vous rassemblerai, et je soufflerai contre vous avec le feu de ma fureur; et vous serez fondus au milieu de Jérusalem.
22 Comme l’argent fond dans le creuset, ainsi vous serez fondus au milieu d’elle. Et vous saurez que moi, l’Éternel, j’ai répandu ma fureur sur vous.
23 La parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
24 Fils de l’homme, dis à Jérusalem: Tu es une terre qui n’est pas purifiée, qui n’est pas arrosée de pluie au jour de la colère.
25 Ses prophètes conspirent dans son sein; comme des lions rugissants qui déchirent leur proie, ils dévorent les âmes, ils s’emparent des richesses et des choses précieuses, ils multiplient les veuves au milieu d’elle.
26 Ses sacrificateurs violent ma loi et profanent mes sanctuaires, ils ne distinguent pas ce qui est saint de ce qui est profane, ils ne font pas connaître la différence entre ce qui est impur et ce qui est pur, ils détournent les yeux de mes sabbats, et je suis profané au milieu d’eux.
27 Ses chefs sont dans son sein comme des loups qui déchirent leur proie; ils répandent le sang, perdent les âmes, pour assouvir leur cupidité.
28 Et ses prophètes ont pour eux des enduits de plâtre, de vaines visions, des oracles menteurs; ils disent: Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel! Et l’Éternel ne leur a point parlé.
29 Le peuple du pays se livre à la violence, commet des rapines, opprime le malheureux et l’indigent, foule l’étranger contre toute justice.
30 Je cherche parmi eux un homme qui élève un mur, qui se tienne à la brèche devant moi en faveur du pays, afin que je ne le détruise pas; mais je n’en trouve point.
31 Je répandrai sur eux ma fureur, je les consumerai par le feu de ma colère, je ferai retomber leurs oeuvres sur leur tête, dit le Seigneur, l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Ezekiel 22

Moreover the word of the Lord came unto me, saying,
Now, thou son of man, wilt thou judge, wilt thou judge the bloody city? yea, thou shalt shew her all her abominations.
Then say thou, Thus saith the Lord God, The city sheddeth blood in the midst of it, that her time may come, and maketh idols against herself to defile herself.
Thou art become guilty in thy blood that thou hast shed; and hast defiled thyself in thine idols which thou hast made; and thou hast caused thy days to draw near, and art come even unto thy years: therefore have I made thee a reproach unto the heathen, and a mocking to all countries.
Those that be near, and those that be far from thee, shall mock thee, which art infamous and much vexed.
Behold, the princes of Israel, every one were in thee to their power to shed blood.
In thee have they set light by father and mother: in the midst of thee have they dealt by oppression with the stranger: in thee have they vexed the fatherless and the widow.
Thou hast despised mine holy things, and hast profaned my sabbaths.
In thee are men that carry tales to shed blood: and in thee they eat upon the mountains: in the midst of thee they commit lewdness.
10 In thee have they discovered their fathers’ nakedness: in thee have they humbled her that was set apart for pollution.
11 And one hath committed abomination with his neighbour’s wife; and another hath lewdly defiled his daughter in law; and another in thee hath humbled his sister, his father’s daughter.
12 In thee have they taken gifts to shed blood; thou hast taken usury and increase, and thou hast greedily gained of thy neighbours by extortion, and hast forgotten me, saith the Lord God.
13 Behold, therefore I have smitten mine hand at thy dishonest gain which thou hast made, and at thy blood which hath been in the midst of thee.
14 Can thine heart endure, or can thine hands be strong, in the days that I shall deal with thee? I the Lord have spoken it, and will do it.
15 And I will scatter thee among the heathen, and disperse thee in the countries, and will consume thy filthiness out of thee.
16 And thou shalt take thine inheritance in thyself in the sight of the heathen, and thou shalt know that I am the Lord.
17 And the word of the Lord came unto me, saying,
18 Son of man, the house of Israel is to me become dross: all they are brass, and tin, and iron, and lead, in the midst of the furnace; they are even the dross of silver.
19 Therefore thus saith the Lord God; Because ye are all become dross, behold, therefore I will gather you into the midst of Jerusalem.
20 As they gather silver, and brass, and iron, and lead, and tin, into the midst of the furnace, to blow the fire upon it, to melt it; so will I gather you in mine anger and in my fury, and I will leave you there, and melt you.
21 Yea, I will gather you, and blow upon you in the fire of my wrath, and ye shall be melted in the midst therof.
22 As silver is melted in the midst of the furnace, so shall ye be melted in the midst thereof; and ye shall know that I the Lord have poured out my fury upon you.
23 And the word of the Lord came unto me, saying,
24 Son of man, say unto her, Thou art the land that is not cleansed, nor rained upon in the day of indignation.
25 There is a conspiracy of her prophets in the midst thereof, like a roaring lion ravening the prey; they have devoured souls; they have taken the treasure and precious things; they have made her many widows in the midst thereof.
26 Her priests have violated my law, and have profaned mine holy things: they have put no difference between the holy and profane, neither have they shewed difference between the unclean and the clean, and have hid their eyes from my sabbaths, and I am profaned among them.
27 Her princes in the midst thereof are like wolves ravening the prey, to shed blood, and to destroy souls, to get dishonest gain.
28 And her prophets have daubed them with untempered morter, seeing vanity, and divining lies unto them, saying, Thus saith the Lord God, when the Lord hath not spoken.
29 The people of the land have used oppression, and exercised robbery, and have vexed the poor and needy: yea, they have oppressed the stranger wrongfully.
30 And I sought for a man among them, that should make up the hedge, and stand in the gap before me for the land, that I should not destroy it: but I found none.
31 Therefore have I poured out mine indignation upon them; I have consumed them with the fire of my wrath: their own way have I recompensed upon their heads, saith the Lord God.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}