Liv Pwovèb / Proverbes / Proverbs

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Pwovèb 5   

1 Pitit mwen, louvri lespri ou pou koute sa m’ap di ou, mwen menm ki gen bon konprann. Louvri zòrèy ou pou ou tande konsèy m’ap ba ou, mwen menm ki gen bon konprann.
Konsa, w’a konnen jan pou ou kondi tèt ou byen. Pawòl ki soti nan bouch ou va moutre jan ou se moun ki gen bon konprann.
Bouch madanm lòt moun ka dous kou siwo myèl, pawòl ka koule nan bouch yo tankou dlo.
Men, lè tout bagay fini, bouch li anmè kou fyèl, lang li file tankou kouto de bò.
L’ap mennen ou kote mò yo ye a. Tou sa l’ap fè se pou touye ou.
Li p’ap chache chemen lavi. L’ap pwonmennen toupatou, li pa konnen kote li prale.
Koulye a, pitit mwen yo, koute m’ byen. Pa janm bliye sa m’ pral di nou la a.
Rete lwen yon fanm konsa. Pa janm pwoche bò pòt lakay li,
pou fanm deyò pa fini avè ou, pou ou pa fè nèg ankòlè touye ou anvan lè ou!
10 Si se pa sa, se etranje ki va pran tout byen ou yo. Se lòt moun ki va jwi tou sa ou te travay fè.
11 Lè w’a prèt pou ou mouri, w’a kouche sou kabann ou ap plenn. Maladi ap manje ou nan tout kò ou.
12 Lè sa a, w’a di: Poukisa mwen pa t’ vle kite yo rale zòrèy mwen?
13 Mwen pa t’ vle koute moun ki t’ap moutre m’ sa pou m’ fè. Mwen pa t’ louvri zòrèy mwen lè yo t’ap pale m’.
14 Yon ti kras ankò, mwen t’ap nan tout kalite malè. La, devan tout moun, mwen t’ap pèdi repitasyon m’.
15  Bwè dlo nan kannari ou. Se ak madanm ou ase pou ou rete.
16 Pa fè pitit ak fanm deyò, pou san ou pa trennen nan lari.
17 Se pou pitit ou grandi anndan lakay ou. Yo pa ka ap sèvi ou pou y’ap sèvi moun deyò tou.
18 Fè kè ou kontan ak madanm ou. Pran plezi ou ak madanm ou renmen depi lè ou te jenn lan.
19 L’ap bèl, l’ap anfòm tankou nègès banda. Se pou karès li yo toujou fè kè ou kontan, se pou ou toujou renmen fè lamou ak li.
20 Pitit mwen, poukisa pou ou renmen yon lòt fanm? Poukisa pou ou kite madanm ou pou madanm lòt moun?
21 Seyè a wè tou sa w’ap fè. Kote ou pase, je l’ sou ou.
22 Mechanste mechan yo se yon pèlen pou pwòp tèt yo. Sa yo pare pou lòt moun, se yo menm li rive.
23 Y’ap mouri paske yo pa konn kontwole tèt yo. Y’ap peri paske yo fin pèdi tèt yo nèt.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Proverbes 5

1 Mon fils, sois attentif à ma sagesse, Prête l’oreille à mon intelligence,
Afin que tu conserves la réflexion, Et que tes lèvres gardent la connaissance.
Car les lèvres de l’étrangère distillent le miel, Et son palais est plus doux que l’huile;
Mais à la fin elle est amère comme l’absinthe, Aiguë comme un glaive à deux tranchants.
Ses pieds descendent vers la mort, Ses pas atteignent le séjour des morts.
Afin de ne pas considérer le chemin de la vie, Elle est errante dans ses voies, elle ne sait où elle va.
Et maintenant, mes fils, écoutez-moi, Et ne vous écartez pas des paroles de ma bouche.
Éloigne-toi du chemin qui conduit chez elle, Et ne t’approche pas de la porte de sa maison,
De peur que tu ne livres ta vigueur à d’autres, Et tes années à un homme cruel;
10 De peur que des étrangers ne se rassasient de ton bien, Et du produit de ton travail dans la maison d’autrui;
11 De peur que tu ne gémisses, près de ta fin, Quand ta chair et ton corps se consumeront,
12 Et que tu ne dises: Comment donc ai-je pu haïr la correction, Et comment mon coeur a-t-il dédaigné la réprimande?
13 Comment ai-je pu ne pas écouter la voix de mes maîtres, Ne pas prêter l’oreille à ceux qui m’instruisaient?
14 Peu s’en est fallu que je n’aie éprouvé tous les malheurs Au milieu du peuple et de l’assemblée.
15 Bois les eaux de ta citerne, Les eaux qui sortent de ton puits.
16 Tes sources doivent-elles se répandre au dehors? Tes ruisseaux doivent ils couler sur les places publiques?
17 Qu’ils soient pour toi seul, Et non pour des étrangers avec toi.
18 Que ta source soit bénie, Et fais ta joie de la femme de ta jeunesse,
19 Biche des amours, gazelle pleine de grâce: Sois en tout temps enivré de ses charmes, Sans cesse épris de son amour.
20 Et pourquoi, mon fils, serais-tu épris d’une étrangère, Et embrasserais-tu le sein d’une inconnue?
21 Car les voies de l’homme sont devant les yeux de l’Éternel, Qui observe tous ses sentiers.
22 Le méchant est pris dans ses propres iniquités, Il est saisi par les liens de son péché.
23 Il mourra faute d’instruction, Il chancellera par l’excès de sa folie.
Louis Segond {LSG}

Proverbs 5  

1 My son, attend unto my wisdom, and bow thine ear to my understanding:
That thou mayest regard discretion, and that thy lips may keep knowledge.
For the lips of a strange woman drop as an honeycomb, and her mouth is smoother than oil:
But her end is bitter as wormwood, sharp as a two-edged sword.
Her feet go down to death; her steps take hold on hell.
Lest thou shouldest ponder the path of life, her ways are moveable, that thou canst not know them.
Hear me now therefore, O ye children, and depart not from the words of my mouth.
Remove thy way far from her, and come not nigh the door of her house:
Lest thou give thine honour unto others, and thy years unto the cruel:
10 Lest strangers be filled with thy wealth; and thy labours be in the house of a stranger;
11 And thou mourn at the last, when thy flesh and thy body are consumed,
12 And say, How have I hated instruction, and my heart despised reproof;
13 And have not obeyed the voice of my teachers, nor inclined mine ear to them that instructed me!
14 I was almost in all evil in the midst of the congregation and assembly.
15 Drink waters out of thine own cistern, and running waters out of thine own well.
16 Let thy fountains be dispersed abroad, and rivers of waters in the streets.
17 Let them be only thine own, and not strangers’ with thee.
18 Let thy fountain be blessed: and rejoice with the wife of thy youth.
19 Let her be as the loving hind and pleasant roe; let her breasts satisfy thee at all times; and be thou ravished always with her love.
20 And why wilt thou, my son, be ravished with a strange woman, and embrace the bosom of a stranger?
21 For the ways of man are before the eyes of the Lord, and he pondereth all his goings.
22 His own iniquities shall take the wicked himself, and he shall be holden with the cords of his sins.
23 He shall die without instruction; and in the greatness of his folly he shall go astray.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}