Liv JÒB

JOB  |  8 10  |  11  12  13  14  15  16  | 17  18  19  20 21  22  23  24  25  26  27 28  29  30   |  31  32  33  |  34 35  36  |  37  |  38  39  40  41 42  |

Jòb 25          Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}  

© 2020 Audio Track Brother Willy.                          

1 Bildad, moun lavil Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:
-Bondye se chèf. Li fè tout moun respekte l’. Li fè tout moun nan peyi ki nan syèl la viv ak kè poze.
Ki moun ki ka konte kantite zanj k’ap sèvi l’? Pa gen kote limyè Bondye a pa klere.
Atò, moun ka konprann yo gen rezon devan Bondye? Pitit fanm pouse met atè ka san repwòch devan li?
Nan je Bondye, menm lalin lan pa klere ase. Pa gen yonn nan zetwal yo ki bon nèt pou li.
Ale wè pou moun, yon vètè, yon ti krebete! Kisa yo vo nan je Bondye?

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}