Liv Jeremi / Jérémie / Jeremiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jeremi 26   

1 Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas la, te fèk moute wa nan peyi Jida. Seyè a pale ak Jeremi ankò.
Men sa Seyè a di l’: -Ale kanpe nan lakou tanp lan. Ou pral di tou sa mwen te ba ou lòd di sou moun ki soti nan tout lavil peyi Jida yo pou vin adore nan Kay Seyè a. Pa wete anyen.
Ou pa janm konnen, yo ka koute ou, yo ka pran desizyon yonn apre lòt pou yo kite move jan y’ap viv la. Mwen fè lide voye malè sou yo pou tou sa yo te fè ki mal. Men, si yo koute ou, m’a chanje lide.
Konsa, w’a di yo: Men mesaj Seyè a bay: Koute m’, swiv lòd mwen mete devan nou.
Louvri zòrèy nou tande mesaj pwofèt yo, sèvitè m’ yo. Se mwen menm ki pa janm sispann voye yo ban nou, men nou pa vle koute yo.
Si nou pa koute yo, m’ap kraze tanp sa a menm jan mwen te detwi kote yo te mete apa pou mwen lavil Silo a. Nan tout lòt nasyon ki sou latè, y’a pran non lavil sa a pou bay madichon.
 Prèt yo, pwofèt yo ansanm ak tout moun ki te la yo tande Jeremi ap bay mesaj sa a nan lakou Tanp lan.
Fini Jeremi fin bay mesaj Seyè a te ba li lòd bay pèp la, prèt yo, pwofèt yo ansanm ak tout moun ki te la yo mete men sou li. Yo pran rele: -Se pou yo touye ou pou sa ou sot di la a!
Poukisa ou pran non Seyè a pou ou di li pral kraze tanp sa a menm jan li te detwi kote yo te mete apa pou li lavil Silo a, li pral fè lavil la tounen mazi, san pesonn ladan l’? Tout pèp la sanble bò kot Jeremi nan Tanp Seyè a.
10 Lè chèf Jida yo vin konnen sa ki t’ap pase, yo kite palè wa a, yo kouri al nan tanp lan, y’ al chita nan plas yo bò Pòtay Nèf la.
11 Prèt yo ak pwofèt yo pale ak chèf yo ansanm ak pèp la, yo di: -Nonm sa a merite pou yo touye l’ paske li pale lavil Jerizalèm lan mal. Nou tout la a, nou tande l’ ak pwòp zòrèy nou.
12 Lè sa a, Jeremi pale ak tout gwo chèf yo ansanm ak pèp la. Li di: -Se Seyè a ki voye m’ pou m’ fè nou konnen tou sa nou sot tande m’ di la a sou Tanp lan ak sou lavil la.
13 Koulye a, se pou nou chanje jan n’ap viv la, sispann fè sa ki mal. Koute sa Seyè a, Bondye nou an, ap di nou. Lè sa a, l’a chanje lide, li p’ap voye malè li te di l’ap voye sou nou an.
14 Mwen menm, mwen nan men nou. Fè sa nou vle avè m’, sa nou kwè nou dwe fè a.
15 Tansèlman, si nou touye m’, konnen se lanmò yon inonsan n’ap gen ni sou konsyans nou, ni sou konsyans moun ki rete nan lavil la. Paske, sa m’ap di nou la a, se vre wi, se Seyè a menm ki voye m’ pou m’ fè nou tande tout pawòl sa yo.
16  Lè sa a, gwo chèf yo ak tout pèp la pale ak prèt yo ansanm ak pwofèt yo. Yo di yo: -Pa gen anyen la a pou n’ touye nonm sa a. Paske se nan non Seyè a, Bondye nou an, li pale ak nou.
17 Apre sa, kèk chèf fanmi kanpe epi yo di moun ki te sanble yo:
18 -Sou rèy Ezekyas, wa peyi Jida a, pwofèt Miche, moun lavil Morechèt la, te bay tout pèp peyi Jida a mesaj sa a: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: N’ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y’ap raboure. Jerizalèm ap tounen yon mazi. Gwo rakbwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a.
19 Lè sa a, èske wa Ezekyas ak pèp peyi Jida a te fè touye pwofèt Miche? Non, yo fè wè jan yo te gen krentif Seyè a, yo mande l’ pou l’ gen pitye pou yo. Se konsa Seyè a chanje lide, li pa voye malè li te di l’ap voye sou yo a. Koulye a, nou soti pou nou rale yon gwo malè sou nou si nou fè nonm sa a anyen.
20 Te gen yon lòt nonm yo te rele Ouri ki t’ap pale nan non Bondye. Se te pitit Chemaya, moun lavil Kiriyat Jearim. Li menm tou, tankou Jeremi, li t’ap pale nan non Bondye sou lavil Jerizalèm ak sou peyi Jida.
21 Lè wa Jojakim, gad li yo ansanm ak tout chèf li yo tande sa li t’ap di, wa a t’ap chache yon jan pou touye li. Ouri vin konn sa, li pè, li kouri al kache nan peyi Lejip.
22 Se konsa, wa Jojakim voye Elnatan, pitit Akbò, ansanm ak kèk lòt gason nan peyi Lejip al chache msye.
23 Yo pran Ouri nan peyi Lejip, yo mennen l’ bay wa a. Wa a fè yo touye l’. Lèfini, yo jete kadav li nan gwo fòs endijan yo.
24 Men, Akikam, pitit Chafan an, t’ap pwoteje Jeremi. Se konsa li pa t’ kite yo lage Jeremi nan men pèp la pou yo te touye l’.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jérémie 26

1 Au commencement du règne de Jojakim, fils de Josias, roi de Juda, cette parole fut prononcée de la part de l’Éternel, en ces mots:
Ainsi parle l’Éternel: Tiens-toi dans le parvis de la maison de l’Éternel, et dis à ceux qui de toutes les villes de Juda viennent se prosterner dans la maison de l’Éternel toutes les paroles que je t’ordonne de leur dire; n’en retranche pas un mot.
Peut-être écouteront-ils, et reviendront-ils chacun de leur mauvaise voie; alors je me repentirai du mal que j’avais pensé leur faire à cause de la méchanceté de leurs actions.
Tu leur diras: Ainsi parle l’Éternel: Si vous ne m’écoutez pas quand je vous ordonne de suivre ma loi que j’ai mise devant vous,
d’écouter les paroles de mes serviteurs, les prophètes, que je vous envoie, que je vous ai envoyés dès le matin, et que vous n’avez pas écoutés,
alors je traiterai cette maison comme Silo, et je ferai de cette ville un objet de malédiction pour toutes les nations de la terre.
Les sacrificateurs, les prophètes, et tout le peuple, entendirent Jérémie prononcer ces paroles dans la maison de l’Éternel.
Et comme Jérémie achevait de dire tout ce que l’Éternel lui avait ordonné de dire à tout le peuple, les sacrificateurs, les prophètes, et tout le peuple, se saisirent de lui, en disant: Tu mourras!
Pourquoi prophétises-tu au nom de l’Éternel, en disant: Cette maison sera comme Silo, et cette ville sera dévastée, privée d’habitants? Tout le peuple s’attroupa autour de Jérémie dans la maison de l’Éternel.
10 Lorsque les chefs de Juda eurent appris ces choses, ils montèrent de la maison du roi à la maison de l’Éternel, et s’assirent à l’entrée de la porte neuve de la maison de l’Éternel.
11 Alors les sacrificateurs et les prophètes parlèrent ainsi aux chefs et à tout le peuple: Cet homme mérite la mort; car il a prophétisé contre cette ville, comme vous l’avez entendu de vos oreilles.
12 Jérémie dit à tous les chefs et à tout le peuple: L’Éternel m’a envoyé pour prophétiser contre cette maison et contre cette ville, toutes les choses que vous avez entendues.
13 Maintenant réformez vos voies et vos oeuvres, écoutez la voix de l’Éternel, votre Dieu, et l’Éternel se repentira du mal qu’il a prononcé contre vous.
14 Pour moi, me voici entre vos mains; traitez-moi comme il vous semblera bon et juste.
15 Seulement sachez que, si vous me faites mourir, vous vous chargez du sang innocent, vous, cette ville et ses habitants; car l’Éternel m’a véritablement envoyé vers vous pour prononcer à vos oreilles toutes ces paroles.
16 Les chefs et tout le peuple dirent aux sacrificateurs et aux prophètes: Cet homme ne mérite point la mort; car c’est au nom de l’Éternel, notre Dieu, qu’il nous a parlé.
17 Et quelques-uns des anciens du pays se levèrent, et dirent à toute l’assemblée du peuple:
18 Michée, de Moréscheth, prophétisait du temps d’Ézéchias, roi de Juda, et il disait à tout le peuple de Juda: Ainsi parle l’Éternel des armées: Sion sera labourée comme un champ, Jérusalem deviendra un monceau de pierres, Et la montagne de la maison une haute forêt.
19 Ézéchias, roi de Juda, et tout Juda l’ont-ils fait mourir? Ézéchias ne craignit-il pas l’Éternel? N’implora-t-il pas l’Éternel? Alors l’Éternel se repentit du mal qu’il avait prononcé contre eux. Et nous, nous chargerions notre âme d’un si grand crime!
20 Il y eut aussi un homme qui prophétisait au nom de l’Éternel, Urie, fils de Schemaeja, de Kirjath Jearim. Il prophétisa contre cette ville et contre ce pays entièrement les mêmes choses que Jérémie.
21 Le roi Jojakim, tous ses vaillants hommes, et tous ses chefs, entendirent ses paroles, et le roi chercha à le faire mourir. Urie, qui en fut informé, eut peur, prit la fuite, et alla en Égypte.
22 Le roi Jojakim envoya des gens en Égypte, Elnathan, fils d’Acbor, et des gens avec lui en Égypte.
23 Ils firent sortir d’Égypte Urie et l’amenèrent au roi Jojakim, qui le fit mourir par l’épée et jeta son cadavre sur les sépulcres des enfants du peuple.
24 Cependant la main d’Achikam, fils de Schaphan, fut avec Jérémie, et empêcha qu’il ne fût livré au peuple pour être mis à mort.

Louis Segond {LSG}

Jeremiah 26 

1 In the beginning of the reign of Jehoiakim the son of Josiah king of Judah came this word from the Lord, saying,
Thus saith the Lord; Stand in the court of the Lord‘s house, and speak unto all the cities of Judah, which come to worship in the Lord‘s house, all the words that I command thee to speak unto them; diminish not a word:
If so be they will hearken, and turn every man from his evil way, that I may repent me of the evil, which I purpose to do unto them because of the evil of their doings.
And thou shalt say unto them, Thus saith the Lord; If ye will not hearken to me, to walk in my law, which I have set before you,
To hearken to the words of my servants the prophets, whom I sent unto you, both rising up early, and sending them, but ye have not hearkened;
Then will I make this house like Shiloh, and will make this city a curse to all the nations of the earth.
So the priests and the prophets and all the people heard Jeremiah speaking these words in the house of the Lord.
Now it came to pass, when Jeremiah had made an end of speaking all that the Lord had commanded him to speak unto all the people, that the priests and the prophets and all the people took him, saying, Thou shalt surely die.
Why hast thou prophesied in the name of the Lord, saying, This house shall be like Shiloh, and this city shall be desolate without an inhabitant? And all the people were gathered against Jeremiah in the house of the Lord.
10 When the princes of Judah heard these things, then they came up from the king’s house unto the house of the Lord, and sat down in the entry of the new gate of the Lord‘s house.
11 Then spake the priests and the prophets unto the princes and to all the people, saying, This man is worthy to die; for he hath prophesied against this city, as ye have heard with your ears.
12 Then spake Jeremiah unto all the princes and to all the people, saying, The Lord sent me to prophesy against this house and against this city all the words that ye have heard.
13 Therefore now amend your ways and your doings, and obey the voice of the Lord your God; and the Lord will repent him of the evil that he hath pronounced against you.
14 As for me, behold, I am in your hand: do with me as seemeth good and meet unto you.
15 But know ye for certain, that if ye put me to death, ye shall surely bring innocent blood upon yourselves, and upon this city, and upon the inhabitants thereof: for of a truth the Lord hath sent me unto you to speak all these words in your ears.
16 Then said the princes and all the people unto the priests and to the prophets; This man is not worthy to die: for he hath spoken to us in the name of the Lord our God.
17 Then rose up certain of the elders of the land, and spake to all the assembly of the people, saying,
18 Micah the Morasthite prophesied in the days of Hezekiah king of Judah, and spake to all the people of Judah, saying, Thus saith the Lord of hosts; Zion shall be plowed like a field, and Jerusalem shall become heaps, and the mountain of the house as the high places of a forest.
19 Did Hezekiah king of Judah and all Judah put him at all to death? did he not fear the Lord, and besought the Lord, and the Lord repented him of the evil which he had pronounced against them? Thus might we procure great evil against our souls.
20 And there was also a man that prophesied in the name of the Lord, Urijah the son of Shemaiah of Kirjathjearim, who prophesied against this city and against this land according to all the words of Jeremiah.
21 And when Jehoiakim the king, with all his mighty men, and all the princes, heard his words, the king sought to put him to death: but when Urijah heard it, he was afraid, and fled, and went into Egypt;
22 And Jehoiakim the king sent men into Egypt, namely, Elnathan the son of Achbor, and certain men with him into Egypt.
23 And they fetched forth Urijah out of Egypt, and brought him unto Jehoiakim the king; who slew him with the sword, and cast his dead body into the graves of the common people.
24 Nevertheless the hand of Ahikam the son of Shaphan was with Jeremiah, that they should not give him into the hand of the people to put him to death.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}