Liv Ezekyel / Ézéchiel / Ezekiel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezekyel 36    

1 Seyè a di ankò: -Koulye a, nonm o! Men mesaj pou ou bay mòn Izrayèl yo, koute sa Seyè a voye di nou.
Wi, men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye ban nou: Lènmi moun Izrayèl yo ap pase nou nan betiz, y’ap di: Tout ansyen mòn sa yo pou nou koulye a!
Se poutèt sa, bay mesaj sa a. Fè yo konnen sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye di yo: Lè nasyon ki sou fwontyè nou yo te anvayi peyi Izrayèl la pou yo te piye l’, pou yo pran l’ pou yo, tout moun t’ap pale sou nou, yo t’ap pase nou nan betiz.
Enben, koulye a, mòn peyi Izrayèl yo, koute sa Seyè sèl Mèt la voye di nou. Men mesaj Seyè a bay pou tout mòn ak tout ti mòn, pou tout ravin ak tout fon nan peyi a, pou tout kay kraze moun yo kouri kite ak pou tout lavil yo ki tounen mazi. Moun lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo te piye nou, yo te pase nou nan betiz.
Men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, di ankò: M’ap move anpil, m’ap denonse lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo. M’ap denonse tout moun nan peyi Edon an tou. Lè yo t’ap pran peyi mwen an pou yo te piye l’ nèt ale a, yo pa t’ manke kontan, yo pa t’ manke pase nou nan rizib.
Se poutèt sa, men mesaj pou ou bay peyi Izrayèl la. Pale ak tout mòn yo, tout ti mòn yo, tout ravin yo ak tout fon yo. Di yo: Men sa Seyè a voye di: Koulye a mwen move, mwen fache, m’ap pale! Wi, nou te soufri lè lòt nasyon yo t’ap joure nou.
enben wi, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, di: Mwen leve men m’ pou m’ fè sèman lòt nasyon ki sou fwontyè nou yo pral peye pou jan yo te pase nou nan betiz la.
Men, sou tout mòn peyi Izrayèl yo, pyebwa yo pral fè fèy ankò, y’ap donnen pou nou menm, pèp mwen an, pèp Izrayèl la. Paske nou pa lwen tounen nan peyi nou.
Paske mwen kanpe la avèk nou. Mwen pral swen nou. Tè jaden nou yo pral raboure, yo pral plante.
10 Mwen pral fè tout moun fanmi pèp Izrayèl yo peple, yo pral vin anpil. Tout lavil yo pral plen moun. Yo pral rebati tout kay ki te kraze yo.
11 Mwen pral fè ni moun ni bèt peple nan peyi a. Yo pral vin anpil, y’ap fè anpil pitit, m’ap fè nou rete kote nou te konn rete anvan an. M’ap fè nou viv pi byen pase jan nou te konn viv la. Lè sa a, n’a konnen se mwen menm ki Seyè a.
12 M’ap mennen nou tounen, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou nou ka viv nan peyi nou an. Nou pral pran peyi a pou nou. Peyi a pral rele nou pa nou. Li p’ap janm kite pitit li yo mouri ankò.
13 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Yo te mache di: Peyi a ap manje moun li yo. L’ap touye tout pitit moun ki rete ladan l’ yo. Se te vre.
14 Men, depi jòdi a, peyi a p’ap manje moun li yo ankò, li p’ap touye pitit moun ki rete ladan l’ yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
15 M’ap fè lòt nasyon yo sispann pase nou nan betiz. Nou p’ap tande jouman yo nan zòrèy nou ankò. Yo p’ap lonje dwèt sou nou ankò pou fè nou wont. Peyi a p’ap touye pitit li yo ankò. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
16  Seyè a pale avè m’ ankò, li di m’ konsa:
17 -Nonm o! Lè moun pèp Izrayèl yo te rete nan peyi yo a, yo mennen bak yo yon jan ki mete peyi a nan kondisyon li pa ka fè sèvis Bondye ankò. Lavi yo t’ap mennen an te mete yo nan kondisyon yo pa t’ ka fè sèvis pou mwen. Nan je mwen yo pa t’ pi bon pase yon fi ki gen lalin li.
18 Se poutèt sa mwen fè yo santi jan mwen ka move sou yo, paske yo te fè anpil san koule nan peyi a, yo te mete zidòl toupatou. Konsa yo te mete peyi a nan kondisyon pou l’ pa t’ ka fè sèvis pou mwen ankò.
19 Mwen gaye yo nan mitan lòt nasyon yo. Mwen simaye yo nan tout peyi etranje yo. Mwen pini yo pou jan yo te mennen bak yo mal ak pou tou sa yo te fè.
20 Nan tout peyi kote yo rive, yo lakòz moun derespekte non mwen ki yon non apa. Yo fè moun ap di sou yo: Men pèp Seyè a wi! Yo blije soti kite peyi li te ba yo a!
21 Sa te ban m’ tèt chaje pou m’ te wè jan moun pèp Izrayèl yo te lakòz moun t’ap derespekte non m’ nan tout peyi kote yo pase.
22 Se poutèt sa, w’a di moun pèp Izrayèl yo: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: Sa m’ pral fè a, se pa pou tèt nou m’ap fè l’, tande. Se poutèt non mwen ki yon non apa, non nou te trennen nan labou nan tout peyi kote nou pase yo.
23 Menm jan nou te trennen non m’ nan labou nan mitan lòt nasyon yo, konsa m’ pral sèvi ak nou pou fè lòt nasyon yo wè jan m’ gen pouvwa, jan m’ se yon Bondye ki apa. Lè sa a, nasyon yo va konnen se mwen menm ki Seyè a.
24 M’ap wete nou nan mitan nasyon yo, m’ap sanble nou soti nan tout peyi yo, m’ap mennen nou tounen nan peyi pa nou an.
25  M’ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M’ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m’, m’ap wete tout vye bagay derespektan nou t’ap fè yo ak tout zidòl nou yo.
26 M’ap mete lòt santiman nan kè nou. M’ap mete lòt lide nan tèt nou. M’ap wete tèt di nou an, m’ap fè nou tande lè m’ pale nou.
27 M’ap mete Lespri m’ nan nou, konsa m’ap fè nou mache dwat dapre lòd mwen ban nou, pou nou fè tou sa mwen mande nou fè. N’a kenbe prensip mwen yo.
28 Lè sa a, n’a rete nan peyi mwen te bay zansèt nou yo. Se nou menm ki pral pèp ki rele m’ pa mwen. Mwen menm se Bondye nou m’ap ye.
29 M’ap delivre nou anba tout vye bagay mal nou t’ap fè yo. M’ap bay ble yo lòd pou yo donnen anpil. Konsa mwen p’ap janm voye grangou sou nou ankò.
30 M’ap fè pye fwi nou yo ak jaden nou yo donnen an kantite. Konsa, nou p’ap nan grangou, nou p’ap wont ankò devan lòt nasyon yo.
31 Lè sa a, n’a chonje jan nou te mennen bak nou mal, jan nou te fè sa ki pa t’ bon menm. Nou pral gen degoutans pou tèt nou paske nou te fè mechanste ak anpil bagay lèd devan Bondye.
32 Nou menm, moun Izrayèl yo, men sa Seyè sèl Mèt la di nou: Mwen vle fè nou konnen se pa poutèt nou m’ap fè sa m’ap fè a. Non! Okontrè, se wont pou nou ta wont, se bese pou nou ta bese je nou pou sa nou te fè.
33 Men sa Seyè sèl Mèt la di: Jou m’a mete nou nan kondisyon pou sèvi m’ lan, lè m’a wete nou anba tout peche nou yo, m’a kite nou al rete nan lavil nou yo, m’a kite nou rebati kay kraze nou yo.
34 Tout moun k’ap pase bò jaden nou yo te wè jan yo te ravaje, jan yo te tounen dezè. Men, mwen pral fè nou travay jaden nou yo ankò.
35 Konsa tout moun va di: Gade peyi ki te ravaje a non! Koulye a, li tounen yon bèl jaden tankou jaden Edenn lan. Gade jan lavil ki te fin kraze, piye, demoli yo tounen bèl lavil ak gwo ranpa plen moun non!
36 Lè sa a, rès moun lòt nasyon sou fwontyè nou yo ki chape anba lanmò va konnen se mwen menm, Seyè a, ki rebati tout lavil ki te kraze yo, se mwen menm ki replante jaden ki te ravaje yo. Se mwen menm, Seyè a, ki pale. Sa mwen di m’ap fè a, m’ap fè l’!
37 Seyè sèl Mèt la pale, li di: M’ap kite moun pèp Izrayèl yo vin mande m’ sekou. M’ap kite yo peple tankou yon bann mouton.
38 Lavil ki te fin kraze yo pral plen moun tankou lavil Jerizalèm plen mouton yo mennen pou touye pou Bondye lè jou fèt yo. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}6

Ézéchiel 36

1 Et toi, fils de l’homme, prophétise sur les montagnes d’Israël! Tu diras: Montagnes d’Israël, écoutez la parole de l’Éternel!
Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Parce que l’ennemi a dit sur vous: Ah! ah! Ces hauteurs éternelles sont devenues notre propriété!
Prophétise et dis: Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Oui, parce qu’on a voulu de toutes parts vous dévaster et vous engloutir, Pour que vous soyez la propriété des autres nations, Parce que vous avez été l’objet des discours et des propos des peuples,
Montagnes d’Israël, écoutez la parole du Seigneur, de l’Éternel! Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel, Aux montagnes et aux collines, Aux ruisseaux et aux vallées, Aux ruines désertes et aux villes abandonnées, Qui ont servi de proie et de risée Aux autres nations d’alentour;
Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Oui, dans le feu de ma jalousie, Je parle contre les autres nations et contre Édom tout entier, Qui se sont donné mon pays en propriété, Avec toute la joie de leur coeur et le mépris de leur âme, Afin d’en piller les produits.
C’est pourquoi prophétise sur le pays d’Israël, Dis aux montagnes et aux collines, Aux ruisseaux et aux vallées: Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Voici, je parle dans ma jalousie et dans ma fureur, Parce que vous portez l’ignominie des nations.
C’est pourquoi ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Je lève ma main! Ce sont les nations qui vous entourent Qui porteront elles-mêmes leur ignominie.
Et vous, montagnes d’Israël, vous pousserez vos rameaux, Et vous porterez vos fruits pour mon peuple d’Israël; Car ces choses sont près d’arriver.
Voici, je vous serai favorable, Je me tournerai vers vous, Et vous serez cultivées et ensemencées.
10 Je mettrai sur vous des hommes en grand nombre, La maison d’Israël tout entière; Les villes seront habitées, Et l’on rebâtira sur les ruines.
11 Je multiplierai sur vous les hommes et les animaux; Ils multiplieront et seront féconds; Je veux que vous soyez habitées comme auparavant, Et je vous ferai plus de bien qu’autrefois; Et vous saurez que je suis l’Éternel.
12 Je ferai marcher sur vous des hommes, mon peuple d’Israël, Et ils te posséderont; Tu seras leur héritage, Et tu ne les détruiras plus.
13 Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Parce qu’on vous dit: Tu as dévoré des hommes, Tu as détruit ta propre nation,
14 A cause de cela tu ne dévoreras plus d’hommes, Tu ne détruiras plus ta nation, Dit le Seigneur, l’Éternel.
15 Je ne te ferai plus entendre les outrages des nations, Et tu ne porteras plus l’opprobre des peuples; Tu ne détruiras plus ta nation, Dit le Seigneur, l’Éternel.
16 La parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
17 Fils de l’homme, ceux de la maison d’Israël, quand ils habitaient leur pays, l’ont souillé par leur conduite et par leurs oeuvres; leur conduite a été devant moi comme la souillure d’une femme pendant son impureté.
18 Alors j’ai répandu ma fureur sur eux, à cause du sang qu’ils avaient versé dans le pays, et des idoles dont ils l’avaient souillé.
19 Je les ai dispersés parmi les nations, et ils ont été répandus en divers pays; je les ai jugés selon leur conduite et selon leurs oeuvres.
20 Ils sont arrivés chez les nations où ils allaient, et ils ont profané mon saint nom, en sorte qu’on disait d’eux: C’est le peuple de l’Éternel, c’est de son pays qu’ils sont sortis.
21 Et j’ai voulu sauver l’honneur de mon saint nom, que profanait la maison d’Israël parmi les nations où elle est allée.
22 C’est pourquoi dis à la maison d’Israël: Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Ce n’est pas à cause de vous que j’agis de la sorte, maison d’Israël; c’est à cause de mon saint nom, que vous avez profané parmi les nations où vous êtes allés.
23 Je sanctifierai mon grand nom, qui a été profané parmi les nations, que vous avez profané au milieu d’elles. Et les nations sauront que je suis l’Éternel, dit le Seigneur, l’Éternel, quand je serai sanctifié par vous sous leurs yeux.
24 Je vous retirerai d’entre les nations, je vous rassemblerai de tous les pays, et je vous ramènerai dans votre pays.
25 Je répandrai sur vous une eau pure, et vous serez purifiés; je vous purifierai de toutes vos souillures et de toutes vos idoles.
26 Je vous donnerai un coeur nouveau, et je mettrai en vous un esprit nouveau; j’ôterai de votre corps le coeur de pierre, et je vous donnerai un coeur de chair.
27 Je mettrai mon esprit en vous, et je ferai en sorte que vous suiviez mes ordonnances, et que vous observiez et pratiquiez mes lois.
28 Vous habiterez le pays que j’ai donné à vos pères; vous serez mon peuple, et je serai votre Dieu.
29 Je vous délivrerai de toutes vos souillures. J’appellerai le blé, et je le multiplierai; je ne vous enverrai plus la famine.
30 Je multiplierai le fruit des arbres et le produit des champs, afin que vous n’ayez plus l’opprobre de la famine parmi les nations.
31 Alors vous vous souviendrez de votre conduite qui était mauvaise, et de vos actions qui n’étaient pas bonnes; vous vous prendrez vous-mêmes en dégoût, à cause de vos iniquités et de vos abominations.
32 Ce n’est pas à cause de vous que j’agis de la sorte, dit le Seigneur, l’Éternel, sachez-le! Ayez honte et rougissez de votre conduite, maison d’Israël!
33 Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Le jour où je vous purifierai de toutes vos iniquités, je peuplerai les villes, et les ruines seront relevées;
34 la terre dévastée sera cultivée, tandis qu’elle était déserte aux yeux de tous les passants;
35 et l’on dira: Cette terre dévastée est devenue comme un jardin d’Éden; et ces villes ruinées, désertes et abattues, sont fortifiées et habitées.
36 Et les nations qui resteront autour de vous sauront que moi, l’Éternel, j’ai rebâti ce qui était abattu, et planté ce qui était dévasté. Moi, l’Éternel, j’ai parlé, et j’agirai.
37 Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Voici encore sur quoi je me laisserai fléchir par la maison d’Israël, voici ce que je ferai pour eux; je multiplierai les hommes comme un troupeau.
38 Les villes en ruines seront remplies de troupeaux d’hommes, pareils aux troupeaux consacrés, aux troupeaux qu’on amène à Jérusalem pendant ses fêtes solennelles. Et ils sauront que je suis l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Ezekiel 36

1 Also, thou son of man, prophesy unto the mountains of Israel, and say, Ye mountains of Israel, hear the word of the Lord:
Thus saith the Lord God; Because the enemy hath said against you, Aha, even the ancient high places are ours in possession:
Therefore prophesy and say, Thus saith the Lord God; Because they have made you desolate, and swallowed you up on every side, that ye might be a possession unto the residue of the heathen, and ye are taken up in the lips of talkers, and are an infamy of the people:
Therefore, ye mountains of Israel, hear the word of the Lord God; Thus saith the Lord God to the mountains, and to the hills, to the rivers, and to the valleys, to the desolate wastes, and to the cities that are forsaken, which became a prey and derision to the residue of the heathen that are round about;
Therefore thus saith the Lord God; Surely in the fire of my jealousy have I spoken against the residue of the heathen, and against all Idumea, which have appointed my land into their possession with the joy of all their heart, with despiteful minds, to cast it out for a prey.
Prophesy therefore concerning the land of Israel, and say unto the mountains, and to the hills, to the rivers, and to the valleys, Thus saith the Lord God; Behold, I have spoken in my jealousy and in my fury, because ye have borne the shame of the heathen:
Therefore thus saith the Lord God; I have lifted up mine hand, Surely the heathen that are about you, they shall bear their shame.
But ye, O mountains of Israel, ye shall shoot forth your branches, and yield your fruit to my people of Israel; for they are at hand to come.
For, behold, I am for you, and I will turn unto you, and ye shall be tilled and sown:
10 And I will multiply men upon you, all the house of Israel, even all of it: and the cities shall be inhabited, and the wastes shall be builded:
11 And I will multiply upon you man and beast; and they shall increase and bring fruit: and I will settle you after your old estates, and will do better unto you than at your beginnings: and ye shall know that I am the Lord.
12 Yea, I will cause men to walk upon you, even my people Israel; and they shall possess thee, and thou shalt be their inheritance, and thou shalt no more henceforth bereave them of men.
13 Thus saith the Lord God; Because they say unto you, Thou land devourest up men, and hast bereaved thy nations:
14 Therefore thou shalt devour men no more, neither bereave thy nations any more, saith the Lord God.
15 Neither will I cause men to hear in thee the shame of the heathen any more, neither shalt thou bear the reproach of the people any more, neither shalt thou cause thy nations to fall any more, saith the Lord God.
16 Moreover the word of the Lord came unto me, saying,
17 Son of man, when the house of Israel dwelt in their own land, they defiled it by their own way and by their doings: their way was before me as the uncleanness of a removed woman.
18 Wherefore I poured my fury upon them for the blood that they had shed upon the land, and for their idols wherewith they had polluted it:
19 And I scattered them among the heathen, and they were dispersed through the countries: according to their way and according to their doings I judged them.
20 And when they entered unto the heathen, whither they went, they profaned my holy name, when they said to them, These are the people of the Lord, and are gone forth out of his land.
21 But I had pity for mine holy name, which the house of Israel had profaned among the heathen, whither they went.
22 Therefore say unto the house of Israel, thus saith the Lord God; I do not this for your sakes, O house of Israel, but for mine holy name’s sake, which ye have profaned among the heathen, whither ye went.
23 And I will sanctify my great name, which was profaned among the heathen, which ye have profaned in the midst of them; and the heathen shall know that I am the Lord, saith the Lord God, when I shall be sanctified in you before their eyes.
24 For I will take you from among the heathen, and gather you out of all countries, and will bring you into your own land.
25 Then will I sprinkle clean water upon you, and ye shall be clean: from all your filthiness, and from all your idols, will I cleanse you.
26 A new heart also will I give you, and a new spirit will I put within you: and I will take away the stony heart out of your flesh, and I will give you an heart of flesh.
27 And I will put my spirit within you, and cause you to walk in my statutes, and ye shall keep my judgments, and do them.
28 And ye shall dwell in the land that I gave to your fathers; and ye shall be my people, and I will be your God.
29 I will also save you from all your uncleannesses: and I will call for the corn, and will increase it, and lay no famine upon you.
30 And I will multiply the fruit of the tree, and the increase of the field, that ye shall receive no more reproach of famine among the heathen.
31 Then shall ye remember your own evil ways, and your doings that were not good, and shall lothe yourselves in your own sight for your iniquities and for your abominations.
32 Not for your sakes do I this, saith the Lord God, be it known unto you: be ashamed and confounded for your own ways, O house of Israel.
33 Thus saith the Lord God; In the day that I shall have cleansed you from all your iniquities I will also cause you to dwell in the cities, and the wastes shall be builded.
34 And the desolate land shall be tilled, whereas it lay desolate in the sight of all that passed by.
35 And they shall say, This land that was desolate is become like the garden of Eden; and the waste and desolate and ruined cities are become fenced, and are inhabited.
36 Then the heathen that are left round about you shall know that I the Lord build the ruined places, and plant that that was desolate: I the Lord have spoken it, and I will do it.
37 Thus saith the Lord God; I will yet for this be enquired of by the house of Israel, to do it for them; I will increase them with men like a flock.
38 As the holy flock, as the flock of Jerusalem in her solemn feasts; so shall the waste cities be filled with flocks of men: and they shall know that I am the Lord.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}