Liv Ezekyel / Ézéchiel / Ezekiel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezekyel 48    

1 Sou bò nò, fwontyè peyi a ap soti bò lanmè Mediterane a, l’ap pran direksyon solèy leve jouk lavil Etlon, l’ap pase devan Amat, l’ap rive lavil Enon. L’ap kouri sou fwontyè ant peyi Damas ak peyi Amat. Chak branch fanmi pèp la pral resevwa yon pòsyon tè k’ap soti depi bò lanmè Mediterane sou lizyè solèy kouche a rive sou lizyè solèy leve a. Lè ou konmanse sou lizyè nò a, ou jwenn pòsyon tè branch fanmi Dann lan.
Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Asè a.
Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Neftali a.
Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Manase a.
Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Efrayim lan.
Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Woubenn lan.
Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Jida a.
Apre pòsyon Jida a, se va pòsyon mitan y’a mete apa a. L’ap gen douz kilomèt edmi lajè soti nan nò desann nan sid. L’ap menm longè ak pòsyon yo bay branch fanmi yo. L’ap soti sou lizyè solèy leve rive sou lizyè solèy kouche. Se nan mitan pòsyon sa a y’a moute Tanp lan.
Nan mitan pòsyon sa a, n’a wete yon moso tè douz kilomèt longè sou dizwit kilomèt lajè mete l’ apa nèt pou Seyè a.
10 Y’a bay prèt yo yon moso nan tè yo mete apa pou Seyè a. Moso tè pa yo a va mezire douz kilomèt edmi longè soti solèy leve rive solèy kouche, senk kilomèt lajè soti nan nò rive nan sid. Se nan mitan moso tè sa a y’a moute Tanp Seyè a.
11 Moso tè sa a va rete pou prèt ki soti nan fanmi Zadòk, prèt yo te mete apa pou mwen an, paske se yo menm ki te kenbe fèm nan sèvis mwen, ki pa t’ pèdi tèt yo lè rès pèp Izrayèl la te pèdi tèt yo ansanm ak lòt moun branch fanmi Levi yo.
12 Se konsa, y’a ba yo yon moso tè pou kont yo, kole kole ak moso tè yo bay moun Levi yo. Se moso tè sa a ki va rete apa nèt pou Seyè a.
13 Moun Levi yo tou va gen yon moso tè pou yo, sou bò sid pòsyon tè prèt yo. Moso tè sa a tou va mezire douz kilomèt edmi longè soti solèy leve al solèy kouche, sou senk kilomèt lajè soti nan nò rive nan sid.
14 Yo p’ap gen dwa ni vann tè a, ni boukante l’ ak lòt moun, ni bay lòt moun li. Se pi bon tè nan tout pèyi a. Yo mete l’ apa pou Seyè a, se pou li li ye nèt.
15 Rès tè ki rete nan pòsyon mitan an t’ap mezire douz kilomèt edmi longè, sou de kilomèt edmi lajè. Li menm, yo p’ap mete l’ apa pou Seyè a, l’a rete pou sèvis moun lavil la, pou bati kay, pou fè lakou. Y’a bati lavil la dwat nan mitan l’.
16 Lavil la ap kare kare, ak demil senksanven (2520) mèt chak bò.
17 Sou chak bò lavil la va gen yon moso tè kote pou fè lakou. L’a gen sanven (120) mèt lajè.
18 Lè y’a fin bati lavil la nan ti pòsyon ki sou bò sid pòsyon tè yo mete apa pou Seyè a, va rete de gwo moso tè, yonn sou chak bò lavil la. Yo chak ap mezire senk kilomèt longè sou de kilomèt edmi lajè. Y’a sèvi jaden pou moun k’ap viv nan lavil la.
19 Depi yon moun ap viv nan lavil la, yo pa bezwen konnen nan ki branch fanmi yo moun, yo gen dwa travay tè sa a.
20 Konsa, pòsyon mitan yo mete apa a va kare kare, douz kilomèt edmi chak bò. Anplasman lavil la va ladan l’ tou.
21 Sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche pòsyon mitan sa a, kote nou jwenn anplasman Tanp lan, moso tè pou prèt yo ak moun Levi yo ansanm ak anplasman lavil la, va rete de gwo pòsyon ki va pou wa a. Konsa, pòsyon wa a va menm valè ak pòsyon yo bay chak branch fanmi. Tansèlman, l’ap gen pòsyon tè pou Seyè a nan mitan l’.
22 Pòsyon sou bò solèy leve a va rive jouk sou lanmè Mediterane a. L’ap gen pòsyon tè pou branch fanmi Jida a sou bò nò, ak pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an sou bò sid pou lizyè.
23 Sou bò sid pòsyon mitan sa a, lòt sis branch fanmi pèp la va resevwa pòsyon pa yo. L’a soti depi sou fwontyè bò solèy leve a rive sou fwontyè bò solèy kouche a, bò lanmè Mediterane a. Lè ou konmanse sou lizyè pòsyon mitan an, ou jwenn yon pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an.
24 Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Simeyon an.
25 Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Isaka a.
26 Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Zabilon an.
27 Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Gad la.
28 Sou bò sid pòsyon tè pou branch fanmi Gad la, fwontyè a ap kouri depi lavil Tama, desann nan touf bwa ki bò sous dlo Meriba nan peyi Kadès la, moute pase bò fwontyè peyi Lejip la rive lanmè Mediterane.
29 Seyè sèl Mèt la di: -Men peyi nou pral separe an pòsyon pou nou bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la pa yo.
30 Lavil Jerizalèm va fèmen nan mitan kat gwo miray. L’ap gen douz pòtay. Chak pòtay va pòte non yonn nan douz branch fanmi pèp Izrayèl la. Miray nò a va mezire demil senksanven (2520) mèt longè.
31  L’a gen twa pòtay: pòtay Woubenn, pòtay Jida, pòtay Levi.
32 Miray bò solèy leve a va mezire demil senksanven (2520) mèt longè. L’a gen twa pòtay: pòtay Jozèf, pòtay Benjamen, pòtay Dann.
33 Miray sid la va mezire demil senksanven (2520) mèt longè. L’a gen twa pòtay: pòtay Simeyon, pòtay Isaka, pòtay Zabilon.
34 Miray bò solèy kouche a va mezire demil senksanven (2520) mèt longè. L’a gen twa pòtay: pòtay Gad, pòtay Asè, pòtay Neftali.
35 Tout miray la nèt va mezire dimil katreven (10.080) mèt longè antou. Depi jou sa a, y’a rele lavil la: Se la Seyè a ye!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ézéchiel 48

1 Voici les noms des tribus. Depuis l’extrémité septentrionale, le long du chemin de Hethlon à Hamath, Hatsar Énon, la frontière de Damas au nord vers Hamath, de l’orient à l’occident: Dan, une tribu.
Sur la limite de Dan, de l’orient à l’occident: Aser, une tribu.
Sur la limite d’Aser, de l’orient à l’occident: Nephthali, une tribu.
Sur la limite de Nephthali, de l’orient à l’occident: Manassé, une tribu.
Sur la limite de Manassé, de l’orient à l’occident: Éphraïm, une tribu.
Sur la limite d’Éphraïm, de l’orient à l’occident: Ruben, une tribu.
Sur la limite de Ruben, de l’orient à l’occident: Juda, une tribu.
Sur la frontière de Juda, de l’orient à l’occident, sera la portion que vous prélèverez, large de vingt-cinq mille cannes et longue comme l’une des parts de l’orient à l’occident; et le sanctuaire sera au milieu.
La portion que vous prélèverez pour l’Éternel aura vingt-cinq mille cannes de longueur et dix mille de largeur.
10 C’est aux sacrificateurs qu’appartiendra cette portion sainte: vingt-cinq mille cannes au septentrion, dix mille en largeur à l’occident, dix mille en largeur à l’orient, et vingt-cinq mille en longueur au midi; et le sanctuaire de l’Éternel sera au milieu.
11 Elle appartiendra aux sacrificateurs consacrés, aux fils de Tsadok, qui ont fait le service de mon sanctuaire, qui ne se sont point égarés, lorsque les enfants d’Israël s’égaraient, comme s’égaraient les Lévites.
12 Elle leur appartiendra comme portion très sainte, prélevée sur la portion du pays qui aura été prélevée, à côté de la limite des Lévites.
13 Les Lévites auront, parallèlement à la limite des sacrificateurs, vingt-cinq mille cannes en longueur et dix mille en largeur, vingt-cinq mille pour toute la longueur et dix mille pour la largeur.
14 Ils n’en pourront rien vendre ni échanger; et les prémices du pays ne seront point aliénées, car elles sont consacrées à l’Éternel.
15 Les cinq mille cannes qui resteront en largeur sur les vingt-cinq mille seront destinées à la ville, pour les habitations et la banlieue; et la ville sera au milieu.
16 En voici les mesures: du côté septentrional quatre mille cinq cents, du côté méridional quatre mille cinq cents, du côté oriental quatre mille cinq cents, et du côté occidental quatre mille cinq cents.
17 La ville aura une banlieue de deux cent cinquante au nord, de deux cent cinquante au midi, de deux cent cinquante à l’orient, et de deux cent
18 Le reste sur la longueur, parallèlement à la portion sainte, dix mille à l’orient et dix mille à l’occident, parallèlement à la portion sainte, formera les revenus destinés à l’entretien de ceux qui travailleront pour la ville.
19 Le sol en sera cultivé par ceux de toutes les tribus d’Israël qui travailleront pour la ville.
20 Toute la portion prélevée sera de vingt-cinq mille cannes en longueur sur vingt-cinq mille en largeur; vous en séparerez un carré pour la propriété de la ville.
21 Ce qui restera sera pour le prince, aux deux côtés de la portion sainte et de la propriété de la ville, le long des vingt-cinq mille cannes de la portion sainte jusqu’à la limite de l’orient, et à l’occident le long des vingt-cinq mille cannes vers la limite de l’occident, parallèlement aux parts. C’est là ce qui appartiendra au prince; et la portion sainte et le sanctuaire de la maison seront au milieu.
22 Ainsi ce qui appartiendra au prince sera l’espace compris depuis la propriété des Lévites et depuis la propriété de la ville; ce qui sera entre la limite de Juda et la limite de Benjamin appartiendra au prince.
23 Voici les autres tribus. De l’orient à l’occident: Benjamin, une tribu.
24 Sur la limite de Benjamin, de l’orient à l’occident: Siméon, une tribu.
25 Sur la limite de Siméon, de l’orient à l’occident: Issacar, une tribu.
26 Sur la limite d’Issacar, de l’orient à l’occident: Zabulon, une tribu.
27 Sur la limite de Zabulon, de l’orient à l’occident: Gad, une tribu.
28 Sur la limite de Gad, du côté méridional, au midi, la frontière ira depuis Thamar, jusqu’aux eaux de Meriba à Kadès, jusqu’au torrent vers la grande mer.
29 Tel est le pays que vous diviserez en héritages par le sort pour les tribus d’Israël et telles sont leurs parts, dit le Seigneur, l’Éternel.
30 Voici les issues de la ville. Du côté septentrional quatre mille cinq cents cannes.
31 et les portes de la ville d’après les noms des tribus d’Israël, trois portes au nord: la porte de Ruben, une, la porte de Juda, une, la porte de Lévi, une.
32 Du côté oriental quatre mille cinq cents cannes, et trois portes: la porte de Joseph, une, la porte de Benjamin, une, la porte de Dan, une.
33 Du côté méridional quatre mille cinq cents cannes, et trois portes: la porte de Siméon, une, la porte d’Issacar, une, la porte de Zabulon, une.
34 Du côté occidental quatre mille cinq cents cannes, et trois portes: la porte de Gad, une, la porte d’Aser, une, la porte de Nephthali, une.
35 Circuit: dix-huit mille cannes. Et, dès ce jour, le nom de la ville sera: l’Éternel est ici.

Louis Segond {LSG}

Ezekiel 48

1 Now these are the names of the tribes. From the north end to the coast of the way of Hethlon, as one goeth to Hamath, Hazarenan, the border of Damascus northward, to the coast of Hamath; for these are his sides east and west; a portion for Dan.
And by the border of Dan, from the east side unto the west side, a portion for Asher.
And by the border of Asher, from the east side even unto the west side, a portion for Naphtali.
And by the border of Naphtali, from the east side unto the west side, a portion for Manasseh.
And by the border of Manasseh, from the east side unto the west side, a portion for Ephraim.
And by the border of Ephraim, from the east side even unto the west side, a portion for Reuben.
And by the border of Reuben, from the east side unto the west side, a portion for Judah.
And by the border of Judah, from the east side unto the west side, shall be the offering which ye shall offer of five and twenty thousand reeds in breadth, and in length as one of the other parts, from the east side unto the west side: and the sanctuary shall be in the midst of it.
The oblation that ye shall offer unto the Lord shall be of five and twenty thousand in length, and of ten thousand in breadth.
10 And for them, even for the priests, shall be this holy oblation; toward the north five and twenty thousand in length, and toward the west ten thousand in breadth, and toward the east ten thousand in breadth, and toward the south five and twenty thousand in length: and the sanctuary of the Lord shall be in the midst thereof.
11 It shall be for the priests that are sanctified of the sons of Zadok; which have kept my charge, which went not astray when the children of Israel went astray, as the Levites went astray.
12 And this oblation of the land that is offered shall be unto them a thing most holy by the border of the Levites.
13 And over against the border of the priests the Levites shall have five and twenty thousand in length, and ten thousand in breadth: all the length shall be five and twenty thousand, and the breadth ten thousand.
14 And they shall not sell of it, neither exchange, nor alienate the firstfruits of the land: for it is holy unto the Lord.
15 And the five thousand, that are left in the breadth over against the five and twenty thousand, shall be a profane place for the city, for dwelling, and for suburbs: and the city shall be in the midst thereof.
16 And these shall be the measures thereof; the north side four thousand and five hundred, and the south side four thousand and five hundred, and on the east side four thousand and five hundred, and the west side four thousand and five hundred.
17 And the suburbs of the city shall be toward the north two hundred and fifty, and toward the south two hundred and fifty, and toward the east two hundred and fifty, and toward the west two hundred and fifty.
18 And the residue in length over against the oblation of the holy portion shall be ten thousand eastward, and ten thousand westward: and it shall be over against the oblation of the holy portion; and the increase thereof shall be for food unto them that serve the city.
19 And they that serve the city shall serve it out of all the tribes of Israel.
20 All the oblation shall be five and twenty thousand by five and twenty thousand: ye shall offer the holy oblation foursquare, with the possession of the city.
21 And the residue shall be for the prince, on the one side and on the other of the holy oblation, and of the possession of the city, over against the five and twenty thousand of the oblation toward the east border, and westward over against the five and twenty thousand toward the west border, over against the portions for the prince: and it shall be the holy oblation; and the sanctuary of the house shall be in the midst thereof.
22 Moreover from the possession of the Levites, and from the possession of the city, being in the midst of that which is the prince’s, between the border of Judah and the border of Benjamin, shall be for the prince.
23 As for the rest of the tribes, from the east side unto the west side, Benjamin shall have a portion.
24 And by the border of Benjamin, from the east side unto the west side, Simeon shall have a portion.
25 And by the border of Simeon, from the east side unto the west side, Issachar a portion.
26 And by the border of Issachar, from the east side unto the west side, Zebulun a portion.
27 And by the border of Zebulun, from the east side unto the west side, Gad a portion.
28 And by the border of Gad, at the south side southward, the border shall be even from Tamar unto the waters of strife in Kadesh, and to the river toward the great sea.
29 This is the land which ye shall divide by lot unto the tribes of Israel for inheritance, and these are their portions, saith the Lord God.
30 And these are the goings out of the city on the north side, four thousand and five hundred measures.
31 And the gates of the city shall be after the names of the tribes of Israel: three gates northward; one gate of Reuben, one gate of Judah, one gate of Levi.
32 And at the east side four thousand and five hundred: and three gates; and one gate of Joseph, one gate of Benjamin, one gate of Dan.
33 And at the south side four thousand and five hundred measures: and three gates; one gate of Simeon, one gate of Issachar, one gate of Zebulun.
34 At the west side four thousand and five hundred, with their three gates; one gate of Gad, one gate of Asher, one gate of Naphtali.
35 It was round about eighteen thousand measures: and the name of the city from that day shall be, The Lord is there.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}