Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 35  

1 Eliyou pran lapawòl ankò, li di:
-Pa konprann ou gen rezon lè w’ap di ou inonsan devan Bondye,
lè w’ap di Bondye: Ki mele ou sa? M’ te mèt peche, sa pa fè ou anyen.
Enben. Mwen pral reponn ou, ni ou ni zanmi ou yo.
Gade syèl la! Ou wè jan nwaj yo wo anwo tèt ou!
Si ou fè peche, sa pa fè Bondye anyen! Ou te mèt fè peche sou peche, sa pa di l’ anyen?
Si ou mache dwat, ki avantaj Bondye jwenn nan sa? Kisa ou ba li la a?
Se moun parèy ou ki soufri lè ou fè sa ki mal. Se yo ki pwofite tou lè ou fè sa ki dwat.
 Lè moun ap sibi anba ponyèt lòt moun, yo plenyen. Lè se chèf k’ap peze yo, yo rele.
10 Men, yo pa vire kote Bondye ki kreye yo a. Yo te mèt nan nenpòt gwo lapenn, se li menm k’ap ba yo kouraj.
11 Yo pa vire kote Bondye ki ba yo plis lespri pase bèt nan bwa, plis bon konprann pase zwezo nan syèl la.
12 Yo rele kont rele yo, Bondye pa reponn yo, paske mechan yo gen lògèy.
13 Se pou gremesi y’ap plede rele konsa. Bondye pa tande, li pa wè.
14  Jòb monchè, ou di ou pa ka wè Bondye. Men, ou mete ka ou devan li.
15 Ou di ankò: Bondye pa nan pini. Mwen te mèt peche, sa pa di l’ anyen.
16 Jòb monchè, w’ap louvri bouch ou pou ou pa di anyen. W’ap fè tout pale anpil sa a paske ou pa konn sa w’ap di.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 35

1 Élihu reprit et dit:
Imagines-tu avoir raison, Penses-tu te justifier devant Dieu,
Quand tu dis: Que me sert-il, Que me revient-il de ne pas pécher?
C’est à toi que je vais répondre, Et à tes amis en même temps.
Considère les cieux, et regarde! Vois les nuées, comme elles sont au-dessus de toi!
Si tu pèches, quel tort lui causes-tu? Et quand tes péchés se multiplient, que lui fais-tu?
Si tu es juste, que lui donnes-tu? Que reçoit-il de ta main?
Ta méchanceté ne peut nuire qu’à ton semblable, Ta justice n’est utile qu’au fils de l’homme.
On crie contre la multitude des oppresseurs, On se plaint de la violence d’un grand nombre;
10 Mais nul ne dit: Où est Dieu, mon créateur, Qui inspire des chants d’allégresse pendant la nuit,
11 Qui nous instruit plus que les bêtes de la terre, Et nous donne l’intelligence plus qu’aux oiseaux du ciel?
12 On a beau crier alors, Dieu ne répond pas, A cause de l’orgueil des méchants.
13 C’est en vain que l’on crie, Dieu n’écoute pas, Le Tout Puissant n’y a point égard.
14 Bien que tu dises que tu ne le vois pas, Ta cause est devant lui: attends-le!
15 Mais, parce que sa colère ne sévit point encore, Ce n’est pas à dire qu’il ait peu souci du crime.
16 Ainsi Job ouvre vainement la bouche, Il multiplie les paroles sans intelligence.
Louis Segond {LSG}

Job 35   

1 Elihu spake moreover, and said,
Thinkest thou this to be right, that thou saidst, My righteousness is more than God’s?
For thou saidst, What advantage will it be unto thee? and, What profit shall I have, if I be cleansed from my sin?
I will answer thee, and thy companions with thee.
Look unto the heavens, and see; and behold the clouds which are higher than thou.
If thou sinnest, what doest thou against him? or if thy transgressions be multiplied, what doest thou unto him?
If thou be righteous, what givest thou him? or what receiveth he of thine hand?
Thy wickedness may hurt a man as thou art; and thy righteousness may profit the son of man.
By reason of the multitude of oppressions they make the oppressed to cry: they cry out by reason of the arm of the mighty.
10 But none saith, Where is God my maker, who giveth songs in the night;
11 Who teacheth us more than the beasts of the earth, and maketh us wiser than the fowls of heaven?
12 There they cry, but none giveth answer, because of the pride of evil men.
13 Surely God will not hear vanity, neither will the Almighty regard it.
14 Although thou sayest thou shalt not see him, yet judgment is before him; therefore trust thou in him.
15 But now, because it is not so, he hath visited in his anger; yet he knoweth it not in great extremity:
16 Therefore doth Job open his mouth in vain; he multiplieth words without knowledge.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}