Liv Egzòd / Exode / Exodus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Egzòd 27

1 W’a fè yon lòtèl an bwa zakasya. L’a kare kare. L’a mezire sèt pye sis pous longè sou sèt pye sis pous lajè ak kat pye sis pous wotè.
W’a travay kat kòn sou kat kwen lòtèl la. Se pou kòn yo fè yon sèl pyès ak lòtèl la. Apre sa, w’a kouvri tout ak kwiv.
Pou lòtèl la, w’a fè pèl, kivèt, fouchèt, recho ak plato pou resevwa sann. Tout bagay sa yo va fèt an kwiv.
Pou lòtèl la toujou, w’a fè yon griyaj an kwiv, tankou griy yo sèvi pou griye vyann. W’a mete kat gwo bag an kwiv nan kat pwent griyaj la.
W’a mete griyaj la anba rebò lòtèl la, pou l’ soti anba rive mwatye wotè lòtèl la.
W’a fè baton an bwa zakasya ki va sèvi manch pou lòtèl la. W’a kouvri yo an kwiv.
W’a pase manch yo nan gwo bag yo. Manch yo va sou chak bò lòtèl la lè y’ap pote l’.
Lòtèl la va fèt an planch. Anndan li va rete tou vid. W’a fè l’ dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.
 W’a fè yon galeri wonn kay la. Sou bò sid la, w’a moute yon seri rido fèt ak lèz twal fen blan tise byen sere, sou senkant mèt longè pou bò sa a.
10 Pou kenbe rido yo, va gen ven poto an kwiv chita sou ven sipò an kwiv tou. Men, kwòk ki sou poto yo ak trenng ki pou soutni rido yo va fèt an ajan.
11 Menm jan an tou, sou bò nò a va gen yon seri rido fèt ak lèz twal sou senkant mèt longè pou bò sa a, avèk ven poto an kwiv chita sou ven sipò an kwiv tou. Kwòk yo ak trenng yo va fèt an ajan.
12 Sou bò lwès la, va gen yon galeri tou. W’a moute yon seri rido sou vennsenk mèt longè ak dis poto chita sou dis sipò.
13 Sou bò lès la, galeri a va gen swasannkenz pye lajè.
14 Sou bò gòch pòt antre a, y’a moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò.
15 Sou bò dwat la tou, y’a moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò.
16 Pou pòt antre a menm, va gen yon rido trant pye longè, fèt ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, dekore avèk bodri. Se kat poto chita sou kat sipò ki pou soutni rido a.
17 Tout poto ki fè wonn galeri a va gen trenng fèt an ajan, kwòk fèt an ajan ak sipò fèt an kwiv.
18 Galeri a va gen sansenkant pye longè, swasannkenz pye lajè ak sèt pye sis pous wotè. Rido yo va fèt ak twal fen blan tise byen sere. Sipò yo va fèt an kwiv.
19 Tout bagay ki la pou sèvi nan tant lan, tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a, tou sa gen pou fèt an kwiv.
20  W’a pase pèp Izrayèl la lòd pou yo pote ba ou pi bon kalite lwil oliv ki genyen pou lanp yo. Konsa, lanp lan va toujou ka rete limen.
21 Se Arawon ak pitit li yo ki va mete lwil nan lanp sa a, ki nan Tant Randevou a pa deyè rido a, devan Bwat Kontra a. Se la gwo lanp lan va limen devan Seyè a depi aswè jouk maten. Se pou moun Izrayèl yo swiv lòd sa a pou tout tan, de pitit an pitit.
Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Exode 27

1 Tu feras l’autel de bois d’acacia; sa longueur sera de cinq coudées, et sa largeur de cinq coudées. L’autel sera carré, et sa hauteur sera de trois coudées.
Tu feras, aux quatre coins, des cornes qui sortiront de l’autel; et tu le couvriras d’airain.
Tu feras pour l’autel des cendriers, des pelles, des bassins, des fourchettes et des brasiers; tu feras d’airain tous ses ustensiles.
Tu feras à l’autel une grille d’airain, en forme de treillis, et tu mettras quatre anneaux d’airain aux quatre coins du treillis.
Tu le placeras au-dessous du rebord de l’autel, à partir du bas, jusqu’à la moitié de la hauteur de l’autel.
Tu feras des barres pour l’autel, des barres de bois d’acacia, et tu les couvriras d’airain.
On passera les barres dans les anneaux; et les barres seront aux deux côtés de l’autel, quand on le portera.
Tu le feras creux, avec des planches; il sera fait tel qu’il t’est montré sur la montagne.
Tu feras le parvis du tabernacle. Du côté du midi, il y aura, pour former le parvis, des toiles de fin lin retors, sur une longueur de cent coudées pour ce premier côté,
10 avec vingt colonnes posant sur vingt bases d’airain; les crochets des colonnes et leurs tringles seront d’argent.
11 Du côté du nord, il y aura également des toiles sur une longueur de cent coudées, avec vingt colonnes et leurs vingt bases d’airain; les crochets des colonnes et leurs tringles seront d’argent.
12 Du côté de l’occident, il y aura pour la largeur du parvis cinquante coudées de toiles, avec dix colonnes et leurs dix bases.
13 Du côté de l’orient, sur les cinquante coudées de largeur du parvis,
14 il y aura quinze coudées de toiles pour une aile, avec trois colonnes et leurs trois bases,
15 et quinze coudées de toiles pour la seconde aile, avec trois colonnes et leurs trois bases.
16 Pour la porte du parvis il y aura un rideau de vingt coudées, bleu, pourpre et cramoisi, et de fin lin retors, en ouvrage de broderie, avec quatre colonnes et leurs quatre bases.
17 Toutes les colonnes formant l’enceinte du parvis auront des tringles d’argent, des crochets d’argent, et des bases d’airain.
18 La longueur du parvis sera de cent coudées, sa largeur de cinquante de chaque côté, et sa hauteur de cinq coudées; les toiles seront de fin lin retors, et les bases d’airain.
19 Tous les ustensiles destinés au service du tabernacle, tous ses pieux, et tous les pieux du parvis, seront d’airain.
20 Tu ordonneras aux enfants d’Israël de t’apporter pour le chandelier de l’huile pure d’olives concassées, afin d’entretenir les lampes continuellement.
21 C’est dans la tente d’assignation, en dehors du voile qui est devant le témoignage, qu’Aaron et ses fils la prépareront, pour que les lampes brûlent du soir au matin en présence de l’Éternel. C’est une loi perpétuelle pour leurs descendants, et que devront observer les enfants d’Israël.

Louis Segond {LSG}

Exodus 27

1 And thou shalt make an altar of shittim wood, five cubits long, and five cubits broad; the altar shall be foursquare: and the height thereof shall be three cubits.
And thou shalt make the horns of it upon the four corners thereof: his horns shall be of the same: and thou shalt overlay it with brass.
And thou shalt make his pans to receive his ashes, and his shovels, and his basons, and his fleshhooks, and his firepans: all the vessels thereof thou shalt make of brass.
And thou shalt make for it a grate of network of brass; and upon the net shalt thou make four brasen rings in the four corners thereof.
And thou shalt put it under the compass of the altar beneath, that the net may be even to the midst of the altar.
And thou shalt make staves for the altar, staves of shittim wood, and overlay them with brass.
And the staves shall be put into the rings, and the staves shall be upon the two sides of the altar, to bear it.
Hollow with boards shalt thou make it: as it was shewed thee in the mount, so shall they make it.
And thou shalt make the court of the tabernacle: for the south side southward there shall be hangings for the court of fine twined linen of an hundred cubits long for one side:
10 And the twenty pillars thereof and their twenty sockets shall be of brass; the hooks of the pillars and their fillets shall be of silver.
11 And likewise for the north side in length there shall be hangings of an hundred cubits long, and his twenty pillars and their twenty sockets of brass; the hooks of the pillars and their fillets of silver.
12 And for the breadth of the court on the west side shall be hangings of fifty cubits: their pillars ten, and their sockets ten.
13 And the breadth of the court on the east side eastward shall be fifty cubits.
14 The hangings of one side of the gate shall be fifteen cubits: their pillars three, and their sockets three.
15 And on the other side shall be hangings fifteen cubits: their pillars three, and their sockets three.
16 And for the gate of the court shall be an hanging of twenty cubits, of blue, and purple, and scarlet, and fine twined linen, wrought with needlework: and their pillars shall be four, and their sockets four.
17 All the pillars round about the court shall be filleted with silver; their hooks shall be of silver, and their sockets of brass.
18 The length of the court shall be an hundred cubits, and the breadth fifty every where, and the height five cubits of fine twined linen, and their sockets of brass.
19 All the vessels of the tabernacle in all the service thereof, and all the pins thereof, and all the pins of the court, shall be of brass.
20 And thou shalt command the children of Israel, that they bring thee pure oil olive beaten for the light, to cause the lamp to burn always.
21 In the tabernacle of the congregation without the vail, which is before the testimony, Aaron and his sons shall order it from evening to morning before the Lord: it shall be a statute for ever unto their generations on the behalf of the children of Israel.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}