Liv Ézayi / Ésaïe / Isaiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ézayi 38  

1 Vè menm epòk sa a, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou l’ mouri. Pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, vin wè li, li di l’ konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou.
Ezekyas vire figi li bay panno a fas, li lapriyè Seyè a.
Li di: -Tanpri, Seyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m’ pa janm vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou te vle m’ fè. Epi li pran kriye kont kriye l’.
Lè sa a, Seyè a pale ak Ezayi, li di l’ konsa:
-Tounen al jwenn Ezekyas. W’a di l’ pou mwen, men sa Seyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou: Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal. M’ap kite ou viv kenzan ankò.
M’ap delivre ou ansanm ak lavil Jerizalèm anba men wa Lasiri a. M’a pran defans lavil la.
Ezayi reponn li: -Men siy Seyè a pral fè ou wè pou ou ka konnen l’ap kenbe pawòl li.
Gade kadran solèy wa Akaz te fè a. Seyè a pral fè lonbraj la fè bak sou dis ti mak. Epi vre, lonbraj la mache fè bak sou dènye dis ti mak li te fin depase.
 Men kantik Ezekyas, wa a, te chante lè li refè apre maladi li a:
10 Mwen t’ap di nan kè m’ se mwatye nan lavi m’ ase mwen viv. Gade mwen gen tan pral mouri. Mwen rive nan pòt pou m’ antre kote mò yo ye a. M’ap mouri anvan lè m’.
11 Mwen te kwè mwen pa t’ap janm gen chans ankò pou m’ te wè Seyè a sou latè kote moun vivan yo ye a, ni pou m’ te wè pesonn ankò nan moun k’ap viv sou latè.
12 Tankou yon ti kay jaden, yo rache m’, yo demoli m’ pote m’ ale. Yo koupe lavi m’ tankou yo koupe fil nan metye moun k’ap tise twal yo. Soti nan maten rive aswè, m’ap deperi.
13 Tout lannwit m’ap rele anba doulè. Tankou yon lyon, Bondye t’ap kraze tout zo nan kò m’. Soti nan maten rive nan aswè, m’ap deperi.
14 M’ap plenn tou piti tankou ranmye. M’ap plenyen tankou yon toutrèl. Je m’ bouke tank m’ap gade syèl la. Seyè, mwen pa kapab ankò! Vin fè kichòy pou mwen non!
15 Kijan pou m’ pale avè l’? Sa pou m’ di l’? Se Seyè a k’ap fè travay li. Malgre tout lapenn sa a ki nan kè m’ lan, m’a debat ak lavi a jouk mwen mouri.
16 Seyè! nan bon kè ou, ou fè m’ jwi lavi. Souf lavi a nan mwen toujou. W’ap geri m’, w’ap ban m’ lavi.
17 Ou wete m’ nan kè sere m’ te ye a. Se ou menm ki wete m’ nan bouch twou a. Ou voye tout peche m’ yo jete dèyè do ou.
18 Yo pa fè lwanj ou kote mò yo ye a. Non. Moun mouri pa ka fè fèt pou ou! Moun ki deja desann kote mò yo ye a pa ka konte sou ou pou ou kenbe pawòl ou.
19 Se moun ki vivan ase ki ka fè lwanj ou tankou mwen menm jòdi a. Granmoun va fè pitit yo konnen jan ou toujou kenbe pawòl!
20 Seyè a delivre m’! N’a fè mizik sou tout enstriman mizik nou yo n’a chante nan kay Seyè a pandan tout lavi nou.
21 Ezayi mande pou yo fè yon kataplas ak fig frans mete sou kote wa a malad la, pou li ka geri.
22 Lè sa a, wa Ezekyas mande: -Kisa k’ap fè m’ konnen m’a ka al nan tanp lan ankò?

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ésaïe 38

1 En ce temps-là, Ézéchias fut malade à la mort. Le prophète Ésaïe, fils d’Amots, vint auprès de lui, et lui dit: Ainsi parle l’Éternel: Donne tes ordres à ta maison, car tu vas mourir, et tu ne vivras plus.
Ézéchias tourna son visage contre le mur, et fit cette prière à l’Éternel:
O Éternel! souviens-toi que j’ai marché devant ta face avec fidélité et intégrité de coeur, et que j’ai fait ce qui est bien à tes yeux! Et Ézéchias répandit d’abondantes larmes.
Puis la parole de l’Éternel fut adressée à Ésaïe, en ces mots:
Va, et dis à Ézéchias: Ainsi parle l’Éternel, le Dieu de David, ton père: J’ai entendu ta prière, j’ai vu tes larmes. Voici, j’ajouterai à tes jours quinze années.
Je te délivrerai, toi et cette ville, de la main du roi d’Assyrie; je protégerai cette ville.
Et voici, de la part de l’Éternel, le signe auquel tu connaîtras que l’Éternel accomplira la parole qu’il a prononcée.
Je ferai reculer de dix degrés en arrière avec le soleil l’ombre des degrés qui est descendue sur les degrés d’Achaz. Et le soleil recula de dix degrés sur les degrés où il était descendu.
Cantique d’Ézéchias, roi de Juda, sur sa maladie et sur son rétablissement.
10 Je disais: Quand mes jours sont en repos, je dois m’en aller Aux portes du séjour des morts. Je suis privé du reste de mes années!
11 Je disais: Je ne verrai plus l’Éternel, L’Éternel, sur la terre des vivants; Je ne verrai plus aucun homme Parmi les habitants du monde!
12 Ma demeure est enlevée et transportée loin de moi, Comme une tente de berger; Je sens le fil de ma vie coupé comme par un tisserand Qui me retrancherait de sa trame. Du jour à la nuit tu m’auras achevé!
13 Je me suis contenu jusqu’au matin; Comme un lion, il brisait tous mes os, Du jour à la nuit tu m’auras achevé!
14 Je poussais des cris comme une hirondelle en voltigeant, Je gémissais comme la colombe; Mes yeux s’élevaient languissants vers le ciel: O Éternel! je suis dans l’angoisse, secours-moi!
15 Que dirai-je? Il m’a répondu, et il m’a exaucé. Je marcherai humblement jusqu’au terme de mes années, Après avoir été ainsi affligé.
16 Seigneur, c’est par tes bontés qu’on jouit de la vie, C’est par elles que je respire encore; Tu me rétablis, tu me rends à la vie.
17 Voici, mes souffrances mêmes sont devenues mon salut; Tu as pris plaisir à retirer mon âme de la fosse du néant, Car tu as jeté derrière toi tous mes péchés.
18 Ce n’est pas le séjour des morts qui te loue, Ce n’est pas la mort qui te célèbre; Ceux qui sont descendus dans la fosse n’espèrent plus en ta fidélité.
19 Le vivant, le vivant, c’est celui-là qui te loue, Comme moi aujourd’hui; Le père fait connaître à ses enfants ta fidélité.
20 L’Éternel m’a sauvé! Nous ferons résonner les cordes de nos instruments, Tous les jours de notre vie, Dans la maison de l’Éternel.
21 Ésaïe avait dit: Qu’on apporte une masse de figues, et qu’on les étende sur l’ulcère; et Ézéchias vivra.
22 Et Ézéchias avait dit: A quel signe connaîtrai-je que je monterai à la maison de l’Éternel?

Louis Segond {LSG}

Isaiah 38 

1 In those days was Hezekiah sick unto death. And Isaiah the prophet the son of Amoz came unto him, and said unto him, Thus saith the Lord, Set thine house in order: for thou shalt die, and not live.
Then Hezekiah turned his face toward the wall, and prayed unto the Lord,
And said, Remember now, O Lord, I beseech thee, how I have walked before thee in truth and with a perfect heart, and have done that which is good in thy sight. And Hezekiah wept sore.
Then came the word of the Lord to Isaiah, saying,
Go, and say to Hezekiah, Thus saith the Lord, the God of David thy father, I have heard thy prayer, I have seen thy tears: behold, I will add unto thy days fifteen years.
And I will deliver thee and this city out of the hand of the king of Assyria: and I will defend this city.
And this shall be a sign unto thee from the Lord, that the Lord will do this thing that he hath spoken;
Behold, I will bring again the shadow of the degrees, which is gone down in the sun dial of Ahaz, ten degrees backward. So the sun returned ten degrees, by which degrees it was gone down.
The writing of Hezekiah king of Judah, when he had been sick, and was recovered of his sickness:
10 I said in the cutting off of my days, I shall go to the gates of the grave: I am deprived of the residue of my years.
11 I said, I shall not see the Lord, even the Lord, in the land of the living: I shall behold man no more with the inhabitants of the world.
12 Mine age is departed, and is removed from me as a shepherd’s tent: I have cut off like a weaver my life: he will cut me off with pining sickness: from day even to night wilt thou make an end of me.
13 I reckoned till morning, that, as a lion, so will he break all my bones: from day even to night wilt thou make an end of me.
14 Like a crane or a swallow, so did I chatter: I did mourn as a dove: mine eyes fail with looking upward: O Lord, I am oppressed; undertake for me.
15 What shall I say? he hath both spoken unto me, and himself hath done it: I shall go softly all my years in the bitterness of my soul.
16 Lord, by these things men live, and in all these things is the life of my spirit: so wilt thou recover me, and make me to live.
17 Behold, for peace I had great bitterness: but thou hast in love to my soul delivered it from the pit of corruption: for thou hast cast all my sins behind thy back.
18 For the grave cannot praise thee, death can not celebrate thee: they that go down into the pit cannot hope for thy truth.
19 The living, the living, he shall praise thee, as I do this day: the father to the children shall make known thy truth.
20 The Lord was ready to save me: therefore we will sing my songs to the stringed instruments all the days of our life in the house of the Lord.
21 For Isaiah had said, Let them take a lump of figs, and lay it for a plaister upon the boil, and he shall recover.
22 Hezekiah also had said, What is the sign that I shall go up to the house of the Lord?     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}