Liv Mak / Marc / Mark

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Mak 15            

Nan granmaten, chèf prèt yo fè yon reyinyon avèk chèf fanmi yo, dirèktè lalwa yo ansanm ak tout manm Gran Konsèy jwif yo pou pran yon desizyon. Apre yo fin mare Jezi, yo mennen l’ ale; yo renmèt li bay Pilat.
Pilat menm mande li: -Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: -Se ou ki di li.
Chèf prèt yo te depoze anpil plent sou do li.
Pilat mande l’ ankò: -Ou pa reponn anyen? Tande tout plent yo depoze sou do ou.
Men Jezi pa reponn anyen toujou. Sa te fè Pilat sezi anpil.
Pou chak fèt Delivrans Pilat te konn lage yon prizonye. Se pèp la ki te konn chwazi kilès.
Te gen yon nonm yo rele Barabas; li te nan prizon ansanm ak kèk lòt ki t’ap konplote avèk li. Yo te nan prizon poutèt yon nonm yo te touye yon jou yo te pran lezam kont gouvènman an.
Foul moun yo moute lakay Pilat; yo pran mande Pilat pou l’ lage yon prizonye ba yo jan li te toujou fè a.
Li reponn yo: -Eske nou vle mwen lage wa jwif la ban nou?
10 Paske li te byen konnen se jalouzi ki te pouse chèf prèt yo mennen Jezi ba li.
11 Men, chèf prèt yo pran tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l’ lage Barabas pito.
12 Pilat pran lapawòl ankò, li di yo: -Enben, kisa nou vle m’ fè avèk nonm yo rele wa jwif la?
13 Yo rele byen fò: -Kloure l’ sou yon kwa!
14 Pilat di yo: -Men, ki move zak li fè konsa? Yo rele pi fò toujou: -Kloure l’ sou yon kwa!
15  Pilat te vle fè pèp la plezi: li lage Barabas ba yo. Apre li fin fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt li bay sòlda yo pou y’ al kloure l’ sou yon kwa.
16 Sòlda yo mennen Jezi anndan bèl lakou a (sa vle di, nan kay kòmandan an). Yo rele tout rejiman sòlda yo vini.
17 Yo mete yon gwo rad koulè wouj violèt sou Jezi; yo trese yon kouwòn pikan, yo mete l’ nan tèt li.
18 Epi yo pran salwe l’ konsa: -Bonjou, wa jwif yo!
19 Yo ba l’ kou nan tèt avèk yon baton wozo; yo krache sou li, yo mete ajenou, yo bese tèt yo devan li.
20 Apre yo fin pase l’ nan betiz kont kò yo, yo wete gwo rad la; yo mete rad pa l’ sou li ankò; epi yo mennen l’ ale pou yo kloure l’ sou yon kwa.
21 Te gen yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, papa Aleksann ak Rifis. Antan Simon sa a t’ap soti nan jaden, li pase bò la, epi sòlda yo fòse msye pote kwa Jezi a.
22  Yo mennen Jezi yon kote yo rele Gòlgota (ki vle di: Plas zo bwa tèt la).
23 Yo te vle ba li diven melanje ak yon siwo fèt ak lami pou l’ te bwè. Men, li pa pran li.
24 Apre yo fin kloure l’ sou kwa a, yo separe rad li yo ant yo: yo tire osò pou konnen sa ki t’ap soti pou yo chak.
25 Li te nevè nan maten lè yo te kloure l’ sou kwa a.
26 Yo te bay kòz ki fè yo te kondannen l’ lan sou yon ti pankat ki te ekri: Wa jwif yo!
27 Yo te kloure de ansasen sou de lòt kwa, anmenmtan avèk Jezi, yonn sou chak bò.
28 Se konsa pawòl ki te ekri a vin rive vre: Yo mete l’ ansanm ak mechan yo.
29 Moun ki t’ap pase bò la t’ap plede joure l’; yo t’ap fè siy sou li, yo t’ap di: -Ey! Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou rebati l’ nan twa jou,
30 sove tèt ou non, desann sou kwa a.
31 Konsa tou, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t’ap pase l’ nan rizib. Yonn t’ap di lòt: -Gade! Li sove lòt moun, li pa ka sove tèt pa li!
32 Se pou Kris la, wa pèp Izrayèl la, desann sou kwa a koulye a. Konsa n’a wè epi n’a kwè. Ata mesye ki te kloure sou lòt kwa yo t’ap joure l’ tou.
33  Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè nan apremidi.
34 Vè twazè, Jezi rele byen fò: -Eloyi, Eloyi, lema sabaktani? (ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m’ konsa?)
35 Nan moun ki te la yo genyen ki te tande l’ pale. Yo di: -Koute. Men l’ap rele Eli.
36 Yonn nan yo kouri, li al tranpe yon eponj nan venèg, li mete l’ nan pwent yon gòl wozo, li lonje l’ bò bouch Jezi ba l’ bwè. Epi li di: -Rete! Ann wè si Eli va vin desann li sou kwa a!
37 Men Jezi bay yon gwo rèl, epi li mouri.
38 Rido ki te nan tanp lan chire an de moso depi anwo jouk anba.
39 Te gen yon kaptenn lame kanpe anfas Jezi. Lè l’ wè Jezi mouri konsa, li di: -Nonm sa a, se te pitit Bondye tout bon.
40 Te gen kèk fanm la tou; men yo te rete lwen ap gade. Pami yo te gen Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Ti Jak ak Jòz, ansanm ak Salome.
41 Medam sa yo t’ap swiv Jezi, se yo ki t’ap okipe l’ depi lè l’ te nan peyi Galile. Te gen anpil lòt tou ki te moute lavil Jerizalèm ansanm ak li.
42  Solèy te fin kouche, se te jou preparasyon jwif yo (ki vle di: lavèy jou repo a).
43 Lè sa a Jozèf, yon moun lavil Arimate, vin rive. Se te yon manm respektab nan Gran Konsèy jwif yo. Li menm tou li t’ap tann lè Bondye t’ap vin pran gouvènman an nan men pa li. Li te gen kouraj ale devan Pilat mande kò Jezi.
44 Men, Pilat te sezi lè l’ vin konnen Jezi te gen tan mouri. Li voye rele kaptenn lan, li mande l’ si Jezi te mouri depi lontan.
45 Lè kaptenn lan fin ba li repons sèten, li bay Jozèf kò a.
46 Jozèf achte yon bèl dra blan, li desann kò Jezi sou kwa a, li vlope l’ nan dra a, epi li mete l’ nan yon kavo yo te fouye nan wòch la. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a.
47 Mari, moun lavil Magdala a, ansanm ak Mari, manman Jòz, t’ap gade kote yo mete kò a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Marc 15           

1 Dès le matin, les principaux sacrificateurs tinrent conseil avec les anciens et les scribes, et tout le sanhédrin. Après avoir lié Jésus, ils l’emmenèrent, et le livrèrent à Pilate.
Pilate l’interrogea: Es-tu le roi des Juifs? Jésus lui répondit: Tu le dis.
Les principaux sacrificateurs portaient contre lui plusieurs accusations.
Pilate l’interrogea de nouveau: Ne réponds-tu rien? Vois de combien de choses ils t’accusent.
Et Jésus ne fit plus aucune réponse, ce qui étonna Pilate.
A chaque fête, il relâchait un prisonnier, celui que demandait la foule.
Il y avait en prison un nommé Barabbas avec ses complices, pour un meurtre qu’ils avaient commis dans une sédition.
La foule, étant montée, se mit à demander ce qu’il avait coutume de leur accorder.
Pilate leur répondit: Voulez-vous que je vous relâche le roi des Juif?
10 Car il savait que c’était par envie que les principaux sacrificateurs l’avaient livré.
11 Mais les chefs des sacrificateurs excitèrent la foule, afin que Pilate leur relâchât plutôt Barabbas.
12 Pilate, reprenant la parole, leur dit: Que voulez-vous donc que je fasse de celui que vous appelez le roi des Juifs?
13 Ils crièrent de nouveau: Crucifie-le!
14 Pilate leur dit: Quel mal a-t-il fait? Et ils crièrent encore plus fort: Crucifie-le!
15 Pilate, voulant satisfaire la foule, leur relâcha Barabbas; et, après avoir fait battre de verges Jésus, il le livra pour être crucifié.
16 Les soldats conduisirent Jésus dans l’intérieur de la cour, c’est-à-dire, dans le prétoire, et ils assemblèrent toute la cohorte.
17 Ils le revêtirent de pourpre, et posèrent sur sa tête une couronne d’épines, qu’ils avaient tressée.
18 Puis ils se mirent à le saluer: Salut, roi des Juifs!
19 Et ils lui frappaient la tête avec un roseau, crachaient sur lui, et, fléchissant les genoux, ils se prosternaient devant lui.
20 Après s’être ainsi moqués de lui, ils lui ôtèrent la pourpre, lui remirent ses vêtements, et l’emmenèrent pour le crucifier.
21 Ils forcèrent à porter la croix de Jésus un passant qui revenait des champs, Simon de Cyrène, père d’Alexandre et de Rufus;
22 et ils conduisirent Jésus au lieu nommé Golgotha, ce qui signifie lieu du crâne.
23 Ils lui donnèrent à boire du vin mêlé de myrrhe, mais il ne le prit pas.
24 Ils le crucifièrent, et se partagèrent ses vêtements, en tirant au sort pour savoir ce que chacun aurait.
25 C’était la troisième heure, quand ils le crucifièrent.
26 L’inscription indiquant le sujet de sa condamnation portait ces mots: Le roi des Juifs.
27 Ils crucifièrent avec lui deux brigands, l’un à sa droite, et l’autre à sa gauche.
28 Ainsi fut accompli ce que dit l’Écriture: Il a été mis au nombre des malfaiteurs.
29 Les passants l’injuriaient, et secouaient la tête, en disant: Hé! toi qui détruis le temple, et qui le rebâtis en trois jours,
30 sauve-toi toi-même, en descendant de la croix!
31 Les principaux sacrificateurs aussi, avec les scribes, se moquaient entre eux, et disaient: Il a sauvé les autres, et il ne peut se sauver lui-même!
32 Que le Christ, le roi d’Israël, descende maintenant de la croix, afin que nous voyions et que nous croyions! Ceux qui étaient crucifiés avec lui l’insultaient aussi.
33 La sixième heure étant venue, il y eut des ténèbres sur toute la terre, jusqu’à la neuvième heure.
34 Et à la neuvième heure, Jésus s’écria d’une voix forte: Éloï, Éloï, lama sabachthani? ce qui signifie: Mon Dieu, mon Dieu, pourquoi m’as-tu abandonné?
35 Quelques-uns de ceux qui étaient là, l’ayant entendu, dirent: Voici, il appelle Élie.
36 Et l’un d’eux courut remplir une éponge de vinaigre, et, l’ayant fixée à un roseau, il lui donna à boire, en disant: Laissez, voyons si Élie viendra le descendre.
37 Mais Jésus, ayant poussé un grand cri, expira.
38 Le voile du temple se déchira en deux, depuis le haut jusqu’en bas.
39 Le centenier, qui était en face de Jésus, voyant qu’il avait expiré de la sorte, dit: Assurément, cet homme était Fils de Dieu.
40 Il y avait aussi des femmes qui regardaient de loin. Parmi elles étaient Marie de Magdala, Marie, mère de Jacques le mineur et de Joses, et Salomé,
41 qui le suivaient et le servaient lorsqu’il était en Galilée, et plusieurs autres qui étaient montées avec lui à Jérusalem.
42 Le soir étant venu, comme c’était la préparation, c’est-à-dire, la veille du sabbat, –
43 arriva Joseph d’Arimathée, conseiller de distinction, qui lui-même attendait aussi le royaume de Dieu. Il osa se rendre vers Pilate, pour demander le corps de Jésus.
44 Pilate s’étonna qu’il fût mort si tôt; fit venir le centenier et lui demanda s’il était mort depuis longtemps.
45 S’en étant assuré par le centenier, il donna le corps à Joseph.
46 Et Joseph, ayant acheté un linceul, descendit Jésus de la croix, l’enveloppa du linceul, et le déposa dans un sépulcre taillé dans le roc. Puis il roula une pierre à l’entrée du sépulcre.
47 Marie de Magdala, et Marie, mère de Joses, regardaient où on le mettait.

Louis Segond {LSG}

Mark 16    

1 And straightway in the morning the chief priests held a consultation with the elders and scribes and the whole council, and bound Jesus, and carried him away, and delivered him to Pilate.
And Pilate asked him, Art thou the King of the Jews? And he answering said unto them, Thou sayest it.
And the chief priests accused him of many things: but he answered nothing.
And Pilate asked him again, saying, Answerest thou nothing? behold how many things they witness against thee.
But Jesus yet answered nothing; so that Pilate marvelled.
Now at that feast he released unto them one prisoner, whomsoever they desired.
And there was one named Barabbas, which lay bound with them that had made insurrection with him, who had committed murder in the insurrection.
And the multitude crying aloud began to desire him to do as he had ever done unto them.
But Pilate answered them, saying, Will ye that I release unto you the King of the Jews?
10 For he knew that the chief priests had delivered him for envy.
11 But the chief priests moved the people, that he should rather release Barabbas unto them.
12 And Pilate answered and said again unto them, What will ye then that I shall do unto him whom ye call the King of the Jews?
13 And they cried out again, Crucify him.
14 Then Pilate said unto them, Why, what evil hath he done? And they cried out the more exceedingly, Crucify him.
15 And so Pilate, willing to content the people, released Barabbas unto them, and delivered Jesus, when he had scourged him, to be crucified.
16 And the soldiers led him away into the hall, called Praetorium; and they call together the whole band.
17 And they clothed him with purple, and platted a crown of thorns, and put it about his head,
18 And began to salute him, Hail, King of the Jews!
19 And they smote him on the head with a reed, and did spit upon him, and bowing their knees worshipped him.
20 And when they had mocked him, they took off the purple from him, and put his own clothes on him, and led him out to crucify him.
21 And they compel one Simon a Cyrenian, who passed by, coming out of the country, the father of Alexander and Rufus, to bear his cross.
22 And they bring him unto the place Golgotha, which is, being interpreted, The place of a skull.
23 And they gave him to drink wine mingled with myrrh: but he received it not.
24 And when they had crucified him, they parted his garments, casting lots upon them, what every man should take.
25 And it was the third hour, and they crucified him.
26 And the superscription of his accusation was written over, The King Of The Jews.
27 And with him they crucify two thieves; the one on his right hand, and the other on his left.
28 And the scripture was fulfilled, which saith, And he was numbered with the transgressors.
29 And they that passed by railed on him, wagging their heads, and saying, Ah, thou that destroyest the temple, and buildest it in three days,
30 Save thyself, and come down from the cross.
31 Likewise also the chief priests mocking said among themselves with the scribes, He saved others; himself he cannot save.
32 Let Christ the King of Israel descend now from the cross, that we may see and believe. And they that were crucified with him reviled him.
33 And when the sixth hour was come, there was darkness over the whole land until the ninth hour.
34 And at the ninth hour Jesus cried with a loud voice, saying, Eloi, Eloi, lama sabachthani? which is, being interpreted, My God, my God, why hast thou forsaken me?
35 And some of them that stood by, when they heard it, said, Behold, he calleth Elias.
36 And one ran and filled a spunge full of vinegar, and put it on a reed, and gave him to drink, saying, Let alone; let us see whether Elias will come to take him down.
37 And Jesus cried with a loud voice, and gave up the ghost.
38 And the veil of the temple was rent in twain from the top to the bottom.
39 And when the centurion, which stood over against him, saw that he so cried out, and gave up the ghost, he said, Truly this man was the Son of God.
40 There were also women looking on afar off: among whom was Mary Magdalene, and Mary the mother of James the less and of Joses, and Salome;
41 (Who also, when he was in Galilee, followed him, and ministered unto him;) and many other women which came up with him unto Jerusalem.
42 And now when the even was come, because it was the preparation, that is, the day before the sabbath,
43 Joseph of Arimathaea, an honourable counsellor, which also waited for the kingdom of God, came, and went in boldly unto Pilate, and craved the body of Jesus.
44 And Pilate marvelled if he were already dead: and calling unto him the centurion, he asked him whether he had been any while dead.
45 And when he knew it of the centurion, he gave the body to Joseph.
46 And he bought fine linen, and took him down, and wrapped him in the linen, and laid him in a sepulchre which was hewn out of a rock, and rolled a stone unto the door of the sepulchre.
47 And Mary Magdalene and Mary the mother of Joses beheld where he was laid.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}